Share

Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou detekte l bonè, epi abitid ki bon pou sante ki kapab ede pwoteje sante w pou mwa Oktòb sa a.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Li nan navigatè a

EDISYON OKTÒB 2025

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Batiman BMC ak Drapo

Eksplore Nimewo Mwa Oktòb la: 

ISTWA AN VEDETTE

Jounen Mondyal Kont Estwòk: Abitid Senp ki kapab Ede Kè ak Sèvo a rete An Sante

Enfimyè k ap ede pasyan ki aje

Nou obsève Jounen Mondyal Kont Estwòk chak 29 oktòb, se yon mwayen pou fè sansibilizasyon ak prevansyon kont estwòk. Yon moun ka fè yon estwòk lè sikilasyon san ki sòti nan sèvo a bloke oswa diminye, sa ki lakòz tisi selebral yo pa jwenn oksijèn ak nitriman.


Estwòk se youn nan koz prensipal lanmò ak andikap nan tout monn lan. Nan Etazini sèlman, gen plis pase 600 000 moun ki gen premye estwòk yo chak ane.

Sepandan, dapre Asosyasyon Ameriken Pou Pwoblèm Kè (American Heart Association, AHA), jiska 80 pousan estwòk ta ka evite atravè swen prevansyon ak yon chanjman nan fason nou viv.


Ane sa a, nan kad angajman nou pran epi k ap kontinye nan Sant Medikal Boston an favè edikasyon ak sansibilizasyon, nou ap prezante AHA's Life's Essential 8™ ki se yon gwoup 8 konpòtman kle ki favorize sante kadyovaskilè ak serebral.


“Menm si ou nan senkantèn oswa swasantèn, epi ou tande pale sou sa pou premye fwa, ou kapab toujou fè chanjman enpòtan,” se sa Doktè José R. Romero, ki se yon espesyalis nan swen pou estwòk fè konnen. Epitou, li se yon pwofesè asosye newoloji nan Boston University Chobanian & Avedisian School of Medicine.


AHA Life’s Essential 8™ gen ladan l:

  1. Yon rejim alimantè ki bon pou sante a: Chwazi plis fwi, legim, sereyal konplè ak pwoteyin mèg

  2. Rete plis aktif: Fè omwen 2 èdtan edmi aktivite fizik lejè chak semèn

  3. Diminye nan konsomasyon tabak: Patisipe nan yon pwogram pou kanpe fimen pou diminye risk pou estwòk

  4. Dòmi yon fason ki bon pou lasante: Fikse yon objektif 7 jiska 9 èdtan somèy ki pèmèt ou repoze chak nuit

  5. Kontwole pwa w: Travay avèk ekip swen w pou kenbe yon pwa ki bon pou sante w

  6. Kontwole kolestewòl: Mande doktè w fason ki senp ou kapab kenbe kolestewòl ou nan yon nivo ki bon pou sante w

  7. Kontwole glisemi w: Konnen nivo li konn ye, epi pran mezi pou anpeche oswa jere dyabèt la

  8. Kontwole tansyon: Kontwole tansyon w yon fason regilye, epi pale avèk pwofesyonèl swen sante w si li wo

Pandan Jounen Mondyal Kont Estwòk n ap fè sansibilizasyon pou prevansyon kont estwòk, swen pèsonèl ak abitid ki bon pou sante ki ta dwe yon priyorite pandan tout ane a. Suiv epi kontwole chif nan kesyon sante w, espesyalman tansyon w, se youn nan pi bon fason pou pwoteje tèt ou kont estwòk. 


Romero fè konnen “Se sèlman 50 pousan Ameriken ki gen tansyon, ki konnen yo gen tansyon wo.” “Men konsèy m kapab ba ou: Konnen ki nivo tansyon w. Si li pa koresponn ak nivo ki sible a doktè a endike, ale wè pwofesyonèl swen sante ou pou tretman.”


Yo rekonèt ekip nou an nan BMC pou ekselans klinik nan kesyon prevansyon ak tretman. Nou fyè pou nou anonse U.S. News & World Report nome BMC pami 50 pi bon lopital nan tout peyi a pou Kadyoloji, Operasyon Kè ak Vaskilè, Newoloji, Newochiriji. Anplis, Sant pou Maladi Estwòk ak Kadyovaskilè sètifye kòm Sant Konplè Kont Estwòk pa Joint Commission, yon enstitisyon mondyal ki angaje nan amelyorasyon kalite ak sekirite pasyan nan swen sante. Sa ki montre ekselans nou nan swen avanse kont estwòk.

Eksplore Sant Kont Estwòk nan Sant Medikal Boston →

Swen kranyo-fasyal ki kouvri plizyè disiplin nan Sant Medikal Boston

Doktè Jorge Lujan ak pasyan BMC ki se Marilande ak Michel

Pou Marilande Pierre, matènite a te kòmanse avèk kèk difikilte li pa t atann. Sèlman yon ti moman apre pitit gason li Michel fèt, li te aprann li gen sendwòm Apert, yon maladi jenetik ra ki lakòz zo kràn ti bebe rantre youn nan lòt anvan lè. Sa ki pral afekte fòm vizaj ak fòm tèt li, epi kreye yon presyon sou sèvo a.


Gras ak direktiv Doktè Jorge Lujan ak ekip 

newochiriji nan plizyè disiplin ak ekip kranyo-fasyal nan Sant Medikal Boston, Michel kontinye devlope ak epanouyi. Sòti nan operasyon konplèks pou rive nan swen k ap kontinye, Marilande ak ekip BMC a ap travay youn bò kote lòt pou ede Michel franchi etap enpòtan sa yo. Epi, devlope fòs ak rezilyans pandan pakou sa a.


Chak jou pote nouvo difikilte pou Marilande ak Michel, men avèk sipò yo kontinye jwenn nan men ekip swen Michel la, yo pa janm poukont yo sou chemen k ap tann yo.

Li Pakou Michel nan BMC →

Oktòb se Mwa Sansibilizasyon pou Kansè Tete: Rete ajou nan depistaj ou yo

Moun ki ap resevwa riban sansibilizasyon kont kansè tete

Oktòb se Mwa Sansibilizasyon pou Kansè Tete, yon moman pou konsantre sou enpòtans depistaj regilye ak deteksyon ki fèt bonè. Kansè Tete afekte 1 fi sou 8 pandan tout lavi yo, sa ki fè swen prevantif yo esansyèl. Egzaminen tèt ou yon fason regilye, egzamen fizik ak mamogram kapab ede detekte timè yo anvan sentòm yo parèt, epi li ap ofri plis opsyon tretman ak pi bon rezilta.

Nan Sant Medikal Boston Sant Sante Pou Tete ofri swen kowòdone epi ki gen konpasyon pou chak etap nan pakou pou swen nan tete ou a. Ekip nou an gen ladan l espesyalis nan medsin entèn, nan chiriji onkolojik, radyoloji, onkoloji medikal ak radyoterapi, ansanm ak patoloji. Epi, yo tout ap travay ansanm pou ofri swen pèsonalize epi k ap kontinye. Nou ofri pasyan yo swen enfimye navigatris nan imajri mamè pou gide yo atravè swen epi ofri yo sipò.



Direktiv pou Depistaj Pa Laj:

  • 20 jiska 40 lane: Egzaminen tèt ou poukont ou chak mwa; egzamen fizik chak 3 lane

  • 30 jiska 35 lane avèk gwo antesedan familyal: Li rekòmande pou fè yon Mamografi

  • 35 lane oswa plis: Mamografi referans pou konparezon alavni

  • 40 lane oswa plis: Egzaminen tèt ou poukont ou chak mwa; egzamen fizik chak ane, mamografi chak ane

  • 50 lane oswa plis: Kontinye egzaminen tèt ou poukont ou chak mwa; egzamen fizik ak mamografi chak ane

Pran Randevou pou yon Mamografi nan Belkin Center →

Defile pou Swen Kansè 2025: N ap selebre Rezilyans ak Lespwa

Defile BMC pou Modèl Ki Gen Kansè

Jou ki Mèkredi 15 Oktòb nou te òganize Defile Pou Swen Kansè, yon apremidi enspiran kote pasyan ak pèsonèl nan Sant Kansè BMC pataje istwa yo pandan y ap defile sou yon podyòm nan abiman pèsonalize estilis lokal fè.


Evènman an kolekte fon enpòtan pou sipòte apwòch olistik BMC nan kesyon swen pou kansè, tankou aksè ak manje ki bon pou sante a, lojman, 

transpò ak lòt resous ki ede pasyan an geri.


Envite yo te patisipe nan yon sware ki baze sou kouraj, kreyativite epi ki t ap selebre fòs ak rezilyans chak patisipan. Metewolojis NBC10 nan Boston Tevin Wooten te patisipe nan evènman an tou, pou montre sipò li ak misyon BMC a bò kote pasyan yo, moun k ap bay swen yo, ak manm kominote yo.


Sòti nan temwanyaj pèsonèl ki gen anpil emosyon pou rive nan kesyon mòd inik, sware sa a mete limyè sou pouvwa lespwa ak sipò kolektif nan batay yo kont kansè.


Mèsi ak tout modèl, envite ak tout sipòtè ki gen bon kè nou yo.

Klike la a pou Sipòte Sant Kansè BMC →

Evènman yo

Entèvenan ak patisipan nan apremidi avèk Pè Greg Boyle nan Homeboy Industries

Yon apremidi avèk Pè Greg Boyle nan Homeboy Industries


Nan Bethel AME Church nan Roxbury, rezidan lokal ki sòti toupatou nan kominote a te rasanble pou Yon apremidi avèk Pè Greg Boyle nan Homeboy Industries. Li se yon Pè Jezuit epi li te resevwa Meday Libète Prezidansyèl, Pè Boyle te konsakre vi l nan bay espwa ak opòtinite ak ansyen manm gang, epi yon pakèt moun nou pa kapab konte ki ap chèche yon dezyèm chans.


Pwokirè Jeneral Massachusetts Andrea Joy Campbell te anime yon konvèsasyon ki gen anpil emosyon Sant Medikal Boston te òganize sou konpasyon, solidarite, ak pouvwa kominote a. Pè Boyle, ansanm ak de (2) anbasadè Homeboy Industries te pataje difikilte ak viktwa sitwayen ki ap rebati lavi yo yon jou alafwa. Gade Foto ak Detay Ki Sòti Nan Evènman an.

“Vin patisipe avèk BMC nan kominote a wikenn sa a”

Sant Sante Kominotè South Boston (SBCHC): Harbor of Hope jou ki 30 Oktòb la


SBCHC fyè pou li asosye ak BMC atravè Sant Sante Kominotè Boston HealthNet, yon rezo 13 sant sante ki ap travay ansanm pou pote swen ki kowòdone epi ki ekitab pou tout katye nan Boston.  Patenarya sa a konekte pasyan yo ak swen gwo kalite, ki adapte ak kilti epi yo bay bò lakay yo, ansanm ak pi bon espesyalis ak tretman avanse nan BMC.


Jou ki 30 Oktòb 2025, Doktè Ravin Davidoff, Direktè Medikal Egzekitif nan Sant Medikal Boston pral resevwa Pri Patnè 2025 nan Hope Award pandan youn nan evènman kominotè enspiran nan South Boston. Se South Boston Community Health Center (SBCHC) k ap òganize l. Evènman sa a ap rasanble katye ak sipòtè yo ansanm pou kolekte fon pou pwojè ekspansyon batiman SBCHC, ede nou ofri swen ki pi aksesib, swen ki abòdab pou kominote a. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Harbor of Hope.

Rekonpans

Doktè Ayesha Abdeen k ap resevwa pri

N ap selebre ekselans nan Swen Òtopedik

Felisitasyon ak Doktè Ayesha Abdeen, Chèf Sèvis Atwoplasi Anch ak Jenou nan BMC, pou Pri Marian Ropes Lifetime Achievement li resevwa pou Ekselans nan Swen pou Pasyan nan men Fondasyon Kont Atrit!


Doktè Abdeen se premye fi chirijyen ki resevwa onè sa a. Yo rekonèt li pou apwòch ki gen konpasyon, ki santre sou pasyan ak ekspètiz li nan teknik chirijikal mini envaziv ak teknoloji inovatif li itilize pou ranplasman atikilè, espesyalman ranplasman pasyèl jenou, sa ki pral ede pasyan yo rejwenn mouvman yo. Epitou, amelyore kalite lavi yo. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Ekip Chiriji Òtopedik BMC.


Pwofesyonèl swen sante k ap ri

Forbes Rekonèt BMC pou Konpayi Ki Ofri Yon Bon Espas Travay ak Yon Bon Espas Travay Pou Fi

Nou menm nan #BMCPround ap pataje Forbes rekonèt nou kòm youn nan Konpayi ki ofri yon bon espas travay ak Bon espas travay pou fi.


Onè sa a mete limyè sou angajman nou pran pou ekite, enklizyon ak opòtinite, ansanm ak angajman pou kreye yon espas travay ki fò epi ki gen inyon. Epitou, ki enspire sans devwa ak lwayote pami anplwaye yo.


Avèk 75% pèsonèl nou an ki se fi, nou espesyalman fyè pou klase pami pi bon enstitisyon sante ak sèvis sosyal nan Massachusetts pou sipò nou bay fi ki ap travay nan pòs lidèchip. Epi, ki an favè egalite sèks. Lè nou favorize yon espas kote moun yo santi yo gen plas yo, nou pa sèlman bay anplwaye yo opòtinite pou epanouyi, men nou ranfòse swen ki gen konpasyon ak swen pou klas mondyal nou ofri bay pasyan ak kominote nou yo chak jou tou.

Anons

Logo Mychart

Yon Nouvo Prezantasyon pou Dosye Sante BMC nan MyChart

Apati 1ye Novanm 2025, pasyan nan BMC South ak BMC Brighton ap rejwenn BMC nan itilizasyon MyChart, pòtay pasyan nou pataje pou tout Sistèm Sante BMC.


Ou ap remake yon nouvo logo ki reflete koneksyon nan tou sistèm la, men aksè ou a, koneksyon ak tout fonksyonalite pòtay la ap rete menm jan. Pasyan yo kapab kontinye wè rezilta tès yo an sekirite, suiv randevou, epi jere preskripsyon nan yon sèl ak menm espas ki aksesib.


Si ou poko enskri, tanpri enskri nan MyChart pou w kapab suiv randevou ou byen fasil, gade medikaman epi jere enfòmasyon sou sante w nan yon sèl ak menm espas ki aksesib. Enskri nan MyChart Jodi a.

• Pasyan k ap resevwa vaksen nan men pwofesyonèl swen sante

Sezon Grip la Rive: Pran Vaksen Grip Ou a   

Pran yon vaksen grip ka ede fè prevansyon kont grip, epi sa ka ede fè prevansyon kont maladi grav ou ka fè si w pran grip. Li rekòmande pou tout pasyan ki gen pou pi piti sis mwa ak plis pran vaksen kont grip. Li espesyalman enpòtan pou fanm ansent, moun ki gen maladi kwonik, ak timoun paske yo gen plis risk pou yo gen konplikasyon grav ki gen rapò ak grip. Pran swen tèt ou ak moun ki pwòch ou. Pran yon randevou jodi a.

BMC Nan Nouvèl La 

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Michael R. York

Konprann Kisa ki Lupus la: Sentòm, Risk ak Nouvo Avansman nan Tretman


Dr. Michael R. York, rimatològ nan Sant Medikal Boston, eksplike difikilte Lupus la lakòz, yon maladi oto-imini kwonik ki afekte po, jwenti, ren ak plis. Lipis la afekte yon fason ki pa pwopòsyonèl fi ak kèk gwoup rasyal, epi dyagnostik yo ka difisil akoz sentòm yo ki monte youn sou lòt. Doktè York mete limyè sou tretman ki ap parèt yo tankou Anifrolimumab ak terapi selilè CAR-T, sa ki ap ofri nouvo espwa pou pasyan ki gen gwo lupus epi ki ap resiste ak tretman an. Li tout atik la sou Healthday.com

Doktè Lovern R. Moseley

10 Bagay Timoun yo Ta Dwe Konn Fè Anvan yo Rive Nan 10 Lane, Selon Ekspè Nan Devlopman Timoun


Good Housekeeping te resevwa sa pa gen twò lontan Doktè Lovern R. Moseley, yon sikològ nan depatman Sikyatri Pou Timoun ak Adolesan nan BMC, nan atik li ki se “10 Things Kids Should Know How to Do by Age 10 (10 Bagay Timoun Yo Ta Dwe Konn Fè Anvan Yo Rive Nan 10 Lane).” Doktè Moseley te pataje fason paran yo kapab ede timoun yo prepare yo pou ijans atravè konvèsasyon ouvè ak pratik.


Li rekòmande pou kreye yon plan ijans pou fanmi epi pou nou gade li ansanm, li gen ladan l kisa nou dwe fè nan ka gen dife oswa ijans metewolojik ak fason pou rele 911. Doktè Moseley di “Fè timoun ou an sonje sèl travay li genyen se pou kenbe tèt li an sekirite, epi jwenn èd.” Li tout istwa a sou Good Housekeeping.

Nan Pwòp Mo Pa ou

“Mwen ta renmen di Enfimyè Rita bon anpil nan sa li ap fè a. Li konnen antesedan m, li rete an kontak avèk mwen, ban mwen bon jan sijesyon, epi li tande m ak anpil atansyon. Mwen ta renmen rekòmande l bay tout moun ki bezwen swen nan newoloji. Li se prefere m.”

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou
Logo Mychart

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign