Share

Rankontre Pi Bon Doktè BMC pou ane 2025 la epi Jwenn Plis Enfòmasyon sou fason Pou Pwoteje Sante w gras ak Konsèy Ekspè.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Fevriye 2025

Li nan navigatè a

BMC ou a

Elaji enpak nan Boston ak pi lwen toujou

Boston Magazin nome pou ane 2025 la plis pase 190 doktè ki nan Sistèm Sante BMC (BMC Health System) a nan kategori pi bon doktè

Sant Medikal Boston (Boston Medical Center) gen yon long istwa ekselans klinik. Epitou avèk St. Elizabeth's ak Good Samaritan Medical Centers ki fè pati Sistèm Sante Sant Medikal Boston an kounye a, nou kontan anpil pou elaji enpak nou, pandan nou ap founi swen ekspè epi ki gen konpasyon atravè kominote nou an ak pi lwen toujou. Ane sa a, gen plis pase 190 doktè BMC nan 60 espesyalite yo rekonèt kòm Pi Bon Doktè nan Boston Magazine. Nou espesyalman fyè de Doktè Christine Crawford, yo te mete sou kouvèti magazin la pou travay li ap fè nan kesyon sante mantal fanmi yo.

Felisitasyon, epi mèsi ak tout doktè nou yo ki resevwa pri paske yo ofri swen ki fèt ak ekspètiz epi ki pèmèt pasyan nou yo epanouyi.

Gade lis konplè pi bon doktè nan BMC a →

Pran swen kè w nan mwa fevriye sa a

Fevriye se Mwa Pou Kesyon Kè Ameriken — se pi bon moman pou w bay kè w lanmou anplis. Maladi kè se premye koz lanmò nan Etazini, men ou kapab pran mezi pou diminye risk pou gen maladi kè ak maladi vaskilè gras ak sipò ekspè nou an ekip kadyoloji prevantiv. Men kèk fason yo kapab ede.

Ikòn bòl Pwodui

Konsèy Pèsonalize sou Nitrisyon: Selon bezwen inik ou nan kesyon sante, fason ou viv, ak jenetik nou ap travay avèk ou pou kreye yon plan nitrisyonèl pèsonalize epi ki bon pou kè w

Ikòn sigarèt

Sipò pou Sispann Fimen: Pwofesyonèl swen sante nou yo kapab ede etabli yon plan pou ki sispann fimen, sa ki ka gen ladan l yon referans nan Sant Tretman pou Tabak BMC a pou jwenn sipò anplis

Ikòn yon moun k ap leve pwa

Antrènman Fizik Sipèvize oswa Endepandan: Nou kapab kreye ansanm yon pwogram mouvman pèsonalize pou ede ou kenbe ou kenbe yon vi ki an sante epi ki aktif

Ikòn yon fi doktè

Fòme moun sou faktè risk yo: Konesans se pouvwa – ak prevansyon. Pwofesyonèl swen sante ou a kapab ba ou resous espesifik ak konsèy sou fason ou kapab jwenn plis enfòmasyon epi diminye risk pèsonèl pou maladi kè

Si ou panse ou ka gen risk, nou la pou ede w — travay avèk ekspè nan Kadyoloji BMC, yo rekonèt sa pa gen twò lontan kòm "trè pèfòman" nan US News ak World Report, pou jwenn swen ou bezwen an.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Pwogram Ekspè nan Kadyoloji Prevantif →

Kouri avèk Kè: Istwa Nick O'Hara's Story

Pasyan BMC Nick O’Hara

Nan lane 2020, pandan Nick O'Hara te prèske rive nan pakou de mile li konn abitye kouri atravè katye l nan South (Sid) Boston, kè l te kòmanse ap bat byen rapid epi li te endispoze nan mitan lari a.

Yo te mennen nan sal ijans Boston Medical Center, kote yo te dyagnostike l avèk yon takikadi sipravantrikilè (SVT), ki se yon twoub rit ki lakòz batman kè a vin iregilye, epi yo te pwograme li gen yon operasyon kè nan demen maten.

Jounen jodi a, Nick pa sèlman ap pwogrese l ap antrene pou Maraton Boston kòm yon manm ki fyè fè pati Ekip BMC, epi l ap kolekte fon pou sipòte pwogram nan kesyon sante ak sèvis inovasyon pou pasyan ak fanmi yo. 

Nick di “BMC te pèmèt mwen reviv.” “Mwen pa kapab imajine m nan sitiyasyon kote m p ap fè sa m ap fè la kounye a. Mwen rekonesan pou sipò gwo ekip sa a ap fè a.”

Vin fè pati Ekip BMC pandan w ap pèmèt gen yon Boston ki pi an sante lè w fè yon don pou sipòte efò yo. Gen plis pase 1100 atlèt ki rive rasanble plis pase $9.5 milyon pou finanse pwogram ki pral favorize rezilta ki san patipri, epi ki pral ede pasyan tankou Nick pou leve kanpe epi kouri.

Li istwa Nick ki gen anpil enspirasyon →

BMC Rekonèt Jounen Mondyal Kansè

BMC klinisyen

Jou ki te 4 fevriye a, nou rekonèt Jounen Mondyal Kansè, ki reprezante yon efò mondyal pou sansibilizasyon ak amelyorasyon nan lit kont kansè. Kansè rete youn nan koz prensipal lanmò atravè monn lan, men lè w fè depistaj bonè epi lè w gen aksè ak ekspè li kapab sove lavi w.

Nan Sant Kont Kansè Boston Medical Center, ekip onkoloji ki gen klas mondyal yo ap travay pou modifye

rezilta gras ak rechèch revolisyonè sou kansè ak swen inovatif. Sòti nan depistaj avanse pou rive nan plan tretman pèsonalize, nou pran angajman pou nou ofri swen ki fèt ak konpasyon epi ki gen bon jan kalite pou tout pasyan.

Jwenn plis enfòmasyon sou Sèvis pou Swen Kansè nou an la a →

Refleksyon sou Mwa Sou Istwa Nwa

Vis Prezidan Misyon BMC Thea James, MD, MPH, MBA

Nan okazyon Mwa Sou Istwa Nwa sa a nou ap onore moun ki gen vwa yo ki ap kontinye kontribiye pou ede kreye swen ekspè epi ki gen konpasyon.


Ane sa a Asosyasyon pou Etid sou Lavi ak Istwa Afriken Ameriken chwazi “Afrike Ameriken ak Travay” kòm tèm pou Mwa Sou Istwa Nwa. Kèlkeswa se pou pwogram konsèy finansye tankou StreetCred oswa pou envestisman nan biznis lokal tankou Nubian Markets, BMC angaje l pou li travay an patenarya avèk kominote nou an pou yo kapab jwenn pi bon rezilta pou kesyon sante pasyan nou yo.

Anplis, klas Anseye Kuizin pèmèt pasyan ak pèsonèl nou an rasanble ansanm pou yon demonstrasyon kuizin chèf ki nan Mache Nubian yo ap fè. Moun ki te patisipe yo te renmen pla ki sòti Afrik De Lwès yo ki te fè pati selebrasyon an.

Li plis sou Anseye Kuizin BMC a nan okazyon Mwa Sou Istwa Nwa sa a →

Anons

Deyò batiman BMC a

Angajman Pou Bay Swen ki gen Konpasyon

Klinisyen ekspè ak pèsonèl nou an pran angajman pou bay swen konplè avèk konpasyon bay tou moun ki franchi pòt nou yo.

BMC kenbe enfòmasyon sou pasyan yo prive epi konfidansyèl. Nou pa kolekte enfòmasyon ki pa enpòtan anpil pou swen klinik yo. Sa vle di nou pa kolekte enfòmasyon sou estati imigrasyon sof si nou gen egzijans legal pou sa. BMC pa pataje enfòmasyon sou pasyan san konsantman w oswa obligasyon legal.

Si ou gen nenpòt enkyetid sou kenbe yon randevou ou genyen k ap vini, nou souvan gen randevou vityèl sou demann. Ekip nou an la pou ede ou kenbe sante w.

Evènman yo

Pati deyò Legliz Batis Twelfth (Twelfth Baptist Church)

Vin patisipe avèk nou nan Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo!

BMC Health System fyè pou li anime Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo, Middlesex County (MA) Chapter of The Links, Inc ap òganize a. Vin patisipe epi dekouvri resous ki ap sipòte sante fizik, mantal, finansyè ak espirityèl ou.

Petrina Martin Cherry ki se Vis Prezidan Angajman Kominotè ak Kesyon Ekstèn Boston Medical Center di “Nou vle ou konprann byennèt pa sèlman limite ak sante fizik.” “Byennèt se tout sa ki gen rapò ak aksè— kelkeswa se aksè ak enfòmasyon, travay, oswa mobilite ekonomik. Tout sa yo fè pati byennèt la.”

Detay sou evènman:

  • Samdi 15 mas

  • 10:00 a.m. - 2:00 p.m.

  • Twelfth Baptist Church, 160 Warren St, Roxbury, MA 02119

Aktivite sa a fè pati yon jounen nasyonal enpak epi li louvri pou tout kominote a. Ou pa bezwen enskri pou w vini. Si w enterese, tanpri ranpli fòm patisipasyon ki pa obligatwa sa a. Nou espere wè w lòtbò a!


Yon chèchè gason ki kenbe yon tib tès

Nouvo Inite Pou Rechèch Klinik BMC: Pèmèt Sante a Pwogrese Atravè Inovasyon

Boston Medical Center (BMC) fyè pou li anonse ouvèti nouvo Inite Pou Rechèch Klinik li a. Nan kad angajman BMC pran pou inovasyon, Inite Pou Rechèch Klinik la se premye nan modèl sa a pou lopital ki esansyèl, epi li fèt pou transfòme fason yo reprezante rechèch klinik la.

Entalasyon ki modèn anpil epi ki chita kò l sou 3000 pye kare ofri yon espas ki dedye pou chèchè ak manm kominote a. Epi, l ap pèmèt yo kolabore pou amelyorasyon konpreyansyon, swen, ak tretman pou maladi ki ap frape moun nan kominote a. Ansanm, nou kapab fè kokennchen avansman nan medsin la. 


 Dekouvri Nouvo Inite Pou Rechèch Klinik BMC a.

Gason k ap pale sou yon estann

Tanpri vin patisipe avèk nou nan Ansanm pou Lespwa (Together for Hope 2025): Kreye yon avni pou moun ki ap konsome sibstans

Nou envite w vin patisipe avèk nou nan Ansanm pou Lespwa (Together for Hope 2025): Kote n ap kreye yon avni pou moun ki ap konsome sibstans nan DCU Center ki nan Worcester, MA jou ki 16 ak 17 avril 2025 la. Se Grayken Center pou moun ki konsome sibstans ki ap òganize l nan Boston Medical Center, se dezyèm konferans pou ane ki rasanble ansanm pwofesyonèl ki pran swen moun ki konsome sibstans ak moun ki ap viv eksperyans lan. Li pèmèt yo konekte, kolabore epi konstwi kominote atravè Massachusetts.

Ane sa a konferans ansanm Pou Lespwa ap gen ladan l yon diskou ouvèti Pwokirè Jeneral Andrea Joy Campbell Ap pote, ansanm ak yon panèl dinamik. L ap gen ladan l tou prezantasyon yon douzèn lidè nan domèn konsomasyon sibstans. Enskri Jodi a.

Rekonpans

Enfimyè BMC ki ap pran foto ak sètifika pri DAISY a

Enfimyè Jacob ranpòte pri DAISY gras ak fason li te ede yon pasyan fè fas ak yon anafilaksi ki te ka lakòz li mouri

Vin patisipe avèk nou pou selebre Jake Bennett, yon enfimyè ki fyè pou li nan depatman ijans BMC, epi li fenk loreya pou Pri DAISY a, enfimyè an chèf Nancy Gaden bay la. Pri sa onore enfimyè ekstrawòdinè ki fè gwo efò pou bay pasyan swen ki plen ak konpasyon pou pasyan ak fanmi yo. 

Gen yon pasyan ki nominen Jake paske li te ede fè fas ak yon atak alèji ki te fè li pè anpil. Li te di nan nominasyon li a “Nan mitan pwoblèm sa a, mwen te jwenn anpil konfò nan men Jacob ki te kenbe men mwen epi ki te rete bò kote m pandan yo t ap ban mwen medikal ki san repwòch.” “Menm si mwen te pè anpil, jantiyès ak sipò emosyonèl Jack pandan m te gen anfilaksi a te ede tretman m nan pase byen.” Aprann plis sou swen enfimye nan BMC.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Sa gen plis pase 20 lane depi m te kòmanse wè ekip kadyak BMC a. Mwen te gen kèk moman kote m te pè anpil, men ekip BMC a konpetan anpil. Mwen rekonesan anpil pou doktè m ak tout pèsonèl mwen. San yo, mwen pa konn kote m t ap ye.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign