|
|
|
BMC ap selebre Mwa Eritaj Ayisyen Atravè Boston |
|
|
|
|
|
Nan mwa me, BMC selebre ak anpil fyète Mwa Eritaj Ayisyen pandan l ap patisipe ak lidè kominotè yo ansanm ak manm diaspora la nan Parad Eritaj Ayisyen nan Boston, epi nan Jounen Drapo Ayisyen ki ap onore kilti, istwa ak rezilyans ayisyen yo.
Jou ki te 15 me a, lidè kominotè, rezidan ak sipòtè yo te rasanble nan Boston City Hall Plaza pou seremoni anyèl kote yo te montre drapo ayisyen an an rekonesans ak Jounen Drapo Ayisyen an. Pandan tout wikenn la, selebrasyon an ap kontinye nan Parad Pou Jounen Eritaj Ayisyen nan Boston ki te fèt jou ki te 17 Me a. Nan okazyon sa a te gen yon milye moun ki te reyini nan Mattapan pou patisipe nan yon jounen ki te gen anpil mizik, kilti, manje ak fyète kominotè.
Kòm yon esponsò ki fyè pou parad la, BMC konekte manm kominote a avèk resous epi enfòmasyon sou sante pou kore sante ak byennèt pou moun ak fanmi ki ap viv atravè Boston.
Nou onore pou sipòte Jounen Drapo Ayisyen an epi nou rete angaje pou nou fè avanse ekite nan kesyon sante, konsa tout pasyan ap pwogrese. |
| Gade plis prezantasyon sou Selebrasyon Eritaj Ayisyen ak Jounen Drapo Ayisyen an → |
|
|
|
|
|
Enpòtans pou Tande Plizyè Opinyon ak Swen Global |
|
|
 |
|
Dr. Tuhina Neogi |
|
|
Ania Foerste se yon moun ki toujou gen yon lavi aktif. Li se yon siklis ki kouri sou distans ki long epi ki ap dirije de (2) biznis, li pase anpil tan sou pye l. Li gen yon fason li viv ki mande pou li toujou ap monte desann prè lakay li nan Plymouth, Massachusetts.
Lè li te antre nan 40èn li, gen yon bagay ki te kòmanse chanje. Yon bagay ki te kòmanse tankou yon doulè ak fatig li pa t konn abitye genyen te vin transfòme an yon sitiyasyon kote li vin pèdi kapasite l. Tach senp li te konn fè chak jou epi ki te konn rantre nan woutin |
|
|
|
li te vin parèt bridsoukou difisil anpil pou li. Ania te konnen sa yo se pa t fatig ak doulè nòmal moun konn genyen nan lavi yo. Sepandan, pwofesyonèl swen primè (PCP) li te genyen nan moman an pa t dakò avèk li.
Li di: “Yo te fè m konnen an premye, se pa t anyen ki pi plis pase anflamasyon, epi anflamasyon an kapab parèt diferan selon moun lan.” “Men, doulè a te tèlman deranje lavi m mwen te bezwen tande yon dezyèm opinyon. Mwen te ale wè yon òtopedis ki te fè m konnen se te yon pwoblèm chirijikal, epi m ap bezwen ranplase toulède jenou mwen yo.”
Jiska moman sa, Ania pa t kwè pwoblèm la te limite ak jenou li yo, epi li pa t kwè yon anflamasyon sèlman kapab eksplike sa li ap viv la. Kò li t ap fè l konprann gen yon bagay ki pi gwo ki t ap pase.
Li te toujou kontinye chèche repons epi li te swete evite operasyon, li te mande òtopedis la si te gen yon doktè ki te kapab fè yon konsiltasyon ki pi global. Epitou, jwenn rasin sa ki ap pase li a. Se nan moman sa a li te rankontre Responsab Sèvis Rimatoloji Sant Medikal Boston an, Doktè, PhD Tuhina Neogi.
Ania fè konnen: “Mwen sonje, mwen te di Doktè Neogi mwen te nan mitan 40èn mwen, epi m t ap mande tèt mwen si sa gen pou wè pè ak laj m ap pran an.” “Li te gade m nan je epi li te di m se pa t fason nòmal pou pran laj, epi mwen te twò jèn pou m te santi m konsa.”
Moman konfimasyon sa a te reprezante yon gwo bagay pou Ania.
Dekouvri tout istwa Ania a, epi aprann fason apwòch ki baze sou ekip ansanm ak tout kò a nan Sant Medikal Boston te ede l finalman jwenn repons, santi yo te tande l epi pèmèt li rejwenn lavi li te renmen a. |
| Li Tout Istwa Ania la a → |
|
|
|
|
|
|
Èske sentòm ou yo kapab yon maladi oto-imin? |
|
|
|
|
|
Anpil fi fè konnen li kòmanse avèk yon santiman kote yo santi “gen yon bagay ki pa nòmal.” Ou ka santi ou pi fatige pase jan ou konn abitye ye a, remake nouvo doulè oswa santi ou fatige menm apre yon bon lannuit somèy. Pandan plizyè ane, yo te konn blame sentòm tankou fatig, kò fè mal, oswa doulè nan jwenti sou estrès, pran laj, oswa òmòn yo. Sa ki te lakòz, fi nan mitan lavi yo te konn pase anpil tan san yo pa jwenn yon repons ak bagay sa yo. Jounen jodi a, doktè yo konprann sentòm sa yo pi byen epi yo dyagnostike maladi oto-imin yo pi bonè.
Lè gen yon maladi oto-imin ki deklare, sistèm iminitè a—ki pwoteje w nòmalman—kòmanse atake pati nan kò a ki an sante pa erè. Sa kapab lakòz gonfleman ak doulè, akoz anflamasyon nan zòn tankou atikilasyon, po oswa lòt ògàn. Jounen jodi a, gen plis pase 50 milyon Ameriken ki ap viv avèk yon maladi oto-imin, epi fi yo reprezante prèske 80% ka sa yo.
Poukisa maladi oto-imin yo souvan parèt nan mitan lavi
Gen plizyè chanjman ki parèt pandan etap sa a nan lavi ki kapab fè nou remake pwoblèm oto-imin yo plis:
- Chanjman òmòn — Pandan perimenopoz ak menopoz, nivo estwojèn yo vin varye anvan yo diminye. Chanjman sa yo kapab enfliyanse fonksyònman sistèm iminitè a, epi li ka ogmante risk pou pwoblèm oto-iminitè yo.
- Faktè anviwònmantal — Estrès, kèk enfeksyon, fimen ak anflamasyon ki lye ak rejim alimantè oswa fason nou viv kapab “reveye” yon repons iminitè ki t ap dòmi anvan sa a.
- Jenetik ak modifikasyon nan fonksyon jèn yo – Moun ki fèt avèk de (2) kwomozom X ka prezante varyasyon nan nivo jèn ki gen rapò ak sistèm iminitè, epi ki kapab enfliyanse fason sistèm iminitè a fonksyone pandan tan ap pase.
- Pi bon tès — Jounen jodi a rimatològ yo itilize zouti ak done amelyore pou dekouvri maladi oto-imin yo pi bonè, epi kreye plan tretman ki pi pèsonalize.
- Yon pi gwo sansibilizasyon — Fi ak doktè yo gade yon fason ki pi pwòch epi avèk anpil atansyon sentòm yo te konn inyore yo. Lè nou chèche swen bonè li kapab ede pwoteje atikilasyon ak ògàn yo, epi amelyore sante‑alontèm nou.
Fason rimatològ yo kapab ede
Akoz maladi oto-imin yo kapab devlope tou dousman epi yo kapab parèt kòm chanjman ki nòmal lè n ap pran laj oswa tankou chanjman òmonal, rimatològ yo jwe yon wòl enpòtan nan ede fi yo konprann sa k ap pase nan kò yo.
Nan Depatman Rimatoloji BMC, pasyan yo kapab resevwa plizyè kalite swen, tankou enjeksyon nan jwenti, ekografi miskilo-eskeletik, ak tretman atravè enfizyon pou maladi oto-imin yo. Rimatològ nou yo travay yon fason ki pwòch avèk famasyen epi ak lòt espesyalis yo pou asire yo pran an konsiderasyon chak aspè nan sante w. Gen anpil pasyan ki kapab menm wè plizyè pwofesyonèl swen sante nan yon sèl vizit, sa ki pèmèt yo resevwa swen ki pi rapid ak pi kowòdone.
|
| Jwenn Enfòmasyon Sou Swen Oto-imin nan BMC → |
|
|
|
|
Nou ap selebre Semèn Enfimyè atravè Sistèm Sante BMC a |
|
|
|
|
|
Pandan Semèn Enfimyè a (Sòti 6 Me pou rive 12 Me), Sistèm Sante BMC a selebre konpasyon, konpetans ak devouman enfimyè yo atravè BMC, BMC Brighton, ak BMC South. Chak jou, enfimyè nou yo sipòte pasyan ak fanmi yo atravè moman ki pi enpòtan nan lavi yo. Nou rekonesan pou wòl vital ekip enfimyè nou yo ap jwe nan ranfòse sante atravè kominote nou yo. Kominote pasyan, kòlèg, donè ak zanmi yo pataje bon jan swè ak gratitid pou swen ekselan tout enfimyè yo ap ofri chak jou. |
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC ak fè yon doub selebrasyon pou Fèt Manman an |
|
|
 |
|
Alex ak Dawn |
|
|
|
Atravè Sistèm Sante BMC a, Fèt Manman se te yon moman pou onore konpasyon, fòs ak angajman manman yo ak moun ki ap pran swen lòt moun nan kominote nou yo. Sòti nan patisipasyon nan Mach Pou Lapè Nan Okazyon Fèt Manman, ki fèt nan lide pou selebre de fanmi enspiran atravè kanpis nou yo. Jounen an te monte gwo angajman nou pran pou ofri swen, kreye koneksyon ak kominote.
Nan BMC, nou te selebre Alex ak Dawn, yon pè manman-pitit ki ap travay nan Laboratwa Katerizasyon ak Radyoloji Entèvansyonèl. Sa pa gen twò lontan, yo te okipe nan kouri Maraton Boston an avèk Ekip BMC a, epi yo t ap selebre Semèn Enfimyè a youn bò kote lòt. Yo pataje angajman pou ofri konpasyon epi ekselans klinik ki reflete yon eritaj familyal solid nan domèn enfimyè.
|
|
|
|
Nan BMC South, nou te selebre pè manman-pitit la ki gen ladan l, Responsab Swen Enfimye Kristen Higgins, RN, ak Jillian Higgins, RN, ki se enfimyè nan ijans. Yo pataje pasyon yo gen pou domèn swen sante atravè angajman familyal ki travèse jenerasyon. Ansanm, yo mete an valè yon kilti kote youn ap ede lòt, yon epanouyisman pwofesyonèl ki solid epi yon gwo sans kominote.
|
|
|
|
Nan BMC Brighton, nou te onore Jane Chang, ki ap travay nan Dosye Medikal ak Phil Chang, ki ap travay nan IT. Ansanm, yo reprezante yon pè manman ak pitit gason l ki nan lopital la pandan plis pase dis lane. Travay yo ap fè dèyè rido a ede asire nou resevwa swen san pwoblèm, epi eksperyans yo pataje ansanm montre yon gwo angajman pou travay an ekip ak ekselans.
|
|
|
|
Pandan Jounen Fèt Manman sa a ak pi lwen toujou, nou eksprime gratitid nou pou tout manman ak tout moun ki jwe wòl manman epi ki make pou toujou lavi pasyan nou yo ak youn lòt.
|
|
|
|
|
|
|
Mwa Sansibilizasyon Sou Estwòk: Rekonèt siy pou poze aksyon BYEN RAPID (“BEFAST”) |
|
|
|
|
|
Mwa me se Mwa Sansibilizasyon Kont Estwòk.. Yon estwòk rive lè sikilasyon san nan sèvo a bloke oswa lè veso san nan sèvo a koule oswa eklate. Lè sa rive, selil nan sèvo a pa jwenn oksijèn li bezwen an, epi li kapab kòmanse mouri nan espas kèk minit.
Nan Etazini, estwòk se premye kòz andikap alontèm, epi li se youn nan kòz prensipal lanmò, li afekte prèske 800 000 moun chak ane. Lè ou konnen siy yo epi lè ou aji byen rapid li kapab fè diferans ki sove lavi.
Yo rele siy sa yo BEFAST (BYEN RAPID) epi yo kapab ede ou idantifye yon estwòk byen rapid:
- Ekilib: Moun nan pèdi ekilib oswa kowòdinasyon bridsoukou
- Zye: Difikilte pou wè nan youn oswa toulède zye yo bridsoukou
- Fas: Gen yon bò nan vizaj la ki vide oswa ki parèt pa nan menm nivo ak lòt la
- Bra: Gen yon bra ki fèb oswa ki tonbe poukont li
- Lapawòl: Pawòl moun nan pa klè oswa gen difikilte pou konprann li
- Tan: Rele 911 tousuit si ou remake nenpòt nan siy sa yo
Si ou panse ou menm oswa yon lòt moun ka gen yon estwòk, pa rete tann. Lè w jwenn swen pi vit posib li kapab ede ou diminye efè alontèm yo, epi amelyore retablisman an.
|
| Jwenn Enfòmasyon Sou Swen Pou Estwòk nan BMC → |
|
|
|
|
30 Me Jounen Byennèt nan Boston: Vin patisipe avèk nou nan yon Jounen Sou Aksè Ak Sante ak Kominote nan tout vil la
|
|
Tifi ak tigason nan Clubs of Boston ak Sant Medikal Boston nan yon patenarya avèk Komisyon Sante Piblik nan Boston ap rasanble kominote a ansanm pandan yon jounen ki konsantre sou sante, koneksyon ak sipò.
Jounen Byennèt Nan Boston: Bati yon vil ki pi an sante pou tout moun
Samdi 30 Me 2026, 11:00 AM Pou Rive 3:00 PM
Berkshire Partners Blue Hill Club ak Harambee Park
Se yon evènman gratis epi ki ouvè pou fanmi, li fèt nan lide pou konekte abitan Boston yo avèk swen, resous ak ekspè lokal yo. Pandan jounen an, ou ap kapab tande espesyalis pedyatrik, patisipe nan atelye entèraktif, epi aprann fason pratik pou sipòte sante ak byennèt timoun ak fanmi yo.
Evènman sa fèt selon bezwen nou idantifye nan kominote a, tankou to dyabèt ki ap ogmante, newodivèjans ak twoma pami jèn yo. Epitou, li se yon opòtinite pou fanmi, moun k ap pran swen moun ansanm ak pèsonèl k ap travay avèk jèn yo konekte dirèkteman avèk ekip swen an. L ap pèmèt yo retounen lakay yo ak zouti y ap kapab itilize chak jou tou. Rezève plas ou pou gen aksè ak evènman kominotè gratis sa a.
|
|
|
|
|
|
30 Me Jounen Byennèt nan Boston: Vin patisipe avèk nou nan yon Jounen Sou Aksè Ak Sante ak Kominote nan tout vil la
|
|
Tifi ak tigason nan Clubs of Boston ak Sant Medikal Boston nan yon patenarya avèk Komisyon Sante Piblik nan Boston ap rasanble kominote a ansanm pandan yon jounen ki konsantre sou sante, koneksyon ak sipò.
Jounen Byennèt Nan Boston: Bati yon vil ki pi an sante pou tout moun
Samdi 30 Me 2026, 11:00 AM Pou Rive 3:00 PM
Berkshire Partners Blue Hill Club ak Harambee Park
Se yon evènman gratis epi ki ouvè pou fanmi, li fèt nan lide pou konekte abitan Boston yo avèk swen, resous ak ekspè lokal yo. Pandan jounen an, ou ap kapab tande espesyalis pedyatrik, patisipe nan atelye entèraktif, epi aprann fason pratik pou sipòte sante ak byennèt timoun ak fanmi yo.
Evènman sa fèt selon bezwen nou idantifye nan kominote a, tankou to dyabèt ki ap ogmante, newodivèjans ak twoma pami jèn yo. Epitou, li se yon opòtinite pou fanmi, moun k ap pran swen moun ansanm ak pèsonèl k ap travay avèk jèn yo konekte dirèkteman avèk ekip swen an. L ap pèmèt yo retounen lakay yo ak zouti y ap kapab itilize chak jou tou. Rezève plas ou pou gen aksè ak evènman kominotè gratis sa a. |
|
|
|
|
|
Fèm Sou Do Kay BMC ap akeyi yon Nouvo Sezon Pou Plant Yo Grandi
|
|
Prentan an pote nouvo plan nan Fèm Sou Do Kay BMC a. Pandan mwa ki sot pase yo, responsab fèm nan te prepare grenn plant yo nan yon sè, epi li te prepare espas pou mete plant yo pou peryòd chalè k ap rive a. Menm si nou te gen kèk nuit kote te gen yon van frèt, sezon an pa lwen pou kòmanse avèk premye rekòlt epina ak siboulèt (pwaro).
Fèm nan ede nou ofri pwodui ki fre epi ki kiltive nan zòn nan pou pasyan yo atravè Panye Alimantè Prevantif BMC, pandan li ap sipòte kafeterya ak kominote patnè yo atravè Boston. Pandan sezon an y ap akeyi premye gwoup volontè ki sòti nan John Hancock ak MIT Farm Club. Se yon patenarya ki ap ede sipòte fèm la pandan sezon rekòlt la. Aprann Plis Sou Fèm Sou Do Kay la.

Ann nou fè aksyon: Ann bati katye ki pi an sante ansanm
|
|
Vin patisipe nan yon konvèsasyon kominotè ki ap fèt nan Boston Medical Center ak Blue Bridge epi k ap konsantre sou amelyore sante ak sou elaji aksè ak swen epi resous yo.
Vandredi 29 Me 2026, 5:30 PM Pou Rive 8:30 PM
Bethel AME Church, Boston
Panèl sa a ap rasanble ansanm ekspè klinik ak lidè kominotè pou pale sou aksè ak alimantasyon, fason anviwònman ak kondisyon lavi chak jou gen yon enpak sou sante, espesyalman nan sa ki konsène sante metabolik ak maladi kwonik.
Ou ap gen pou tande ide pratik ansanm ak solisyon reyèl ki reflete bezwen kominote Boston an, epi fason pou poze aksyon nan zòn nan. Diskisyon sa a fèt nan lide pou konekte rechèch epi swen avèk sa moun yo ap viv nan lavi chak jou yo. Epitou, l ap konsantre l sou sa ki enpòtan kiltirèlman epi ankouraje chanjman nan kominote a.
Menm si ou se yon manm kominote a, yon moun k ap pran swen moun, oswa ou ap travay avèk òganizasyon lokal, evènman sa ofri yon chans pou aprann, pataje epi pou fè pati konvèsasyon an. Rezève plas ou pou evènman an la a.

BMC Seasons: Nou ap selebre 30 lane nan kesyon Swen ak Kominote
|
|
Jou ki te Samdi 9 Me a responsab nan Sant Medikal Boston, zanmi ak sipòtè yo te reyini ansanm nan Seasons, pou pi gran sware leve fon pou BMC, epi pou selebre 30 lane depi 1996 ki se lè Boston City Hospital ak Boston University Medical Center te fè yon sèl pou tounen BMC kòm yon sant medikal akademik. Nou te rive rasanble $3.4 million pandan sware espesyal sa a pou asire swen espesyal yo aksesib pou tout pasyan yo. Ansanm, nou selebre milyon moman jès byenveyans ki te rive posib gras ak jenerozite donatè yo. Nou te onore ak anpil fyète Martha Samuelson, Richard Slifka (in memoriam), ansanm ak patnè antrepriz nou ki se Takeda pou wòl detèminan yo jwe nan devlopman BMC.
Fon nou te kolekte nan evènman Seasons lan ap pèmèt nou ofri swen eksepsyonèl pou kominote nou an, li gen ladan l, rechèch ki fèt nan lide pou amelyore rezilta sante pou tout moun. Epitou, ofri yon akonpanyeman global pou sipòte obstak ak aksè pou swen. Gade foto ak lòt pwen enpòtan.

Yo nome Responsab ak PDG BMCHS ki se Alastair Bell kòm youn nan lidè ki pi enfliyan nan Boston |
|
Yo te nome Doktè Alastair Bell ki se Responsab ak PDG Sistèm Sante Sant Medikal Bostonkòm youn nan lidè ki pi enfliyan nan Boston. Rekonesans sa montre lidèchip li nan elaji aksè ak swen sante epi nan ranfòse sèvis pou pasyan ak kominote yo atravè rejyon an.
Pandan lidèchip li a, sistèm sante a kontinye devlope, epi li te rasanble ansanm plis pwofesyonèl swen sante, sèvis ak resous yo pou pi byen reponn ak bezwen moun l ap sèvi yo. Aprann plis sou rekonpans sa a. |
|
|
|
Yo nome Responsab ak PDG BMCHS ki se Alastair Bell kòm youn nan lidè ki pi enfliyan nan Boston |
|
Yo te nome Doktè Alastair Bell ki se Responsab ak PDG Sistèm Sante Sant Medikal Bostonkòm youn nan lidè ki pi enfliyan nan Boston. Rekonesans sa montre lidèchip li nan elaji aksè ak swen sante epi nan ranfòse sèvis pou pasyan ak kominote yo atravè rejyon an.
Pandan lidèchip li a, sistèm sante a kontinye devlope, epi li te rasanble ansanm plis pwofesyonèl swen sante, sèvis ak resous yo pou pi byen reponn ak bezwen moun l ap sèvi yo. Aprann plis sou rekonpans sa a.
|
|
|
|
|
Robert J. Vinci, M, Receives A National Leadership Honor in Pediatrics |
|
Sistèm Sante nan Sant Medikal Boston fyè pou li pataje Robert J. Vinci, MD, Responsab Pedyatri (Emeritus), te nome kòm loreya Pri Lidèchip Joseph W. St. Geme, Jr. 2026, Federasyon Òganizasyon Pedyatrik la bay la.
Onè nasyonal sa a rekonèt Lidèchip Doktè Vinci depi plizyèn dizèn ane kòm yon klinisyen, edikatè ak menntò, epi enpak dirab li fè nan swen pedyatri, fòmasyon ak devlopman resous imèn. Pandan karyè l, li te ede devlope pwogram ki amelyore fason timoun yo resevwa swen, pandan l ap sipòte jenerasyon klinisyen ki ap kontinye sèvi kominote yo atravè peyi a.
Travay Doktè Vinci ap fè san kanpe a mete aksan sou ranfòse aksè ak swen pou timoun ak fanmi, nan fè avanse fòmasyon medikal, epi konstwi sistèm ki ap sipòte rezilta ki sanpatipri nan domèn pedyatri.
Nou ap selebre rekonesans sa ki byen merite epi enfliyans li kontinye genyen nan domèn pedyatrik yo. Li plis sou pri a.
|
|
|
|
Robert J. Vinci, M resevwa yon distenksyon nasyonal pou lidèchip li nan pedyatri |

BMC Nan Nouvèl La |
|
|
|
Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. |
|
|
|
|
6 bagay doktè yo ta swete ou konnen sou zona
|
|
Anpil moun panse zona se yon maladi ki deklare yon sèl fwa, men li posib pou li reparèt, espesyalman lakay moun aje, fi ak moun ki gen sistèm iminitè ki fèb. Nan yon atik resan, Sabrina A Assoumou, MD, MPH, yon espesyalis nan maladi enfeksyez nan Sant Medikal Boston te reponn kesyon sou lide ki pa kòrèk nou genyen, epi li note: “Yon lide ki pa kòrèk moun souvan genyen se ou kapab gen zona yon sèl fwa.”
Li eksplike zona “se yon maladi moun kapab genyen plis pase yon fwa, epi gen anpil chans pou li reparèt lakay fi ak moun aje.” Atik sa a souliyen enfeksyon moun te gen anvan pa elimine risk la, epi li eksplike poukisa vaksinasyon rete kòm yon mezi prevansyon enpòtan, menm apre yon moun te gen zona. Li Tout Atik La a

In Your Words |
|
"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
“Doktè Dubreuil se pi bon doktè a. Li te konsilte m byen rapid apre mwen te kontakte l...Li te eksplike m tout tès yo ak tout bagay...Mwen kontinye santi m gen anpil chans paske m genyen l ki ap akonpanye m.” - Pasyan Rimatoloji nan BMC |