|
|
|
|
|
U.S. News & World Report rekonèt BMC nan nivo nasyonal pou Ekselans Klinik |
|
|
|
U.S. News & World Report rekonèt BMC nan nivo nasyonal pou Ekselans Klinik
Nou fyè pou konnen U.S. News & World Report, youn nan premye sistèm klasman lopital nan peyi a, rekonèt Boston Medical Center yon lòt fwa ankò pou swen klinik li ofri ki klase nan nivo nasyonal nan plizyè espesyalite, pwoblèm medikal ak pwosedi. Yo te klase kat (4) espesyalite BMC pami 50 premye lopital nan tout peyi a: Kadyoloji, Chiriji Kadyak ak Vaskilè, Newoloji ak Newochiriji, Iwoloji, ak Jeryatri.
Ekip nou yo nan Boston Medical Center – Brighton ak Boston Medical Center – South resevwa rekonesans pou pwosedi ak pwoblèm medikal yo trete kote yo bay gwo pèfòmans ane sa a. Yo te onore BMC Brighton pou ekselans nan swen kadyak, tankou chiriji nan valv awòtik, pontaj kowonaryen, jesyon aritmi ak enplantasyon estimilatè kadyak. Nan BMC South, ekip nou an ki gen anpil devouman resevwa gwo distenksyon sa yo pou swen yo te bay pasyan ki te gen atak kadyak ak dyabèt.
Amelyorasyon klasman nasyonal nou an reflete angajman nou kontinye genyen pou fè pwomosyon inovasyon ak ekselans klinik,epi ofri swen ki aksesib epi gen konpasyon. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Pwoteksyon Kont Solèy Ak Po Pou Ete sa a: Konsèy Yon Dèmatològ BMC |
|
|
|
Se moman ete; lekòl fèmen, plaj yo ouvè epi moman chalè a rive. Ou ka anvi pwofite solèy la, men li enpòtan pou fè sa ak prekosyon. Lè w ekspoze twòp ak solèy la li kapab lakòz radyasyon UV ki danjere, sa ki kapab lakòz domaj nan je, fè po w vyeyi anvan lè, epi nan kèk ka, kansè po -- ki se aktyèlman kansè ki plis dyagnostike Etazini pou ane 2025 la. Bon nouvèl la se, nou kapab evite domaj sa a
|
|
|
|
Doktè Debjani Sahni, ki se dèmatològ nan BMC ak direktè Pwogram Miltidisiplinè Onkoloji Kitane, pataje konsèy pratik pou rete pwoteje nan solèy la.
Ki kalite krèm solèy ou rekòmande?
Gen de (2) kalite krèm solèy: chimik ak mineral. Mwen rekòmande pasyan yo itilize krèm solèy mineral ki gen diyoksid titanyòm ak oksid zenk. Kontrèman ak kèk engredyan ki nan krèm solèy chimik yo, engredyan sa yo pa penetre nan po a epi yo fè anpil tès sekirite sou yo, tankou tès pou timoun. Krèm solèy mineral yo gen tandans dire pi lontan; li pa siye oswa sòti fasil menm jan ak krèm solèy chimik yo. Kòm yon avantaj anplis: Krèm solèy mineral yo pi bon pou anviwònman an.
Kisa mwen dwe chèche sou etikèt ki sou pwodui krèm solèy yo?
Chèche krèm solèy ki gen “laj espèk” ki ekri sou etikèt la. Sa vle di pwodui a bay pwoteksyon kont toude kalite reyon UV yo: UVA ak UVB. Toude ka lakòz aje po pi bonè epi kontribye nan devlopman kansè po. Akademi Ameriken Dèmatoloji rekòmande krèm solèy ki gen SPF 30 oswa plis. Anplis, etid syantifik yo montre ke valè SPF ki pi wo pase 50 pa bay anpil plis pwoteksyon, men yo ka bay yon fo sans sekirite. Se poutèt sa, yon bon krèm solèy dwe gen etikèt “broad spectrum”, SPF ant 30 ak 50, epi li ta dwe reziste dlo si sa posib. Chèche etikèt sa yo sou boutèy krèm solèy la.
Apa krèm solèy, ki lòt bagay nou kapab fè pou pwoteje po nou kont solèy?
Pwoteksyon kont solèy se yon seri mezi ki mache ansanm — pa gen okenn ki efikas nèt pou kont li. Anplis itilizasyon krèm solèy, li enpòtan pou chèche lonbraj epi mete rad ki bay pwoteksyon kont solèy. Eseye evite ekspoze ak solèy dirèk ant 11 a.m. ak 3 p.m. Pou rad yo, chèche sa ki gen etikèt pwoteksyon kont UV oswa mete plizyè kouch rad ki kouvri po w. Lè w mete yo ansan, mezi sa yo reprezante yon woutin efikas pwoteksyon kont solèy. (Liplis sou entèvyou nou fè avèk Doktè Sahni) |
| Pale avèk Pwofesyonèl Swen Primè Ou a Sou Referans Nan Dèmatoloji → |
|
|
|
|
|
|
Istwa Darlene: “Mwen Vle Sansibilize Sou Maladi Fibwòm” |
|
|
|
Mwa Jiyè se Mwa Sansibilizasyon Kont Fibwòm—se okazyon pou mete limyè sou yon maladi ki rive souvan, men ki souvan neglije lakay anpil fi. Epitou, se yon opòtinite pou prezante vrè istwa tankou pa Darlene Charles, yon pasyan Boston Medical Center.
Nou onore pou nou pataje istwa Darlene, ki gen istwa sou sante l ki te kòmanse avèk sentòm ki deranje fason li konn viv aktif. Kòm yon najè aktif ak yon antrenè pèsonèl.
|
|
|
|
Men nan lane 2023, li te kòmanse remake gwo chanjman nan kò l. Li di: “Mwen te kòmanse senyen anpil, epi mwen pa t konnen poukisa mwen t ap senyen anpil konsa.”
Apre li te fin pale avèk pwofesyonèl swen sante primè li a, Li te refere Darlene nan Depatman Obstetrik ak Jinekoloji nan Boston Medical Center. Apre plizyè tès, Darlene te aprann li te gen fibwòm.
“Mwen gen fibwòm? Mwen te konn tande pale sou fibwòm, men onètman mwen pat konn anpil bagay sou li.” Fibwòm se timè ki pa kanserijèn ki kapab grandi anndan ak nan alantou iteris la. Nan kèk ka, fibwòm yo kapab menm lakòz enfètilite ak foskouch.
“Fibwòm se yon bagay ki rive souvan anpil, men li kapab lakòz gwo sentòm tankou gwo senyman pandan règ, doulè, ak presyon nan alantou ògàn yo” Se sa Doktè Nyia Noel, Jinekològ/Obstetrisyen ak Direktè Chiriji Jinekolojik Mini Envazif nan BMC.
Doktè Noel ak Darlene te pale sou opsyon li yo, epi Darlene te finalman chwazi isteroskopi, yon pwosedi ki pa twò envazif pou retire fibwòm ansanm avèk yon esterilè. “Mwen te aprann avèk esterilè a mwen t ap gen règ ki p ap vin twò fò oswa mwen p ap gen règ ditou, epi sa te bon pou mwen.”
Darlene te fè operasyon li an nan mwa Fevriye 2024. Li fè konnen: “Operasyon an chanje bagay yo pou mwen.” “Mwen kapab kontinye viv lavi m ankò, epi mwen pa gen pou enkyete m pou senyman atravè rad mwen yo.”
Men pi gwo diferans nan lavi l te rive fèt lè li te enskri nan etid rechèch uit semèn sou fibwòm pou fòme epi sipòte fi ki gen fibwòm. “Doktè Noel te kontakte m kèk mwa apre operasyon mwen an, epi li te mande m si m vle patisipe, mwen kontan anpil paske m te fè l.”
Nan okazyon Mwa Sansibilizasyon Kont Fibwòm, BMC te akeyi pasyan, moun k ap bay swen ak patnè kominotè nan katriyèm Brunch ki Pèmèt Pasyan Yo Vin Otonòn (EmPOWERed Patient) jou ki te 19 Jiyè a.
“Doktè Noel ki se fondatè Sant Kont Fibwòm nan BMC fè konnen: “Li konsène yon kominote moun ki ap travay ansanm pou defann epi pataje tout eksperyans nou yo.”
Evènman an mete limyè sou angajman BMC kontinye pran pou pale sou fason fibwòm gen yon enpak ki pa pwopòsyonèl sou moun ki pa blan. [Gade foto yo te pran nan brunch lan]
|
| Li istwa konplè Darlene la epi dekouvri fason swen Doktè Noel te ba li fòs pou transmèt sipò sa a → |
|
|
|
|
|
|
Jiyè Se Mwa BIPOC Sou Sante Mantal: Ann Pale Sou Sa |
|
|
|
Sistèm Sante Boston Medical Center fyè pou li ofri swen sou sante mantal ki pa gen parèy, epi ki adapte kiltirèlman ak pasyan nan plizyè etablisman nan Boston ak pi lwen toujou. Epitou, nou toujou kontinye ap chèche konprann bezwen konplèks nan sante mantal pasyan nou yo atravè rechèch ak konvèsasyon ouvè.
Jan Prezidan Sikyatri nan BMC a Doktè David Henderson eksplike l:
|
|
|
|
“Si nou ap pratike avèk yon vizyon kwense sou monn lan, nou ap fè anpil erè, anpil move dyagnostik ak erè nan tretman. Nou pa kapab mete yon sistèm sou pye epi atann pou tout moun rantre ladan l, epi travay nan kad sistèm sa a.” Lidèchip li te ede nou konstwi yon apwòch pou swen ki pi enklizif, epi ki respekte tout eksperyans chak pasyan.
Ane sa a, Sistèm Sante BMC retounen nan Martha’s Vineyard avèk "Eritaj ak Lonjevite: Kiltive Sante ak Richès Nwa," yon evènman ki te fèt pandan de (2) jou pandan Festival Fim Afriken Ameriken. Se yon chans pou konekte avèk lidè opinyon, aktè chanjman ak enfliyansè kiltirèl nan yon espas ki fonde sou eritaj ak apatenans.
Doktè Christine Crawford, ki se sikyat nan BMC ak vwa nasyonal pou defans sante mantal, ap patisipe avèk lòt ekspè sante mantal pou pale sou sante mantal fi, edikasyon timoun ak anpil lòt sijè:
“Lè w bay priyorite nan pran swen lòt moun, imajine ou ap vide dlo pou yon timoun ki gen 3 lane, epi asire w li resevwa swen. Ou ap wouze patnè, paran ou yo— ou ap nouri tout moun sa yo chak jou. Men kiyès ki ap wouze plant pa ou an? Lè w sèch epi vid nan fen jounen an, kiyès ki ap wouze w ankò?”
Atravè dyalòg ouvè, swen enkliziv, ak koneksyon kominotè, BMC kontinye fè pwomosyon pou yon aksè san patipri ak swen pou sante mantal pou tout moun.
|
| Dekouvri Resous ak Pwogram Sante Mantal nan BMC → |
|
|
|
|
|
|
Jounen Mondyal sou Epatit se Bon Moman Pou Panse a Fè Tès la |
|
|
|
Èske ou te konnen epatit se yon enflamasyon fwa, ki anpil fwa rive akoz viris tankou epatit A, B ak C? Epatit kapab lakòz jonis, kè plen, ak fatig, epi li ka menm lakòz sikatrizasyon fwa a, yon ensifizans epatik oswa kansè. Malerezman, 50% moun ki gen epatit pa gen sentòm jiskaske yo deja gen domaj nan fwa.
Bon nouvèl la se, lè w fè tès la li kapab pèmèt yo dekouvri epatit la bonè, epi evite ou gen konplikasyon ki grav.
|
|
|
|
Ekip Klinik Pou Fwa nan BMC pran angajman pou pran swen fwa pasyan yo. Yo itilize zouti dyagnostik avanse pou detekte epatit A, B, ak C, epi ofri swen ekspè pou divès kalite pwoblèm medikal nan fwa.
CDC rekòmande pou tout adilt ki gen 18 lane ak plis fè depistaj pou epatit B ak C omwen yon fwa. Pale avèk pwofesyonèl swen primè ou a jodi a pou w kapab fè tès la. |
| Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Fason BMC TreteEpatit ak Lòt Maladi nan Fwa → |
|
|
|
|
Nou Retounen epi Nou Pi Fre Pase Jan Nou Te Ye: Mache Fèmye BMC a Retounen pou Ete Sa a! |
|
Nou kontan anpil pou akeyi ankò Mache Fèmye BMC pou yon lòt sezon pandan ete a, kote nou ap pote pwodui ki fre epi ki kiltive nan nivo lokal. Yo sòti tou dwat sou do kay fèmye yo pou rive jwenn pasyan, pèsonèl ak kominote nou yo.
Chak ane, Fèm BMC ki fèt sou do kay pwodui plis pase 10 000 liv fwi òganik, legim, ak epis, li gen ladan l plis pase 30 pwodui ki enpòtan sou plan kiltirèl tankou pwavon Aji Dulce, bok choy, ak kalalou. Kontrèman ak pifò pwodui ki fè yon trajè 1,500–2,000 miles pou rive sou plat ou, pa nou yo fè yon trajè yon santèn pye, epi yo ofri yon frechè ki pa kapab konpare pandan l ap diminye risk pou enpak anviwònmantal nou yo.
Vin patisipe avèk nou ete sa a, epi vin fè pwovizyon aliman nitritif epi ki kiltive yon fason ki dirab. Epitou, yo sòti dwat sou do kay la!
Lè ak Adrès Mache a
- Mèkredi yo | 12:00–1:30 PM
Shapiro Café – 725 Albany Street
Tout pwodui yo fre epi nou ofri yo ak pri ki abòdab ak sibvansyone.
Aprann plis sou Mache Fèmye yo.

Aprann plis sou Mache Fèmye yo. |
|
|
|
|
Dirijan nan BMC ki Resevwa Rekonpans Pou Lespri Inovasyon yo
|
|
Nou fyè pou fè nou konnen Joy Brown, Vis Prezidan Senyò ak Direktè Enfòmasyon Nimerik nan BMC Health System, te deziyen kòm youn nan 50 direktè nimerik lopital ak sistèm sante pou moun konnen daprè Becker’s Healthcare!
Joy mete sou pye chanjman enpòtan ki ap pèmèt li pi fasil pou pasyan yo resevwa swen yo bezwen, epi l ap pèmèt yo anrejistre pi fasil epi gen pi bon aksè pou randevou yo. Epitou, l ap pèmèt yo gen swen ki plis konekte atravè BMC. Travay li ap ede lanse nouvo zouti tankou kabin dijital, epi amelyore kowòdinasyon atravè adrès nou yo, tankou BMC Brighton ak BMC South.
Joy ap fè yon transfòmasyon dijitaj ki gen anbisyon kote pasyan yo ap nan premye plas la. Li ap pèmèt yo pwofite avantaj teknoloji pou amelyore aksè, pèmèt ou anrejistre yon fason ki efikas, epi kreye yon eksperyans swen ki plis konekte epi ki fasil atravè sistèm nou an. Lidèchip li te pèmèt gen inovasyon ki fèt nan BMC Brighton ak BMC South atravè rezo nou an ki ap devlope.
Nou kontan anpil pou selebre Ankur Agrawal, Vis Prezidan Senyò nou an ak Direktè Finansyè nou an, yo nome kòm youn nan CFO pou moun konnen nan Becker’s Healthcare. Ankur ap ede BMC ofri pi bon swen pandan l ap amelyore sistèm yo pa dèyè sèn nan, pandan li ap asire ekip nou an gen zouti, done ak sipò yo bezwen pou sèvi w.
Felisitasyon ak Joy ak Ankur! Lidèchip nou pèmèt swen nan BMC plis santre sou pasyan, efikas ak aksesib.
Gade Lis Tout Moun Ki Nomine nan Pri Becker la

Gade Lis Tout Moun Ki Nomine nan Pri Becker la |
|
|
|
Enfimyè nan BMC ki ap “Fè yon Diferans Chak Jou” Ranpòte Pri DAISY
|
|
Vin patisipe avèk nou pou felisite Mollie Mannion, pou Pri DAISY Fondasyon Daisy prezante li resevwa a. Pri sa onore enfimyè ekstrawòdinè ki fè gwo efò pou bay swen ki plen ak konpasyon pou pasyan ak fanmi yo.
Nan nominasyon li a, yon kòlèg ki sòti nan Menino 4 East pataje fason Mollie ofri anpati, jantiyès ak angajman nan wòl li chak jou. “Li pote yon diferans chak jou li travay. Li konekte avèk pasyan yo, epi li montre yo ke yo gen valè kòm moun. Li se yon egzanp ki montre kisa pwofesyon enfimye a ye.”
Menm si se lè l ap ede pasyan yo santi yo pi byen pandan y ap fè anpil tan entène lopital la, oswa lè l ap fè sa ki posib pou fasilite transizyon an nan yon lòt nivo swen, Mollie toujou mete pasyan yo an premye.
Kòlèg li a konkli nominasyon li an avèk mo sa yo ki gen anpil puisans: “Mwen konnen domèn enfimye a gen yon gwo avni, epi li nan bon men avèk yon enfimyè tankou Mollie Mannion.”
Felisitasyon, Mollie, epi mèsi pou kokennchen swen ou ap ofri chak jou.
Aprann plis sou swen enfimye nan BMC

Aprann plis sou swen enfimye nan BMC |
|
|
|
|
BMC Nan Nouvèl La |
|
|
|
Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. |
|
|
|
Medikaman SSRI Ka Fè Jou ki Cho Yo Vin Pi Cho
|
|
Anpil moun ki ap pran SSRI (selective serotonin reuptake inhibitors) (inibitè selektif rekapti pou sewotonin) ka remake yo santi yo pi cho pase lòt moun, espesyalman pandan vag chalè yo. Se paske medikaman sa yo kapab deranje kapasite kò a pou regilarize tanperati a.
“Sikyat nan BMC Doktè Christine M. Crawford eksplike nan The Washington Post.“Lè moun yo sansib ak nenpòt chanjman nan nivo sewotonin, ipotalamiz yo reyaji yon fason diferan.” “pou rezon sa a lè li modifye, moun nan santi li pi cho.”
Pandan gwo chalè a ap rive pi souvan, Doktè Crawford ankouraje pasyan yo pou rete pwoyaktif: rete idrate, mete rad lejè, chèche anviwònman ki fre, epi pale avèk pwofesyonèl swen sante ou a, si ou gen sansibilite ak chalè ou pa konn abitye genyen. Konsèy ekspè li a souliye enpòtans pou konprann kòman medikaman yo ka afekte kò w, espesyalman pandan ete.
Pou rete fre, Doktè Crawford rekòmande yon ti vantilatè ou kapab mete nan alantou kou w, oswa yon parapli pou pwoteje w kont solèy.
Li tout atik la |
|
|
|
Ranfòse Nouvo Jenerasyon Mizisyen yo, Avèk Èd ki sòti nan Patriots ak BMC
|
|
Cornerback NFL Marcus Jones ap ede nan kontribiye ak epanouyisman jèn mizisyen yo atravè kan Covered by Music, Kirjuan Freeman ak Keithen Foster ko-fonde. Boston Medical Center esponnsorize l epi pwogram la ofri adolesan nan Boston posibilite pou yo travay nan estidyo, epi familyarize avèk endistri a.
Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Kan Covered by Music ak Sipò BMC |
|
|
|
|
|
Mwen jis vle di mèsi anpil ak Doktè Hans. Depi lè m rekonèt li, li se yon trè bon doktè. Li te banm tout enfòmasyon mwen bezwen pou kè m, sante m, epi mwen vrèman apresye l. Li ap fè yon ekselan travay epi mwen rekòmande tout moun li. Mèsi anpil.” |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
|