|
|
Sante Pwostat: Siy, depistaj ak kilè pou pale avèk pwofesyonèl swen sante ou |
|
|
|
|
|
Septanm se Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Pwostat ak Mwa Sansibilizasyon Pou Iwoloji, se bon moman pou aprann plis sou sante pwostat ak wòl depistaj kapab jwe nan detekte pwoblèm sante yo bonè.
Kansè Pwostat se youn nan kansè nou jwenn pi souvan nan Etazini. Gason nwa ak gason ki gen antesedan familyal kote moun gen kansè pwostat gen yon pi gwo risk pou devlope maladi a. Kansè pwostat souvan devlope san okenn sentòm ki remakab nan premye etap yo, pou rezon sa a depistaj kapab ede w idantifye chanjman yo anvan sentòm yo parèt. Si lè w panse ak yon egzamen pwostat li fè w anvi pouse moman depistaj la, ou pa poukont ou. Epitou, genyen yon lòt fason pou kòmanse konvèsasyon sou sante pwostat.
Youn nan zouti depistaj nou jwenn souvan se tès antijèn pwotastik espesifik (PSA) a. Se yon tès san ki mwens envazif, epi ki pèmèt yo mezire yon pwoteyin pwostat la pwodui. Nivo PSA a kapab ogmante pou plizyè rezon, donk lè to a wo sa pa tou vle di se yon kansè pwostat. Si to PSA a pi wo pase sa yo t ap atann lan, pwofesyonèl swen sante ou an kapab pale avèk ou sou kisa li ka vle di. Epitou, si w ap bezwen fè nenpòt tès suivi ki apwopriye.
Youn nan pi gwo avantaj tès PSA a se li kapab ede nou idantifye kansè pwostat pi bonè, nan moman li ka pi fasil pou trete. Epitou, kòm tès la mande sèlman pou yo pran yon echantiyon san, li fèt yon jan vit epi se yon opsyon fasil ki kapab entegre nan yon vizit woutin pou sante. |
|
|
|
Depistaj Ki Rive Jwenn Ou
BMC Health System ap pèmèt kominote ki atravè Greater Boston gen aksè pi fasil ak enfòmasyon sou kansè pwostat ansanm ak depistaj senp, epi ki mwens envazif gras ak yon bis k ap deplase pou fè depistaj. Gason ki genyen 40 jiska 70 lane epi ki reponn ak obligasyon pou kalifye yo kabap fè yon depistaj kote y ap itilize tès PSA a. Bis k ap deplase pou fè depistaj la ak ekip yo ap nan plizyè evènman lokal popilè pandan otòn sa a, gade dat n ap genyen pou fè sa, epi vin vizite nou pou jwenn plis enfòmasyon: Gade ki kote bis k ap deplase pou fè depistaj la ap gen pou vini. |
|
|
|
Nan Boston Medical Center, angajman nou pran pou detekte maladi sa a bonè ale pi lwen pase espas sant medikal nou an. Ekip iwoloji nou an klase kòm #38 nan nivo nasyonal daprè U.S. News & World Report ap chèche nouvo fason pou pote sèvis depistaj ki aksesib nan kominote n ap sèvi a. Epitou, li pèmèt li pi fasil pou gason yo pran etap enpòtan pou yo konprann sante pwostat yo a. Epitou, espesyalis nou yo ofri swen ekspè epi ki bay ak konpasyon pou yon pakèt pwoblèm iwolojik, gras ak opsyon tretman ki avanse ansanm ak swen ki bay an ekip pou chak pasyan. |
| Eksplore swen iwoloji nan BMC → |
|
|
|
|
|
|
Lè a rive pou ou fè yon mamografi? Pou mwa oktòb sa a, nou ap pèmèt li fasil |
 |
|
|
|
Li vin yon ti jan pi fasil pou kreye tan pou mamografi ou an avèk orè rezève nan wikenn pou depistaj k ap fèt nan premye wikenn mwa oktòb. Jou ki ap 3 ak 4 Oktòb ekip nou an ap ouvè lè pou depistaj ki disponib pou rezève sòti 7:30am–4:00pm nan Moakley Building, Suit 1300. Si ou gen 40 jiska 75 lane epi ou poko fè yon mamografi nan ane ki pase yo, se yon bon opòtinite pou priyorize sante w san ou pa re-òganize semèn ou.
Li obligatwa pou pran randevou epi plas yo limite. Pou pran randevou ou an, rele nan 617-414-9729 epi peze 2. Tanpri pwofite opòtinite sa a pou priyorize sante ak byennèt ou. Depistaj ki fèt bonè sove lavi, epi ekip nou an la pou ou.
Belkin Breast Imaging Center ofri swen imajri pou tete gras ak dènye teknoloji pou tout pasyan k ap resevwa swen nan Boston Medical Center. Menm si ou gen yon enkyetid oswa ou sèlman vini pou yon egzamen depistaj, nou pran angajman pou ofri w swen ki bay ak ekspètiz epi ki adapte ak fason ou viv. |
| Jwenn plis enfòmasyon sou sant imajri pou tete BMC → |
|
|
|
|
|
30 lane laswenyaj kapab kite yon enpak ki dire tout lavi |
|
|
|
|
|
Pandan n ap kontinye selebre 30 lane BMC, nou p ap sèlman reflechi sou tout wout nou fè, men sou lavi nou rive chanje nan pakou sa a. Pou kèk pasyan, swen yo resevwa la fè pati istwa lavi yo, epi li fòme sa k ap vini annapre nan fason ki kapab dire yon dizèn ane.
Sa gen plis pase 30 lane, yon blesi ki menase lavi moun te mennen yon jèn pasyan nan lopital nou an. Swen li te resevwa te chanje trajektwa lavi l. Jounen jodi a, kòm yon adilt, li toujou sonje moun ki te pran swen li yo epi li toujou rekonèt se lopital la ki ede avni li posib. Epi, li toujou retounen nan depatman ki te sove lavi li, avèk ti bonbon nan men l pou di mèsi.
Istwa li se yon gwo rapèl ki montre enpak swen yo pa fini lè pasyan an kite lopital la. Pafwa, li dire tout lavi.
Nan sezon ete 1994, yon ti gason ki rele Joe Tierney epi ki te gen 15 lane t ap viv nan Hyde Park, li t ap travay nan premye travay li pandan ete a pou yon konpayi jesyon pwopriyete lokal. Pandan twazyèm semèn li nan travay la, li t ap ede yon lokatè demenaje nan yon batiman apatman an nan kèk distans ak lakay li.
Joe sonje: “Nenpòt lòt jou, m t ap pran woulib, men mwen te di ‘M ap mache pou ale lakay mwen.” “Pandan mwen t ap deplase, gen yon machin ki frape m devan batiman an sou Truman Parkway.”
Vwazinay yo te kouri vin ede m. Yon zanmi fanmi m ki te deyò a pou li ale kouri, te jwenn Joe san konesans nan lari a, li te rele anbilans epi li te mete papa Joe okouran, ki te kouri vini soti nan kay yo an ki te toupre a.
Sekouris yo ki te wè jan blesi yo te grav te kouri ak Joe epi papa l nan Boston City Hospital, youn nan de (2) lopital ki pral pi devan fè yon sèl pou tounen Boston Medical Center.
Joe di “San okenn dout, se pi bon sèvis twomatoloji nan peyi a” pandan l ap sonje istwa li te rakonte annapre a. “Se la nou prale. Se la a l ap resevwa pi bon swen an.”
|
|
|
|
|
|
|
|
Ajoute abitid senp sa yo epi pwoteje sante sèvo w pandan Mwa Pou Vyeyi An Sante a |
|
|
|
|
|
Chwa n ap fè chak jou yo kapab kenbe sèvo nou an sante pandan n ap pran laj. Sante sèvo a pa sèlman konsène memwa. Li gen rapò ak abitid nou pran ak tout laj.
Asosyasyon Kont Alzheimer rele yo 10 abitid ki bon pou sante sèvo a, epi mwa septanm sa a ki se Mwa Pou Vyeyi An Sante se bon okazyon pou pratike yo:
-
Travay lespri w: Aprann yon nouvo konpetans oswa eseye yon bagay atistik.
-
Kontinye aprann: Pran yon klas nan bibliyotèk lokal ou an oswa anliy.
-
Bouje: Eseye fè pou pi piti 150 minit aktivite chak semèn. Mache, danje, epi fè jadinaj tout konte.
-
Pwoteje tèt ou: Mete kas pwoteksyon ak senti sekirite pou evite blesi.
-
Pa fimen: Lè w sispann fimen li pwoteje sèvo ak kò w.
-
Kontwole tansyon w: Kenbe li nan yon limit ki bon pou sante a pou diminye risk pou fè yon estwòk.
-
Kontwole dyabèt ou: Lè sik ou estab li ede pwoteje veso san ou.
-
Manje byen: Chwazi plis fwi, legim, sereyal konplè ak pwoteyin mèg.
-
Kenbe yon pwa ki bon pou sante a: Lè w gen yon pwa ki ekilibre li soulaje kè ak veso san yo.
-
Dòmi byen: Eseye dòmi ant sèt ak nèf èdtan chak nuit.
Pale avèk ekip swen ou an sou ki abitid ki pi adapte ak lavi w.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Newsweek nominen BMC kòm youn nan pi bon lopital nan eta a pou ane 2026 la
|
|
Nou kontan anpil pou pataje yo nominen BMC nan Newsweek kòm youn nan pi bon lopital nan eta a pou ane 2026 la.
Nan BMC, nou ofri swen an fonksyon moun n ap sèvi a, nou rankontre pasyan yo nan nivo yo ye a, epi nou trete chak moun kòm yon patnè egal nan swen li.
Klasman an chita kòl sou kat kritè: endikatè kalite lopital la, repitasyon lopital la, eksperyans pasyan ak fason yo mete sou pye endikatè rezilta pasyan yo rapòte (PROMs). Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Pri a.

Boston Magazine nominen BMC Health System nan lis pi bon lopital nan Greater Boston pou chiriji
|
|
Yo ajoute lopital BMC Health System nan lis pi bon lopital Boston Magazine pou Chiriji pou plizyè espesyalizasyon ak pwosedi tankou Chiriji Kansè, Chiriji Jeneral, Chiriji Òtopedik ak plis ankò.
Metodoliji a apiye l sou done medikal ki gen rapò ak demann reklamasyon pou swen medikal, epi ki la pou evalye lopital yo daprè kritè esansyèl yo, tankou to mòtalite ak konplikasyon, sekirite pasyan ansanm ak to gerizon ak egzeyat nan lopital la. Epitou, li konsidere rekòmandasyon doktè yo pou reflete ekspètiz ak swen kalite. Gade tout lis moun ki resevwa pri yo.

Selebrasyon Mwa Nasyonal Pou Retablisman nan Grayken Center for Addiction
|
|
Li posib pou retabli, epi sa rive chak jou. Dèyè chak moun k ap viv avèk yon twoub konsomasyon sibstans gen yon sèk ki gen fanmi ak moun ki pwòch k ap pataje pakou a, ofri ankourajman, pasyan ak lespwa. Sipò yo gen enpòtans, menm jan ak aksè ak swen efikas ki gen konpasyon.
Nan Boston Medical Center, Grayken Center for Addiction la ap travay pou asire tout moun ki gen yon twoub konsomasyon sibstans gen aksè ak tretman, epi sipò ki efikas epi ki baze sou prèv. Kòm yon lidè nasyonal nan kesyon medsin kont adiksyon, Grayken sèvi pasyan sòti nan nesans pou rive nan swen pou moun aje. Epitou, li ranfòse sèvis ak resous pou fanmi ki afekte ak adiksyon sa a. Pwogram li an gen ladan l:
- Tretman ki baze sou prèv pou twoub konsomasyon sibstans
- Medikaman pou opyoyid ak twoub konsomasyon alkòl
- Seyans konsèy ak sipò pou retabli
- Swen ak resous pou fanmi ak moun ki pwòch yo
- Sipò pou pasyan ki ansent epi k ap leve timoun
Mwa sa a se Mwa Nasyonal Pou Retablisman, se yon moman pou rekonèt fòs moun k ap viv avèk yon adiksyon ansanm ak fanmi ki sibi enpak li. Li vini apre Jounen Sansibilizasyon Nasyonal Kont Ovèdoz ki se 31 Out, kote nou sonje moun ki pèdi lavi yo, epitou renouvle angajman nou pran pou gen konpasyon ak solidarite ki nesesè nan swen pou retabli. Nan Grayken, angajman sa a ap kontinye, li kraze obstak, diminye estimagtizasyon, epi ede plis moun retabli epi mennen yon vi ki pi an sante.
Si ou menm oswa yon moun pwòch ou bezwen sipò, kontakte nou se yon premye etap ki enpòtan anpil. Grayken Center for Addiction la pou ede ou jwenn swen ki adapte ak lavi w. Jwenn plis enfòmasyon sou Grayken Center for Addiction |

EQTY 2026: Ansanm, ann bati yon avni kote nou gen pi bon sante
|
|
Ak kisa swen sante a t ap sanble si nou bati l pandan nou ak konsidere reyalite lavi moun yo?
Se kesyon sa a ki nan mitan konferans anyèl BMC Health System EQTY 2026, ki rasanble ansanm lidè sante, chèchè, klinisyen, aktè chanjman nan kominote a ak lòt moun pandan de (2) jounen (19 ak 20 Oktòb) travay pou kreye yon avni sou kesyon sante ki pi ekitab.
Menm si EQTY a fèt pou yon odyans pwofesyonèl, oryantasyon l gen yon lyen dirèk ak swen n ap ofri chak jou: tande kominote yo, fè fas ak difikilte pou jwenn bon laswenyaj, epi transfòme ide ak chanjman yo an aksyon konkrè.
Tèm pou ane sa a, "Avanse avèk yon plan" montre angajman BMC pran pou li avanse pou pi devan, epi panse fason swen sante kapab pi byen sèvi chak pasyan ak kominote. Jwenn plis enfòmasyon sou EQTY 2026.

Double Enpak ou pou Bon jan Lasante lè w: Adopte yon Abèy
|
|
Aktyèlman, n ap kolekte fon esansyèl pou pwogram BMC yo, tankou Gadmanje Prevantif, Kou Kuizin ak plis, k ap ede tout fanmi nan Boston yo. “Adopte” yon abèy ki sòti nan fèm sou kay nou yo lè ou fè yon don ki gen nenpòt montan pou BMC, epi n ap double l pou miltipliye enpak ou. Pasyan BMC ki se Charonda ak tibebe Chosen se gwo fanatik BeeMC epi nou rekonesan pou swen ekselan yo resevwa nan men Ekip Swen BMC Curbside Care la. Lè ou bay, ou ap resevwa pwòp sètifika adopsyon w. Fè yon zanmi oswa yon moun ou renmen sipriz lè ou bay yon abèy non l an lonè li! Toujou gen tan pou adopte abèy ou an. Fè yon don jodi a.

Sezon grip la rive: Pran vaksen grip ou an
|
|
Yon vaksen kont grip kapab ede pwoteje w pou ou pa pran grip, epi li diminye risk pou gen gwo maladi si ou ta malad. Tout moun ki gen sis mwa ak plis ta dwe pran yon vaksen kont grip chak ane.
Li espesyalman enpòtan pou pran vaksen kont grip ou an si ou ansent, gen pwoblèm sante kwonik oswa gen yon timoun piti paske gwoup sa yo gen pi gwo risk pou gen gwo konplikasyon akoz grip la.
Pwoteje tèt ou ak moun ki pwòch ou pandan sezon grip sa a. Pran randevou pou vaksen grip ou an jodi a.
Boston Medical Center la pou ede ou menm ak fanmi w rete an sante pandan sezon grip la. Jwenn plis enfòmasyon sou kote ou kapab jwenn vaksen grip ou an ak fason pou pwoteje tèt ou ak moun ki pwòch ou yo.

BMC Nan Nouvèl La |
|
|
|
Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. |
|
|
|
Poukisa alèji yo rete pandan plis tan nan New England
|
|
Si ou santi alèji ou yo vin pi plis ane sa a, ou pa poukont ou. Tandans ki gen nan kesyon alèji pou sezon an ap chanje, epi sezon polenn yo ki vin pi long fè sentòm yo pèsiste, epi ale pi lwen pase mwa ki nan sezon prentan ak ete a.
Lè tanperati 90 degre a frape nan mitan mwa Me, li ogmante konsantrasyon polenn lan atravè rejyon an, epi moun ki gen alèji sezonal yo kapab atann pou efè sa yo rete jiska otòn. Doktè Paul J. Maglione,, alègològ-iminolojis sètifye nan Boston Medical Center, pataje sa pa gen twò lontan nan Boston Globe rezon ki fè gen chanjman sa yo, epi kisa moun ki gen alèji sezonal yo kapab atann."
Daprè Doktè Maglione “Si tandans ki gen nan ane anvan yo kontinye, nou kapab atann ak yon sezon polenn pandan otòn la ki pi long, sa ki kapab vle di sentòm ki dire pi plis nan otòn lan pou moun ki sansib ak polenn anbwazi ansanm ak lòt move zèb." Li tout istwa a nan Boston Globe |

Nan Pwòp Mo Pa ou |
|
"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
“Robert Deshane te ekselan. Li te entelijan, li te pran san li pou tande, li te enterese ak sante m, epi li te bay bon rekòmandasyon. Li te re-asire epi ede m anpil...PA Robert Deshane te fè sis èdtan kouri ale retou pou li rive nan BMC epi li te VO sa. Li te byen. Epi pou avanse, mwen gen anpil konfyans Doktè Katz se doktè ki bon pou mwen, paske li konnen kijan pou atire epi kenbe yon trè bon PA.” - Pasyan Iwoloji BMC |