|
|
Nou Fyè pou Nou Sipòte Kominote LGBTQIA+ nou an |
|
|
|
|
|
|
|
|
Boston Celtics Onore Pasyan ak Defansè BMC a Curbside Care te Enspire a |
|
|
|
Pandan toulede gwosès li yo, Porshai Peters te resevwa swen nan Inite Mobil Curbside Care nou an, Boston Celtics Shamrock Foundation sipòte. Curbside Care pote swen enpòtan epi ki konplè — tankou sipò pou laktasyon ak tès depistaj pou depresyon apre akouchman— dirèkteman nan papòt manman ak tibebe BMC ki fèk fèt yo. Aktyèlman, Porshai pran defans nouvo manman yo nan kominote li a antanke yon doula posnatal epi konseye sètifye laktasyon. Pou montre l rekonesans pou travay defans li, Good Morning America ak Boston Celtics te ba l yon sipriz lè yo ba l tikè pou li al nan 1ye match final NBA a. Felisitasyon pou Boston Celtics dèske yo te genyen final NBA 2024 la! |
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC Selebre ak Kominote Nou an pou Jounen Juneteenth lan |
|
|
|
Juneteenth komemore dat 19 jen 1865, lè twoup yo te rive nan Galveston, Texas, pou garanti yo te libere tout moun ki te esklav nan peyi Etazini. Ane sa a, BMC kanpe ansanm ak kominote nou an nan festival atravè Boston pou reflechi sou istwa nou, onore moun ki te lite, epi selebre lajwa Nwa yo. Konba n ap mennen pou elimine inegalite rasyal sistemik yo makònen anpil ak travay nou fè chak jou atravè inisyativ tankou Akseleratè Ekite nan Sante nou an. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Terapi Jèn Inovatif yo Ofri grasa Sant Ekselans nan Sa a ki Gen pou Wè ak Maladi Anemi Falsifòm |
|
|
|
Jounen Mondyal Anemi Falsifòm nan se 19 jen epi n ap mete aksan sou Sant Ekselans BMC a nan Sa a ki Gen pou Wè ak Maladi Anemi Falsifòm. Sant sa a se pi gwo sant nan domèn sa a nan New England epi li se yon lidè depi lonjan nan ofri swen inovatè epi ki entegre plizyè domèn pou pasyan nou yo. Nou kontan pou nou youn nan premye lopital nan zòn nan ki ofri terapi jenetik dènye kri ki reflete angajman nou toujou genyen pou nou rete yon lidè nan bay pasyan nou yo swen avanse, ekitab. |
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC Kontinye Rete yon Lidè nan Domèn Devlopman Dirab epi Li Louvri yon Dezyèm Fèm sou Twati |
|
|
|
Nan BMC, nou konnen devlopman dirab se swen sante, se poutèt sa a nou envesti nan inisyativ anviwònman ki enpòtan pou amelyore sante ak byennèt kominote nou an. Nou kontan anonse lansman nouvo fèm nou an, ki konstwi sou tèt yonn nan bilding nou yo nan mitan distri Newmarket e sa rive posib gras ak don filantwopik ki fèt ak jenewozite, sa vin ajoute sou premye fèm nou an ki nan 750 Albany Street. Fèm sou twati nou yo ranfòse sistèm |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC Kontinye Rete yon Lidè nan Domèn Devlopman Dirab epi Li Louvri yon Dezyèm Fèm sou Twati |
|
|
|
Nan BMC, nou konnen devlopman dirab se swen sante, se poutèt sa a nou envesti nan inisyativ anviwònman ki enpòtan pou amelyore sante ak byennèt kominote nou an. Nou kontan anonse lansman nouvo fèm nou an, ki konstwi sou tèt yonn nan bilding nou yo nan mitan distri Newmarket e sa rive posib gras ak don filantwopik ki fèt ak jenewozite, sa vin ajoute sou premye fèm nou an ki nan 750 Albany Street. Fèm sou twati nou yo ranfòse sistèm manje lokal yo, diminye degajman kabòn nou, epi ogmante espas vèt yo. Angajman nou anvè kominote fèmye yo epi delivre manje ki fre se sèlman yonn nan anpil rezon ki fè yo te nome BMC kòm yonn nan “25 Premye Lopital nan Nasyon an pou Ekselans nan Anviwònman” daprè Practice Greenhealth. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Fè Konesans ak Nouvo Prezidan BMC a, Doktè Tony Hollenberg |
|
Nou kontan anpil pou nou anonse Tony Hollenberg, MD, kòm prezidan yo fèk nonmen pou lopital nou an. "Mwen pran angajman pou m ranfòse plas nou kòm premye sant medikal akademik ki santre sou ekite atravè rechèch dènye nivo, ogmante aksè ak swen, epi konekte plis divès kalite moun ak nouvo esè klinik ak terapi inovatè." Doktè Hollenberg deklare. Li se yon doktè, syantis, epi espesyalis nan andokrinoloji ki rekonèt nan tout peyi a. Li plis sou Doktè Hollenberg ak ekip lidèchip lopital la ak sistèm nou an. |

Yo rekonèt Doktè Thea James kòm yon "Chanpyon nan Ekite Sante" |
|
Felisitasyon pou Thea L. James, MD, MBA, dèske East Boston Neighborhood Health Center te rekonèt li kòm yon "Chanpyon nan Ekite Sante"! Dr. James te yon eleman kle nan bati konfyans ak kominote Nwa Boston an jan sa te parèt nan yon Boston Globe profile. ki fenk parèt. Antanke Ko-Direktè Egzekitif pwogram Akseleratè Ekite nan Sante, Doktè James ap ede dirije entèvansyon inovatè pou konble vid ki genyen nan rezilta swen sante pou kominote koulè yo. Mèsi, Doktè James, pou angajman w pou ou bay swen ekspè eki ki ekitab. Jwenn plis enfòmasyon sou Akseleratè Ekite nan Sante nou an. |

Kat (4) "Lidè Swen Sante Nwa pou ou Konnen" Yo Se nan BMC yo Ye |
|
Yo te nonmen Lisa Kelly-Croswell, Doktè David Henderson, Rachel Felix ak Doktè Thea James kòm “Lidè Nwa nan Swen Sante ou Dwe Konnen" dapre Becker’s Healthcare pou wòl yo nan amelyore eksperyans pasyan an, nan edike ak fòme pwochen jenerasyon pwofesyonèl swen sante, epi nan fè avanse ekite ak enklizyon. Mèsi tout manm estaf devwe nou yo dèske yo kontinye pouswiv misyon nou an nan bay tout moun swen ekspè epi ki ekitab. Gade lis konplè a. |

Doktè Paul Tornetta III Ranpòte Yon Prim Òtopedik Ki Gen Anpil Prestij |
|
Asosyasyon Òtopedik Ameriken an (The American Orthopaedic Association, AOA) te nonmen Paul Tornetta III, MD, PhD, kòm Edikatè Klinisyen Distenge AOA a ane sa a. Doktè Tornetta se yon chirijyen twomatològ ki gen yon karyè ki konsantre sou amelyore swen pasyan yo ak edikasyon òtopedik. Li te pibliye plis pase 300 atik, edite plis pase 25 liv ak seri liv, anseye oswa dirije plis pase 350 kou, epi li se Prezidan Akademi Ameriken Chirijyen Òtopedik (American Academy of Orthopaedic Surgeons, AAOS). Felisitasyon, Doktè Tornetta! Jwenn plis enfòmasyon sou prim nan. |

Kòm yon moun transeksyèl, se youn nan sèl fwa mwen te santi yon pwofesyonèl swen sante "wè" m. Li vrèman gen sousi epi li devwe epi ou ka wè sa a klè. Mwen trè rekonesan, epi mwen santi m soulaje dèske mwen genyen l nan ekip swen mwen an! |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondajsou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
 |
|
Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo.
Gade wòl ouvè isit la. |
|
|
|
|