Share

Jwenn plis enfòmasyon pou estrateji pou jere maladi a pou kont ou epi gade sipò nou ofri nan Sant Pou Maladi Parkinson ak Twoub Mouvman BMC ak plis toujou.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Avril 2025

Li nan navigatè a

BMC ou a

Adilt aje ki ap detire deyò

5 Estrateji Pou Jere Maladi Parkinson Poukont Ou

Maladi Parkinson (PD) se yon maladi newolojik konplèks ki karakterize alafwa pa sentòm motè ak non-motè. Kat (4) sentòm motè klasik nou jwenn yo se mouvman ou fè yon fason ki lan, misk yo ki vin di, moun k ap tranble ak twoub ekilib. Sentòm ki pa motè yo kapab gen ladan l twoub somèy, anksyete ak fatig.


Nan okazyon Mwa Sansibilizasyon pou Maladi Parkinson, Direktè Medikal la ki se Marie Saint-Hilaire, MD, FRCPC, ak Cathi Thomas, MS, RN, CNRN ki se Direktè Pwogram Sant Pou Maladi Parkinson ak Twoub Mouvman nan BMC, pataje senk (5) konsèy pou jere sentòm pou moun k ap viv avèk maladi Parkinson. 

Ikòn doktè

Konnen ki sa maladi ou a ye 

Yo dyagnostike w sa pa gen twò lontan? Yon pwofesyonèl swen sante ou fè konfyans kapab pi byen ede w jere sentòm ou yo, epi ede ou kontinye mennen yon lavi ki epanouyi. Nan BMC, lè w an kontak avèk yon newològ espesyalize nan twoub mouvman se kle pou yon edikasyon ak sipò ki ap kontinye. Li pèmèt nou bay referans pou sèvis nou yo sou plas tou Sant Enfòmasyon ak Referans nan BMC (Lis asistans telefòn: 617-638-8466 oswa 800-651-8466) se Asosyasyon Ameriken Pou Maladi Parkinson ki finanse l, epi li ofri pwogram edikatif inovatif ki gen ladan l Pwogram PD Good Start .

Ikòn moun

Rete aktif fizikman

Lè w fè aktivite fizik yon fason regilye li kapab amelyore ekilib, fonksyon pou mache ak imè w an jeneral. Etid ki kontinye ap fèt sanble sigjere lè w fè egzèsis li ka diminye pwogresyon Maladi Parkinson nan. Moun ki ap viv avèk Maladi Parkinson ka jwenn avantaj lè yo konsilte yon Fizyoterapet (PT) ansanm ak lòt espesyalis reyabilitasyon tankou Ègoterapet (OT), ak Òtofonis (SLP) depi yo fin resevwa dyagnostik la.

Ikòn yon tèt an fòm puzzle

Rete òganize 

Pou anpil moun ki gen maladi Parkinson, li enpòtan pou rete òganize paske yo souvan gen pou pran medikaman yo nan diferan moman pandan jounen an.  Li kapab itil lè nou mete sou pye sistèm ak estrateji òganizasyon tankou veso pou mete konprime ak alam ki pou fè w sonje pran yo. Epitou, li ka itil lè w entegre rejim ou nan woutin chak jou w.

Ikòn yon moun k ap dòmi

Gen bon jan ijyèn somèy 

Moun ki gen maladi Parkinson ka gen somèy ki ap koupe. Pou w kapab gen bon jan ijyèn somèy epi ede limite somèy k ap koupe, ale dòmi nan yon lè ki regilye nan apremidi, limite kantite kafeyin ou ap pran, epi limite kantite tan w ap pase devan ekran anvan w dòmi.

Ikòn kenbe men

Kenbe yon koneksyon sosyal 

Gen kèk sentòm Parkinson, tankou anksyete, depresyon oswa fatig ki ka fè w rantre tèt ou nan nivo sosyal, pandan chanjman nan mobilite ka limite aksè ak aktivite sosyal yo. Li enpòtan pou kenbe koneksyon pou sante emosyonèl. Rete an kontak avèk zanmi ak fanmi. Patisipe nan aktivite kominotè ki bay sipò sosyal, tankou pwogram ki nan Konsèy Lokal pou Moun Aje oswa sant kominotè. Pou jwenn èd pou konekte avèk gwoup sipò, kontakte Sant Enfòmasyon ak Referans nan BMC.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Swen Ak Sipò Nan Sant Pou Maladi Parkinson ak Twoub Mouvman BMC

Refè Apre Yon Operasyon Ranplasman Jenou (Atwoplasti) avèk Doktè Ayesha Abdeen

Doktè Abdeen ki ap tande pasyan l

Doktè Ayesha Abdeen, ki se chèf chiriji ranplasman anch ak jenou nan Sant Medikal Boston kòmanse fè gwo chanjman, epi li ede pasyan yo rejwenn yon fason pou viv kote yo aktif. Yo nome l plizyè fwa nan Boston Magazine nan lis Pi Bon Doktè yo, Doktè Abdeen pèmèt swen yo avanse gras ak teknik wobotik ak mini-envazif ki pèmèt moun refè pi rapid, epi ki pèmèt pasyan yo rejwenn mobilite yo.

Operasyon ranplasman nan jenou (TKR) ka lakòz laperèz, men nan yon atik ki soti sa pa gen twò lontan nan U.S. News, Doktè Abdeen eksplike kisa pasyan yo kapab atann nan pwosedi a. Sòti nan jesyon doulè nan premye jou yo pou rive nan moman ou kanpe sou pye w, epi retounen nan fè aktivite ou renmen, Doktè Abdeen bay eksplikasyon ki klè epi ki gen konpasyon pou retablisman an.


Dekouvri Kòman Ekip Chiriji Òtopedik BMC a Kapab Ede Ou Retabli →

Yon lane swen ki nan nivo lopital, epi ki delivre lakay

8. Nicole Constant, yon pasyan Lopital Lakay ou

Mwa avril sa a fè yon lane depi nou te lanse Lopital BMC Lakay Ou, li pèmèt nou bay swen ki gen gwo kalite epi ki nan menm nivo ak lopital la pou pasyan yo pandan yo alèz lakay yo.


Gras ak inite inovatif pou swen grav, pasyan ki kalifye yo resevwa swen pèsonalize lakay ak vityèl pou nemoni, pwoblèm kè, dezidratasyon, selilit ak lòt maladi nou jwenn souvan. Gras ak sipò ekspè klinik ak teknoloji avanse, Lopital BMC Lakay ou ap transfòme eksperyans swen lakay.

Nicole Constant, yon pasyan Lopital Lakay, te fè konnen, “Mwen panse mwen te refè pi vit paske mwen te lakay mwen...Mwen santi m gen anpil privilèj paske m antoure avèk bon jan pwofesyonèl medikal kote yo tout te tèlman envesti nan sante m.”

Gade Kòman Lopital BMC Lakay ou Ap Redefini Retablisman an →

Rapèl Sou Ansanm Pou Lespwa 2025: Kreye yon avni pou moun ki ap konsome sibstans

9. Andrea Joy Campbell, Pwokirè Jeneral Commonwealth nan Massachusetts, ki ap pale nan TFH 2025

“Mwen gen yon gwo respè pou moun ki chwazi leve chak jou, pran soufrans yo travèse, nenpòt sa yo te viv, nenpòt eksperyans yo te fè...epi mennen l nan espas kote y ap travay, nan kominote yo, pou fè yon diferans” Andrea Joy Campbell, Pwokirè jeneral Pou Commonwealth of Massachusetts.


Gen prèske 1000 moun ki te reyini nan Sant DCU nan Worcester Dezyèm konferans pou ane Ansanm pou Lespwa nan Sant Medikal Boston

sa ki ta pral prèske double moun ki te patisipe pa rapò ak evènman inogirasyon lane pase a. Evènman nasyonal sou de jou a te fèt 16 ak 17 avril, epi li te rasanble ansanm pwofesyonèl pou moun ki konsome sibstans, defansè, ak moun ki te viv yon ekperyans kote yo t ap kapab pataje konesans yo, fè konesans, epi fè pwogrese avni pou swen moun ki konsome sibstans.


Campbell ak Michael Curry, Prezidan ak PDG Massachusetts League of Community Health Centers te pataje yon diskou sou pwogram nan ki puisan epi ki te rich ak emosyon.


Curry te fè moun ki ap patisipe yo sonje fason Twoub ki Lye ak Konsomasyon Sibstans (SUD) gen yon enpak sou tout kominote a—epi pwogrè nan kesyon prevansyon ak tretman posib lè nou travay ansanm. Campbell ankouraje patisipan yo pou yo transfòme “doulè a an objektif,” pandan li pataje istwa pèsonèl li pou rezilyans. Epitou, li mande pou nou fè yon aksyon kolektif ki anrasinnen nan vilnerabilite ak fòs.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Fason BMC Ap Fè yon Enpak nan Swen Kont Adiksyon nan HealthCity →

4 Inovasyon ki fèt nan BMC epi ki pèmèt swen matènèl pou moun nwa avanse

10. Manman ak ti bebe ki fenk fèk avèk pwofesyonèl sante

Etazini kontinye ap fè fas ak yon kriz sante matènèl – epi fi nwa yo se moun ki plis sibi enpak la dirèkteman, kote yo gen twa fwa plis chans pou mouri akoz pwoblèm ki gen rapò ak gwosès la pase fi blan yo.


Nou òganize chak ane soti 11 pou rive 17 avril Semèn Sante Matènèl Pou Moun Nwa ki se okazyon pou sansibilize moun, epi konstwi yon kominote sou defi inik sa yo.

Nan BMC, nou detèmine pou nou reflechi yon fason ki ap inove epi ki pwoaktif pou ede rezoud pwoblèm ki afekte kominote nou ap sèvi yo. Pou aprann plis sou kèk nan inisyativ ki gen pou objektif favorize amelyorasyon sante matènèl, gade atik nou fenk sòti nan HealthCity. Sòti nan gwoup sipò kominotè pou rive nan Inite Mobil k ap ofri swen apre akouchman, BMC ap transfòme fason nou ofri swen matènèl.

Jwenn Enfòmasyon Sou Fason BMC ap Transfòme Sante Matènèl →

Pasyan nan BMC yo ap amelyore eksperyans pasyan yo

Semèn Eksperyans Pasyan nan BMC

Semèn eksperyans pasyan ki ap fèt 28 avril pou rive 2 me — epi ki pèmèt nou rekonèt epi selebre moun nan BMC ki fè yon enpak pozitif sou eksperyans pasyan yo.


Nan BMC, nou pran angajman pou tande pasyan nou yo epi koute sa yo gen pou di. Lè yo patisipe nan komite konsiltatif, konsèy administrasyon, evènman ak sondaj, pasyan yo jwe yon wòl enpòtan nan ede nou kontinye amelyore kapasite pou ofri swen ki nan nivo mondyal pou tout moun.

Pou selebre Semèn Eksperyans Pasyan an, ekip nou an te resevwa moun nan  Crosstown ak Shapiro lobbies jou ki te lendi 28 avril la. Pasyan ak vizitè yo te pase pou rankontre avèk manm Konsèy Konsiltatif Pou Pasyan ak Fanmi yo (PFAC), epi jwenn plis enfòmasyon sou fason vwa pasyan yo ede nou bay swen nan BMC. Nou rekonesan pou manm PFAC ki te vin patisipe avèk nou pou selebre avèk lòt pasyan ak moun k ap bay swen nan BMC.


Pwochen fwa ou resevwa yon sondaj sou eksperyans pasyan nan Sant Medikal Boston apre ou fin fè yon vizit oswa entène, sonje - vwa w enpòtan!

• Aprann Konnen Konsèy Konsiltatif Pou Pasyan ak Fanmi →

Evènman yo

11. Pasyan BMC Nick O'Hara ki ap kouri Maraton Boston 2025 la

BMC te Fyè pou li te nan Maraton Boston: 26.2 Miles Pou Chanjman

Jou ki te 21 avril la, 85 atlèt nan ekip BMC a, ki gen ladan l pasyan Nick O’Hara (li nan foto a), te kouri nan Maraton Boston pou sipòte Sant Medikal Boston. Ekip devwe pasyan, anplwaye ak zanmi BMC sa a te kolekte fon pou sèvis esansyèl chak pasyan kapab konte sou li. Ou kapab toujou sipòte efò yo. Gade foto a epi ede Ekip BMC a sipòte bon jan swen pandan w ap fè yon don. Selebre Ekip BMC a epi Sipòte Bon Jan Swen.


12. Ekip BMC nan Aktivite Selebrasyon Drapo Ayisyen

Vin Patisipe ak BMC nan Selebrasyon Drapo Ayisyen an jou ki 18 Me a

Yon lòt fwa BMC fyè pou li patwone Parad Inite Ayisyen nan Boston, ki se yon selebrasyon anyèl ki fèt pandan tout wikenn fèt Drapo Ayisyen an.


Ane sa a parad la ap kòmanse a midi nan Mattapan Square epi li ap kontinye sou tout Blue Hill Avenue pou rive Harambee Park.


Si ou pa kapab patisipe nan parad la, asire w ou vin patisipe avèk nou nan Harambee Park pou tande mizik, manje, ak plis ankò! Se yon gwo okazyon pou selebre lavi nan kominote a epi aprann tout bagay sou swen ak sèvis BMC ofri yo.


Nou espere wè w lòtbò a! 



Anons

Espas Antre BMC

Estann Dijital: Yon fason ki pi senp ak pi fasil pou anrejistre nan BMC

Pwochen fwa ou vizite BMC pou yon randevou, ou ka remake nouvo estann dijital nou an. Espas ki gen iPad kote ou kapab sèvi tèt ou ap ede nou anrejistre w pi rapid, pi fasil, epi li disponib nan tout lang.


Vis-Prezidan Senyò ak Direktè Enfòmasyon Dijital la Joy Brown fè konnen estann sa a pa sèlman konsène teknoloji; li ap pèmèt nou ofri pasyan yo kalite eksperyans nimerik pratik yo ap atann deja nan lavi chak jou yo.


Nou ap kontwole estann yo nan zòn kote moun entène ak kote moun pa entène nou chwazi. Si ou ap itilize youn, nou ta renmen tande kòmantè ou.

Jwenn plis enfòmasyon sou kisa pou atann lè w vizite BMC.


Nan Pwòp Mo Pa ou

Doktè Saint-Hilaire se enspirasyon m. Mwen gen maladi Parkinson depi 14 lane. Mwen sezi wè jan m ap fè pwogrè, epi se gras ak li. Mèsi.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign