|
|
|
Mete Disponib Chiriji Torasik Eksepsyonèl pou Kominote nou an |
|
|
|
Nan kad selebrasyon Jounen Nasyonal Chirijyen Onkològ yo nan dat 22 Out, nou fyè pou n pale de Divizyon Chiriji Torasik nou an, ke U.S. News and World Report te rekonèt ki gen yon pèfòmans wo nivo nan chiriji poumon. Chèf Divizyon an Doktè Laurence Brinckerhoff ak chirijyen torasuk Doktè Christopher Digesu te kòmanse revolisyone pwosesis chiriji a pou pasyan BMC yo lè yo bay aksè ak pwosedi chiriji torasik ki modèn, kalite siperyè, ki pa kite gwo mak sou kò a. Nouvo teknoloji wobotik nan BMC pèmèt gen plis fleksibilite nan mouvman sa ki vle di chirijyen an ka opere atravè kote yo fann ki pi piti. Sa diminye kantite tan ou pase nan swen aprè operasyon epi pèmèt pasyan yo retounen nan aktivite yo pi rapid. |
| Jwenn plis enfòmasyon la a → |
|
|
|
|
|
|
Sant Sante Rezo Kominotè nan Sistèm Sante BMC a ap Responsabilize Katye Nou yo pou yo Pwospere |
|
|
|
Nan Semèn Nasyonal Sant Sante sa a, nou te selebre rezo nou an ki genyen 13 sant sante kominotè afilye (community health centers, CHC) pou wòl esansyèl yo jwe, depi lontan nan sèvi kominote lokal yo ak swen ekspè bay. Atravè sistèm livrezon swen sante entegre nou an, Boston HealthNet, nou fè patenarya ak CHC yo pou delivre swen prevansyon pèsonalize e ki fè sans nan domèn kiltirèl ansanm ak swen prensipal nan divès katye nan Boston toutpandan n ap bay aksè tou nan transparans ak swen dènye kri, espesyalite ekspè nan BMC. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Yo di swen pou ti Granmoun BMC a se Yonn nan sa ki pi Bon yo nan Peyi |
|
|
|
Tout nasyon an konnen pwogram pou ti granmoun nou an, yon lidè nan swen ak trètman pou Alzaymè, te klase kòm yonn nan 50 pi bon yo nan peyi a daprè U.S. News & World Report paske li bay swen ekspè, ki fèk parèt. Pwogram pou ti Granmoun BMC a deziyen kòm yonn nan 24 Sant Ekselans nan swen pou ti Granmoun pwogram nasyonal pou sa ki fèk parèt nan rechèch sou moun k ap vyeyi ak swen doktè pou ti granmoun. |
|
|
|
|
|
|
|
|
N ap selebre Mwa Nasyonal Alètman ann Out |
|
Alètman ka ede ni paran ni bebe pou yo diminye risk pou yo genyen pwoblèm sante alavni. Ekip ekspè BMC a la pou sipòte pasyan nou yo ak objektif yo genyen pou fè alètman. Men kèk konsèy founisè nou yo bay: |
|
|
|
Pifò tibebe ki fèk fèt dwe manje omwen 8 a 12 fwa nan yon peryòd 24 èdtan sa ki ka mande anpil travay. Lè yo prepare pou sa yo ka atann sa ka ede nouvo paran yo pou yo santi yo pare epi prepare. |
|
|
|
Kenbe bebe w la fè po l kole ak po w sou lestomak ou pandan premye inèdtan aprè l fin fèt pou ede demare alètman an. Lè w kenbe bebe w la ou fè po l kole ak po w sou lestomak ou aprè bebe w la fin fèt se yon bon fason pou w etabli koneksyon epi ede kò a kòmanse prepare lèt. Ekip nou an pare pou ede menmsi bebe a mande swen espesyal aprè l fin fèt. |
|
|
|
Fason w sèvi ak men w se yon zouti ki efikas! Ou ka kòmanse travay sou sa depi anvan bebe w la fèt yon fason pou ede prepare pou alètman an ni tou pandan twa premye jou yo pandan w ap travay sou etabli pwodiksyon lèt la. |
|
|
|
Se vre alètman konsidere kòm metòd biyolojik pou bay manje a, Sant Ekite pou Alètman an ak BMC itilize swen sou baz evidans pou sipòte tout paran nan objektif yo genyen pou nouri pitit yo.
Ekip JINEKOLOJI BMC a bay sèvis konplè ki bay manman yo ak pitit yo mwayen pou yo pwospere. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Sipòte Moun ki gen Twoub Itilizasyon Dwòg |
|
|
|
31 Out se Jounen Entènasyonal Sansibilizasyon Ovèdoz e BMC la pou sipòte sila yo ki viktim twoub itilizasyon dwòg ak ovèdoz. Sant pou Adiksyon Grayken BMC genyen an, nan patenarya ak Depatman Sante Piblik nan Massachusetts, ede pou yo rive bay asistans 24/7 ak moun ki gen anpil risk pou yo fè ovèdoz atravè Liy Asistans Telefonik Sekirize. Nou ofri pwogram klinik ki baze sou evidans k ap konekte avè w kote w ye nan pakou w, ki ofri sipò nan divès kote ak pou divès kalite gwoup moun. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
BMC Nonmen Yonn nan Pi Bon Anplwayè Ozetazini pou Fi epi Pami Pi Bon Kote pou Travay an 2024 |
|
Nou kontan anpil pou yo rekonèt nou nan lis Forbes kòm "Pi Bon Anplwayè pou fi 2024,” nou se nimewo 6 nan tout peyi a pami tout òganizasyon yo epi premye pami òganizasyon swen sante ak sèvis sosyal nan New England. Nou kontan pou n anonse tou ke Newsweek nonmen BMC kòm yonn nan “Pi Bon Kote pou Travay Ozetazini an 2024.” Travay nan BMC plis pase yon djòb — se yon chans pou w rejwenn yon ekip enklizif, divèsifye, ak ekspè k ap travay ansanm pou amelyore rezilta sante yo pou kominote nou an. Jwenn yon karyè ou renmen nan BMC. |

Kontinye Pale sou Ekite Sante nan evènman Jaden Rezen Martha a |
|
Nan dat 6 ak 7 Out, BMC te òganize 2 diskisyon nan Jaden Rezen Martha a pou abòde epi transfòme sante ak byennèt moun nan kominote nou sèvi yo. Moderatè sou Panèl yo se te Symone Sanders Townsend, yon estratejis politik ki gen gwo renome epi ki fè “The Weekend” sou MSNBC.
BMC dirije epi fè avanse yon konvèsasyon nasyonal sou de domèn enpòtan nan kominote nou an: sante mantal ak diferans ekonomik. Nou konnen ekite sante se yon bagay fondamantal pou byennèt kominote a e sa mande pou w panse yon lòt jan, se pou rezon sa nou kontinye avanse konvèsasyon enpòtan sa a epi ankouraje aksyon bò kote lidè yo nan gouvènman an, fim, règleman piblik, swen sante, ak biznis Gade foto evènman an epi aprann plis konsènan travay nou. |
|
|
|
Kontinye Pale sou Ekite Sante nan evènman Jaden Rezen Martha a |
|
Nan dat 6 ak 7 Out, BMC te òganize 2 diskisyon nan Jaden Rezen Martha a pou abòde epi transfòme sante ak byennèt moun nan kominote nou sèvi yo. Moderatè sou Panèl yo se te Symone Sanders Townsend, yon estratejis politik ki gen gwo renome epi ki fè “The Weekend” sou MSNBC.
BMC dirije epi fè avanse yon konvèsasyon nasyonal sou de domèn enpòtan nan kominote nou an: sante mantal ak diferans ekonomik. Nou konnen ekite sante se yon bagay fondamantal pou byennèt kominote a e sa mande pou w panse yon lòt jan, se pou rezon sa nou kontinye avanse konvèsasyon enpòtan sa a epi ankouraje aksyon bò kote lidè yo nan gouvènman an, fim, règleman piblik, swen sante, ak biznis. Gade foto evènman an epi aprann plis konsènan travay nou. |
|
|
|
Vin patisipe ak nou nan dat 24 out nan Kanaval Boston 2024 la |
|
Pandan plis pase 50 lane, BMC te sipòte ak anpil fyète Kanaval Boston, selebrasyon anyèl mizik, zèv atistik, manje, ak eritaj Karayib la. Vin patisipe ak nou nan parad la apati 1 è nan apremidi nan Roxbury kote n ap mache rive jous Franklin Park nan Dorchester, epi w ap gen mwayen wè ti espas nou an ki plen ak resous lasante. Nou espere wè ou lòtbò a. |

Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an |
|
Yon pati nan Redesine kanmpis 2.0, a sèke nou fèmen koulwa ant Moakley ak antre Menino a pou anviwon yon mwa. Nou tande kòmantè nou yo, e nou fèmen l paske sa se yon pati nan plan nou an pou fasilite yon seri mizajou ki esansyèl, sa gen ladann yon nouvo antre modèn, espas amelyore pou depoze pasyan epi al pake machin yo, yon pakin ki refèt pou andikape yo, epi pi bon aksè apati Mass Ave. Ekip nou yo la pou gide w nna destinasyon w atravè chanjman sa yo. Nou apresye pasyans ou pandan n ap modènize enstalasyon nou yo. Eksplore plan reyamenajman kanmpis nou an yo. |

Mwen vrèman enpresyone pa swen swen mwen resevwa nan klinik pou ti granmoun nan. Mwen prèske pa konn sa pou m di. Mwen pa ka fin pale pou staf la ak doktè yo epi enfimyè yo ak resepsyonis yo. Sa vrèman bèl. Mèsi pou bon travay nou fè pou mwen. |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
 |
|
Bonjan lasante mande plis pase lamedsin. Pou kounye a, n ap chèche kòb pou pwogram BMC ki pa kouvri pa asirans, tankou depo manje pou prevansyon nou an ak Fèm sou Do kay. Nenpòt ki lajan w bay pèmèt ou "adopte yon abèy" epi fè yon enpak sou tout pasyan BMC yo tankou Lily, yon pasyan ki anplwaye tou. Y ap triple sa w bay la, dola pou dola, pou sipòte swen sante k ap ede lòt pasyan nan BMC. W ap resevwa pwòp sètifika “adopsyon” pa w pou pataje jan w kwè nan yon Boston ki pi an sante.
Adopte yon abèy jiska 13 Septanm. |
|
|
|
 |
|
Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo. Gade wòl ouvè isit la. |
|
|
|
|