|
|
|
Kansè Kolorektal ap ogmante lakay Jèn Adilt yo—Aprann Konnen Siy yo epi Ale Fè Depistaj |
|
|
|
Nan ane ki sot pase yo, pousantaj moun ki gen kansè kolorektal vin pi wo, li ogmante apeprè 2% chak ane lakay moun ki gen pi piti pase 50 lane. Pou rezon sa a Doktè Davids, chèf sèvis chiriji nan kolon ak nan rektoum, swete gen plis moun —espesyalman jèn moun — ki pale sou sante nan kolon pandan Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Kolorektal la, espesyalman lè yo pa santi yo byen.
Nan seyans Kesyon ak Repons sa a Doktè Davids ap reponn kesyon moun souvan genyen sou kansè kolorektal, sentòm pou siveye ak enpòtans depistaj. |
|
|
|
Kisa Kansè Kolorektal la ye?
Kansè kolorektal la devlope nan kolon oswa twou dèyè (rektoum), epi li souvan kòmanse devlople nan pawa entèn kolon oswa twou dèyè a pou vin tounen sa yo rele polip. Se yon tip kansè nou jwenn souvan, men nou kapab prevni epi trete l anpil tou, espesyalman lè nou detekte l bonè. |
|
|
|
Ki kalite sentòm mwen ta dwe siveye?
Sentòm yo gen ladan l senyman nan twou dèyè, chanjman nan fason ou twalèt, ou wè san lè w ale nan twalèt, vant fè mal, pèdi pwa, ak/oswa fatig. Menm si sa ka mete w malalèz pou pale sou sa, li enpòtan anpil pou pale sou sentòm sa yo ak doktè swen primè oswa pwofesyonèl swen sante ou.
|
|
|
|
Èske si mwen pa gen sentòm, mwen ta dwe tcheke?
Wi. Akoz to kansè kolokteral ki ap ogmante lakay jèn moun yo, Sosyete Ameriken Kont Kansè (ACS) te diminye laj pou fè premye depistaj pou kansè kolorektal la soti 50 pou vin 45 lane an 2018. Kidonk, sa ka rive ou menm oswa moun ki pwòch ou depase lè pou yo kòmanse fè depistaj regilye yo. Si gen nenpòt moun nan fanmi w ki gen kansè kolokteral oswa polip li ka mande pou fè yon depistaj pi bonè. Li toujou bon pou verifye avèk doktè swen primè ou pou konn pwochen etap yo. |
|
|
|
Kijan mwen dwe pale avèk fanmi m sou sante nan kolon?
Nou konprann — sa pa rive souvan pou moun chita sou yon tab kote y ap manje pou y ap pale sou polip nan kolon yo a. Panse sou lè ak kote pou gen yon konvèsasyon sou antesedan sante familyal ak sante, obsève sentòm yo kèlkeswa antesedan familyal, epi rete dirèk ak onèt avèk pwofesyonèl swen sante prensipal sou nenpòt enkyetid. |
|
|
|
Kisa mwen kapab fè pou ede diminye risk kansè kolon?
Nou kontinye ap aprann plis sou diferan fason pou diminye risk kansè kolorektal. Li toujou bon lè ou viv yon fason ki bon pou lasante — priyorize manje ki nitritif, fè egzèsis yon fason regilye, evite fimen epi limite konsomasyon alkòl ou. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Istwa Nadeia: Pouvwa Depistaj Kansè ak Deteksyon Bonè |
|
|
|
Lè li te tande yon kòlèg ki ap di dat pou fè mamogram li a depase, se lè sa Nadeia Faustin, ki te gen 44 lane alepòk te admèt li poko janm fè sa. Nadeia di: “Pa t gen moun nan fanmi m ki gen antesedan kansè tete, sa ki fè mwen pa t enterese m ak sa.” Men konvèsasyon an te rete nan tèt li sa ki te pouse l pran yon randevou pou fè yon mamogram nan mwa Fevriye 2024. Nadeia fè konnen “Se konsa mwen te dekouvri mwen gen yon kansè nan tete ki nan premye faz.” |
|
|
|
Yo te refere l nan Pwogram Kont Kansè Tete nan BMC, kote li te rankontre ak Doktè Michael Cassidy ak Lauren Oshry, pou pale sou opsyon tretman li yo. Nadeia di: “Mwen te deside fè apwòch ki pi agresif la paske m pa t vle pran okenn chans.”
Apre yon tretman reyisi ki te gen ladan l operasyon, chimyoterapi ak radyoterapi, Nadeia akouraje tout moun pou fè depistaj kansè yo kounye a. “Pran swen tèt ou ak sante w; ale fè mamogram ou a.”
|
| Li tout istwa Nadeia a → |
|
|
|
|
|
|
Sezon Taks la Rive: Jwenn Sipò nan BMC pou ede w ranpli l |
|
|
|
Nou konnen lè fanmi yo resevwa lajan taks la, yo kapab envesti nan pwodui ki esansyèl tankou manje ki bon pou lasante, lojman ak swen medikal – faktè ki kontribiye nan yon fi ki pi bon pou lasante.
Se pou rezon sa a, StreetCred ap ofri GRATIS sèvis pou ranpli taks an pèsòn pou ede fanmi yo gen aksè fasil ak lajan ranbousman yo, ki gen ladan kredi enpo yo. Sèvis sa a disponib nan Klinik |
|
|
|
Pedyatrik BMC epi l ouvè pou fanmi ki fè pi piti pase $67,000 pa ane epi ki gen timoun k ap resevwa swen nan Klinik Medsin Fanmi oswa Klinik Pedyatrik BMC.
StreetCred ki nan Sant Medikal Boston, se youn nan premye patenarya medikal ak finansyè nan nasyon an, li entegre sèvis ekonomik ki pa byen itilize epi ki baze sou prèv nan swen sante prenatal ak timoun piti. Epitou, li ap dirije yon kominote nasyonal aprantisaj nan kesyon sipò teknik ak lojisyèl lib, ki rele Health by Wealth Collective (HxWC). Y ap sipòte kominote pasyan atravè peyi a.
Sèvis preparasyon taks la disponib sèlman sou randevou. Pran yon Randevou la a
Ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Fanmi ak Timoun nan Massachusetts—menm si ou pa gen okenn revni pou ane 2024 la. Resevwa $440 pou chak timoun ki kalifye ki gen pi piti pase 13 lane, depandan ki gen 65 lane oswa plis, manm fanmi ki gen yon andikap, oswa mari/madanm ki bezwen swen. Pou resevwa kredi sa a, ou dwe ranpli taks ou nan Massachusetts nan delè 15 avril. Gen resous gratis ki disponib avèk enfòmasyon sou kredi enpo federal ak kredi eta a epi fason pou w ranpli l gratis. |
| Jwenn Plis Enfòmasyon epi Resevwa Èd Gratis pou Ranpli Taks ou → |
|
|
|
|
Kouri Pou Bon Jan Swen Sante |
|
Nan mwa avril sa a, pasyan BMC ki se Sarah Cormier pral kouri pou 129yèm Maraton Boston. Se p ap premye fwa li pral fè yon gwo kous, men kous sa a gen yon enpòtans espesyal pou li.
Kòm yon manm Ekip BMC, li pa jis kouri—li a kolekte fon pou sipòte swen ki ap sove lavi. Kòm yon moun yo te trete pou kansè tiwoyid nan BMC, Sarah rekonesan pou swen ki chanje lavi l. Li te fè konnen: “Mwen vrèman dwe lavi m ak sante m ak BMC.” Li Istwa Sarah la a.
|
|
|
|
Kouri Pou Bon Jan Swen Sante |
|
Nan mwa avril sa a, pasyan BMC ki se Sarah Cormier pral kouri pou 129yèm Maraton Boston. Se p ap premye fwa li pral fè yon gwo kous, men kous sa a gen yon enpòtans espesyal pou li.
Kòm yon manm Ekip BMC, li pa jis kouri—li a kolekte fon pou sipòte swen ki ap sove lavi. Kòm yon moun yo te trete pou kansè tiwoyid nan BMC, Sarah rekonesan pou swen ki chanje lavi l. Li te fè konnen: “Mwen vrèman dwe lavi m ak sante m ak BMC.” Li Istwa Sarah la. |
|
|
|
Prezantasyon Pwen Enpòtan ki te gen nan Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo |
|
Sistèm Sante BMC fyè paske li te youn nan òganizatè Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo — yon jou ki te konsakre pou sipòte sante fizik, mantal ak finansyè.
Nan kad jounen nasyonal enpak, evènman sa a te reyini pwofesyonèl swen sante, lidè kominotè, ak òganizasyon lokal ki te la pou pwopoze prezantasyon ekspè ap anime, sèvis pratik ak opòtinite ki enpòtan anpil pou fanmi yo pran sante yo an konsiderasyon. Mèsi ak tout moun ki te vin selebre epi fè pwomosyon Byennèt Fanmi Nwa yo.
Èske ou te patisipe nan evènman an? Gade prezantasyon pwen enpòtan kite genyen pandan jounen an, epi fè nou konnen ki sesyon ou te pi renmen pandan w ap kite yon kòmantè la.
|
|
|
|
Prezantasyon Pwen Enpòtan ki te gen nan Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo |
|
Sistèm Sante BMC fyè paske li te youn nan òganizatè Ekspozisyon 2025 sou Byennèt Fanmi Nwa yo — yon jou ki te konsakre pou sipòte sante fizik, mantal ak finansyè.
Nan kad jounen nasyonal enpak, evènman sa a te reyini pwofesyonèl swen sante, lidè kominotè, ak òganizasyon lokal ki te la pou pwopoze prezantasyon ekspè ap anime, sèvis pratik ak opòtinite ki enpòtan anpil pou fanmi yo pran sante yo an konsiderasyon. Mèsi ak tout moun ki te vin selebre epi fè pwomosyon Byennèt Fanmi Nwa yo.
Èske ou te patisipe nan evènman an? Gade prezantasyon pwen enpòtan kite genyen pandan jounen an, epi fè nou konnen ki sesyon ou te pi renmen pandan w ap kite yon kòmantè la.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Enfimyè Kate Gamache ranpòte Pri DAISY paske li te Sipòte yon Jèn Manman apre yo te Dyagnostik li yon Timè Serebral |
|
Nan kòmansman mwa sa a, enfimyè pou swen apre akouchman BMC, Kate Gamache, te resevwa Pri DAISY. Pri sa onore enfimyè ekstrawòdinè ki fè gwo efò pou bay swen ki plen ak konpasyon pou pasyan ak fanmi yo. Aprann plis sou swen enfimye nan BMC.
|
|
|
|
Enfimyè Kate Gamache ranpòte Pri DAISY paske li te Sipòte yon Jèn Manman apre yo te Dyagnostik li yon Timè Serebral |
|
Nan kòmansman mwa sa a, enfimyè pou swen apre akouchman BMC, Kate Gamache, te resevwa Pri DAISY. Pri sa onore enfimyè ekstrawòdinè ki fè gwo efò pou bay swen ki plen ak konpasyon pou pasyan ak fanmi yo. Aprann plis sou swen enfimye nan BMC. |
|
|
|
|
|
|
Tout doktè ak enfimyè yo te ede m, yo te pwofesyonèl, janti epi yo te sipòte m. Mwen swete travay avèk yo ankò nan pwochen etap difisil yo. Mwen gen anpil chans, epi mwen rekonesan anpil pou kokennchen ekip swen ki nan BMC Breast Health Center (Sant Sante Pou Swen Nan Tete). Mèsi paske nou te pran tan nou pou ede epi banm enfòmasyon sou ka inik mwen an. |
|
|
|
Tout doktè ak enfimyè yo te ede m, yo te pwofesyonèl, janti epi yo te sipòte m. Mwen swete travay avèk yo ankò nan pwochen etap difisil yo. Mwen gen anpil chans, epi mwen rekonesan anpil pou kokennchen ekip swen ki nan BMC Breast Health Center (Sant Sante Pou Swen Nan Tete). Mèsi paske nou te pran tan nou pou ede epi banm enfòmasyon sou ka inik mwen an. |
|
|
|
"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|