|
|
Mateo retounen sou teren an aprè yon maladi anboli pilmonè ki te menase lavi l |
|
|
|
|
 |
|
Doktè Amy Sobota |
|
|
Avèk foutbòl ki nan mitan konvèsasyon yo nan Boston mwa sa a, se bon moman pou pataje istwa yon atlèt ki lye ak Boston. Epitou, youn nan pi gwo advèsè li te rankontre pa t yon lòt ekip, men pito yon maladi ki te mete lavi li an danje ki se anboli pilmonè. Gras ak swen li te resevwa nan bon moman epi detèminasyon, li te kapab retounen fè espò ki te enpòtan pou li anpil pou li a.
Mateo Turletti ap jwe foutbòl depi lè li sonje li gen konesans. Paran li ki se |
|
|
|
Natalia ak Pablo, fè konnen li ap choute boul anvan menm li te mache. Nan lane 2025, Mateo te resevwa yon bous pou jwe nan ekip foutbòl ki nan Divizyon Inivèsite Boston, epi li t ap prepare pou kòmanse premye ane etid li.
Men, nan fen mwa jiyè, kèk jou anvan pre-sezon an, Mateo te kòmanse gen souf kout pandan li ap vwayaje avèk zanmi li. Li fè konnen “Mwen se yon moun ki yon tijan tèti, alò mwen te ale konsa.” “Epi yon jou, mwen pa t kapab pale. Mwen pa t kapab respire.” Li te vwayaje byen rapid pou li retounen lakay li an Espay, kote doktè yo te dekouvri li t ap soufri ak yon boul san nan poumon l, ki rele anboli pilmonè, epi ki te mete lavi l an danje.
Lè li te retounen nan Inivèsite Boston an, Mateo te kòmanse resevwa swen nan men yon ekip milti-disiplinè nan Sant Medikal Boston, ki gen ladan l, Doktè Amy Sobota, ki se chèf sèvis Ematoloji ak Onkoloji Pedyatrik. Ansanm, espesyalis li yo te evalye ak anpil atansyon pwoblèm medikal li a, epi yo te devlope yon plan tretman pou ede li jere san danje twoub medikal ki lakòz boul san an pandan y ap evalye si li posib pou li retounen nan konpetisyon foutbòl.
Lè li te fenk genyen l, Mateo te pè paske li pa t vle pa kapab janm jwe foutbòl ankò. Men, gras ak sipò fanmi l, antrenè yo ak ekip swen an, li te rete konsantre sou retablisman l epi li te rete konekte ak espò li te renmen an. Nan mwa avril 2026, apre yon seri tès apwofondi ak suivi ki fèt ak anpil atansyon, Mateo te reyalize sa ki te parèt yon jou enposib: li te retounen sou teren foutbòl la san li pa t reprezante yon danje. |
| Li fason Doktè Sobota te ede Mateo retounen sou teren an san danje → |
|
|
|
|
|
|
Gid yon dèmatològ nan BMC sou fason pou jwenn Krèm Pwoteksyon Kont Solèy ki pi efikas la |
|
|
|
Avèk solèy ete a ki finalman la a, se bon moman pou rafrechi konesans nou sou pwoteksyon kont solèy la. Pandan plizyè ane, krèm solèy mineral yo te parèt kòm pi bon chwa rekòmandasyon pou plizyè dèmatològ akoz gwo kalite espèk pwoteksyon yo ak pwofil sekirite ki etabli yo. Jounen jodi a, yon nouvo engredyan ki nan krèm pwoteksyon kont solèy ka ofri nou yon nouvo opsyon efikas, sa ki pral ogmante gam krèm solèy chimik ki ofri yon gwo pwoteksyon kont reyon Iltravyolè (UV) ki danjere yo. |
|
|
|
Prentan sa a, FDA apwouve premye nouvo engredyan nan krèm solèy depi 20 lane. Yo konn itilize Bemotrizinol, yo konnen sou non BEMT, san danje nan lòt peyi yo pandan yon dizèn ane, epi li ka ede ogmante aksè ak krèm solèy ki ofri gwo pwoteksyon kont reyon UVA yo – reyon ki kapab kontribiye nan kansè po ak vyeyisman prematire po a.
Pandan opsyon krèm pwoteksyon kont solèy la kontinye ap evolye, li vin pi enpòtan pou nou konprann sa ki ekri sou etikèt yo. Pou ede ou chwazi bon pwoteksyon pou ou ak fanmi w, Doktè Debjani Sahni, yon dèmatològ nan BMC ak direktè Pwogram Miltidisiplinè Onkoloji Kitane a ofri yon analiz etap pa etap sou sa nou dwe gade sou etikèt yo. |
 |
|
Sistèm Sante BMC a gen kabinè dèmatològ ki aksesib pou pasyan yo atravè Greater Boston, li gen ladan l nouvo BMC Brighton Dermatology nou an. |
| Aprann Plis Sou Swen Dèmatoloji nan BMC → |
|
|
|
|
|
Fason BMC ap fè avanse depistaj ak tretman “Maladi Kache” sa a |
|
|
|
|
|
Mwa jen se mwa Mwa Sansibilizasyon Kont Esklewodèmi. Esklewodèmi (Scleroderma) se yon maladi oto-iminitè ra ki lakòz kò a pwodui twòp kolajèn, sa ki pral lakòz po a vin pwès, epi nan kèk ka, li domaje ògàn tankou poumon, kè ak sistèm dijestif la. Li pi souvan afekte fi ki ant 30 ak 50 lane, epi li kapab sòti nan menas lejè pou rive ak gwo menas pou lavi.
Akoz esklewodèmi a kapab afekte plizyè pati man kò a, pou pran swen li sa souvan mande yon ekip espesyalis. Nan Sant Medikal Boston, pasyan yo gen aksè ak swen ekspè epi kowòdone atravè Klinik Esklewodèmi, ki se pi gwo ak pi ansyen pwogram esklewodèmi nan New England. Klinik la rasanble ansanm espesyalis ki sòti atravè sistèm sante a, li gen ladan l swen konbine nan dèmatoloji ak rimatoloji, k ap ofri swen tretman konplè epi ki santre sou pasyan yo. Epitou, nou ap devlope nouvo apwòch nan kesyon dyagnosyik ak tretman. Menm jan ak anpil maladi oto-iminitè, esklewodèmi kapab difisil pou dyagnostike. Sentòm yo varye sòti yon moun ak yon lòt, epi li kapab devlope detanzantan pandan tan ap pase, sa ki rann li difisil pou detekte l bonè. Dyagnostik ki fèt bonè ak swen espesyalize enpòtan anpil pou ede moun jere sentòm yo.
Chèche nan BMC ki se Doktè, PhD, Andreea Monica Bujor, ak ekip li an ap fè etid sou yon teknoloji k ap inove epi ki kapab idantifye chanjman atravè pati ki pa anba po a, menm anvan yo kapab detekte l pandan yon egzamen fizik estanda. Rechèch sa a kapab ede klinisyen yo pi byen konprann pwogresyon maladi a epi gide yo sou desizyon pou tretman yo. Epitou, sa pral amelyore jesyon sentòm yo ak kalite lavi pou moun ki ap viv avèk esklewodèmi. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Nou ap selebre Sivivan Kansè atravè Sistèm Sante BMC a |
|
|
|
Mwa Sivivan Kansè sa a, nou ap selebre fòs ak rezilyans pasyan yo atravè sistèm sante nou an. Twa sivivan sa yo mete limyè pa sèlman sou pakou pèsonèl yo ki kache dèyè yon dyagnostik kansè, men li montre swen ekspè epi ki bay ak konpasyon ki disponib tou pre kote yo rete.
|
|
|
|
Stanley Mattox
BMC ak BMC Brighton: Kansè Ezofaj |
|
|
|
“Toujou gen yon ti limyè nan fen tinèl la. Espesyalman, nan sa ki konsène operasyon an, ou pa konnen kisa ki pral rive egzakteman, pou rezon sa a ou kapab sèlman kenbe yon atitid pozitif epi kontinye priye.”
Li tout istwa Stanley a |
|
|
|
|
|
Sè Barbara McHugh
BMC Brighton: Kansè Pankreya |
|
|
|
“Mwen renmen istwa yo, epi mwen aprann anpil apati sa moun yo pataje. Konsa, mwen di tèt mwen si mwen kapab pataje istwa mwen an epi ede kèk moun, se sa ki pi enpòtan.”
Li tout istwa Barbara a
|
|
|
|
|
|
Peter Akeke
BMC South: Kansè Pwostat |
|
|
|
“Ale konsilte yon doktè epi fè li egzaminen w...konsa sa ap pèmèt ou gen yon pwen referans si yon bagay ta rive annapre.”
Li tout istwa Peter a
|
|
|
|
Nou ap selebre sivivan sa yo, moun ki pwòch yo, ak ekip swen ki ap ede yo nan chak etap pakou a.
|
|
|
|
|
|
|
Sistèm Sante BMC ap selebre Mwa Pride |
|
Nou fyè pou nou patisipe nan Parad Boston Pride epi selebre kominote LGBTQ+ ki ap ede vil nou an vin pi fò, plis vivan, epi ki ap plis akeyan pou tout moun.
Mèsi ak anplwaye, pasyan, fanmi ak manm kominote yo ki te mache avèk nou, epi ki te ede fè jounen an pase nan lajwa, koneksyon ak fyète. Ansanm, nou ap selebre enpòtans apatenans, vizibilite ak ekite nan kominote nou yo. Jwenn plis detay epi gade foto parad la.
|
|
|
|
|
|
Sistèm Sante BMC ap selebre Mwa Pride
|
|
Nou fyè pou nou patisipe nan Parad Boston Pride epi selebre kominote LGBTQ+ ki ap ede vil nou an vin pi fò, plis vivan, epi ki ap plis akeyan pou tout moun.
Mèsi ak anplwaye, pasyan, fanmi ak manm kominote yo ki te mache avèk nou, epi ki te ede fè jounen an pase nan lajwa, koneksyon ak fyète. Ansanm, nou ap selebre enpòtans apatenans, vizibilite ak ekite nan kominote nou yo. Jwenn plis detay epi gade foto parad la. |
|
|
|
|
|
Nou ap selebre Juneteenth nan kominote an
|
|
Sistèm Sante BMC a te fyè pou li patisipe nan kèk selebrasyon ki te fèt mwa sa a pou Juneteenth. Jou ki te 16 jen an, pèsonèl nou an te kontan patisipe nan yon kokennchen espektak mo ki rele, Juneteenth: Sydney Jackson ki ekri Rekonesans ak Refleksyon, loreya Kahn Award epi ki diplome nan BU, konbine teyat ak mizik pou sansibilize, enspire ak selebre lespri Juneteenth atravè istwa l ap rakonte ak ekspresyon atistik.
Mèsi ak tout moun ki te vini ansanm pou make jounen epi pèmèt li inoubliyab. Gade moman kle Jounen Selebrasyon Juneteenth ane sa a.

BMC Nan Nouvèl La |
|
|
|
Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. |
|
|
|
Gade rezon ki lakòz nou pa kapab kontwole Polenn yo atravè New England prentan sa a
|
|
Sezon polen lan te kòmanse ta pou prentan sa a, epi te gen yon vag chalè ki te rive bridsoukou, sa ki te vin kreye kondisyon adapte pou sezon gwo alèji atravè New England la. Erezman, gen mezi moun kapab pran pou ede limite sentòm yo. Doktè Paul J Maglione, alègolojis-iminolojis sètifye nan BMC, fè konnen: “Gen plizyè bagay yon moun kapab fè pou ede diminye sentòm ki rive akoz alèji ak polenn. Kenbe fenèt yo fèmen epi itilize klimatizè, chanje rad ki te sou ou deyò a lè ou rantre anndan, epi itilize filtè HEPA, tout sa yo kapab ede diminye ekspozisyon ak polenn lè ou anndan.” Li plis sou istwa sa a nan Boston Globe. |

Nan Pwòp Mo Pa ou |
|
"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
“Si te gen yon pri pou doktè ki gen pi bon konpòtman avèk pasyan li yo, mwen t ap bay li san ezite ak Doktè Merjanah. Depi nan premye vizit la, li te fè manman m santi l byenvini, menm lè manman m pa t nan pi bon imè l. Li te pran tan l, epi li te eksplike tout bagay an detay. Sa pa rive souvan pou m rankontre doktè tankou Doktè Merjanah. Mwen konnen pifò doktè gen bon entansyon, men mwen vle di Doktè Merjanah se yon doktè eksepsyonèl” – Pasyan Rimatoloji nan BMC |