|
|
|
Sentòm Estwòk Nou Dwe Siveye: Rekonèt Siy Ki Rive Byen Rapid (“BEFAST”) |
|
|
|
Mwa Me se Mwa Sansibilizasyon Kont Estwòk. Estwòk se yon twoub newolojik ki rive akòz yon blokaj nan sikilasyon san nan sèvo a oswa lè sikilasyon san nan sèvo a sispann fonksyone. Sa kapab rive paske pa gen ase san ak oksijèn ki rive nan sèvo a (aksidan iskemik serebral) oswa apati yon emoraji oswa yon veso san ki koule (aksidan serebwo-vaskilè emorajik). Nan Etazini, estwòk yo se premye kòz andikap, mòbidite, sou yon peryòd long. Epitou, li se senkyèm kòz lanmò kote li afekte prèske 795 000 moun chak ane.
Mwa sa a, Enfimyè Jennifer Elloyan ki se Responsab Pwogram Kont Estwòk (Comprehensive Stroke Center) ap pataje sis (6) siy ak sentòm avètisman nou konnen sou non “BEFAST” (Siy Ki Rive Byen Rapid), ki ka endike yon kòmansman estwòk. Ou ap jwenn anba yon lis pwen nou dwe siveye si ou sispèk ou menm oswa yon moun ki pwòch ou ap fè yon estwòk.
-
Ekilib: Èske ou santi ou ap pèdi ekilib bridsoukou?
-
Zye: Èske ou santi ou ap pèdi vizyon nan youn oswa nan toulède zye w?
-
Fas: Èske vizaj ou pa sanble egal?
-
Bra: Èske youn nan bra ou yo pandye sou anba?
-
Lapawòl: Èske ou gen pwoblèm nan atikilasyon oswa ou gen difikilte pou pale?
-
Tan: Si ou gen nenpòt nan sentòm sa yo, rele 911.
Nou te resevwa yon sètifika nan men Comprehensive Stroke Center (CSC) ki nan Joint Commission an, epi BMC fyè pou li ofri pi gwo nivo swen pou pasyan ki ap soufri ak pwoblèm estwòk konplèks. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Semèn Nasyonal Enfimyè: N ap rann omaj ak enfimyè yo |
|
|
|
Ane sa a pou Semèn Nasyonal Enfimyè ki te fèt soti 6 Me pou rive 12 Me, BMC te selebre plis pase 3000 enfimyè ki ap founi swen ki chaje ekspètiz ak konpasyon pou pasyan yo pandan tout ane a. Tèm pou ane 2025 la ki se “Pouvwa Enfimyè yo,” mete limyè sou enpak kolektif chak enfimyè sou pwofesyon an, lavi pasyan ak kominote yo.
Pou mezire enpak sa a, HealthCity,
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Yon Omaj Pou Fèt Manman Pou Luci ak Alessandro |
|
|
|
Nan mwa me sa a nou rekonèt wòl moun k ap bay swen yo – yo menm tou yo se pwofesyonèl menm jan ak enfimyè ki se ekspè epi ki gen konpasyon – ansanm ak pèsonèl tankou manman tankou Luci. Gras ak sipò ki sòti nan inite swen entansif neyonatal BMC (NICU), Luci te ede ti sòlda li a ki se Alessandro travèse gwo difikilte. Lè li te fèt a sèlman 26 semèn, Alessandro te fè fas ak gwo pwoblèm sante epi li te pase prèske sis (6) mwa nan lopital la.
|
|
|
|
Jounen jodi a, Alessandro se yon timoun epanouyi ki gen 13 mwa, epi devlopman rapid li ki ap kontinye fè tout ekip entèvansyon ki fèt bonè a sezi.
Luci te jwenn fòs nan lyen ki te genyen ant li menm ak enfimyè ki responsab NICU a ki se Judy Burke. Li fè konnen: "Mwen ap toujou rekonesan pou Judy ak tout moun nan BMC pou fason yo te pran swen ti gason mwen an." |
| Li tout istwa sou Luci ak Alessandro → |
|
|
|
|
|
|
Nouvo Non, Angajman Renouvle |
|
Nou kontan anpil pou fè w konnen St. Elizabeth’s Medical Center vin rele Boston Medical Center – Brighton kounye a, epi Good Samaritan Medical Center vin tounen kounye a Boston Medical Center – South.
Chanjman sa yo montre angajman pataje nou pran pou ou: resevwa swen ekspè, ofri swen ki gen konpasyon epi pou fè pwomosyon ak aksè ak inovasyon nan kominote nou yo. Ansanm, nou ap konstwi yon sistèm sante ki gen inyon epi ki konsantre sou sa ki pi enpòtan ki se: sante ak avni w.
Alastair Bell, MD, MBA, Prezidan ak PDG BMC Health System fè konnen “Vizyon nou pou gen yon sistèm sante ki baze sou inyon, epi ki anrasinen nan swen ekspè ak aksè nan kominote nou yo, ap reyalize piti piti.” “Nou ap kreye yon idantite ki pataje atravè tout lopital nou yo, epi ki reprezante ekselans klinik, konfyans, aksesibilite ak swen ki gen konpasyon pou pasyan yo.” Jwenn Plis Enfòmasyon sou Fason Nou Ap Fè Swen Yo Pwogrese nan Kominote Nou Yo.
|
|
|
|
Nouvo Non, Angajman Renouvle |
|
Nou kontan anpil pou fè w konnen St. Elizabeth’s Medical Center vin rele Boston Medical Center – Brighton kounye a, epi Good Samaritan Medical Center vin tounen kounye a Boston Medical Center – South.
Chanjman sa yo montre angajman pataje nou pran pou ou: resevwa swen ekspè, ofri swen ki gen konpasyon epi pou fè pwomosyon ak aksè ak inovasyon nan kominote nou yo. Ansanm, nou ap konstwi yon sistèm sante ki gen inyon epi ki konsantre sou sa ki pi enpòtan ki se: sante ak avni w.
Alastair Bell, MD, MBA, Prezidan ak PDG BMC Health System fè konnen “Vizyon nou pou gen yon sistèm sante ki baze sou inyon, epi ki anrasinen nan swen ekspè ak aksè nan kominote nou yo, ap reyalize piti piti.” “Nou ap kreye yon idantite ki pataje atravè tout lopital nou yo, epi ki reprezante ekselans klinik, konfyans, aksesibilite ak swen ki gen konpasyon pou pasyan yo.” Jwenn Plis Enfòmasyon sou Fason Nou Ap Fè Swen Yo Pwogrese nan Kominote Nou Yo. |
|
|
|
|
|
|
Selebrasyon Jounen Entènasyonal Esè Klinik
|
|
Jou ki te 20 Me a, BMC te selebre Jounen Entènasyonal Esè Klinik ki komemore kòmansman premye esè klinik nou konnen nan ki te fèt nan lane 1747, epi ki te pèmèt geri eskòbi. Nan BMC, pèsonèl nou an ki kalifye nan rechèch klinik sipòte etid ki ap fè pwogrese tretman ki ap transfòme lavi. Mèsi ak tout pasyan ki enterese ak rechèch klinik sa yo oswa ki te patisipe ladan yo. Nou pa kapab fè swen ak medsin nan avanse san ou. Eksplore nouvo Inite Rechèch Klinik nou an, yon espas dedye epi ki fèt pou sipòte etid k ap pote inovasyon. Aprann plis sou rechèch klinik nan BMC.
|
|
|
|
Selebrasyon Jounen Entènasyonal Esè Klinik |

Selebrasyon Mwa Eritaj AANHPI Atravè Kilti ak Kominote
|
|
Mwa Me se Mwa Eritaj Azyatik Ameriken, Natif-natal Awayi ak Zile Pasifik yo (AANHPI) — yon moman pou onore kilti ki rich, kontribisyon ak eksperyans kominote AANHPI yo. Nan BMC, nou make okasyon an ak anpil fyète avèk evènman, selebrasyon manje, nan rakonte istwa ak pataj patrimwàn.
Jou ki te 14 Me a, Colleen Nguyen, ki se direktris egzekitif Asian Women for Health (AWFH) (Fanm Azyatik nan Kesyon Sante), te vin patisipe avèk nou pou pale sou misyon AWFH nan fè avanse ekite nan kesyon sante atravè edikasyon, defann dwa ak sipò atravè kominote Azyatik yo.
Apresa jou ki te 20 Me a, pèsonèl la te reyini pou “Quick N’ Tasty,” (Manje Rapid epi Byen Gou), ki se yon moman pou goute ak aprann sou manje ki te dire 30 minit nan Kuizin Pedagojik nou an. Chèf envite nou an ki se Melissa Lee te òganize yon prezantasyon ki gen anpil savè sou fason pou fè inari sushi — ki se yon rapèl sou fason bon gou ak fason nou manje kapab rasanble moun epi kreye lyen kiltirèl.
BMC pran angajman pou ofri swen ki disponib pou tout moun epi ki santre sou pasyan an. Li gen ladan l aksè ak entèpretasyon medikal nan plis pase 150 lang nou ofri an pèsòn, nan telefòn ak nan videyo. Konsa, tout pasyan ap resevwa enfòmasyon ak sipò yo bezwen nan lang yo pi pito a. Jwenn Plis Enfòmasyon sou Sèvis Entèpretasyon Medikal nan BMC.
|
|
|
|
Selebrasyon Mwa Eritaj AANHPI Atravè Kilti ak Kominote |

Sezon: Pri BMC te rive kolekte $3 Milyon ak Plis pou Finanse Inovasyon ak Swen Enklizif
|
|
Jou ki te Samdi 10 Me a, lidè, zanmi ak sipòtè BMC te reyini nan Sezon: Pri BMC. Moun ki t ap patisipe yo te rive kolekte ansanm plis pase $3 milyon pou ede yo asire tout moun nan vil nou an jwenn swen ak sipò yo bezwen pou rete an sante epi byen. Mèsi ak tout moun ki te jwe yon wòl nan nuit espesyal sa a, tankou pasyan BMC Dashawn Dowdy, ki te prezante Courageous Spirit Award nan evènman Devin ak Jason McCourty te òganize nan onè matant yo ki se Winifred ak batay li kont anemi falsifòm (drepanositoz).
Jenerozite ki soti nan kominote nou an bay plis bourad ak rechèch enklizif ki ap mennen ak tretman ki pi efikas, efò pou diminye inegalite nan kesyon sante, sèvis inovasyon pou fanmi yo ak plis ankò. Eksplore Pwen Enpòtan Ki Te Gen Nan Evènman an.

BMC Patisipe nan Aktivite Selebrasyon Fèt Drapo Ayisyen An
|
|
BMC te fyè pou li patwone Parad Inite Ayisyen nan Boston, ki se yon selebrasyon anyèl ki fèt pandan tout wikenn aktivite fèt Drapo Ayisyen an.
Ane sa a parad la ki te sòti nan Mattapan Square pou rive Harambee Park te gen anpil lajwa, mizik, manje ak plis toujou! Evènman an selebre endepandans Ayiti, epi li te pèmèt nou ede vwazen nou yo nan montre yo fason pou pran swen tèt yo pandan nou ofri resous ki sipòte tout aspè nan sante a.
Mèsi ak tout moun ki te vin patisipe nan selebrasyon sa a. Gade Pwen Enpòtan Nan Aktivite Yo.
|
|
|
|
BMC Patisipe nan Aktivite Selebrasyon Fèt Drapo Ayisyen An |
|
BMC te fyè pou li patwone Parad Inite Ayisyen nan Boston, ki se yon selebrasyon anyèl ki fèt pandan tout wikenn aktivite fèt Drapo Ayisyen an.
Ane sa a parad la ki te sòti nan Mattapan Square pou rive Harambee Park te gen anpil lajwa, mizik, manje ak plis toujou! Evènman an selebre endepandans Ayiti, epi li te pèmèt nou ede vwazen nou yo nan montre yo fason pou pran swen tèt yo pandan nou ofri resous ki sipòte tout aspè nan sante a.
Mèsi ak tout moun ki te vin patisipe nan selebrasyon sa a. Gade Pwen Enpòtan Nan Aktivite Yo.
|
|
|
|
|
|
Sistèm Sante BMC a Resevwa Twa Pri Pou Devlopman Dirab
|
|
Nan Boston Medical Center Health System, nou konnen yon anviwònman kote gen bon jan sante favorize yon kominote ki gen bon jan sante. Se pou rezon sa a devlopman dirab fè pati fason nou pran swen pasyan nou yo, vwazen ak fiti jenerasyon yo.
Nou fyè paske yo rekonèt lidèchip nou nan travay sa a avèk twa (3) pri nou resevwa sa pa gen twò lontan:
-
BMC te resevwa Sètifika Pou Swen Sante Dirab nan men Joint Commission an. Pri sa baze sou egzamen konfòmite avèk estanda nasyonal, liy direktif klinik ak rezilta pou swen yo.
-
Doktè Anna Goldman, ki se direktris medikal pou swen dirab nan BMC te resevwa Pri Boston Climate Leader (Lidè Klimatik nan Boston) nan men Vil Boston. Doktè Goldman ki se ko-fondatè Clean Power Prescription, yon pwogram ki fèt pou premye fwa nan tout peyi a, epi ki pèmèt pasyan lokal ki kalifye yo resevwa kredi pou enèji solè. Sou direktiv li, BMC ap travay pou diminye emisyon gaz ak efèdesè nan sektè swen sante.
-
Clean Power Prescription ranpòte BMCHS Pri Pou Pi Bon Pwojè 2025 nan men Depatman Enèji nan Etazini atravè Inisyativ Pi Bon Batiman (Better Buildings) yo a, ki rekonèt efò pou amelyore aksè ak swen sante ak estabilite ekonomik gras ak solisyon enèjetik ki pwòp.
Angajman nou pran pou devlopman dirab se yon lòt fason pou amelyore rezilta nan kesyon sante epi fè pwogrese ekite jodi a ak alavni. Eksplore Inisyativ Ki Plen Inovasyon Pou Devlopman Dirab.
|
|
|
|
Sistèm Sante BMC a Resevwa Twa Pri Pou Devlopman Dirab
|
|
Nan Boston Medical Center Health System, nou konnen yon anviwònman kote gen bon jan sante favorize yon kominote ki gen bon jan sante. Se pou rezon sa a devlopman dirab fè pati fason nou pran swen pasyan nou yo, vwazen ak fiti jenerasyon yo.
Nou fyè paske yo rekonèt lidèchip nou nan travay sa a avèk twa (3) pri nou resevwa sa pa gen twò lontan:
-
BMC te resevwa Sètifika Pou Swen Sante Dirab nan men Joint Commission an. Pri sa baze sou egzamen konfòmite avèk estanda nasyonal, liy direktif klinik ak rezilta pou swen yo.
-
Doktè Anna Goldman, ki se direktris medikal pou swen dirab nan BMC te resevwa Pri Boston Climate Leader (Lidè Klimatik nan Boston) nan men Vil Boston. Doktè Goldman ki se ko-fondatè Clean Power Prescription, yon pwogram ki fèt pou premye fwa nan tout peyi a, epi ki pèmèt pasyan lokal ki kalifye yo resevwa kredi pou enèji solè. Sou direktiv li, BMC ap travay pou diminye emisyon gaz ak efèdesè nan sektè swen sante.
-
Clean Power Prescription ranpòte BMCHS Pri Pou Pi Bon Pwojè 2025 nan men Depatman Enèji nan Etazini atravè Inisyativ Pi Bon Batiman (Better Buildings) yo a, ki rekonèt efò pou amelyore aksè ak swen sante ak estabilite ekonomik gras ak solisyon enèjetik ki pwòp.
Angajman nou pran pou devlopman dirab se yon lòt fason pou amelyore rezilta nan kesyon sante epi fè pwogrese ekite jodi a ak alavni. Eksplore Inisyativ Ki Plen Inovasyon Pou Devlopman Dirab. |
|
|
|
Becker Nominen BMC Kòm Youn nan “ 100 Sant Medikal Akademik Pou Moun Konnen”
|
|
Nou fyè #BMCProud paske Becker Healthcare rekonèt nou kòm youn nan pi bon sant medikal akademik nan peyi a.
Onè sa a montre angajman nou pran pou ofri pasyan yo swen eksepsyonèl, epi fè rechèch avanse ki ap pèmèt nou fè fas ak difikilte sante reyèl kominote nou an ap rankontre. Sòti nan inovasyon klinik ki baze sou ekite pou solisyon kominotè, nou ap konstwi yon avni kote gen bon jan lasante.
Gade Tout Lis ki sòti Nan Becker Healthcare.

"Rita Tarabelli, NP, te fè yon trè bon travay! Li te trè byen prepare apati antesedan mwen yo, epi li te itilize yon trè bon pedagoji. Li pa t sèlman eksplike m kisa ki yon estwòk konsa mwen t ap kapab pi byen konprann sa k te rive a, li te montre m yon eskàn sèvo a pou ilistre l! Mwen te kite kabinè li a avèk yon santiman ki te fè m santi mwen nan men yon moun ki kalifye - epi mwen vrèman rekòmande l!" |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|