Share

Rankontre Pi Bon Doktè pou 2026 la, aprann nan konsèy pou sante kòl matris, epi li istwa pasyan ki make nou
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON JANVYE 2026

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Kanpis BMC

Eksplore Nimewo Mwa Janvye la: 

ISTWA AN VEDETTE

Boston Magazin nome pou ane 2026 la plis pase 200 doktè ki nan Sistèm Sante BMC a nan kategori pi bon doktè

Felisitasyon ak Pi Bon Doktè nan Sistèm Sante Sant Medikal Boston ki Nan Lis Pi Bon Doktè pou 2026 la

Chak ane, Boston Magazin rekonpanse doktè nan rejyon an pou swen klinik eksepsyonèl yo bay. Nou fyè pou nou pataje gen 212 doktè ki sòti nan Sistèm Sante BMC a  yo nome nan kategori pi bon doktè pou ane 2026 la.


Doktè sa yo reprezante 59 espesyalite atravè Sant Medikal Boston, BMC Brighton, ak BMC South, epi li reflete kalite ak dimansyon swen ki disponib pou pasyan yo atravè sistèm sante nou an. Rekonesans sa a onore ekspètiz endividyèl pandan li ap mete aksan sou apwòch kolaboratif epi ki baze sou travay an ekip. Epitou, k ap sipòte pasyan yo nan chak etap swen an. 


Sistèm Sante BMC a reyini ansanm konpetans klinik ak operasyonèl, inovasyon nan rechèch ansanm ak angajman san kanpe nou pran pou ekite ak aksè nan kesyon sante. Doktè nou yo ki sòti toupatou, ki fòme anpil sipòte apwòch nou an ki santre sou moun. Epitou, y ap travay bò kote yon ekip swen ki devwe pou ofri swen ki gen bon jan kalite pou chak pasyan y ap sèvi.


Nou rekonesan pou tout ekip swen nou an, ki gras ak angajman epi lidèchip yo ede pasyan yo pwogrese chak jou. Felisitasyon ak tout doktè yo rekonpanse ane sa a, epi mèsi ak chak grenn moun ki kontribiye nan ofri swen ki gen konpasyon epi santre sou pasyan yo atravè sistèm nou an. 

Gade lis konplè pi bon doktè nan BMC a pou 2026 la →

Konsèy Pou Sante Kòl Matris la Nan Chak Etap Lavi

Riban pou Mwa Sansibilizasyon sou Sante Kòl Matris

Mwa janvye se Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Kòl Matris. Sante kòl matris la se yon pati enpòtan nan byennèt la an jeneral nan chak etap lavi nou. Sòti nan premye vizit jinekolojik jiska gwosès, pase nan mitan lavi nou ak plis lwen toujou. Mwa sa a, Doktè Katharine White, jinekològ ak chèf sèvis Obstetrik ak Jinekoloji nan BMC, ap mete aksan sou rezon ki fè depistaj regilye ak swen prevansyon enpòtan pou tout laj ak tout etap lavi nou. Li pataje fason pratik pou diminye risk yo, dekouvri pwoblèm nan bonè, epi fason pou pwoteje ak sipòte sante kòl matris nou lè kò a ap chanje pandan tan ap pase.

Ikòn Vaksen

Prevansyon ak Depistaj: Jèn Adilt

Menm si li pa rive souvan pou yo dyagnostike kansè kòl matris nan 20èn ak 30èn, li enpòtan pou mete sou pye baz pou sante kòl matris ou nan premye ane sa yo pou amelyore rezilta yo nan kesyon sante alontèm. Men twa (3) aksyon prensipal:

  • Vaksinasyon kont HPV: Sant Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control, CDC) jwenn vaksen kont papiyomaviris imen an (Human Papillomavirus, HPV) kapab anpeche 90% kansè ki asosye ak li, tankou kansè kòl matris. Moun ki gen ant 11 ak 12 lane ka resevwa vaksen an, li t ap pi bon si se anvan yo vin aktif seksyèlman.

  • Depistaj: Pap tès (fwoti sèvikal) ak  tès HPV kapab detekte chanjman nan kòl matris la anvan li ta vin yon kansè. CDC rekòmande pou moun kòmanse fè Pap tès apati 21 lane.

  • Pratik seksyèl ki san danje: HPV se yon enfeksyon seksyèlman transmisib. Sepandan, lè ou toujou itilize prezèvatif li kapab diminye risk pou pran HPV.  

Ikòn Lis Verifikasyon

Rete sou bon wout la: Mitan laj adilt  

Yo pi souvan dyagnostike kansè kòl matris lakay moun ant 35 ak 64 lane, avèk laj mwayèn la ki se 50 lane. 


Lè w kontinye fè pap tès ak tès HPV yon fason regilye li ede detekte nenpòt anomali ki nan kòl matris la. Epitou, kontinye itilize prezèvatif. 

Ikòn Pasyan

Pi devan nan lavi: 65 lane ak plis  

Yo jwenn Plis Pase 20% kansè kòl matris lakay fi ki gen plis pase 65 lane. Li kapab esansyèl pou fè depispaj sible selon antesedan medikal ou, epi k ap pran an konsiderasyon tès ou te fè anvan yo. Nan lide pou ede ou kenbe kòl matris ou an sante. 


Avèk bon jan enfòmasyon epi yon apwòch prevantif avèk doktè ou a, ou kapab gen konfyans nan swen pou sante w jodi a ak pou ane k ap vini yo. 

Pou Jwenn Plis Enfòmasyon, Vizite Obstetrik ak Jinekoloji nan BMC →

Moman Ki Te Make Nou Pou 2025 la epi N ap Travay Pou 2026 la

Videyo Moman Ki Make Nou Pou 2025 la

Pandan nou ap gade ane ki pase a, nou rekonesan pou pakèt moman swen, konpasyon ak koneksyon nou pataje atravè sistèm sante nou an. Chak jou, ekip nou an leve defi, panse yon fason ki diferan epi dirije ak kè yo. Ansanm, nou pote inovasyon avèk touch pèsonèl pou ofri swen ki mete moun nan premye plas, epi k ap sipòte kominote n ap sèvi yo. Okenn nan bagay sa yo pa t ap posib san ou, pasyan nou yo, fanmi ak patnè yo. Pandan nou ap vanse nan 2026 la, nou pa kapab tann pou kontinye travay ansanm, epi kontinye travay apati pwogrè nou fè yo.

Gade Videyo Sou Sa Nou Te Fè Pandan Ane a →

Pèsistans Doktè BMC a pèmèt nou dekouvri timè Mark la

Pasyan BMC ki se Mark Krauss

Pandan de (2) lane, Mark Krauss te gen pèt san li pa t konn kote yo sòti, epi doktè nan Florida pa t rive ba li eksplikasyon, menm aprè plizyè tès. Li di: “Mwen te fè plizyè andoskopi ak koloskopi ansanm ak yon antewoskopi pa kapsil videyo pou entesten grèl nan Florida. Pou yo te kapab jwenn sous senyman an, men yo pa t jwenn anyen.” Apre li te oblije fè yon transfizyon swen an ijans, Mark te chèche yon dezyèm opinyon nan men Doktè Christopher Huang, chèf gastwo-antewoloji nan BMC.

Menm si premye tès nan BMC a pa t klè tou, Mark di nou “Doktè Huang pa t bay vag.” Lè yon nouvo kalite kamera kapsil te vin disponib Doktè Huang te mande pou fè yon lòt egzamen. Fwa sa li te detekte yon timè nan yon zòn ki te difisil pou wè nan ti entesten an. Mark fè nou konnen: “Li te santi li gen anpil chans paske li genyen Doktè Huang ak pèsistans li.”


Chèf Chiriji Kolon ak Rektal la ki se Doktè Jennifer Davids te retire timè a, ki te yon timè estromal gastwo-entestinal. Mark di nou: “Li te pi gwo pase sa yo te panse, epi patoloji a te montre li ase agresif.”


Mark rekonesan, epi kounye a l ap resevwa swen pou suivi nan men Doktè Adam Lerner, ki se yon onkològ medikal. Li fè konnen: “Mwen santi m te gen ekip ki fè pi gwo mwayèn la ki se A.” Li di: “Mwen resevwa bon jan kalite swen nan men tout moun nan BMC, epi mwen santi yo vrèman enterese avèk ou.”

Li plis sou Istwa Mark la →

Evènman yo

BMC nan Mach Ivè

Mach Ivè Pou Mete Fen ak Sanzabri 


Kòmanse Dimanch Superbowl la avèk Ekip BMC a! Vin patisipe avèk nou nan yon Mach Ivè nan maten 8 fevriye a nan Boston Common pou yon mach 2 mile. L ap fèt nan lide pou soutni vwazen nou yo ki pa gen kay nan Greater Boston. Ansanm, nou ap rasanble fon pou Living Well at Home (Viv Byen Lakay Ou), yon inisyativ Boston Medical Center ki fèt nan lide pou ede fanmi yo konekte ak resous nan kesyon lojman. Evènman familyal sa a epi kote chyen kapab patisipe gen yon gwo enpak pou moun k ap viv Boston ki depann sou swen BMC. Tout don nou resevwa atravè BMC ap double pa yon don anplis k ap sipòte Living Well At Home, jiska $55,000! Chak dola nou ranmase ap vin doub pou pwogram enpòtan sa a ki la pou pasyan BMC yo. Jwenn Plis Enfòmasyon Epi Enskri


Free Financial Workshops

Atelye Sou Finans Gratis pou Sipòte Avni Fanmi Ou


Nan BMC nou konnen sekirite finansyè se yon faktè detèminan pou sante. Se poutèt sa a nou pran angajman pou bay kominote nou an opòtinite pou devlope konesans finansyè, estabilite finansyè alontèm ak richès jenerasyonèl. Nou kontan anpil pou nou anonse de (2) atelye gratis pou pasyan ak anplwaye BMC. L ap rive fèt gras ak pwogram ranfòsman finansyè BMC a, ansanm ak Komite Konsiltatif Sou Jistis Ekonomik nan BMC ki gen lidè ak enstitisyon finansyè lokal yo.


Nou ap gen "Finans Pou Adolesan ak Jèn Adilt", M&T Bank ap òganize epi l ap kòmanse Jedi 29 Janvye. Atelye ki ap fèt sou kat (4) sesyon sa a ap fèt chak semèn pandan mwa fevriye a. Epi, sesyon yo ap fèt nan dat ak lè nou mete anba a. Nou ap gen pou pale sou nosyon debaz sou bidjè, entwodiksyon ak kredi, ak diferan opsyon kont bankè.

  • Jedi 29 Janvye 11am jiska 1pm

  • Jedi 5 Fevriye 11am jiska 1pm

  • Jedi 12 Fevriye 11am jiska 1pm

  • Jedi 19 Fevriye 11am jiska 1pm

Pwosesis Finansman Prè Pou Etidyan/Pwosesis Pou Èd Finansyè, @metrocu ak BMC ap òganize ap fèt jou ki Samdi 21 Fevriye a. Enskri pou yon 30 minit sesyon k ap fèt 1-1(youn ak youn) sòti 10 am jiska 3 pm.


Tout atelye ak sesyon yo ap fèt nan sal atant pou adolesan ki nan klinik pedyatri BMC a ki nan: 7èym Etaj nan 801 Massachusetts Ave., Boston. Plas yo limite, epi li obligatwa pou enskri anvan. Tanpri voye yon imèl pou Barbara nan Barbara.amedoadzi@bmc.org pou enskri. 

"Nan moman difikilte ak kontwovès yo, kontinye avanse." 18èym Dejene Anyèl Martin Luther King Jr.

Sistèm Sante BMC a Sipòte Wikenn MLK Embrace Boston te fè a


Sistèm Sante BMC a te fyè pou li te yon esponnsò Selebrasyon Wikenn MLK Embrace Boston  te òganize jou ki te 18 Janvye 2026. Yon ansanm evènman ki te òganize nan tout vil la pou onore lavi ak eritaj Doktè Martin Luther King, Jr. ak Coretta Scott King.


Wikenn nan te kòmanse avèk Embrace Honors MLK, yon evènman espesyal ki rekonèt lidè sivik, atis ak aktè chanjman ki ap travay pou fè pwomosyon ekite epi ranfòse kominote yo. Li te kontinye avèk de (2) tradisyon ki gen anpil enpòtans nan Boston ki se Dejene Anyèl Pou Memoryal MLK ak Konsè MLK Koral Timoun nan Boston. Evènman sa yo te rasanble moun ansanm atravè refleksyon, mizik ak objektif ki pataje. Gade Rezime ak Foto Evènman yo.

Rekonpans

Becker rekonèt BMC kòm Gran Lopital nan Amerik la la.2024Becker rekonèt BMC kòm Gran Lopital nan Amerik la. Becker rekonèt BMC kòm Gran Lopital nan Amerik la.

Becker's Healthcare nome BMC kòm youn nan Pi Gwo Lopital nan Amerik la

Nou menm nan #BMCProud fyè resevwa rekonpans sa a nan men Becker's Healthcare kòm youn nan Pi Gwo Lopital nan Amerik la.  
 
BMC rasanble ansanm swen ki gen klas mondyal, ki pote inovasyon nan rechèch ak yon gwo angajman pou ekite nan kesyon sante nan Boston ak pi lwen toujou. Mèsi ak pwofesyonèl swen sante, chèchè ak manm pèsonèl la pou angajman yo pran pou ranfòse kominote nou yo pou yo kapab pwospere. Aprann Plis Sou Sistèm Sante BMC a.


Innovators in Healthcare

Yo rekonpanse yon lidè nan BMC pou travay li nan kesyon Avansman Ekite Nan Sante atravè Enèji Renouvlab

Nou fyè tou pou pataje Anna Goldman, MD, MPA, MPH, Direktè Medikal Pou Devlopman Dirab nan BMC te resevwa nan men Boston Business Journal rekonesans kòm Inovatris nan Kesyon Swen Sante pou travay li ap fè nan avansman ekite nan kesyon sante ak aksè ak enèji renouvlab nan kominote nou yo.

Aprè li te fin wè kijan mank aksè ak enèji ki abòdab gen enpak sou pasyan li yo, Doktè Goldman te ko-fonde Pwogram Clean Power Prescription . Pwogram sa a ki inik nan domèn sa a pèmèt pwofesyonèl swen sante BMC yo “preskri” kredi enèjetik chak mwa ki jenere apati pano solèy ki sou do kay BMC a bay pasyan ki kalifye. Jwenn plis enfòmasyon sou pri li resevwa a.

BMC Nan Nouvèl La 

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Olga Beresneva

Avi Ekspè Ki Sòti Nan Men Ekip Swen Kolorektal Nou An


Chirijyen Kolorektal BMC a ki se Doktè Olga Beresneva te parèt nan HealthDay pou bay konsèy ekspè li yo sou emowoyid, yon maladi nou jwenn souvan men moun souvan pa konprann. Pandan li ap apiye l sou eksperyans klinik li ak fòmasyon chirijikal li, Doktè Beresneva eskplike kisa ki lakòz emowoyid, fason pou rekonèt sentòm yo, epi kilè li enpòtan pou wè doktè. Epitou, li pataje fason ki san danje ak efikas anpil moun kapab jwenn soulajman lakay yo. Epitou, li te pale sou dènye tretman medikal ki disponib lè sentòm yo pa amelyore. Fonksyonalite sa a reflete angajman pou BMC founi swen ki fyab, ki baze sou prèv epi ki ede pasyan yo pran desizyon ki enfòme sou sante yo. Li Tout Atik la

Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

“Doktè Dasenbrock se yon trè bon newochirijyen ansanm ak estaf ak enfimyè praktisyen li a. Li te fè yon trè bon travay nan newochiriji mwen an. Mwen ap definitivman rekòmande l bay lòt moun ki bezwen kalite pwosedi sa a. Nou gen anpil chans pou gen yon moun ki gen yon talan konsa, epi ki alèz ak pasyan li yo tankou Doktè Dasenbrock” – Pasyan Nan Newochiriji BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou
Mychart Logo

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign