|
|
|
|
|
Onore Pasyan BMC yo nan Okazyon Jounen Nasyonal Sivivan Kansè sa a |
|
|
|
Jou ki te 8 Jen an se te Jounen Nasyonal Sivivan Kansè — se yon moman pou reflechi sou fòs ak rezilyans pasyan ki simonte yon dyagnostik kansè, tankou Rolanda Henry.
Nan lane 2022 pandan li t ap kondui nan Anguilla, Rolanda te kòmanse santi l malad anpil, “Mwen te gen yon rim ak yon tous ki te dire plizyè mwa. Nen m t ap senyen, epi m te santi m vrèman fatige." Malgre lopital nan zòn li an te fè kèk tès san epi yo te sispèk yon myelom miltip, yo pa t rive depiste oswa trete l. Chans pou Rolanda, sè li yo ap viv nan zòn Boston, konsa li te rive jwenn yon dyagnostik epi yo te trete l pou myelom miltip nan BMC.
Apre plizyè konplikasyon, tankou kriz kadyak, epilepsi ak nemoni, Rolanda te kòmanse yon chimyoterapi epi li te resevwa yon grèf selil souch. Epi nan mwa Me 2023, Rolanda te resevwa bon nouvèl ki fè l konnen kansè li a te an remisyon. Jounen jodi a Rolanda di “Eksperyans mwen fè nan BMC pa menm jan ak okenn lòt.” “Chak pwofesyonèl swen sante mwen rankontre tèlman janti, epi yo vrèman enterese ak jan m santi m. Sa te ede m santi m byen anpil.”(Li tout pakou Rolanda fè pou li rive nan Remisyon an)
Vin patisipe avèk Sant Kont Kansè Dana-Farber/Harvard Cancer Center, Faith-Based Cancer Disparities Network, ak Komisyon Pou Sante Piblik la nan Pouvwa Gerizon 2025 jou ki ap 28 Jen an pou soutni sivivan kansè, moun k ap bay swen yo ak kominote k ap ofri sipò yo. Selebrasyon byennèt sa a, koneksyon ak lajwa ap gen ladan l demonstrasyon (tankou akiponkti, tire ak epi yoga sou chèz), echantiyon, literati, depistaj, ak moun ki ap pale. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Mwa Sante Gason: Fè Depistaj Kansè Pwostat Ka Pi Fasil Pase Sa Ou Panse |
|
|
|
Mwa Jen se mwa kote nou kuit manje deyò, mwa vakans, mwa kote nou pase tan ak fanmi nou, epitou li se Mwa Sante Gason. Se yon bon moman pou mesye yo tcheke sou sante mantal ak fizik yo, tankou sante pwostat yo. Menm si li ka pa sijè prensipal konvèsasyon an nan moman kout baton ap tire nan yon match bezbòl, lè w kòmanse konvèsasyon an avèk fanmi oswa zanmi ou yo li kapab fè yon vrè diferans. Li pa toujou fasil oswa ou pa
|
|
|
|
toujou alèz pou pale sou pwoblèm sante pèsonèl, men lè w pale sou yo sa kapab ede w detekte yo pi bonè epi jwenn pi bon rezilta.
Kansè pwostat se dezyèm kansè nou jwenn pi souvan lakay gason Ameriken — y ap dyagnostike apeprè lakay 1 moun sou 8 pandan lavi yo. Menm si laj se yon faktè enpòtan, anviwon 10 pousan ka nouvo kansè pwostat yo rive lakay gason ki gen pi piti pase 55 lane.
Doktè Michael Katz, yon iwològ nan Sant Medikal Boston fè konnen: “Anpil gason evite depistaj kansè pwostat paske yo pa santi yo alèz ak lide pou fè yon egzamen rektal dijital.” “Men, li pa apwòch prensipal la ankò. Tès san PSA a (antijèn pwotastik espesifik) se yon pilye nan depistaj kansè pwostat jounen jodi a, epi li se yon tès san ki pa envazif.”
Gen kèk gason ki evite fè depistaj la akoz yon laperèz nou konprann yo genyen pou yo pa dyagnostike yo avèk kansè pwostat. Sepandan, lè w evite fè tès sa p ap fè maladi a gen chans pou li disparèt.
Doktè Katz kontinye pou li fè konnen “Asosyasyon Ameriken Iwoloji rekòmande pou depistaj la kòmanse ant 45 jiska 50 lane.” “Pou gason yo faktè risk pou kansè pwostat ki gen ladan l antesedan familyal, zansèt Nwa, ak mitasyon Jèmèn, ta dwe kòmanse fè depistaj la menm pi bonè.”
Si ou gen moun ki gen kansè pwostat nan fanmi w oswa ou gen sentòm yo, tankou difikilte pou pipi, yon kantite pipi ki fèb oswa ki ap koupe, pipi souvan (espesyalman lannuit), difikilte pou vide vesi ou nèt, doulè pou pipi oswa santi yon bagay k ap boule lè w ap pipi, san nan pipi oswa nan espèm ou, oswa doulè k ap pèsiste nan do, anch oswa basen w, li lè pou pale avèk doktè w.
Menm si ou genyen oswa ou pa gen sentòm sa yo pandan ete a, ant kout baton bezbòl, jounen lanmè, ak manje deyò an fanmi pran tan pou sante w. Yon verifikasyon rapid avèk pwofesyonèl swen sante w kapab pèmèt ou ale lwen. |
| Kòmanse Pale avèk yon Iwològ nan BMC → |
|
|
|
|
|
|
Jounen Mondyal Sansibilizasyon Kont Anemi Falsifòm (Drepanositoz): Istwa Massiel |
|
|
|
Chak 19 Jen, kominote BMC a rekonèt Jounen Mondyal Sansibilizasyon kont Anemi Falsifòm (drepanositoz) pandan l ap pataje istwa pasyan, epi fòme kominote nou an sou maladi san ereditè drepanositoz (Sickle Cell Disease, SCD).
Ane sa a, nou fyè pou nou prezante fòs ak rezilyans Massiel Rivera ki gen 38 lane. Viv avèk drepanositoz (SCD) se pa yon bagay ki fasil, sa pa gen twò
|
|
|
|
lontan li fè yon atwoplasti anch, epi li souvan soufri doulè nan jwenti, espesyalman nan fredi. Li fè konnen: “Tout bagay toujou yon jan konplike lè w gen drepanositoz.”
Malgre difikilte yo, Massiel rete optimis gras ak ekip swen nan Sant Ekselans pou Maladi Drepanositoz nan BMC, epi lanmou de (2) pitit gason li yo Jared ak Jariel. Massiel te pale sou ekip swen li a, espesyalman sou Doktè Lillian McMahon ak Enfimyè Charlene Sylvestre, “Yo vrèman aktiv nan swen mwen an, epi yo toujou reponn mwen bon fason an. Yo ofri m anpil sipò.” Epitou, li apresye angajman ekip li a nan dekouvri nouvo tretman. Li di: Mwen kwè y ap dekouvri yon bagay alavni ki ap pèmèt lavi pasyan ki gen drepanositoz yo vin pi fasil.” “Se pou sa mwen toujou patisipe nan rechèch yo!” (Li tout istwa Massiel la a)
Nan BMC nou fyè pou nou mache bò kote pasyan tankou Massiel nan chak etap pwosesis la. |
| Aprann plis sou Sant Ekselans kont Maladi Falsifòm BMC a → |
|
|
|
|
|
|
Fèt Papa: Onore Fanmi Ki ap Ranfòse Sistèm Sante Nou an |
|
|
|
Atravè Sistèm Sante Sant Medikal Boston, nou fyè pou nou prezante twa pè papa-pitit ki gen istwa ak travay an komen ki reflete swen, angajman ak konpasyon ki karakterize BMC.
Nan BMC, Latchman ak pitit gason li Kevin fè pati yon eritaj familyal ki chita kòl sou plis pase 40 lane ak apeprè 20 paran. Sòti nan sipò manje pou rive nan sipò pou envite, yo chak te jwe yon wòl nan ede pasyan yo santi nou konprann epi sipòte yo.
|
|
|
|
Nan BMC Brighton, Kevin ak Danny ap pote menm enèji a pou sipòte etablisman yo. Kevin te rantre nan lane 1980, epi pi devan li te ankouraje Danny pou li aplike pouyon pòs teknisyen HVAC ki rekoni. Jounen jodi a, yo ap ede kenbe lopital la an sekirite, pèmèt li fonksyone epi akeyi tout moun.
Nan BMC South, Barry ak Josh ap travay youn bò kote lòt kòm kadyològ, kote yo konbine dizèn ane eksperyans epi kote yo pataje angajman pou ofri pasyan yo swen. Apre yon tan, Barry te pran retrèt li epi li te pase flanbo a bay Josh, sa ki ap pèmèt pasyan yo kontinye avèk yon moun ki pa sèlman benefisye fòmasyon l, men konpasyon l. |
| Jwenn plis enfòmasyon sou istwa sa yo ak ekip nou an nan BMC → |
|
|
|
|
|
|
Nou Fyè pou Nou Selebre Kominote LGBTQIA+ nou an |
|
Nou se #BMCProud fyè paske li te patisipe nan Parad Fyète Boston nan okazyon selebrasyon kominote LGBTQIA+ nou an. Mwa Pride se yon gwo rapèl pou nou prezan pou youn lòt epi pou onore fòs ki vini lè gen enklizyon ak apatenans.
Mèsi ak tout moun ki te mache avèk nou, ede nou òganize l, epi ki te pote kole pou jounen nou pakab bliye sa a.
Gade Plis Foto Ki Soti Nan Rezime Parad Fyete Nou an.
|
|
|
|
Nou Fyè pou Nou Selebre Kominote LGBTQIA+ nou an |
|
Nou se #BMCProud fyè paske li te patisipe nan Parad Fyète Boston nan okazyon selebrasyon kominote LGBTQIA+ nou an. Mwa Pride se yon gwo rapèl pou nou prezan pou youn lòt epi pou onore fòs ki vini lè gen enklizyon ak apatenans.
Mèsi ak tout moun ki te mache avèk nou, ede nou òganize l, epi ki te pote kole pou jounen nou pakab bliye sa a.
Gade Plis Foto Ki Soti Nan Rezime Parad Fyete Nou an. |
|
|
|
|
Selebre Lespri Libète Pandan Juneteenth la avèk Embrace Boston |
|
BMC te onore pou sipòte epi patisipe nan de (2) evènman Embrace Boston te prezante, se yon òganizasyon kominotè ki ap travay pou derasinen rasis estriktirèl atravè atizay ak kilti, kominote, rechèch ak politik.
Jou ki te 18 pou rive 20 Jen, nou te kontan anpil pou nou te fè pati entegral Embrace Honors Juneteenth, yon sware pèfòmans mizik espirityèl ak gospèl ki t ap onore Bostonyen remakab ki angaje pou gen yon vil ki pi ekitab pou tout moun. Festival Embrace Ideas se yon selebrasyon ki fèt sou plizyè jou sou lide ki anrasinen nan atizay, kilti, ak bous piblik. Li fèt chak ane nan moman Juneteenth la pral rive, epi festival la rasanble ansanm lidè ki soti Boston ak pi lwen pou ranfòse mouvman kont rasis la, epi anvizaje yon avni ki pi ekitab. Ane sa a evènman sa a se te yon lòt opòtinite enpòtan pou BMC sipòte misyon nou an epi patisipe nan selebrasyon Juneteenth la.
Epitou, BMC te patisipe ane sa a nan aktivite Selebrasyon Jounen Libète Juneteenth jou ki te fèt Samdi 21 Jen, nan Shattuck Picnic Grove nan Franklin Park (Gade foto ki fèt nan evenman an). Kòlèg nou yo te selebre konje a epi yo te pataje enfòmasyon sou pwogram ak sèvis BMC, tankou resous pou swen dyabèt ki toujou gen gwo enpak sou anpil fanmi. Eksplore Evènman Juneteenth Nou Fyè Pou Nou Sipòte.
|
|
|
|
Selebre Lespri Libète Pandan Juneteenth la avèk Embrace Boston |
|
BMC te onore pou sipòte epi patisipe nan de (2) evènman Embrace Boston te prezante, se yon òganizasyon kominotè ki ap travay pou derasinen rasis estriktirèl atravè atizay ak kilti, kominote, rechèch ak politik.
Jou ki te 18 pou rive 20 Jen, nou te kontan anpil pou nou te fè pati entegral Embrace Honors Juneteenth, yon sware pèfòmans mizik espirityèl ak gospèl ki t ap onore Bostonyen remakab ki angaje pou gen yon vil ki pi ekitab pou tout moun. Festival Embrace Ideas se yon selebrasyon ki fèt sou plizyè jou sou lide ki anrasinen nan atizay, kilti, ak bous piblik. Li fèt chak ane nan moman Juneteenth la pral rive, epi festival la rasanble ansanm lidè ki soti Boston ak pi lwen pou ranfòse mouvman kont rasis la, epi anvizaje yon avni ki pi ekitab. Ane sa a evènman sa a se te yon lòt opòtinite enpòtan pou BMC sipòte misyon nou an epi patisipe nan selebrasyon Juneteenth la.
Epitou, BMC te patisipe ane sa a nan aktivite Selebrasyon Jounen Libète Juneteenth jou ki te fèt Samdi 21 Jen, nan Shattuck Picnic Grove nan Franklin Park (Gade foto ki fèt nan evenman an). Kòlèg nou yo te selebre konje a epi yo te pataje enfòmasyon sou pwogram ak sèvis BMC, tankou resous pou swen dyabèt ki toujou gen gwo enpak sou anpil fanmi. Eksplore Evènman Juneteenth Nou Fyè Pou Nou Sipòte. |
|
|
|
|
Pwodui Fre ki Soti Sou Do Kay la: Mache Fèmye BMC a Retounen Ete Sa a |
|
Ete sa a nou kontan anpil pou pote pwodui fre ak lokal ki soti sou do kay fèmye nou yo pou rive jwenn pasyan, pèsonèl, ak kominote a atravè Mache Fèmye BMC a!
Pwodui ki soti sou do kay fèmye nan BMC reprezante plis pase 10 000 liv fwi, legim ak epis òganik chak ane pou pasyan BMCHS, li gen ladan l plis pase 30 diferan elvaj, tankou pwavon Aji Dulce, bok choy, ak callaloo. Epitou, anpil nan yo gen anpil enpòtans kiltirèl pou kominote n ap sèvi yo.
Menm si yon legim fè yon pakou ki se 1500 jiska 2000 miles an mwayèn pou rive sou tab yon fanmi, pwodui BMC yo fè yon pakou ki se kèk santèn mèt sèlman. Sa pèmèt nou redui anpil anprent kabòn nou, epi asire manje yo rive jwenn kominote a pandan yo fre epi rapid.
Pase wè nou nan sezon sa a epi goute manje nitritif sa yo ki sòti sou do kay nou yo! Aprann plis sou Mache Fèmye yo.
|
|
|
|
Pwodui Fre ki Soti Sou Do Kay la: Mache Fèmye BMC a Retounen Ete Sa a |
|
Ete sa a nou kontan anpil pou pote pwodui fre ak lokal ki soti sou do kay fèmye nou yo pou rive jwenn pasyan, pèsonèl, ak kominote a atravè Mache Fèmye BMC a!
Pwodui ki soti sou do kay fèmye nan BMC reprezante plis pase 10 000 liv fwi, legim ak epis òganik chak ane pou pasyan BMCHS, li gen ladan l plis pase 30 diferan elvaj, tankou pwavon Aji Dulce, bok choy, ak callaloo. Epitou, anpil nan yo gen anpil enpòtans kiltirèl pou kominote n ap sèvi yo.
Menm si yon legim fè yon pakou ki se 1500 jiska 2000 miles an mwayèn pou rive sou tab yon fanmi, pwodui BMC yo fè yon pakou ki se kèk santèn mèt sèlman. Sa pèmèt nou redui anpil anprent kabòn nou, epi asire manje yo rive jwenn kominote a pandan yo fre epi rapid.
Pase wè nou nan sezon sa a epi goute manje nitritif sa yo ki sòti sou do kay nou yo! Aprann plis sou Mache Fèmye yo. |
|
|
|
|
BMC Vin Patisipe nan Konvèsasyon sou Inovasyon, Lidèchip, ak Sante Mantal nan Kominote Nou An |
|
Mwa sa a, nan evènman Greater Boston Chamber of Commerce's Women, Rachel Felix, SVP ak Chèf Maketing ak Biwo Devlopman nan Sistèm Sante BMC a, te chita pale avèk Doktè Melissa Gilliam, Prezidan Boston University, pou eksplore kesyon ijan nan ansèyman siperyè, opòtinite pou kolaborasyon alavni ak inovasyon nan rechèch, epi pou ofri konsèy sou lidèchip pou fanm ki pral dirije alavni. Diskisyon an te angaje kominote ki ap fè bisnis nan Boston, ki te poze kesyon ki enpòtan anpil sou fason pou navige ak sante mantal, rete fidèl ak valè epi misyon òganizasyon an, epi pivote ak chanjman ki rive pandan karyè yo tou.
|
|
|
|
|
BMC Vin Patisipe nan Konvèsasyon sou Inovasyon, Lidèchip, ak Sante Mantal nan Kominote Nou An |
|
Mwa sa a, nan evènman Greater Boston Chamber of Commerce's Women, Rachel Felix, SVP ak Chèf Maketing ak Biwo Devlopman nan Sistèm Sante BMC a, te chita pale avèk Doktè Melissa Gilliam, Prezidan Boston University, pou eksplore kesyon ijan nan ansèyman siperyè, opòtinite pou kolaborasyon alavni ak inovasyon nan rechèch, epi pou ofri konsèy sou lidèchip pou fanm ki pral dirije alavni. Diskisyon an te angaje kominote ki ap fè bisnis nan Boston, ki te poze kesyon ki enpòtan anpil sou fason pou navige ak sante mantal, rete fidèl ak valè epi misyon òganizasyon an, epi pivote ak chanjman ki rive pandan karyè yo tou. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Celebre Lidèchip Kominotè: Nou Onore Petrina Martin Cherry kòm yon lidè chanjman
|
|
Mwa sa a, nou te onore Petrina Martin Cherry, ki se vis-prezidan angajman kominotè ak afè ekstèn nan Sistèm Sante Sant Medikal Boston avèk Pri Lidè Chanjman nan 18yèm Gala Bostonians for Youth ke Trinity Boston Connects te prezante a.
Tèm evènman an ki se "Gerizon Paka Tann" fè eko ak misyon Petrina nan BMC a, ki se rankontre moun yo kote yo ye a epi konstwi konfyans atravè aksè, ekite ak aksyon. Yo rekonèt li pou ekspètiz li genyen nan konstwi relasyon ki fò ak kolaboratif. Petrina te jwe yon wòl enpòtan anpil nan devlopman pwogram ki baze nan kominote yo, epi ki ofri aksè pou swen sante pou kominote ki pa gen anpil resous, fè sansibilizasyon pou drepanositoz (anemi falsifòm), sipòte deplwaman vaksen kont COVID-19 BMC a, epi fè pwomosyon sante mantal ak sante fi. Li fè sa pandan l ap favorize otonomizasyon nan katye ki istorikman pa resevwa ase sèvis .
Epitou, yo rekonèt travay Petrina a nan YW Boston nan 30yèm Edisyon Anyèl Academy of Women Achievers, kote y ap onore lidè ki ap konstwi yon Boston ki pi enklizif kote tout fi kapab epanouyi.
Rekonesans sa a reflete travay pataje nou an nan BMC, ki se founi swen yon fason sible epi kanpe bò kote kominote nou ap sèvi yo. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Travay ak Rekonesans Petrina
|
|
|
|
Celebre Lidèchip Kominotè: Nou Onore Petrina Martin Cherry kòm yon lidè chanjman
|
|
Mwa sa a, nou te onore Petrina Martin Cherry, ki se vis-prezidan angajman kominotè ak afè ekstèn nan Sistèm Sante Sant Medikal Boston avèk Pri Lidè Chanjman nan 18yèm Gala Bostonians for Youth ke Trinity Boston Connects te prezante a.
Tèm evènman an ki se "Gerizon Paka Tann" fè eko ak misyon Petrina nan BMC a, ki se rankontre moun yo kote yo ye a epi konstwi konfyans atravè aksè, ekite ak aksyon. Yo rekonèt li pou ekspètiz li genyen nan konstwi relasyon ki fò ak kolaboratif. Petrina te jwe yon wòl enpòtan anpil nan devlopman pwogram ki baze nan kominote yo, epi ki ofri aksè pou swen sante pou kominote ki pa gen anpil resous, fè sansibilizasyon pou drepanositoz (anemi falsifòm), sipòte deplwaman vaksen kont COVID-19 BMC a, epi fè pwomosyon sante mantal ak sante fi. Li fè sa pandan l ap favorize otonomizasyon nan katye ki istorikman pa resevwa ase sèvis .
Epitou, yo rekonèt travay Petrina a nan YW Boston nan 30yèm Edisyon Anyèl Academy of Women Achievers, kote y ap onore lidè ki ap konstwi yon Boston ki pi enklizif kote tout fi kapab epanouyi.
Rekonesans sa a reflete travay pataje nou an nan BMC, ki se founi swen yon fason sible epi kanpe bò kote kominote nou ap sèvi yo. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Travay ak Rekonesans Petrina |
|
|
|
|
BMC Nan Nouvèl La |
|
|
|
Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. |
|
|
|
Sezon alèji a ap kòmanse 20 jou pi bonè. Sa vle di soufrans la ap kòmanse pi bonè tou
|
|
“Tan ak entansite sezon polèn yo ogmante nan zòn tanpere tankou kote nou rete… chanjman klimatik la chanje nivo nòmal la.”
- Dr. Frederic Little, alèjis ak doktè poumon nan BMC, nan The Boston Globe |
|
|
|
Yon pi bon fason pou repare zanch: Konprann artroskopi
|
|
“Kounye a nou ka fè plis bagay pase 20 ane de sa. Vizibilite a pi bon, epi nou ka repare plis kalite chire nan diferan zòn avèk artroskopi olye de operasyon louvri.”
- Dr. Xinning Li, chirijyen òtopedik nan BMC, nan yon atik WebMD |
|
|
|
Youn nan manje doktè jeryat pa manje pou viv an sante pi lontan
|
|
Dr. Hollis Day, chèf jeryatri nan BMC, eksplike ke lè ou manje byen balanse, ou pa bezwen twòp sipleman. “Sa enkli pran kalsyòm nan manje ki rich ak kalsyòm olye de grenn. Kò a absòbe li pi byen e li gen plis bon gou tou.” – MSN |
|
|
|
|
|
Fiquei impressionado com todo o processo do meu tratamento de aumento da próstata. Eles foram honestos, profissionais e dedicados. Estou 100% satisfeito com o resultado final. Não tenho palavras para descrever o quanto todo o departamento é excelente. Entrei com muita dor e saí um homem novo... Não tenho como agradecer a todos por toda a experiência!!!! Obrigado a todos do departamento de urologia. |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
|