Share

Opsyon koloskopi vityèl, viv avèk Esklewoz Anplak, Mwa Lavi Timoun ak aktyalite nan BMC.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON MAS 2026

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a – chak mwa nan BMC

Ekip sistèm Gastwo-antewoloji nou an elaji. Byenvini nan nouvo kabinè GI nan BMC South.

Ekip gastwoentewoloji nou an vin pi gwo. Nou akeyi ou nan nouvo klinik gastwoentewoloji nou an nan BMC South. 

Eksplore Nimewo Mwa Mas la:

ISTWA PRESANTE

Pa Rate Depistaj la: Koloskopi vityèl la ofri yon altènatif ki pi adapte pou pasyan an

Doktè Kevin Chang, Chèf Sèvis Imajri Abdominal ak Direktè Sèvis IRM nan BMC

Doktè Kevin Chang, Chèf Sèvis Imajri Direktè 

Sèvis IRM Abdominal ak nan BMC

Koloskopi vityèl, yo rele koloskopi tomodansitometri (CT), se yon egzamen rapid (10 jiska 20 minit), epi ki envazif tou piti, epi ki pa mande trankilizan. Gras ak reyon X ak teknik imajri ki gen dènye teknoloji, egzamen sa a pèmèt nou kreye imaj detaye kolon an. Epitou, yon radyològ ap gen pou egzaminen l. Pou plizyè pasyan, òf sa a konstitiye yon opsyon depistaj ki pi pratik ak pi konfòtab.

Lide pou fè yon koloskopi tradisyonèl kapab yon ti jan fè pè. Enkyetid ki gen sou trankilizan, preparasyon, oswa pou pran jou konje nan travay la souvan lakòz moun ranvwaye oswa evite fè depistaj la. Men, lè ou deside pa fè depistaj la li kapab riske, espesyalman nan yon moman kote pousantaj kansè kolokteral la kontinye ap ogmante lakay jèn adilt yo.


Nan okazyon Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Kolokteral, Doktè Kevin Chang, Chèf Sèvis Imajri Abdominal ak Direktè Sèvis IRM nan Boston Medical Center, eksplike kisa pasyan yo dwe konnen sou koloskopi vityèl. Epitou, kijan li konstitiye yon opsyon depistaj ki pi konfòtab.


Doktè Chang fè konnen:“Kansè kolorektal la ap evolye, pou rezon sa a metòd depistaj yo dwe suiv evolisyon sa a.”


Yo dyagnostike kansè kolorektal la pi souvan lakay jèn adilt yo, epi jounen jodi a li konstitiye premye koz lanmò pa kansè lakay Ameriken ki gen pi piti pase 50 lane. Gen anpil jèn pasyan yo dyagnostike nan estaj ki pi avanse yo, pou rezon sa a li espesyalman enpòtan pou nou fè depistaj yo bonè.


Menm si li rive souvan, nou kapab evite epi trete kansè kolorektal la byen fasil lè yo depiste l bonè. Lè yo elaji aksè ak opsyon depistaj la tankou koloskopi vityèl li kapab ede plis moun fè tès la pi bonè.


Kisa ki yon Koloskopi Vityèl?

Koloskopi tomodansitometri (CT), oswa koloskopi vityèl se yon tès depistaj ki kontrèman ak koloskopi tradisyonèl la, li fèt espesyalman pou chèche kote ki anfle ak polip yo. Yo p ap fè ou operasyon pou fè tès sa a, y ap itilize reyon X ak òdinatè pou pwodui imaj detaye kò a, li gen ladan l kolon an.


Kiyès ki ta dwe panse pou fè yon Koloskopi Vityèl?

Si nou ap pale yon fason jeneral, pasyan ki gen risk mwayen pou fè kansè kolon ta dwe kòmanse fè depistaj regilye, tankou koloskopi vityèl, lè yo gen 45 lane. Mande pwofesyonèl swen sante ou a si yon koloskopi vityèl ap bon pou ou. Plizyè plan asirans kouvri frè pou depistaj kansè kolorektal la kòm swen prevantif, men plan pwoteksyon yo ka varye, pou rezon sa ou dwe verifye avèk asirè ou a.


Koloskopi vityèl la bon anpil pou detekte polip yo oswa lòt chanjman nan kolon an, li gen ladan l sa ki gen plis chans pou mande yon tretman. Si eskànè a montre gen polip, yo ka rekòmande pou fè yon koloskopi tradisyonèl, konsa yo kapab retire l pandan pwosedi a. Bon nouvèl la se apeprè 9 moun sou 10 ki fè yon koloskopi vityèl pa bezwen pran yon randevou suivi pou yon koloskopi tradisyonèl.


Devlopman opsyon depistaj yo tankou koloskopi vityèl la kapab ede plis moun teste pi bonè. Epitou, li ka prevwa kansè a anvan li kòmanse.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Koloskopi Vityèl nan Radyoloji BMC →

Doktè Shean Pale Sou Abitid Chak Jou Ki Afekte Sikilasyon Ou

Doktè Katie Shean Chirijyen Vaskilè

Prentan an rive, epi se bon moman pou estimile sikilasyon w. Èske w te konnen yon bagay senp tankou mache se youn nan pi bon bagay ou kapab fè pou sante venn ou yo?


Nan videyo sa a Doktè Katie Shean, yon chirijyen vaskilè sètifye nan Boston Medical Center, ap prezante tandans ki alamòd yo ak abitid chak jou – epi li evalye yo selon kapasite pou favorize sikilasyon san an ak sante venn yo

Sòti nan mache chak jou, pase nan chosèt konpresyon yo pou rive nan tandans viral ki rele “janm nan mi” ou ka sezi wè sa ki fè yon diferans.


Doktè Shean pote gwo ekspètiz nan kesyon sante janm ak venn, epi li resevwa pasyan yo nan BMC, BMC Brighton, BMC South nan Brockton, ak nan BMC Health System Multispecialty Care ki nan Methuen. 

Mande yon randevou avèk li jodi a →
Liz Corsini

“Pale pou tèt ou. Pinga ou pè chèche yon dezyèm opinyon oswa eseye yon tretman diferan. Yon bon doktè ap tande w epi travay avèk ou pou jwenn sa ki pi bon pou kò w.”

Viv Avèk Esklewoz Anplak: Pakou Liz la se yon pakou pou li otonòm ak rezilyans


Mwa Mas se Mwa Sansibilizasyon Kont Esklewoz Anplak, yon moman pou sansibilize kont esklewoz anplak, epi rekonèt eksperyans moun ki ap viv avèk maladi newolojik konplèks sa a.  


Liz Corsini te leve yon maten nan lane 2022 epi li pa t kapab wè anyen nan zyegoch li. Yon moun ki gen 30 lane, ki aktif epi ki okipe avèk travay li ak timoun. Li pa t gen okenn lide moman sa a ta pral make kòmansman yon pakou konplèks avèk esklewoz anplak (MS) ki ta pral chanje lavi l nèt. 


Li te rele doktè li nan Boston Medical Center, ki te mande l pou li vin nan Depatman Ijans (ED) tousuit. 


Vwayaj sa a nan Depatman Ijans lan te tounen an yon peryòd kote li te entène nan lopital la pou yon mwa. Lè IRM la te montre gen yon lezyon nan sèvo ak nan kolòn vètebral li, ekip swen Liz la te sispèk se yon Esklewoz Anplak.  


Kòm pa gen yon sèl tès ki kapab konfime Esklewoz Anplak la, li te pran plizyè mwa pou konfime dyagnostik Liz la. Yo te refere l nan Sant Espesyalize Kont Esklewoz Anplak nan BMC a, kote enfimyè praktisyen Kerin Flanagan te sèvi kòm pwen ankraj.


“Nou kapab kominike aklè sou tout bagay, epi li vrèman tande m. Si yon medikaman pa byen fonksyone, l ap di, ‘Okay, ann eseye sa.’ Liz di: “Se pa sèlman yon kesyon pousantaj ak estatistik — li trete m tankou yon moun.”. 


Liz gen yon konsèy pou nenpòt moun ki gen dyagnostik Esklewoz Anplak la:


“Pa konpare tèt ou ak lòt moun ki gen Esklewoz Anplak, paske pakou chak moun diferan...Pale pou tèt ou. Pinga ou pè chèche yon dezyèm opinyon oswa eseye yon tretman diferan. Yon bon doktè ap tande w epi travay avèk ou pou jwenn sa ki pi bon pou kò w.” Dekouvri Fason Liz ap Viv Lavi l avèk Esklewoz Anplak

Mwa Lavi Timoun: Li ap ede timoun yo santi yo an sekirite pandan swen an

Espesyalis Lavi Timoun nan BMC

Yon vizit lopital kapab fatigan pou timoun ak fanmi yo. Mwa Mas se Mwa Lavi Timoun, yon moman pou rekonèt Espesyalis Sètifye Pou Lavi Timoun ki ap ede fè eksperyans sa pi fasil atravè jwèt, edikasyon ak sipò emosyonèl. Nan Boston Medical Center, Espesyalis Lavi Timoun yo  fè pati ekip swen an, li ap ede timoun yo santi yo pi byen, prepare, epi santi yo jwenn sipò pandan vizit yo a.

Espesyalis Lavi Timoun yo se 

pwofesyonèl ki fòme, epi se pwofesyonèl espesyalize nan devlopman timoun ki ap travay bò kote doktè, enfimyè, ak lòt manm ekip swen pou sipòte chak bezwen emosyonèl ak devlopmantal timoun nan. Apwòch sa ki baze sou ekip ede kreye yon eksperyans ki gen plis sipò, epi ki santre sou fanmi pandan swen an.


Anvan yon pwosedi, Espesyalis Lavi Timoun lan ede timoun yo konprann kisa ki pral pase pandan y ap itilize yon eksplikasyon ki klè, epi ki apwopriye pou laj yo. Li ka prezante l ekipman medikal la, itilize jwèt pou ale nan chak etap, epi reponn kesyon yo, konsa timoun yo konnen ak kisa pou atann yo. Preparasyon sa a kapab ede diminye laperèz epi konstwi konfyans.


Pandan swen an, Espesyalis Lavi Timoun nan ofri konfò atravè teknik tankou respirasyon gide, estrateji relaksasyon ak aktivite pou distraksyon. Epitou, yo itilize jwèt pou ede timoun yo eksprime emosyon yo epi kenbe yon sans nòmalite pandan yo nan lopital la.


Pandan y ap sipòte alafwa pasyan ak fanmi yo, ekip Lavi Timoun nan ede timoun yo santi yo pi an sekirite, pi kalm ak pi prepare pandan vizit medikal yo.

Jwenn Enfòmasyon Sou Fason Espesyalis Lavi Timoun BMC Akonpanye Timoun ak Fanmi yo →

Swen Nan Medsin Espòtif Elaji Ki Disponib Kounye a nan BMCHS

Doktè David A. Sipala, DPM

Peryòd bon tan an ap pwoche byen rapid, epi pou moun ki renmen fè espò jou dimanch ak fanmi ki aktif yo, sa vle di y ap kapab retounen deyò sou teren, nan lakou ak bò lari yo. Men aktivite fizik yo souvan vini ak antòs, klakaj oswa blesi ki gen rapò ak espò yo.


Bon nouvèl la se, kounye a ou pa bezwen chita rete tann ak bra w kwaze. BMC Health System ofri de (2) opsyon ki aksesib ak lokal ki fèt pou ede ou bouje ankò epi byen rapid. Avèk kabinè medsin espòtif la nan Ryan Center pou Medsin Espòtif nan Boston University, ak nouvo Sant Medsin Espòtif ki nan BMC Health  ki ouvè kounye a nan Wellesley, nou ap ofri swen ekspè pou blesi ki gen rapò ak espò ak pwoblèm miskilo-eskeletik dirèkteman bay kominote yo kote y ap viv, travay ak jwe.


Toulède kabinè yo ap akeyi atlèt ki gen tout laj ak tout nivo aktivite, epi yo pa fè ou tann anpil oswa ou pa tann ditou. Konsa, espesyalis ki ede pi bon atlèt nan kolèj yo ak atlèt pwofesyonèl nan New England kapab wè w. Pou nou kapab pèmèt li aksesib ak fleksib, ou ka ale san randevou epi gen randevou menm jou a ki disponib jou Lendi nan Wellesley.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Swen Pou Medsin Espòtif Ki Disponib nan BMCHS →

Yo ouvè kounye a: Nouvo Inite Depatman Ijans nan BMC

Seremoni inogirasyon BMC ED

Nou kontan anpil pou pataje nan kòmansman mwa sa a nou te ouvè yon nouvo inite Depatman Ijans (ED) ki gen 11 kabann. Li fèt nan lide pou amelyore kantite pasyan n ap resevwa, epi amelyore swen nou ap ofri. Nouvo inite sa a pral sèvi pasyan ki an obsèvayon nan Depatman Ijans lan epi li ap fonksyone 24 sou 24 ak 7 jou sou 7. Anplis, kounye a nou gen yon nouvo kabann nan Depatman Ijans Pedyatrik. Li pral ede nou ofri swen pi rapid pou timoun ak fanmi yo.


Mizajou sa yo se dènye etap nan Pwojè Reyamenajman Kanpis la. Lè nou ogmante kapasite pou resevwa pou resevwa moun epi lè nou senplifye swen yo, BMC ap travay pou diminye tan moun ap tann, li amelyore eksperyans pasyan an epi li ede ekip Depatman Ijans nou an k ap travay 24 sou 24.


Pasyan yo gen aksè ak gwo kalite swen ijans nan plizyè adrès BMC Health System tou. BMC Brighton ofri sèvis ijans 24 sou 24 ak 7 jou 7 pou alafwa adilt ak timoun. Nou gen doktè sètifye, yon triyaj rapid ak yon apwòch ki santre sou pasyan epi ki fè pou ofri swen rapid ak efikas.


Nan BMC South ki nan Brockton, pasyan yo kapab gen aksè ak yon Sant Twoma Ki deziyen kòm Nivo III, epi li sèvi plis pase 65 000 pasyan chak ane. Epitou, li gen espas espesyalize nan swen pedyatrik ak pou pasyan ki gen bezwen medikal inik.


Ansanm, adrès sa yo ofri plis opsyon pou pasyan yo resevwa swen ijans nan espas ak nan lè yo bezwen l.

Aprann Plis Sou Depatman Ijans nou an →

Kouri Pou Montre Gratitid: Pou ki rezon Kerry bay BMC yon bagay an retou

Kerry Fajardo, Responsab Jesyon Dosye nan BMC South

Pou Kerry Fajardo, kouri nan 130yèm Maraton Boston an avèk Ekip BMC a se te yon bagay ki pèsonèl anpil. Se yon fason pou sipòte misyon Boston Medical Center epi onore pakou li te fè sa pa gen twò lontan lè li te gen kansè tete.


Fajardo se direktè jesyon dosye nan BMC South, se nan pozisyon sa a kote li ye depi 10 lane l ap gide enfimyè ki responsab dosye ak travayè sosyal ki 

ap sipòte pasyan ak fanmi yo pandan moman difisil yo. Men lè li t ap goumen kont kansè li menm nan lane 2024 se te yon bagay diferan nèt. Li sonje, “Lè biyopsi a te retounen, mwen pa t kapab dijere sa yo t ap di m lan.” “Mwen te konprann mo yo, men mwen te santi li pa t kapab aplike pou mwen.”


Tretman li an te gen operasyon, chimyoterapi, radyasyon ak terapi òmonal. Pandan li t ap viv tout bagay sa yo, li te kontinye kouri. Li di “Mwen bezwen kouri” “Se meditasyon m ak koneksyon m ak monn lan.” Menm nan jou difisil yo, yon ti mile tou dousman te ede l santi l byen. “Mwen pa t kouri vit anpil, epi mwen pa t kouri lwen. Men, mwen te fè l pou mwen.”


Li te santi sipò kòlèg li yo tou. Li di “Yo pa t janm kite bò kote m.” “Mwen pa t sèlman lidè yo. Yo te sousye pou mwen, epi se te yon gwo bagay.”


Jounen jodi a li pa gen kansè ankò. Kerry konsantre l sou sante alontèm li. Jou ki 20 Avril la, l ap kouri nan Hopkinton avèk 72 Manm ekip kous BMC a, nan lide pou kolekte $850 000 pou avansman misyon BMC a.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Ekip BMC a ak Maraton Boston an →

Evènman yo

Me Period (Règ Mwen), yon gid pou pakou ki sòti depi nan premye règ pou rive nan epanouyisman konplè

Peryòd Pou Eksplore m: Yon Pwojeksyon Fim Espesyal ak yon Deba Piblik Annapre


Boston Medical Center Health System fyè pou li prezante dokimantè Me Period (Règ Mwen) nan kominote a. Se Black Women’s Health Imperative, ki prezante kokennchen fim sa k ap eksplore eksperyans ki gen rapò ak règ, pibète ak matènite atravè konvèsasyon sensè ak entèjenerasyonèl.


Aprè prezantasyon an, moun k ap patisipe yo ap gen opòtinite pou patisipe nan yon panèl diskisyon ak seyans kesyon ak repons avèk odyans lan ki ap gen ladan l moun ki sòti nan Boston Medical Center ak nan kominote a, tankou Doktè Nyia Noel, Direktè Jinekoloji nan Boston Medical Center, ak Petrina Martin Cherry, Vis Prezidan Angajman Kominotè ak Afè Ekstèn nan BMCHS.


Kilè: Samdi 12 Avril 2026 | 12 – 3:30 p.m.

Ki kote: WBUR CitySpace, 890 Commonwealth Ave, Boston, MA


Evènman sa a se yon chans inik pou angaje avèk istwa ki gen gwo enpak, poze kesyon, epi konekte avèk ekspè sou sijè ki gen enpak sou sante ak byennèt tout jenerasyon yo. Aprann Plis epi Enskri Jodi a.


Together for Hope

Together for Hope 2026: Fòs nan Kominote. Rezilyans nan Retablisman


Vin patisipe avèk nou pou prentan sa a nan Together for Hope 2026 (Ansanm Pou Lespwa 2026),, yon rasanbleman ki fèt nan tout Massachusetts, epi ki konsantre l sou koneksyon, pèseverans ak pwogrè nan swen pou moun ki gen adiksyon. L ap fèt jou ki ap 29 ak 30 Avril 2026, nan Hynes Convention Center ki Boston, evènman sa a ki ap fèt sou de (2) jou ap rasanble ansanm ekspè ak defansè nan lit kont adiksyon ki sòti toupatou nan eta a.


Nou ap tann ou, menm si ou se yon defansè pou rediksyon risk, yon doktè oswa enfimyè kap travay ak moun ki gen adiksyon, akonpanyatè pou retablisman, chèchè, edikatè, yon moun ki te viv oswa k ap viv yon eksperyans, manm fanmi, oswa defansè pou chanjman nan swen kont adiksyon. Vin Patisipe Avèk Nou Pou Fè Avanse Swen Kont Adiksyon


BMC Winter Walk

Ekip BMC Shines nan Mach Ivè 2026 a


Jou ki te Dimanch 22 Mas, plis pase 160 chanpyon BMC te reyini ansanm nan Boston Common pou Mach Ivè ki te fèt sou 2 mile. Li te fèt nan lide pou kolekte fon pou Living Well at Home, yon inisyativ BMC ki fèt pou ede pasyan yo jwenn yon lojman ki gen sekirite epi ki estab.


Moun ki ap mache epi ki gen tout laj te mete tèt ansanm pou fè yon diferans ki konkrè pou pasyan tankou Calvin:


“Ekip lojman an ede nou anpil epi se yon gwo resous. Kounye a m ap viv nan yon bèl katye, epi mwen pi konsistan avèk medikaman mwen yo gras avèk èd yo.”


Gras ak jenerozite pasyan rekonesan ki se Diane ak Gary Glick ak fanmi Glick, chak dola BMC kolekte te jwenn yon parèy jiska $55 000, sa ki double enpak pou pasyan yo.


Anplis fon endispansab nou kolekte yo, mach la te ogmante sansibilizasyon sou wòl esansyèl lojman jwe nan kesyon sante. Atravè chak pa, moun ki ap mache yo te ede pasyan tankou Calvin fè yon pa anplis nan estabilite, endepandans ak byennèt.


Mèsi ak tout moun ki te mache, fè don oswa ankouraje ekip nou an. Sipò w ap fè yon enpak dirab nan lavi pasyan Boston yo. Jwenn Plis Detay epi Foto Evènman an.


Rekonpans

BMC ranpòte Pri Kòm Youn Nan Pi Bon Lopital nan Castle Connolly

Castle Connolly Nome BMC kòm youn nan Pi Bon Lopital

Castle Connolly rekonèt Boston Medical Center kòm youn nan pi bon lopital pou ane 2026 la. Ane sa a, nou onore pou nou klase nan 8 domèn ak plizyè espesyalite tankou Chiriji Pou Kansè, Chiriji Kè ak Vaskilè ak Chiriji Òtopedik.


Castle Connolly rekonèt lopital atravè tout peyi a pou swen eksepsyonèl yo bay pasyan yo ak bon rezilta yo bay. Pri sa montre angajman ekip nou an pran pou ofri swen ki gen gwo kalite, epi ki gen konpasyon pou chak pasyan. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Pri a.

Yo nome BMC kòm youn nan pi bon espas travay nan Newsweek pou Kilti, Apatenans ak Kominote

Yo rekonèt BMC pou Ekselans Nan Anviwònman Travay pou sa ki gen rapò ak Kilti, Apatenans ak Kominote

Nou fyè paske yo rekonèt Boston Medical Center yon lòt fwa ankò pou angajman nou pran pou anplwaye nou yo, kominote ak kilti a. Onè sa yo reflekte angajman ekip nou an pran pou ofri yon anviwònman ki enklizif epi ki ofri sipò nou ap travay pou kreye chak jou.

           

Nan sa ki pi resan, nou fyè paske Newsweek rekonèt BMC kòm youn nan Pi bon Espas Travay nan Etazini pou Kilti, Apatenans ak Kominote pou 2026 la. Epitou, paske nou kreye yon kilti nan travay la kote anplwaye yo santi yon gwo sans apatenans epi yo gen ankourajman pou kontribiye nan yon misyon ki pataje. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Pri a.


BMC Nan Nouvèl La

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Katherine Gergen Barnett

Doktè Katherine Gergen Barnett nan BMC ki nan Boston Public Radio sou GBH News


Doktè Katherine Gergen Barnett, Vis Prezidan ki Responsab Inovasyon ak Transfòmasyon nan Depatman Medsin Familyal ak Medsin Fanmi nan BMC te pataje ekspètiz li sou dènye aktyalite nan domèn sante a. Li patisipe chak de semèn nan emisyon an, men dènye entèvyou li. Gade epi Tande Emisyon An La a.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

“Mwen fè [enfimyè] Arlene konfyans avèk lavi m. Li toujou pi bon pwofesyonèl swen sante a. Li tande, li konnen antesedan m, li pran san l tande sa m ap di l, epi li antre nan detay yo, epi li eksplike m tout sa k ap pase. Mwen pa ka reve ak yon pi bon pwofesyonèl swen sante. Mwen vwayaje sòti jis Nashville, New Hampshire pou rive Boston pou m wè l, epi mwen kenbe relasyon mwen avèk bon pwofesyonèl swen sante sa a. Li se pi bon doktè a, epi mwen gen anpil chans genyen l.” - Pasyan BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou 
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran 
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak 
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n 
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Resous pou Pasyan

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou
Mychart Logo

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign