|
|
|
Li Vin pi Bon Defansè Pwòp Tèt li: Pakou Cloret avèk Maladi Drepanositoz |
|
|
|
Toutpandan yo t ap grandi, Cloret Carl ansanm ak 11 nan frè ak sè li yo te jere maladi drepanositoz la grasa yon tkras sipò. Yon jou, li te enskri nan yon esè klinik nan BMC, epi pandan sèt (7) ane ki vin apre yo, li te patisipe nan kèk vèsyon nan esè a ki te bay bon rezilta. Depi lè sa a, li te rete atache ak BMC.
"Moun soti toupatou nan monn nan pou vin nan BMC — Brezil, Venezyela, Ayiti, Emira Arab Ini — pou jwenn swen pou maladi drepanositoz. Apa tretman medikal ansanm ak esè klinik, yo devlope yon plan byen mezire pou ede w mennen yon lavi ki andeyò maladi a."
Jodi a, Cloret fè konnen maladi Drepanositoz li a sou kontwòl epi sa fè sèt (7) lane depi li pa entène lopital.
Ekspè nan BMC ki gen renome mondyal yo ofri yon sèvis medikal ki ekselan grasa dènye terapi jenetik yo, swen pèsonalize, ansanm ak sipò ki pa gen konparezon.
|
| Li plis sou Istwa Cloret la → |
|
|
|
|
|
|
BMC Hospital at Home, pèmèt Pasyan yo Geri Pandan yo Konfòtab Lakay yo |
|
|
|
Apre Nicole Constant te fin entène nan BMC pou maladi Crohn, li te chwazi resevwa rès swen an lakay li pa mwayen BMC Hospital at Home. Men sa li fè konnen: “Tout sa nou te gen pou fè, se annik ouvri pòt la epi yo te jere tout bagay.” “Mwen santi m tèlman gen privilèj dèske mwen te antoure ak yon pakèt gwo pwofesyonèl Iasante ki envesti tout yo menm nan sante mwen. Mwen panse mwen te geri pi viv paske mwen te lakay.” |
|
|
|
|
|
|
|
|
Aprann Kijan Swen Sante ki Adapte ak Kilti Enpòtan pandan Mwa Eritaj Ispanik sa a |
|
|
|
Nan BMC, nou asire nou kilti Ispanik ak Latino yo entegre nan pakou swen pasyan nou yo pa mwayen yon seri sèvis entèprèt elaji, pwogram ki jere disparite nan kesyon sante pou pasyan Latino yo, epi grasa enfòmasyon nan domèn kiltirèl. Athina Schmidt, yon chèchè nan BMC epi ki se kowodonatris klinik HIV-Endurance (HIVE) nou an, te di kisa mwa sa a reprezante pou li ansanm ak fason idantite kiltirèl li gen enfliyans sou travay li. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Gid pou Byen Manje apre yon Dyagnostik Kansè: Poukisa sa Enpòtan pou Gerizon ou |
|
Nan mwa oktòb sa a, pou onore Mwa Sansibilizasyon pou Kansè nan Tete ak Mwa Sansibilizasyon pou Kansè nan Fwa a, nou ap met aksan sou jan li enpòtan pou manje aliman ki bon pou sante pandan yon pakou ak kansè. Lè w gen yon rejim alimantè ki nitritif, men ki fason sa kapab ede w apre yon dyagnostik pou kansè: |
|
|
|
Kenbe fòs ou, enèji w, ak byennèt ou an jeneral. |
|
|
|
|
|
|
|
Ogmante chans gerizon ak retablisman. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC Health System Akeyi Good Samaritan Medical Center ak St. Elizabeth’s Medical Center nan Sistèm Sante li a |
|
Nou fyè pou nou akeyi Good Samaritan Medical Center ak St. Elizabeth’s Medical Center nan Boston Medical Center Health System. Nou pataje menm anbisyon ki se bay swen ki ekselan nan domèn klinik avèk konpasyon, epi misyon nou se gen asirans kominote nou yo jwenn swen ki ekitab.
“Ansanm, grasa yon seri klinisyen ak manm pèsonèl ki vrèman kalifye nan chak lopital, nou ap travay pou asire bonjan estabilite ak yon tranzisyon transparans posib pou pasyan yo, pandan nou ap mete aksan sou kesyon alontèm ansanm ak dirabilite pou sistèm sante nou an.” Aprann plis nan men Alastair Bell, MD, Prezidan ak Dirèktè Jeneral BMC Health System.
Nan chak lopital nou yo, nou pran angajman pou bay pasyan nou yo mwayen pou yo aji, lè nou ofri yo swen ki santre sou yo menm epi ki chaje konpasyon.
Dekouvri plis sou fason BMC ranfòse kesyon swen sante a nan kominote w la. |

Sezon Grip la Rive: Pran Vaksen Grip Ou a |
|
Li enpòtan pou w pran yon piki kont grip pou fè prevansyon kont grip ak maladi grav si w vin malad. Tout pasyan ki gen pou pi piti sis mwa sipoze pran vaksen grip la. Sa sitou enpòtan pou moun ki gen yon pi gwo risk pou vin gen konplikasyon grav ki lye ak grip yo, tankou moun ki ansent, moun ki gen pwoblèm medikal kwonik, epi timoun.
Kenbe ni ou menm ni moun ou renmen yo an sante. Pwograme yon randevou jodi a. |

Amelyore lavi Sitwayen ki Retounen yo, Fanmi yo, ansanm ak Kominote a an Jeneral |
|
Nan dat 24 septanm, BMC Health System nan patenarya ak Pwokirè Jeneral Andrea Campbell, te òganize yon chita pale ak yon ekspozisyon sou sitwayen ki retounen yo, yon fason pou amelyore lavi sitwayen ki afekte oswa ki enplike nan sistèm jistis penal la. Evènman an te rasanble yon seri lidè nan kesyon opinyon, defansè, ansanm ak moun ki te viv yon eksperyans. Reveran Willie Bodrick ak oratè Mike Curry, Jay Vilar epi Carla Monteiro, te anime yon chita pale kote yo te abòde kesyon sante mantal la ansanm ak obstak pou moun antre sou mache travay la. Mete sou sa, nou te ofri aksè nan yon seri resous ki enpòtan anpil, tankou lojman, travay, sèvis finansye, ak sèvis sante kominotè, ansanm ak yon seri kado ki enteresan.
Gade foto ki te fèt nan evènman Chita Pale ak Ekspozisyon pou Sitwayen ki Retounen yo.
|
|
|
|
Amelyore lavi Sitwayen ki Retounen yo, Fanmi yo, ansanm ak Kominote a an Jeneral |
|
Nan dat 24 septanm, BMC Health System nan patenarya ak Pwokirè Jeneral Andrea Campbell, te òganize yon chita pale ak yon ekspozisyon sou sitwayen ki retounen yo, yon fason pou amelyore lavi sitwayen ki afekte oswa ki enplike nan sistèm jistis penal la. Evènman an te rasanble yon seri lidè nan kesyon opinyon, defansè, ansanm ak moun ki te viv yon eksperyans. Reveran Willie Bodrick ak oratè Mike Curry, Jay Vilar epi Carla Monteiro, te anime yon chita pale kote yo te abòde kesyon sante mantal la ansanm ak obstak pou moun antre sou mache travay la. Mete sou sa, nou te ofri aksè nan yon seri resous ki enpòtan anpil, tankou lojman, travay, sèvis finansye, ak sèvis sante kominotè, ansanm ak yon seri kado ki enteresan.
Gade foto ki te fèt nan evènman Chita Pale ak Ekspozisyon pou Sitwayen ki Retounen yo. |
|
|
|
Soutni Jèn nan Rejyon Boston yo Pandan Fèt Katye Deatrich Wise la nan Mattapan |
|
BMC fyè pou patenarya li fè ak New England Patriots’ Deatrich Wise, ansanm ak Boys & Girls Club Boston pandan 5yèm Edisyon Fèt Katye Deatrich Wise la Chak Ane! Nan evènman chak ane sa a, ki gratis, yo selebre epi ankouraje timoun, adolesan, ak fanmi ki nan kominote nou an. Ekip swen dantè, sante konpòtmantal ak sante pou fi nan BMC yo te la pou distribiye yon seri resous epi pou kolekte yon seri kòmantè enpòtan nan kominote a, sou fason pou amelyore aksè nan swen yo. Nou te la antanke #BMCProud pou kontinye angajman nou pran pou yon patenarya kominotè entansyonèl, epi pou soutni yon evènman ki bay timoun yo yon platfòm pou di sa yo panse.
Gade foto yo fè nan fèt katye a.

Gade foto yo fè nan fèt katye a. |
|
|
|
|
Mizajou Konstriksyon Campus |
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an
Lè w vini sou kanpis BMC, w ap remake kèk gwo chanjman ki fèt toutpandan nou ap travay pou asire nou aparans kanpis nou an koresponn ak swen eksepsyonèl ou vin chèche a pa mwayen pwojè Re-amenajman Kanpis nou an. Staf nou an pare pou ede w konprann chanjman tanporè yo pandan nou ap fè gwo amelyorasyon sa yo. Kounye a, antre prensipal Bilding Menino a fèmen, anplis antre Bilding Yawkey a ki deja fèmen. Pandan konstriksyon an, tout pasyan yo ak vizitè yo kapab pase nan Antre Moakley a (830 Harrison Ave), kote manm pèsonèl la ap ede w rive kote ou prale a. Antre Depatman Dijans lan ap rete sou Albany St. Tanpri, sonje w ap pran plis tan pou w rive nan randevou w la pandan antre Menino ak Yawkey yo fèmen. Nou apresye pasyans ou demontre pandan nou ap amelyore etablisman nou yo, epi nou pa kapab tan pou akeyi w nan BMC anvan, pandan, epi apre konstriksyon an. |
| Aprann plis sou efò ki ap fèt pou Re-amenaje Kanmpis nou an → |

Pèsòn pa kapab evite estrès ki genyen pou al fè yon egzamen imajri pou tete, men, ekip nan Belkin nan fè gwo efò pou fè bagay yo avanse yon fason ki efikas epi pou kreye yon anviwònman ki bon pou ou. Teknisyen ki te fè mamogram mwen an te gen yon bon teknik pou fè m santi mwen pi alèz, epi doktè mwen an te montre li vrèman itil pandan egzamen suivi ak konvèsasyon mwen an. Mèsi tout moun ki te la! |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
|