|
|
BMC Rekonèt pou Ekselans nan zafè klinik, epi li genyen Gwo Klasman nan kad Pèfòmans li nan U.S. News & World Report |
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC ap fè avansman nan Swen Sante Mantal |
|
|
|
Pou Mwa Sante Mantal Moun Nwa, Endijèn, ak Lòt Moun Koulè yo (Black, Indigenous, and other People Of Color, BIPOC) aprann kijan BMC ofri swen sante mantal san parèy epi ki adapte ak tout kilti swen sante mantal bay pasyan tankou Boohe. Nan videyo sa a, Boohe, ki se moun Liberya, ap eksplike kijan li santi l konfòtab pou l pale libelibè ak Doktè David Henderson, chèf seksyon sikatri ak ko-fondatè Africa Global Mental Health Institute. Boohe fè tout moun konnen "nou kapab viv ak kè kontan. Nou kapab gen plis konfyans nan tèt nou. Nou kapab plis konnen tèt nou." Nan BMC, nou konnen sansibilite kiltirèl se yon pwen enpòtan nan avansman sante mantal. |
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC ap fè avansman nan Swen Sante Mantal |
|
|
|
Pou Mwa Sante Mantal Moun Nwa, Endijèn, ak Lòt Moun Koulè yo (Black, Indigenous, and other People Of Color, BIPOC) aprann kijan BMC ofri swen sante mantal san parèy epi ki adapte ak tout kilti swen sante mantal bay pasyan tankou Boohe. Nan videyo sa a, Boohe, ki se moun Liberya, ap eksplike kijan li santi l konfòtab pou l pale libelibè ak Doktè David Henderson, chèf seksyon sikatri ak ko-fondatè Africa Global Mental Health Institute. Boohe fè tout moun konnen "nou kapab viv ak kè kontan. |
|
|
|
Nou kapab gen plis konfyans nan tèt nou. Nou kapab plis konnen tèt nou." Nan BMC, nou konnen sansibilite kiltirèl se yon pwen enpòtan nan avansman sante mantal. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Eksplwatasyon Ekselans Anviwònmantal Nou Pou Ogmante Endistri Swen Sante a |
|
|
|
Nou konnen devlopman dirab se swen sante, se poutèt sa a nou envesti nan inisyativ anviwònman ki enpòtan pou amelyore sante ak byennèt kominote nou an. BMC Health System (BMCHS) santi l fyè pou l asosye l ak Omicelo pou lanse Oakwell, yon nouvo konpayi ki pral an patenarya ak sistèm sante yo pou devlope pwogram enèji efikas ki pral diminye depans. Gras ak sa a, lajan ki ekonomize yo ka reyenvesti nan swen pasyan yo.
|
|
|
|
“Inisyativ anviwonmantal yo pa sèlman yon lòt pati enpòtan anplis nan misyon nou genyen pou n amelyore sante anndan kominote nou yo, men yo se yon apwòch ki baze sou inovasyon pou dirabilite sistèm sante," pawòl Alastair Bell, Prezidan ak CEO BMCHS. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Eksplwatasyon Ekselans Anviwònmantal Nou Pou Ogmante Endistri Swen Sante a |
|
|
|
Nou konnen devlopman dirab se swen sante, se poutèt sa a nou envesti nan inisyativ anviwònman ki enpòtan pou amelyore sante ak byennèt kominote nou an. BMC Health System (BMCHS) santi l fyè pou l asosye l ak Omicelo pou lanse Oakwell, yon nouvo konpayi ki pral an patenarya ak sistèm sante yo pou devlope pwogram enèji efikas ki pral diminye depans. Gras ak sa a, lajan ki ekonomize yo ka reyenvesti nan swen pasyan yo. “Inisyativ anviwonmantal yo pa sèlman yon lòt pati enpòtan anplis nan misyon nou genyen pou n amelyore sante anndan kominote nou yo, men yo se yon apwòch ki baze sou inovasyon pou dirabilite sistèm sante," pawòl Alastair Bell, Prezidan ak CEO BMCHS. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an |
|
Lè w vini nan Boston Medical Center, apati kòmansman trimès Otòn nan, ou pral remake kèk gwo chanjman nan kanmpis la! Chanjman sa yo fèt nan kad pwojè Reyamenajman Kanmpis (Campus Redesign 2.0) nou an, ki li menm, ap transfòme kanmpis nou an pou l koresponn ak swen eksepsyonèl ou te atann ou ap jwenn. Nan fen pwojè sa a nan ane k ap vini an, BMC pral gen yon nouvo espas atant ki modèn epi ki gen plis kote pou moun chita, ki gen
kote pou aksepte pasyan ak espas valè, yon pakin pou moun ki andikape yo rekonstwi, ansanm ak pi bon aksè nan Mass Ave. Pou fè gwo amelyorasyon sa yo, nou pral fèmen antre sal atant Menino Building lan pou apeprè yon lane, apati fen sezon ete a. Sa se yon bagay anplis n ap fè nan kad fèmti antre Yawkey Building lan. Ekip nou yo la pou gide w nna destinasyon w atravè chanjman sa yo. Nou apresye pasyans ou pandan n ap modènize enstalasyon nou yo. Eksplore plan reyamenajman kanmpis nou an yo. |

Patisipe ak Ekip BMC an nan dat 18 out pou Triyatlon Boston an |
|
Nou kontan anpil paske nan jou k ap dimanch 18 out la, nou ap gen yon nouvo patenarya charite ofisyèl ak Columbia Threadneedle Investments nan kad Triyatlon Boston pou ane 2024 la! Ekip BMC an ap ale Carson
Beach pou fè ladiferans nan non BMC ak kominote a pandan y ap anje nan Dorchester Bay, y ap kondi bekàn nan vil Boston an, epi kouri sou tout longè arebò litoral lanmè Southie a. Aprann plis epi enskri la a. |

Rankont Pasyan EmPOWERed pou Onore Mwa Sansibilizasyon sou Fibwòm |
|
BMC fè ekip ak White Dress Project ansanm ak Resilient Sisterhood Project pou yon rankont akeyan nan dat 20 jiyè pou pasyan, pwofesyonèl swen sante ak defansè. Patisipan yo te mete tèt yo ansanm pou fè ti pale sou enpak fibrom matris genyen sou kominote nou an epi pou pataje lide sou fason pou yo atake epidemi sa k ap ravaje moun an silans la. Jwenn plis enfòmasyon sou Sant Tretman Fibwòm nou an. |

Vin patisipe ak nou nan dat 24 out nan Kanaval Boston 2024 la |
|
Pandan 51 lane, BMC te sipòte ak anpil fyète selebrasyon anyèl mizik, zèv atistik, manje, ak eritaj Karayib nan Kanaval Boston an. Vin patisipe ak nou nan parad la apati 1 è nan apremidi nan Roxbury kote n ap mache rive jous Franklin Park nan Dorchester, epi w ap gen mwayen wè ti espas nou an ki plen ak resous lasante. Nou espere wè w lòtbò a. |

Lopital #1 nan Massachusettes pou Enklizyon Rasyal |
|
BMC te resevwa gwo klasman Lown Institute bay pou egalite nan lasante, ekselans klinik, ak kolaborasyon kominotè. Nou gen klasman #1 nan eta a pou fason nou jere enklizyon rasyal epi nou te resevwa yon nòt "A" pou responsabilite sosyal, ki se yon klasman k ap sipèvize pou egalite nan lasante, valè, ak rezilta nan plis pase 3,500 lopital Ozetazini ak 300 sistèm sante nan tout peyi a. Li plis konsènan klasman nou yo. |
|
|
|
Lopital #1 nan Massachusettes pou Enklizyon Rasyal |
|
BMC te resevwa gwo klasman Lown Institute bay pou egalite nan lasante, ekselans klinik, ak kolaborasyon kominotè. Nou gen klasman #1 nan eta a pou fason nou jere enklizyon rasyal epi nou te resevwa yon nòt "A" pou responsabilite sosyal, ki se yon klasman k ap sipèvize pou egalite nan lasante, valè, ak rezilta nan plis pase 3,500 lopital Ozetazini ak 300 sistèm sante nan tout peyi a. Li plis konsènan klasman nou yo.
|
|
|
|
Yo Rekonèt Doktè Samet pou Avansman Rechèch sou Twoub Konsomasyon Sibstans Toksik |
|
Doktè Jeffrey Samet, ki se doktè swen prensipal te resevwa Prim Chèchè Prensipal pou Tretman ak Sèvis Distenge James L. Sorensen lan atravè The College on Problems of Drug Dependence. Prim sa a rekonèt kontribisyon li nan rechèch sou twoub konsomasyon sibstans toksik (substance use disorder, SUD) ansanm ak angajman li pou fòmasyon ak antrènman. Doktè Samet ap dirije branch Etid Kominotè NIH HEALing Massachusetts la, pi gwo etid prevansyon ak aplikasyon tretman pou twoub konsomasyon (adiksyon) ki genyen, yon nouvèl ki te pibliye dènyèman nan New England Journal of Medicine, ki li menm se yon jounal yo rekonèt kòm pi gwo jounal medikal nan mond lan. Nou #BMCFyè poutèt Doktè Samet pou jan l jere avansman nan swen sante atravè rechèch ki santre sou pasyan.
Aprann plis sou fason Doktè ap fè avansman nan swen SUD. |

Yo rekonèt Doktè Larson antanke Pi Gwo Ekspè nan Sekirite Pasyan |
|
Vis Prezidan, ak Responsab Anchèf Kalite a Doktè Jodi Larson, toujou ap chèche fason ki baze sou inovasyon pou amelyore kalite ak sekirite swen n ap bay yo, pandan n ap asire gen pi bon eksperyans pou pasyan yo. Nan mwa Jen an, yo te nonmen non l nan Lis Becker's Healthcare fè sou 90 Ekspè nan Sekirite Pasyan Tout Moun Dwe Konnen yo Wè tout lis ekspè yo. |
|
|
|
Yo rekonèt Doktè Larson antanke Pi Gwo Ekspè nan Sekirite Pasyan |
|
Vis Prezidan, ak Responsab Anchèf Kalite a Doktè Jodi Larson, toujou ap chèche fason ki baze sou inovasyon pou amelyore kalite ak sekirite swen n ap bay yo, pandan n ap asire gen pi bon eksperyans pou pasyan yo. Nan mwa Jen an, yo te nonmen non l nan Lis Becker's Healthcare fè sou 90 Ekspè nan Sekirite Pasyan Tout Moun Dwe Konnen yo Wè tout lis ekspè yo.
|
|
|
|
Selebre Manm Pèsonèl nou yo |
|
Chak ane, BMC rekonèt moun eksepsyonèl ak ekip ki demontre respè yo pou valè debaz ak misyon nou yo. Nan mwa Jen an, nou te selebre nominasyon 13 moun ak sis ekip ki te genyen yon prim "Be Exceptional" 2024, ki montre gwo travay k ap fèt nan kanmpis nou an. Mete sou sa, nou fyè pou n selebre elèv ki gradye nan pwogram akselerasyon lidèchip Pathways nou an, yon pwogram akselerasyon lidèchip k ap dire sis mwa pou moun Nwa, Endijèn ak lòt moun koulè yo. Pwogram nan gen pou objektif pèmèt anplwaye yo avanse nan karyè yo, rive nan pi wo nivo pèfòmans yo, epi rive atenn potansyèl lidèchip yo alavni. Nou vreman rekonesan pou tout manm ekip nou nan BMC ki rann lopital nou vin yon bèl kote pou resevwa swen. Aprann plis konsènan konsènan opòtinite ki gen ak ekip eksepsyonèl nou nan BMC. |

Doktè mwen an renmen koute epi li atantif. Li te ban m enfòmasyon epi li te trete fibwòm matris mwen yo ak anpil onètete ak transparans. |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
 |
|
Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo. Gade wòl ouvè isit la. |
|
|
|
|