|
|
|
Mwa Retablisman Nasyonal: Sipòte Moun ki Afekte ak Twoub Itilizasyon Dwòg |
|
|
|
Pou onore Jounen Sansibilizasyon pou Ovèdoz nan dat 31 Out la, plis pase 22,000 drapo mov te plante nan kote ki rele Boston Common nan, chak grenn se nan memwa yon vi ki pèdi akoz ovèdoz nan Massachusetts ant 2012 ak 2023.
Nan BMC, nou travay chak jou pou amelyore lavi moun ki gen twoub itilizasyon dwòg atravè sèvis ekspè nan swen klinik, rechèch, edikasyon, epi efò nan règleman ak defans. Pandan Mwa Retablisman Nasyonal sa a, nou pa sèlman sonje vi ki pèdi yo akoz twoub itilizasyon dwòg, men tou nou fè wè aklè trètman yo fonksyone e nou ka ede kesyon retablisman alontèm nan vin yon reyalite pou moun ak fanmi.
BMC òganize evènman pandan tout mwa a kote w ka aprann, patisipe, epi reflechi sou fason nou tout kapab travay pou retire tabou ki genyen nan kesyon twoub itilizasyon dwòg la epi nòmalize trètman an. |
| Rejwenn nou pou evènman n ap òganize nan Mwa Rekouvreman an → |
|
|
|
|
|
|
Pasyan BMC yo resevwa Chiriji k ap Sove Lavi yo ak Aksè Enpòtan nan Depo Manje |
|
|
|
Sa gen twa lane, pandan l t ap resevwa swen ak estanda mondyal nan BMC, Valerie Campbell te pale ak ekip newo chiriji nou an ki gen gwo renome ak sèvis konplè nou yo, tankou Depo Manje pou Prevansyon, pou asire li jwenn swen pèsonalize ki konble tout bezwen l yo. Lè yo konbine trètman dènye kri ak swen ki bay ak konpasyon, BMC ap amelyore lasante nan kominote nou yo. “Nan BMC, mwen lakay mwen. Moun sa yo se moun pa m, zòn pa m, antouraj mwen. Nan sa ki gen pou wè ak sante m ak fason BMC remete m kanpe, sa te vin ban m yon nouvo pèspektiv sou lavi.” |
|
|
|
|
|
|
Mizajou Konstriksyon Campus |
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an
Nou tande kòmantè w, e n ap travay pou aparans kanmpis nou yo sanble ak swen eksepsyonèl ou te vin resevwa atravè Pwojè Redesinen Kanmpis 2.0 nou an. Staf nou an pare pou ede w fonksyone ak chanjman tanporè yo pandan n ap travay pou pote amelyorasyon sa yo. Antre prensipal Bilding Menino a ap fèmen apati 14 Septanm, anplis de antre Bilding Yawkey a ki deja fèmen. |
|
|
|
Pandan konstriksyon, tout pasyan ak vizitè ka pase nan Antre Moakley a (830 Harrison Ave), kote gen moun k ap ede w rive kote w bezwen an. Antre Depatman Ijans lan ap rete sou Albany St. Tanpri sonje w ap fè plis tan pou w rive nan randevou w la pandan antre Menino ak Yawkey yo fèmen. Mèsi pou pasyans ou ak konpreyansyon w pandan n ap travay pou BMC vin pi modèn e pi aksesib. |
|
|
|
|
|
|
Mizajou Konstriksyon Campus |
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an
Nou tande kòmantè w, e n ap travay pou aparans kanmpis nou yo sanble ak swen eksepsyonèl ou te vin resevwa atravè Pwojè Redesinen Kanmpis 2.0 nou an. Staf nou an pare pou ede w fonksyone ak chanjman tanporè yo pandan n ap travay pou pote amelyorasyon sa yo. Antre prensipal Bilding Menino a ap fèmen apati 14 Septanm, anplis de antre Bilding Yawkey a ki deja fèmen. Pandan konstriksyon, tout pasyan ak vizitè ka pase nan Antre Moakley a (830 Harrison Ave), kote gen moun k ap ede w rive kote w bezwen an. Antre Depatman Ijans lan ap rete sou Albany St. Tanpri sonje w ap fè plis tan pou w rive nan randevou w la pandan antre Menino ak Yawkey yo fèmen. Mèsi pou pasyans ou ak konpreyansyon w pandan n ap travay pou BMC vin pi modèn e pi aksesib. |
| Aprann plis konsènan efò pou Redesinen Kanmpis nou an → |
|
|
|
|
|
|
|
|
Sa se yon Rezime sou Dezyèm EQTY Anyèl la pou 2024: Akselere Lajistis nan domèn Lasante
|
|
Nan dat 12 Septanm, lidè kominotè yo ak ekspè nan ekite lasante nan tout peyi a te rasanble pou pale sou ekite lasante nan domèn ras epi demare chanjman pozitif nan somè ekite lasante anyèl nou an, EQTY 2024. Yon pwen enteresan se te diskou gayan Pri Pulitzer a Nikole Hannah-Jones, kreyatè Pwojè 1619 la, ki te di "Se pa yon aza pou Nwa yo plis malad pase lòt moun. N ap viv nan yon sosyete ki lakoz nou plis malad, e si nou pa konprann sa, n ap eseye geri moun Nwa olye nou fè sa pou sistèm nan ak kondisyon yo." Diskou a antre nan kad pran an konsiderasyon ak travay ki vize kraze sa ki te la nan peyi nou epi louvri wout la pou bonjan diskisyon sou sijè tankou reyenvante wòl lopital yo pou atake detèminan sosyal yo nan kesyon lasante, devlopman mendèv kòm chimen pou rive nan mobilite ekonomik, epi rive bay aksè nan trètman transfòmasyonèl. Nan BMC, nou konnen ekite lasante se yon bagay fondamantal pou byennèt kominote a e sa mande pou w panse yon lòt jan, se pou rezon sa nou kontinye avanse dyalòg enpòtan sa a epi ankouraje aksyon bò kote lidè yo nan swen sante, gouvènman an, règleman piblik, ak biznis. Gade kijan BMC pran latèt epi ap avanse yon dyalòg nasyonal sou kesyon ekite lasante a. |
|
|
|
Sa se yon Rezime sou Dezyèm EQTY Anyèl la pou 2024: Akselere Lajistis nan domèn Lasante |

BMC Genyen Pri Pi Bon Anplwayè dapre Forbes ak Modern Healthcare |
|
BMC fyè pou yo rekonèt li nan Klasman Pi Bon Anplwayè pa Eta Forbes pibliye pou 2024! Rekonesans sa a reflete angajman nou anvè manm ekip nou an k ap bay swen nivo mondyal ak pasyan yo e ak kominote nou an. Sa gen ladann ofri avantaj pou genyen pri epi sipòte byennèt anplwaye nou yo ak fanmi yo.
Nou santi nou onore tou pou n pataje ke Lisa Kelly-Croswell, vis prezidan prensipal e chèf ofisye resous imèn BMC a, te nonmen antanke yon “Lidè Divèsite” pa Modern Healthcare! Kelly-Croswell fè sa vin yon objektif pou ogmante kantite jesyonè Nwa nan BMC epi kreye yon fòs travay kote tout moun parèt, yo tande yo, epi rekonèt travay yo. Divèsite nan pèspektiv yo, antesedan, talan, ak eksperyans ki egziste nan BMC fè se sèl nou menm ki kapab bay swen ekspè e ki bay ak konpasyon. Jwenn yon karyè ou renmen nan BMC. |

Sezon Grip la Rive: Pran Vaksen Grip Ou a |
|
Pran yon vaksen grip ka ede fè prevansyon kont grip e sa ka ede fè prevansyon kont maladi grav ou ka fè si w pran grip. Tout pasyan ki genyen pou pi piti sis mwa ta sipoze pran vaksen grip la. Li patikilyèman enpòtan pou fanm ansent, moun ki gen maladi kwonik, ak timoun paske yo gen plis risk pou yo gen konplikasyon grav ki gen rapò ak grip.
Kenbe ni ou menm ni moun ou renmen yo an sante. Pwograme yon randevou jodi a. |
|
|
|
Flu Season is Here: Get Your Flu Shot |

Sa gen plizyè lane, Boston Medical te sove lavi m. Lè mwen te rive nan Boston Medical, mwen te rive pandan mwen te [adikte]. Sa fè anpil ane. Jodi a, mwen pwòp e mwen pa entoksike ankò. Mwen te pwòp pandan anpil ane aprè sa. Men yo te sove lavi m lòtbò a. E mwen vle di mèsi. |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
 |
|
Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo.
Gade wòl ouvè isit la. |
|
|
|
|