Share

Gid sou opsyon swen, maladi oto-imin, ak ranfòsman sipò apre akouchman an
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON AVRIL 2026

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a – chak mwa nan BMC

Pwofesyonèl Swen Sante BMC k ap souri

Manm ekip swen nan Swen Prensipal pou Granmoun BMC 

Fason yon Nouvo Modèl Pou Pran Swen PTSD Ede Lianne Jwenn Sipò

Lianne ki se pasyan BMC

Apre li te resevwa tretman pou twoub estrès pòs-twomatik li te devlope apre yon blesi grav, Lianne kapab ankò jwi vwayaje ak fanmi li.

Apre yon ijans medikal ki chanje lavi l, Lianne Csicsek te twouve l nan sitiyasyon kote li t ap goumen ak plis pase yon senp retablisman fizik. Pandan li t ap vizite pitit fi li, li te fè yon gwo kriz ipoglisemi ki te lakòz li pran yon gwo so, fè yon operasyon, epi li te pran plizyè semèn pou li refè.


Lianne fè konnen “Mwen te pè pou m pa janm santi m konsa ankò.”

Lianne te vini nan Sant Medikal Boston pou swen suivi, men li te toujou ap fè fas avèk anksyete ak estrès emosyonèl. Pandan li t ap tann yon evalyasyon newo-sikoloji , pwofesyonèl swen sante primè li a te prezante l yon etid rechèch nan BMC ki konsantre l sou amelyorasyon aksè ak swen pou moun ki ap soufri ak sendwòm estrès apre yon eksperyans twomatizan (PTSD).


Li di “Nan epòk sa a, mwen pa t vrèman reyalize sa mwen te santi a te kapab estrès apre yon eksperyans twomatizan (PTSD).” “Men, mwen te konnen mwen te bezwen èd.”


Atravè yon pwogram ki baze sou entènèt la epi ki konekte pwofesyonèl swen primè ak sèvis ki espesyalize nan sante mantal, Lianne te kapab gen aksè ak sipò san pèdi tan. Sistèm Sante BMC se premye enstitisyon ki mete apwòch sa sou pye. Li fèt nan lide pou ede ranpli gwo espas vid ki genyen depi lontan nan tretman PTSD a.  Li te aprann teknik pratik tankou egzèsis respirasyon ak teknik jesyon estrès, san li pa bezwen reviv twomatis li.


Li fè konnen “Teknik mwen te aprann yo te enpòtan anpil pou mwen.” “Aprann fason pou respire atravè estrès, kite bagay ou pa kapab kontwole ale, epi kalme tèt mwen nan moman an fè yon vrè diferans.”


Pandan tan ap pase, li rejwenn konfyans epi li retounen fè aktivite ki te konn ba li gwo estrès, tankou vwayaje nan avyon poukont li premye fwa depi lè li te fè kriz la. Epi, vwayaje avèk fanmi l.


Eksperyans Lianne la montre yon pi gwo difikilte nan swen sante. Rechèch la montre gen anpil moun ki ap viv avèk PTSD ki pa janm resevwa tretman. Pou ede konble mank sa a, BMC ap dirije nouvo rechèch pou elaji aksè ak swen nan etablisman swen primè yo, konekte pasyan yo ak sipò yo te bezwen anvan sa.

Li Plis Sou Pakou Lianne La a →

Swen Primè (Premye Swen), Swen Ijan, Oswa Sal Ijans: Ki kotepou Ale Lè Ou Bezwen Swen

Pasyan ak Pwofesyonèl Swen Sante Primè BMC

Kòmanse avèk Pwofesyonèl Swen Primè Ou an Lè Ou Kapab

Pwofesyonèl swen primè (PCP) ou an se pwen kontak prensipal ou pou kesyon sante ou. Li ede ou rete an sante epi li ede ou jere swen ou pandan tan ap pase.


Pwofesyonèl swen primè a pi bon pou:

·       Fè bilan sante pou ane a pou swen prevantif, tankou depistaj ak vaksinasyon

·       Maladi moun fè souvan, tankou rim, grip, oswa yon enfeksyon ki pa twò grav

·       Jere maladi ki ap kontinye, tankou dyabèt oswa tansyon ki wo

·       Ba ou referans espesyalis, pa egzanp, espesyalis pou sante mantal oswa dèmatoloji

 

Disponibilite:

Jeneralman, vizit yo planifye alavans. Lè yo ka varye selon adrès la.


Ale nan Swen Ijans pou Bezwen ki Nan Menm Jou a

Swen Ijans lan se yon bon opsyon lè ou bezwen swen rapid, men se pa yon ijans.

Swen ijans yo kapab ede avèk:

·       Lafyèv, gòj fè mal, oswa sentòm ki tankou grip

·       Blesi ki pa twò grav, tankou antòs oswa ti fann

·       Radyografi, tès laboratwa, ak preskripsyon yo

 

Disponibilite:

Ou pa bezwen pran randevou. Anpil adrès pèmèt ou vini pran swen san ou pa bezwen randevou avèk yon orè ki pi long, ki gen ladan l sware ak jou wikenn yo.


Ale Nan Depatman Ijans lan pou Sentòm Ki Pi Grav

Depatman Ijans la (ED) se pou pwoblèm medikal ki grav anpil epi ki mete lavi w an danje, epi ki mande pou w jwenn swen an ijans.

Ale nan ER la si ou gen:

·       Doulè nan pwatrin oswa difikilte pou respire

·       Siy ki montre yon estwòk, tankou ou santi yon feblès bridsoukou oswa ou gen difikilte pou pale

·       Blesi ki grav oswa gwo senyman

·       Nenpòt pwoblèm medikal ou santi ki mete lavi w an danje

Disponibilite:

Depatman Ijans lan ouvè 24 sou 24 ak 7 jou sou 7.


Ou Pa Sèten Sou Kote pou Kòmanse?

Si ou pa sèten sou kote pou ou ale, rele pwofesyonèl swen sante primè ou an anvan. Li kapab ede ou jwenn bon nivo swen ou bezwen an.

Randevou yo disponib atravè sistèm nou an, li gen ladan l kanpis prensipal ak adrès nan kominote nou an tankou:

·       Swen Primè nan BMC South (Whitman), swen prevantif ak swen pou moun malad ki tou pre kote ou rete a 

·       Swen Primè nan 11 Nevins (Brighton), li ofri swen pou moun ki gen tout laj, li gen ladan l vizit pou ane a, swen prenatal, ak jesyon maladi kwonik

Aprann Plis Sou Swen Primè nan BMC →

Gleicy te jwenn yon solisyon nan Sant Medikal Boston apre li te fin pase plizyè ane ak doulè

Gleicy ki se pasyan BMC

Mwa avril se mwa Mwa Sansibilizasyon Kont Sjögren, yon moman pou fè sansibilizasyon sou maladi Sjögren, yon maladi oto-iminitè kwonik ki afekte glann nan kò a ki responsab pou pwodui swe a. Li souvan lakòz yon sechrès nan zye ak bouch sèch, men li kapab afekte lòt pati nan kò a tou, tankou lakòz fatig, doulè nan jwenti, ak lòt sentòm anplis.


Nan ka Gleicy a, li te prann plizyè ane anvan li te jwenn bon dyagnostik la 

anvan li te rive nan Sant Medikal Boston. Pandan li t ap viv Brezil, li te soufri an plizyè fwa ak moman kote li te gen anfleman douloure nan vizaj. Yo te dyagnostike l anvan sa pou maladi mal mouton (oreyon). Sentòm yo te pede ap fè ale vini epi sa te fè li difisil pou li manje oswa bwè. Li sonje “Doulè a te tèlman rèd li te kapab rive jiska 9.9 sou 10.” “Mwen te konn pase yon semèn san mwen pa kapab manje oswa menm bwè dlo byen, se sèlman atravè chalimo mwen te kapab fè sa. Epi zye m te tèlman sèch, yo te tankou yon bagay ki gen yon bout papye rèd ladan l.”


Apre mwen te vin viv Etazini, sik la te kontinye jiskaske yo te refere l ak depatman rimatoloji nan Sant Medikal Boston. Aksè yo genyen ak entèprèt nan espas la te fè yon gwo diferans nan swen li t ap resevwa a. Gleicy fè konnen:“Lè mwen te rive nan Sant Medikal Boston an, mwen pa t pale anglè byen, men mwen te kapab kominike yon ti kras avèk mesye ki nan akèy la.”  “Li te janti anpil avèk mwen epi li te ede m pandan randevou mwen an, epi li te chèche yon entèprèt pou mwen. Se te pi bon bagay ki te kapab rive m.” Avèk sipò entèprèt la, li te kapab esplike sentòm li yo yon fason ki klè, epi yo te konekte l avèk yon rimatològ ki se  Doktè Berk Degirmenci. Li te dyagnostike l avèk maladi Sjögren, epi li te pran tan l pou li eksplike an detay sou sa k ap pase nan kò l.


Menm si pa gen okenn remèd pou maladi Sjögren, gen plizyè tretman senp ki kapab ede. Depi lè li kòmanse ak preskripsyon ki gen gout pou zye ak likid ben pou bouch la sa gen sis (6) mwa, Gleicy pa janm gen okenn sentòm. Li fè konnen: “Mwen te toujou prale lopital, men kounye a mwen kapab pran swen kat (4) timoun mwen yo pi byen.” “Kalite lavi m amelyore sòti nan zewo pou rive nan 100.”


Jounen jodi a, Gleicy pataje istwa l pou ankouraje lòt moun chèche swen, epi pou yo pa rete ap gade sentòm k ap kontinye to.

Gade Plis Sou Fason Gleicy Jwenn Bon Dyagnostik nan BMC a →

Sèvi Swen Devan Pa Pòt Ou (Curbside Care) nan BMC: Ogmante Aksè ak Swen Pòspatoum (Apre Akouchman) Atravè Boston

Sèvi Swen Devan Pa Pòt Ou (Curbside Care) nan BMC

Nan okazyon Semèn Sante Matènèl Lakay Moun Nwa (Sòti 11 avril pou rive 17 avril), ti bis tou nèf epi ki amelyore a, ki se Curbside Care BMC a, te fè wonn kanpis la, konsa kominote BMC a kapab pi byen dekouvri modèl swen ki gen inovasyon nou an. Kounye a nan twazyèm ane li, Curbside Care la pote swen pou apre akouchman ak pou tibebe ki fenk fèt dirèkteman devan pa pòt fanmi nan Boston.


NBC Boston te vin patisipe nan tou an epi yo te pale avèk Rosha Foreman, ki se Direktris Sèvis Fanmsaj nan BMC, sou sa ki motive nan travay l ap fè avèk pwogram sa a. "Se kalite swen mwen te toujou vle ofri, epi mwen panse rès ekip la ap di menm bagay la. Se pou rezon sa a nou te vin pwofesyonèl nan domèn sante...pou nou kapab ofri yon swen global epi ki konplè."


Swen Devan Pa Pòt Ou (Curbside Care) nan BMC se yon inite sante mobil epi ki pote inovasyon pou rive elimine obstak nan kesyon swen. Sèvis sa a ale lakay fanmi yo epi li ofri ni paran ni tibebe yo sipò pandan premye kat jiska sis semèn yo apre akouchman an. Li se youn nan peryòd ki pi enpòtan pou sante ak devlopman. Se gras ak jenerozite Boston Celtics Shamrock Foundation, epi finansman Tufts Health Plan, Curbside Care ofri egzamen medikal pou tibebe ki fenk fèt ak swen retablisman pou apre akouchman. Epitou, li ofri lòt sèvis ki enpòtan anpil tankou sipò pou bay tete, depistaj pou twoub sante mantal, ak sipò pou planifikasyon familyal.


Aprann Plis Sou Swen Devan Pa Pòt Ou (Curbside Care) nan BMC →

Evènman yo

Selebrasyon Semèn Sou Eksperyans Pasyan an nan BMC

Selebrasyon Semèn Sou Eksperyans Pasyan an: 27 Avril pou rive 1ye Me


Nan Sant Medikal Boston nou pran angajman pou ofri swen eksepsyonèl pou tout pasyan ak fanmi. Pandan Semèn Eksperyans Pasyan an, nou pran tan pou nou angaje avèk ou epi rekonèt moun ak pwogram ki ede nou ofri swen ki bay plis sipò, ki fèt nan respè, epi ki reponn ak bezwen ou yo.


Pandan semèn nan, ou ka wè aktivite ki ap fèt atravè lopital la. Yo fèt nan lide pou rekonèt manm pèsonèl la, angaje avèk pasyan epi fanmi yo, epi ranfòse eksperyans swen pou tout moun ki pase pa pòt nou yo. Pami kèk bagay ou ka remake ou ka wè responsab egzekitif ki pa vizite inite kote pasyan yo entène pou selebre pwogrè ki fèt nan kesyon eksperyans pasyan. Epitou, se ap yon opòtinite pou manm pèsonèl la jwenn fidbak nan men pasyan epi amelyore swen yo.


Nan kòmansman semèn sa a, manm ekip Eksperyans Pasyan nan BMC a ak Konsèy Konsiltatif Pasyan ak Fanmi yo te pataje enfòmasyon sou travay ak misyon yo. Epitou, yo te ofri kado ak aktivite pou pasyan ak vizitè ki te vin patisipe nan aktivite a. Se te yon gwo opòtinite pou kominote BMC a aprann sou fason nou koute vwa pasyan an, ansanm ak moun k ap defann yo tou.

  

Nou rekonesan pou konfyans ou fè nou, epi nou pran angajman pou fè chak eksperyans nan BMC pi pozitif ki posib.


Efò sa yo fè pati travay nou ap kontinye fè pou koute, aprann epi amelyore. Konsa, nou ap kapab pi byen reponn ak bezwen ou yo, ofri swen pèsonalize epi ki gen konpasyon. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Konsèy Konsiltatif Pasyan ak Fanmi yo nan BMC.



BMC nan Maraton Boston an

Rezime BMC sou Maraton Boston an


Nou toujou santi enèji ak eksitasyon ki te genyen pou Maraton Lendi an! 72 moun ki t ap kouri pou Ekip BMC a te patisipe nan 130yèm Maraton Boston an, epi yo te kolekte plis pase $800,000 ak plis toujou pou BMC.  


Mèsi ak tout moun ki te sipòte yo atravè donasyon, atravè mesaj ankourajman, ankouraje yo sou tout bò wout la, epi ki te vin jwenn nou nan dènye liy la pou selebre. Ou te bay ekip la elan li te bezwen pou leve defi a epi ede BMC kontinye ak transfòmasyon nan kesyon swen sante a. Yon remèsiman espesyal ak tout volontè yo, Boston Athletic Association, ak Pwogram Karitatif Ofisyèl pou Maraton Boston nan Bank of America. Enplike w epi soutni Ekip BMC a.


BMC òganize yon Konvèsasyon Kominotè Sou Sante Gason

Rankont kominotè sou Sante Lakay Gason pote dinamis, depistaj ak yon dyalòg sensè nan Brockton


Jou ki te 10 avril la, BMC South te òganize Nuit Sou Sante Lakay Gason nan Brockton nan kad inisyatif "Men’s Health March Madness (Foli Mwa Mas Sou Sante Gason)." Se yon inisyatif ki rasanble ansanm manm kominote a, lidè, ak patnè nan domèn sante pou yon sware ki konsakre sou depistaj, edikasyon ak konvèsasyon ouvè.


Li te fèt nan Moakley Conference Center, epi evènman sa a te pèmèt nou kreye yon espas dinamik ak akeyan pou konvèsasyon “franch epi san tabou” sou sante gason. Patisipan yo te angaje dirèkteman avèk ekip klinik la, yo te patisipe nan depistaj medikal epi yo te konekte avèk resous ki konsantre l sou prevansyon ak swen ki ap kontinye.

Evènman prensipal la te gen ladan l yon panèl doktè renome, tankou Doktè Thea James, Vis Prezidan ki Responsab Misyon nan BMC ak Ko-direktris pou Akselere Ekite nan Kesyon Sante nan BMC, ki se Doktè Sumon Roy, yon kadyològ entèvansyonèl ak estriktirèl nan Sistèm Sante BMC ki se Doktè Kevin Simon, Premye Responsab Sante Konpòtmantal nan Boston, ansanm ak sikyat pedyatrik ak espesyalis nan medsin adiksyon nan Boston Children’s Hospital. Li te pale sou mit nou tande souvan, li te reponn kesyon odyans lan, epi li te ankouraje nou pran mezi pwo-aktif pou nou gen pi bon lasante gras ak chanjman nan fason nou viv, swen prevantif, ak fason pou pran lapawòl nan anviwònman klinik.


Nou te jwenn sipò patnè kominotè pou sware a tankou Ekip Pollard Boxing Club, sa ki te pèmèt nou fè eksperyans sa vin yon evènman ki makonnen ak kilti lokal la eki santre sou kominote a.


Gwo patisipasyon an ak angajman ki manifeste pou aktivite sa a te voye yon mesaj klè ki sòti nan kominote a: li enpòtan pou kontinye gen alafwa konvèsasyon onèt ak aksesib sou sante, se yon bagay ki nesesè ak apresye. Gade Plis Enfòmasyon Sou Evènman an.


Rekonpans

Bob Biggio, Vis Prezidan Senyò ak Responsab Devlopman Dirab ak Imobilye

Yo onore yon responsab nan Sistèm Sante BMC pou lidèchip li nan kesyon klima

Sant Medikal Boston fyè pou pataje ke Bob Biggio, Vis Prezidan Senyò ak Responsab Devlopman Dirab ak Imobilye te nominen kòm ganyan 2026 Pri Lidè Pou Kliman nan Boston nan kategori Enèji.


Bob ap dirije inisyatif sou devlopman dirab ak pwojè envestisman nan echèl sistèm la, sa ki ap ede diminye enpak anviwònmantal la pandan l ap konsolide avn sou swen sante. Travay li ap fè a kontinye pozisyone BMC kòm lidè pou konstriksyon nan Boston ki pi dirab ak pi rezilyan.


Yo te onore loreya yo nan yon seremoni Majistra Michelle Wu te fèt pou tout vil la jou ki te 28 avril la. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Pri a.

Doktè Pria Anand

Doktè Pria Anand ki se newològ nan BMC ranpòte Pri Literè Syantifik Prestijye

Yon newològ nan BMC ki se Doktè Pria Anand, resevwa pri PEN/E.O. Pri Wilson Pou Literati Syantifik pou liv li ekri ki rele The Mind Electric.


Pri nasyonal sa a rekonèt tèks remakab ki ede moun pi byen konprann lasyans ak medsin.  Pou pasyan yo, li temwanye ekspètiz ak swen ekip newoloji a pote nan chak konsiltasyon.


Nan sitasyon yo an, jij yo te ekri: “Nan The Mind Electric Pria Anand eksplore kesyon fondamantal sou nati sèvo a, lespri ak nanm lan avèk yon gwo nivo konesans... Tèm li abòde a, ki fè konnen nou pa rezilta patoloji nou yo, men nou se moun ki gen istwa konplèks ak diferan youn ak lòt ap fè yon eko lakay chak lektè.”


Travay Doktè Anand mete yon limyè enpòtan sou yon pati nan swen nou ofri nan BMC a, kote nou wè chak pasyan kòm yon moun an antye pa sèlman kòm yon dyagnostik. Apwòch li an sou newoloji konsantre l sou tande epi konprann eksperyans chak moun. Epitou, konstwi yon plan sante ki reflete bezwen ak objektif yo.


PEN America Literary Awards la fè pati distenksyon ki plis respekte pou ekriven yo nan Etazini.  Aprann plis sou Doktè Anand ak swen nan newoloji nan BMC.


BMC Nan Nouvèl La

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Emily C. Cleveland Manchanda

9 bagay doktè yo ta swete Milyenyal yo te konnen sou kesyon sante


Nan yon atik ki pibliye sa pa gen twò lontan nan Everyday Health yo mete limyè sou yon enkyetid ki ap ogmante kote anpil moun ki nan jenerasyon milenyal la neglije depistaj prevantif yo, pandan gen kèk kansè ki ogmante lakay jèn adilt yo. Doktè Emily C. Cleveland Manchanda, ki se yon Doktè Ijantis nan BMC eksplike poukisa li enpòtan pou nou pa neglije swen woutin yo epi fason yon senp planifikasyon kapab fè yon diferans.


Li fè konnen “lè ou kenbe kalandriye sa a ajou li pèmèt ou rete enplike yon fason ki aktif nan jesyon pwòp sante w.”


Atik sa a souliye fason vizit chak ane ak pwogram depistaj pèsonalize yo kapab ede nou detekte pwoblèm medikal yo pi bonè, epi pi byen amelyore rezilta sante yo sou yon peryòd ki pi long. Li Tout Atik La a.


Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

“Pwofesyonèl swen sante a fè yon bon travay nan enfòme m sou pwosedi mwen yo, sou tan m ap rete entène lopital la, sou fason y ap voye medikaman mwen yo nan famasi a. Li te fè yon trè bon travay. Prezantasyon li an te mayifik. Li gen yon karaktè ak konpòtman ki trè agreyab. Epitou, mwen te santi mwen te vrèman enfòme epi yo te respekte m sa ki bagay ki pi enpòtan pou mwen. Mwen santi yo te koute m.” – Pasyan Swen Primè BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou 
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran 
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak 
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n 
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign