Share

Avril 2024

Li nan navigatè a

BMC ou a

Kenz Lane Apre yon Grèf Selil Souch pou Amiloz, Jeff toujou nan Etap Gerizon 

Apre li fin soufri anflamasyon nan pye ak janm li, yo te dyagnostike yon amiloz lakay Jeff Howe. Amiloz se yon maladi ra epi ki ka lakòz lanmò moun konn trape lè yon seri pwoteyin ki rele amiloyid ap rasanble nan ògàn yo epi yo vin lakòz dega nan kò malad la. Yo te refere l nan Sant Tretman Amiloz nan BMC an, youn nan pi gwo sant nan mond la pou trete kondisyon sa a, kote li te fè yon grèf selil souch.

Jeff fè nou konnen, "Nan lane 2008, lè yo te dyagnostike amiloz la pou mwen, previzyon yo pa t bon menm." "Men m te fè BMC konfyans epi tout bagay te pase an byen."  

Li rès istwa Jeff la →

BMC Hospital at Home, ki se Sèvis Adomisil BMC Hospital la Disponib Kounye a pou Pran Swen Pasyan ki Elijib  

Nou ap pote sèvis lopital nou yo bay pasyan nou yo. BMC Hospital at Home ofri swen entansif moun konn abitye jwenn lopital bay pasyan yo pandan yo pa gen obligasyon deplase kite lakay yo, sa ki ka yon pwoblèm pou yo. Gen swen an pèsòn ak swen vityèl ki disponib, epi an menm tan tou, genyen yon sèvis

sipèvizyon 24 sou 24 ki disponib atravè yon ekip pwofesyonèl fyab nou gen anndan BMC an. Hospital at Home se yon demostrasyon angajman nou pran pou n ofri yon kalite swen transfòmasyon ki la pou amelyore aksè ak egalite nan sa k gen pou wè a swen nan tout kominote nou desèvi yo.

Jwenn plis enfòmasyon konsènan Hospital at Home →

Gerry ap Viv ak yon Maladi Parkinson jous Li Mouri Apre l Fin Sibi yon Estimilasyon Grav nan Sèvo l

 Gerry Schondek fè konnen "Mwen toujou bay tèt mwen yon bagay pou m fè epi m rete pozitif," apre l te fin sibi yon estimilasyon grav nan sèvo li nan kad Pwogram Tretman Twoub Mouvman ak Maladi Parkinson BMC an, epi li te menm rive patisipe nan yon etid rechèch entènasyonal pou ede syantifik yo devlope nouvo tretman. 

Pwogram espesyalize nou an ap kreye yon koulwa pou ede nou vin ak dènye modèl kalite swen moun bezwen epu pou ede n fè gwo jefò nan pouse pou pi devan ak rechèch nou nan sa k gen pou wè ak avansman teknoloji.

Rankontre Gerry →

Pòtay Jistis Ekonomik BMC a te patisipe nan Seri Heathier Together a 

Nou fyè anpil pou n patisipe nan seri Healthier Together yo, ki yo emnm eksplore istwa rezistans, konpasyon ak inovasyon moun pa tande men ki se bagay reyèl nan sistèm swen sante toupatou nan mond la. Nan kad yon prezantasyon WHO Foundation epi nan kad yon pwodiksyon BBC Storyworks Commercial Productions pou nou,

Doktè James ak James ak Sara Stulac ak Yesenia Valentin, yon pasyan BMC ak navigatè, te pataje opinyon yo sou kijan egalite nan swen sante bay tout moun kapasite pou yo rete ansante epi pouse pou pi devan. Gras ak èd asosye tankou MassMutual Foundation, BMC ap vini ak yon nouvo kalite swen sante.

Gade Fim lan →

Mwa Avril la Se Mwa Tolerans pou Moun ki soufri Otis yo

Pwogram Otis nan Boston Medical Center a ede epi li responsabilize moun ki soufri twoub espèk otis (autism spectrum disorder, ASD) ansanm ak fanmi yo atravè sipò kiltirèl konpetan, edikasyon, epi gras ak sansibilizasyon nan kominote a. Pandan Mwa Tolerans pou Moun ki Soufri Otis la, nou  

ankouraje w ale sou paj resous konpreyansif ASD nou an, ki gen mizajou k ap fèt sou li regilyèman kote n ap mete enfòmasyon nesesè, konsèy itil ak oryantasyon ekspè nou yo.

Eksplore resous ASD yo →

Anons

Depatman sa Yo Te Relokalize oswa yo Pral Relokalize

Sant Sikyatri pou Pasyan Granmoun ki Pa Entène a te relokalize sòti nan Dowling 7 ale nan Crosstown 1 - Espas C a. 


Boston Center for Refugee Health & Human Rights (Sant Sante pou Refijye ak Dwa Moun Boston an) te relokalize sòti nan Dowling 8 ak 9 ale nan Crosstown 1 - Espas A a. 


Pediatric Specialty Group (Gwoup Espesyalite Pedyatri) la pral relokalize sòti nan Shapiro 8C ale nan Crosstown 7 nan dat 26 avril.

Nominasyon

Nancy Gaden te Genyen Prim Lejann Vivan nan Sèvis Enfimri Massachusetts la

Felisitasyon pou Nancy Gaden, Doktè nan Pratik Enfimri (DNP), Enfimyè Anrejistre (RN), Enfimyè a Kad Avanse Konsèy Administrasyon an Sètifye (NEA-BC), vis prezidan an chèf ak ofisye enfimri an chèf, pou prim Lejann Vivan nan Sèvis Enfimri Massachusetts la Asosyasyon Enfimye Ameriken nan Masschusetts la te bay la. Pandan tout karyè li, Nancy te yon enspirasyon pou lòt enfimyè yo epi li te yon lidè nan koze enfimyè ki reprezante yon gwo egzanp pou lòt yo. Li te dirije depatman enfimri nou an kote pasyan te resevwa anpil swen.

Aprann plis konsènan kijan pou w vin yon enfimyè nan BMC →

Selebrasyon Doktè Christine Crawford ki te jwenn Nominasyon "Pi Gwo Doktè Koulè Nwa" pou ane 2024 la

Nou fyè pou n anonse Castle Connolly te chwazi Doktè Christine Crawford antanke Pi Gwo Doktè Koulè Nwa pou ane 2024. Doktè Crawford se yon sikyat ki la pou adilt, timoun ak adolesan nan Klinik Sikyatri pou Pasyan Timoun ak Adolesan ki pa entène BMC a. Doktè Crawford toujou angaje nan inisyativ sansibilizasyon kominote a epi li bay tout pasyan nou yo bon jan swen pou amelyore sante yo an jeneral.

Ede nou felisite Doktè Crawford →

Evènman

Edisyon 2024 Together for Hope la Te Gen Anpil Siksè 

Konferans inogirasyon Together for Hope nan Grayken Center for Addiction BMC a te gen yon dividal deba enspire ansanm ak prezantasyon ki ankouraje refleksyon sou yon pakèt sijè ki gen pou wè ak dosye adiksyon lakay moun. Plis pase 500 moun te patisipe, moun tankou praktisyen ak moun ki gen eksperyans pa yo, epi yo te pale sou lide yo ak eksperyans sa yo pandan yo t ap kreye bon jan koneksyon nan mitan yo. Nou di mèsi pou tout oratè ak patisipan yo pou fason yo konprann bagay yo ki enspire nou pandan nou tout ap travay pou kreye yon konfyans epi pou responsabilize kominote nou yo. Li apèsi konferans lan.

Felisitasyon pou Ekip BMC an paske li Patisipe nan 128yèm Maraton Boston an

Nan dat 15 avril, nou te kontan anpil pou n te fete 82 manm nan Ekip BMC an paske yo te patisipe nan 128yèm Maraton Boston an pandan y ap ede nou nan misyon nou. Mèsi ak ekip atlèt nou an, ki gen ladan l anpil pasyan ak anplwaye BMC, poutèt yo ede nan reyalize yon jounen san parèy! Lajan ki rive ranmase a pral ede nan finanse pwogram inovasyon nou yo ki yo menm ap bay bon jan rezilta sante ki baze sou egalite pou moun ki abite Boston ak lòt kote. Ekip Sipò BMC a.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Chak fwa mwen vin nan etablisman medikal sa a, yo tèlman trete mwen ak anpil lanmou mwen santi mwen nan pi bon bon kalite swen ki genyen nan mond lan. Sa reprezante anpil diferans pou mwen epi sa ede m gen plis kapasite pou m rete pozitif nan kad sante mantal mwen pou m goumen nan sitiyasyon sa m ye a. Modèl swen sa a se modèl swen ki pi bon mwen jwenn nan lavi m.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo.

Gade wòl ouvè isit la.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou
iconKòd Konduit

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign