Share

Mas 2024

Li nan navigatè a

BMC ou a

Apre yo te dyagnostike li ak yon maladi ki ra, Bebe Ethan ap pwofite apre li te resevwa swen nan Pwogram fetal BMC a

Lè Josseline te ansent 10 semèn, li te sezi lè l te aprann ti bebe l la t ap fèt ak gastwoschisis, yon maladi ki ra kote trip yo grandi andeyò kò a atravè yon twou nan pawa vant la. Men, chèf operasyon pedyatrik Doktè Christopher Muratore te asire yo yo te nan bon men ak pwogram miltidisiplinè fetis BMC a, ki rasanble konseye jenetik, doktè medsin matènèl-fetal, chirijyen pedyatrik ak espesyalis medikaman pou kowòdone akouchman gwosès konplèks.

Apre yon akouchman ki te fèt ak anpil atansyon epi yon operasyon ki te konplèks, kounye a la Ethan ki gen 4 mwa ap pwofite. Josseline te di "Se pa ti kontan mwen kontan pou m chanje tout kouchèt sa yo," Epi li ri. "Mwen gen rekonesans pou chak jou nou genyen li nan lav nou."

Jwenn plis enfòmasyon sou operasyon pedyatrik →

N ap prezante. Laurence Brinckerhoff, Chèf Divizyon Operasyon Torasik

Divizyon Operasyon Torasik nan BMC la bay yon seri sèvis klinik konplè epi klas mondyal pou pasyan ki gen maladi nan poumon, nan pwatrin ak nan èzofaj. Yon ekspè renome nan domèn li a, Doktè Brinckerhoff te vini nan BMC an 2022 paske li admire travay depatman onkoloji radyasyon ak depatman ki espesyalize nan poumon nou yo ap fè, tankou teknik avanse ki pa anvayi kò a, pou amelyore rezilta pasyan yo.


Jwenn plis enfòmasyon sou operasyon torasik →

Nouvo Inite pou Pasyan ki Entène ak Etablisman Modèn

Pandan kèk ane ki sot pase yo, nou te transfòme klinik pou pasyan ekstèn yo ak famasi an tou, epitou nou te konstwi nouvo inite pou pasyan ki entène yo. Dènyèman, nou koupe riban pou devwale de (2) nouvo inite pasyan ki modèn nan bilding Yawkey nou an, ki te ajoute plis kabann pou pasyan ki entène yo pou pi byen sèvi kominote nou an!

Nou #BMCFyè pou jan nou kontinye modènite kanpis nou an pou bay bonjan swen nan etablisman ki modèn.

Al gade nouvo espas la →

Felisitasyon Doktè Paul Tornetta, 92èm Prezidan of AAOS

An fevriye, yo te nonmen chèfòtopedik BMC a, Doktè Paul Tornetta, pou sèvi kòm nouvo prezidan Akademi Ameriken pou Chirijyen Òtopedik (American Academy of Orthopaedic Surgeons, AAOS), pi gwo asosyasyon medikal espesyalis miskiloskelèt nan mond lan. Yon chèchè ak klinisyen renome, yo te nonmen Doktè Tornetta kòm yon gran doktè nan Boston Magazine depi 2006.

Li yon entèvyou ak Doktè Tornetta →

Mas se Mwa Nasyonal pou Nitrisyon

BMC Swete ou Bon Mwa Nasyonal Nitrisyon. Isit la nou kwè ke manje se medikaman. Se poutèt sa nou bay pasyan yo manje ki apwopriye sou plan medikal ak kiltirèl ki soti nan gadmanje manje prevantif nou an, pwodui fre ki soti nan jaden sou do kay nou an, konpetans gastronomik nan kizin ansèyman nou an, ak edikasyon sou nitrisyon nan men dyetetisyen pasyan ki entène ak pasyan ki pa entène.


Suiv konsèy sa yo pou w manje pi byen:

Pa sote manje matenKòmanse jounen ou ak grenn antye, pwoteyin mèg, fwi ak legim.

Button

Manje legim (ak fwi) ou yo

Eseye manje 2 tas edmi legim ak 2 tas fwi chak jou.

Fè manje pi souvan

Prepare pwòp manje w tan pou w manje nan restoran oswa manje nan bwat. Konsa w ap fè ekonomi epi w ap manje pi bye. Kòmanse chèche resèt ki senp pou ou ak manje ou ka manje.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram manje ak nitrisyon nou yo →

Kisa #ReekriSwenSante Siyifi pou ou?

BMC ap re-ekri swen sante kote l ap pouse limit inovasyon medikal yo pandan n ap kreye yon sistèm ki ekitab ki pèmèt tout moun pwospere.  Nan mwa ki sot pase yo, nou te pran lari a pou nou pataje istwa pasyan nou yo, asosye kominotè nou yo ak pwofesyonèl swen sante nou yo - ou ka te kwaze ak nou!


Pataje kisa "Re-ekri Swen Sante" siyifi pou ou →

Anons

Nouvèl konsènan pote Mask pou Pasyan ak Vizitè BMC yo

Apati 4 mas, BMC pa egzije pou moun poste mask nan bilding lopital yo ankò. Pasyan ak vizitè ki gen sentòm maladi respiratwa, tankou tous, lafyèv, nen k ap koule, oswa souf kout, menm si w te teste negatif pou COVID-19, yo ka mande w pou w mete yon mask chirijikal pou diminye pwopagasyon jèm respiratwa epi pwoteje lòt moun.

Mete sou sa a, anplwaye BMC yo oblije mete mask nan tout zòn klinik yo, tankou yon mask N95 lè y ap pran swen yon pasyan ki gen COVID-19. N ap kontinye gen mask disponib nan tout antre yo. Nou apresye kolaborasyon ak patisipasyon pa w nan kenbe tout moun nan kominote BMC a an sekirite.

Jwenn plis enfòmasyon sou nouvèl konsènan mask nou an →

Nominasyon

Newsweek te nonmen BMC yon pi bon kote pou fanm travay

Newsweek te evalye plizyè milye òganizasyon atravè peyi a sou mezi tankou konpansasyon, ekilib ant travay ak lavi , ak divèsite pou jwenn kote yo konsidere pi bon kote pou fanm travay. Nou onore pou nou sou lis 2024 yo a,  kote yo rekonèt nou pou angajman nou pou kreye yon espas travay ekitab pou fanm yo. Nan BMC, nou apresye seri pèspektiv, orijin, talan, ak eksperyans anplwaye nou yo, sa ki fè nou inikman kapab bay swen ekselan a tout pasyan alawonnbadè.

Gade lis konplè a →

Forbes pibliye lis pi bon gwo anplwayè Amerik yo

Nou fyè pou nou anonse ke BMC te klase kòm youn nan 600 pi bon gwo anplwayè nan Amerik nan Forbes. Plis pase 170,000 anplwaye ak ansyen anplwaye atravè 25 endistri te fè sondaj pou lis 2024 Forbes la. Nou onore dèske yo rekonèt nou paske nou ale pi lwen nan sipòte anplwaye nou yo epi bay yo zouti ki nesesè pou yo pwospere, ni nan espas travay la ni deyò.

Jwenn plis enfòmasyon sou klasman 2024 la →

Evènman yo Prevwa

Together for Hope: Konferans sou Adiksyon Boston

Kilè: Soti 15 pou rive 16 mas

Ki kote: Roxbury Community College


Grayken Center pou Adiksyon ki nan BMC ap òganize Together for Hope: Boston Addiction Conference 2024, yon konferans de (2) jou pou rasanble klinisyen, edikatè, chèchè, moun k ap fè politik, defansè, ak lidè kominotè k ap inove pou konstwi lavni swen pou adiksyon nan Boston.

Jwenn plis enfòmasyon sou sa.

Ekspozisyon Sou Byennèt Fanmi Nwa

Kilè: Samdi 23 mas, ant 10è a.m. ak 2è p.m.

Ki kote: Twelfth Baptist Church, 160 Warren St, Roxbury, MA 02119


Boston Medical Center Health System (BMCHS) se esponnsò prensipal Ekspozisyon Sou Byennèt Fanmi Nwa 2024 la, epi se Chapit Boston The Links Inc. lan k ap òganize li. Ap gen reprezantan nan BMCHS ak òganizasyon kominotè sou plas pou pataje enfòmasyon ak resous enpòtan ki sipòte sante fizik, mantal, finansye ak espirityèl. Aktivite sa a fè pati yon jounen nasyonal enpak epi li louvri pou tout kominote a. Ou pa bezen enskri pou w vini.

Nan Pwòp Mo Pa ou

M te toujou gen yon bèl eksperyans ak enfimyè a, biwo administratif la, ak doktè a. Mwen kwè nan doktè sa a ak opinyon li. Operyasyon mwen an te byen pase epi nenpòt lè m vin wè doktè a, li eksplike m tout bagay epi lè m soti m toujou konnen kisa k ap pase.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. 

Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo.


Gade wòl ouvè isit la.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou
iconKòd Konduit

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!



Email Marketing by ActiveCampaign