Share

Me 2024

Li nan navigatè a

BMC ou a

Bòn Semèn Nasyonal Enfimyè pou Enfimyè BMC nou yo!   

Mèsi tout moun ki te ede nou selebre Enfimyè BMC yo Semèn Nasyonal Enfimyè sa a, soti 6 pou rive 12 me! Enfimyè nou yo enpòtan anpil pou misyon nou an epi yo se yon enspirasyon pou nou tout. Nan chak nivo epi nan chak depatman, yo bay pasyan nou yo swen ki baze sou prèv epi yo fè pratik pwofesyonèl la pwogrese.Yo bay pasyan yo tout sa yo bezwen pou yo viv pi byen posib grasa ekspètiz, angajman, ak inovasyon yo, epi devouman yo se rezon ki fè yo rekonèt BMC kòm yon lopital Magnet®.

Aprann plis sou ekip enfimyè nou an →

Pran Swen Pitit Nou yo pandan  Mwa Sansibilizasyon sou Sante Mantal sa a

Nan mwa me sa a, sikyat BMC Doktè Christine Crawford pataje konsèy sou fason pou ou pale ak timoun yo sou konfli ak chòk. Doktè Crawford di moun k ap bay swen yo pa oblije ekspè epi yo pa ta dwe pè kòmanse yon konvèsasyon ak pitit yo. Apre konvèsasyon an fin kòmanse, moun k ap bay swen yo ka ede pitit yo reflechi sou fason pou yo fè fas ak pwoblèm nan.

Jwenn plis konsèy →

Vis-Prezidan Misyon an, Doktè Thea James, te Parèt nan Boston Globe

Nou fyè pou nou wè yo selebre travay Doktè Thea James nan Boston Globe. Pandan plis pase 25 ane, Doktè James te entegre yon apwòch ki santre sou pasyan yo nan tout pwogram ki nan BMC yo ki bay moun tout sa yo bezwen pou yo mennen yon lavi ki pi an sante. Travay li mete aksan sou fason lè w koute pasyan yo epi travay avèk yo pou ou devlope plan entèvansyon yo, sa a ka fè yon gwo diferans nan abòde kòz pwofon inegalite nan sante yo.

Aprann plis sou travay Doktè James →

Paulo Pa t Abandone Apre Maladi Ren Ki Te Nan Dènye Etap la

Apre yo te fin dyagnostike li fè ensifizans renal, Paulo Fidalgo di kominote Cape Verde a ak fanmi li te ede l swiv plan swen li an. Apre sèt (7) ane nan dyaliz, ren Paulo a te rive finalman. Epi li pa t senpleman jwenn yon ren — li te resevwa tou yon terapi inovatè nan Pwogram Transplantasyon Ren BMC a ki te ede nouvo ren li an fonksyone nòmalman. “BMC te sove lavi m,” Paulo di. L ap toujou rekonesan pou sipò li te resevwa nan moman difisil sa a.

Aprann plis sou Paulo →

BMC Pran Angajman pou l Ofri Pasyan yo Bon Kalite Eksperyans ak Sekirite

Nou kontan pou nou resevwa yon Nòt "A" (Ekselan) pou Sekirite nan Lopital, pi gwo distenksyon posib, nan men The Leapfrog Group. Nòt pou sekirite sa a rekonèt devouman kontinyèl nou pou garanti sekirite ak swen sante ki santre sou pasyan yo. Epitou nou fyè pou selebre tout manm estaf yo ki bay pasyan nou yo tout sa yo bezwen, tankou Joy Brown, responsab enfòmasyon dijital nou an, k ap ogmante kapasite sante dijital nou yo ki amelyore eksperyans pasyan an.

Aprann plis sou kalite ak sekirite nan BMC →

Anons

Antre Yawkey a Fèmen pou Pasyan ak Vizitè

Kòm yon pati nan efò kontinyèl nou yo pou amelyore kanpis nou an epi bay pi bon swen klinik posib, pòt bilding Yawkey  BMC yo fèmen kounye a kòm yon antre. Kounye a tout pasyan ak vizitè kanpis prensipal nou yo dwe antre nan lopital nou an atravè bilding Shapiro, Menino, oswa Moakley, kote manm ekip yo pral akeyi yo nan yon nouvo biwo enrejistreman santral anvan yo kontinye antre lopital la. Nou kontan akeyi w epi nou di w mèsi pou pasyans ou pandan n ap amelyore etablisman nou yo. Eksplore plan reyamenajman kanpis nou an yo.

Awards

Epi Nominasyon Se pou... Sant Esklewoz an Plak BMC a!

Mèsi tout moun ki te patisipe avèk nou nan Gala National Multiple Sclerosis Society MileStones lan nan dat 9 me a pou onore anpil moun ak òganizasyon pou devouman yo pou fè yon diferans nan lavi moun k ap viv ak esklewoz an plak. Se yon onè pou nou dèske Sant Esklewoz an Plak BMC pou Swen Konplè a te genyen Nominasyon pou Sèvis Kominotè MileStones 2024 la. Li plis sou rekonesans sa a.

BMC Se Youn nan Pi Bon Anplwayè nan Peyi Etazini pou Divèsite 

Nou fyè pou nou anonse Forbes te klase BMC kòm youn nan 500 Pi Bon Anplwayè pou Divèsite nan peyi Etazini. Angajman BMC pou divèsite, ekite, ak enklizyon se fil ki konekte kominote nou an epi ki makonnen nan apwòch nou an pou swen pasyan, byennèt anplwaye yo, ak patenarya kominotè yo. Se yon onè pou nou dèske yo rekonèt nou sou lis 2024 Forbes la! Gade wòl ouvè isit la.

Yo Rekonèt Doktè David McAneny kòm yon Doktè Medikal Anchèf eksepsyonèl

Nou kontan anpil pou anonse yo te nonmen Doktè David McAneny nan Becker’s Healthcare 180 Doktè Medikal Anchèf ou Dwe Konnen. Doktè McAneny dirije plis pase 1,500 doktè ak pwofesyonèl pratik avanse nou yo nan bay swen ekspè epi ki ekitab. Epitou li se yon onkològ chiriji ki aktif nan BMC. Li se pwofesè chiriji ak dwayen asosye pou zafè klinik nan Boston University Chobanian ak Avedisian School of Medicine. Li plis sou rekonesans sa a.

Evènman

BMC Travay ak Healey Administration pou yon Konvèsasyon Esansyèl sou Lojman

Se yon onè pou nou dèske Administrasyon Healey te chwazi nou pou resevwa lidè enpòtan atravè eta pou diskite sou entèseksyon lojman ak swen sante. BMC fyè pou l sipòte inisyativ lojman bon mache ak patenarya kominotè ki ede moun atenn objektif lojman yo. Nan BMC, nou konnen lè nou envesti nan lojman, nou envesti nan sante ak byennèt kominote nou yo.

Parad Inite Ayisyen-Ameriken nan Boston   

Kilè: Dimanch 19 me

Ki kote: 930 Blue Hill Ave, Boston, MA 02124

BMC fyè pou li patwone Parad Inite Ayisyen-Ameriken nan Boston, ki se yon selebrasyon anyèl ki fèt pandan tout wikenn fèt Drapo Ayisyen an.  Apre parad dimanch sa a, vin patisipe avèk nou nan Harambee Park. Ap gen mizik, manje, ak plis ankò! Ekip ki soti tout kote nan lopital la ap la pou distribye resous ki sipòte anpil aspè sante. Se yon gwo okazyon pou selebre lavi nan kominote epi aprann tout bagay sou swen ak sèvis BMC ofri yo. Fete avèk nou >>


BMC Seasons Te Yon Siksè!

Samdi ki te 11 me a BMC Seasons te ranmase $2.4 milyon dola pou sipòte inisyativ inovasyon sou ekite nan zafè sante nou yo. Epitou nou te tande istwa Arminta a, ki se premye pasyan ki te resevwa terapi selil CAR T nan BMC. Eksperyans li a mete aksan sou enpòtans angajman BMC nan amelyore aksè ak nouvo terapi ki ka sove lavi pou tout pasyan. Remèsiman espesyal pou ko-prezidan evènman yo, ki se Cain Hayes nan Point32Health ak Rob Griffin nan Newmark, ansanm ak òganizatè yo, ki se Devin ak Jason McCourty, pou sipò yo. Gade plis foto la a.

Nan Pwòp Mo Pa w

Doktè mwen an se yon pwofesyonèl swen sante eksepsyonèl. Mwen toujou santi m an sekirite epi mwen santi yo koute m, yo respekte m, epi yo pran swen m. Li fè tout sa a ki te posib pou l garanti pasyan li yo gen sa yo bezwen. Sante mantal mwen pa t ap jan li ye jodi a san swen li yo.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Nou ta renmen rankontre w nan fwa travay nou an Lendi 10 jen, soti 3è jiska 7è p.m. nan House of Blues. Rezève plas ou sou entènèt la.

Rejwenn nou pou redefini swen sante nan Boston ak nan lòt kote. N ap fè rekritman pou pòs travay atravè lopital la epi pa janm gen yon pi bon moman pase kounye a pou ou rantre nan ekip la.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou
iconKòd Konduit

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign