Share

Li istwa k ap enspire nou sou pasyan yo, aprann fason ou pa t panse kò a afekte kè w, epi eseye fè egzèsis senp lakay ou.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON FEVRIYE 2026

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Vizaj Pou Swen Kadyak nan Sant Kadyovaskilè BMC a

Eksplore Nimewo Fevriye a:

ISTWA AN VEDETTE

Kristina ap Pwogrese apre li fin sibi Yon Pwosedi kote yo te fè yon Entèvansyon Ki Chaje Inovasyon nan Valv Kè a nan Sistèm Sante BMC

Sumon Roy, Doktè nan Kadyoloji Entèvansyonèl

Dr. Sumon Roy, MD

Kristina (agoch) ak pitit fi li Lisa (adwat)

Kristina Mason ki se manman sis (6) timoun ak granmè 17, te gen bon sante. Pou rezon sa, lè tansyon l te monte yon sèl kou lè l rive nan 70 lane yo, li pa t atann ak dyagnostik li te jwenn nan.  “Mwen te yon moun ki toujou ap mache, epi tansyon m te toujou trè bon. Mwen pa t janm gen okenn siy pwoblèm kè. Sa rive sanzatann. Men kòm mwen fè sis timoun, pa gen anyen ki fè m sezi ankò!”

Kristina (agoch) ak pitit fi li Lisa (adwat)

Apre yo fin refere l yon kadyològ ki se Doktè Sumon Roy, ki ap pratike nan tout twa lopital Boston Medical Center Health System, premye rankont li yo pral kòmansman yon relasyon li dekri kounye a kòm yon bagay ki chanje lavi l. Kristina te aprann li t ap soufri ak yon maladi grav nan valv awòtik la, epi li ta dwe sibi yon ranplasman valv la. Pandan egzamen woutin yo, doktè yo te dekouvri de (2) blokaj nan atè a ki te grav anpil.


Malgre dyagnostik nou te jwenn nan te grav anpil, Kristina te rete kalm. Li di: “Doktè Roy se doktè ki gen plis atansyon ak konpasyon.” “Li te di m tout bagay, sa ki ta pral rive, kisa ki kapab rive, ak kisa ki p ap rive. Mwen te apresye sa paske li te onèt ak klè.”


Kristina te vle evite chiriji kote kè a ouvè. Doktè Roy te tande l. Pitit fi Lisa a di nou: “Olye doktè a te di, domaj se sa nou ap fè, li te chèche yon solisyon.”  “Li toujou kenbe sa li swete nan lespri l.”


Pandan semèn ki te vin apre yo, Doktè Roy te fè de (2) entèvansyon ki te konplèks teknikman kote li te mete stent (tib) yo nan BMC South. Apre li te fin mete stent (tib) yo ak siskè, Doktè Roy te rekòmande yon ranplasman valvilè awòtik transkatetè mini envazif, oswa TAVR, ki ap reyalize atravè atè kawotid nan kou an. Pwosedi a pa t janm fèt anvan sa nan BMC Health System atravè atè kawotid la, men Doktè Roy te gen fòmasyon, ekip ak konfyans li bezwen pou li fè l byen.

Kristina te fè l konfyans. “Li te gade m epi li te di m, ‘Se sèten m ap la, epi se mwen menm ki ap enplante nouvo valv la!” Apre pwosedi a te fin fèt nan BMC, imajri yo te konfime siksè li. Kristina te di ak anpil fyète “Nouvo valv sa a ouvè byen laj.”  “Li trè byen mete l nan plas li.”


Jounen jodi a, li santi l gen fòs epi li pozitif. Li fè konnen “Depi l lè m te rankontre doktè a, m te santi te gen yon bagay espesyal.”  “Li te tande tout sa mwen te gen pou di, epi li pa t janm bay vag avèk mwen.”

Aprann Plis Sou Istwa Kristina a ak Swen li resevwa nan BMCHS →

Kat (4) Lyen Ki Genyen Ant Kò w Ak Kè w Ki Ka Fè ou Sezi

Kè w p ap fonksyone yon fason izole. Li toujou gen konvèsasyon ak koneksyon avèk rès kò a. Lè w konprann koneksyon sa yo li jwe yon wòl enpòtan nan pwoteje kè w.

Ikòn sante kè

Koneksyon #1: Bouch ou ak Kè w

Bouch ou konekte ak kè w prensipalman atravè sistèm san an. Bakteri ki kreye akoz maladi nan jansiv ak enfeksyon nan bouch kapab antre nan veso san ki nan bouch la, epi sikile atravè kò a, sa ki pral lakòz enflamasyon kwonik. Epitou, enflamasyon kwonik sa yo asosye avèk yon pi gwo risk maladi nan kè ak estwòk. Nou dwe konsantre sou swen dantè regilye yo, tankou bwose dan nou ak pase fil dantè, pou diminye risk yo.

Ikòn manje byen

Koneksyon #2: Entesten ou ak Kè w

Entesten an ak kè a relye nan de (2) direksyon atravè aks entesten ak kè a, daprè American Heart Association (Asosyasyon Ameriken Pou Kesyon Kè) . Yon mikwobyom ki bon pou sante a epi ki ekilibre ede kontwole enflamasyon, kolestewòl, metabolis kolestewòl la ak to glisemi a. Lè ekilib la deranje, li kapab kontribiye nan anflamasyon ak chanjman metabolik ki ogmante risk kadyovaskilè a. Lè ou gen yon rejim alimantè ki rich an fib, bon jan idratasyon, epi yon konsomasyon limite aliman ki transfòme sa yo ap ede nan sante entesten ak kè a.

Ikòn depistaj prevantif

Koneksyon #3: Zòrèy, Nen ak Gòj Ou (ORL) ak Kè w

Sante ORL (Zòrèy, Nen, Gòj) ou enpòtan tou paske pati sa yo nan kò a konekte ak kè atravè sistèm sikilatwa a ak nè vag yo. Enfeksyon kwonik sinis yo, pwoblèm pou tande ki pa trete ak twoub respiratwa ki gen rapò ak somèy tankou apne somèy obstriktif kapab mete yon presyon sou kè a, epi lakòz nivo oksijèn la bese. Epitou, sa pral ogmante tansyon an ak risk pou twoub ritm kadyak, atak kadyak, ak estwòk. Lè ou trete pwoblèm sa yo li kapab ede ou pi byen dòmi, epi l ap pèmèt kè ou rete pi an sante.

Ikòn egzèsis

Koneksyon #4: Sèvo ou ak Kè w

Sante mantal gen yon koneksyon ki sere ak sante kadyovaskilè. Anksyete ak depresyon kapab ogmante òmòn estrès yo, tansyon, ak anflamasyon. Epitou, li pral kreye twoub somèy ki pral fè li pi difisil pou kè a refè epi kontwole tèt li. Ede jere sante mantal ou pandan ou ap priyorize swen pèsonèl ou, epi lè ou fè aktivite fizik yon fason regilye.

Kò w konekte yon fason ki pwòch. Lè ou fè swen prevantif, lè ou gen abitid ki bon pou sante a, epi lè w prete atansyon ak sentòm yo bonè , li kapab ede pwoteje kè w ak sante w an jeneral.

Your body is closely connected. Preventive care, healthy habits, and paying attention to symptoms early can help protect your heart and your overall health.

Jwenn enfòmasyon sou fason Sant Kadyovaskilè nan BMC Sipòte Sante Kadyak Global la →

Kat (4) Egzèsis Ou Kapab Fè Lakay pou Genyen yon Kè an Sante 

Tout moun panse lè w fè kadyo se fason sa kè w rete an sante, men èske w te konnen lè ou ajoute miskilasyon nan pwogram antrènman regilye ou a li kapab diminye risk pou maladi kadyovaskilè (CVD) a 17%? Li demontre lè ou antrene resistans ou li amelyore faktè risk pou CVD yo, tankou tansyon (BP), glisemi, ak konpozisyon kòporèl.


Nan okazyon Mwa Ameriken Pou Pwoblèm Kè, Stephanie Zombeck Le, MS, ki se responsab pwogram nan ak fizyolojis an chèf nan Sant Reyabilitasyon Kadyak nan BMC pataje avèk nou 4 fason efikas pou entegre miskilasyon nan pwogram antrènman ou san ou pa bezwen ale nan klèb klèb espò.

Pozisyon Devlope Kouche

Kouche sou do swa sou yon ban oswa atè a. Kenbe yon pwa nan chak men avèk pla men w ki bay fas sou ou. Desann pwa yo tou dousman nan direksyon lestomak ou, epi apresa remonte yo tou dousman.

Konsèy: Pa kenbe souf ou. Ekspire lè ou ap soulve pwa yo, epi enspire lè ou ap desann yo.

Pozisyon Panche Sou Devan

Mete men w ak jenou sou menm bò sou yon ban pou fòme yon pozisyon “tab.” Kenbe yon pwa nan lòt bra a. Kite bra w dwat, epi soulve pwa a nan nivo anch ou. Kontrakte omoplat ou epi apresa desann pwa a anba a. Chanje nan lòt bò a, epi fè menm bagay la.

Konsèy: Kite zye w fikse atè a. Pa gade anwo, sa kapab lakòz ou santi yon doulè nan kou w.

Fleksyon Misk

Ouvè pye w nan lajè zepòl ou. Kenbe yon pwa nan chak men w, epi mete bra w sou kò w ak pla men w ki bay sou devan. Kenbe pati anlè bra w kole ak kò w. Pliye koud yo dousman pou leve pwa yo nan direksyon zepòl ou yo, epi apresa desann yo tou dousman.   

Squat Ak Pwa

Ouvè pye w nan lajè zepòl ou epi pliye jenou yo tou dousman. Pliye jenou ak anch ou tou dousman pou bese kò w, kite jenou w dèyè zòtèy ou yo. Kenbe do w dwat ak lestomak ou leve pandan ou ap desann, epi apre retounen kanpe.

Konsèy: Kenbe pwa ou sou talon pye w, pa sou zòtèy ou yo.

Pou Jwenn Plis Enfòmasyon, Vizite Pwogram Reyabilitasyon Kadyak BMC a →

Camille te santi li gen anpil enèji aprè operasyon kote yo ouvè kè l

Pasyan BMC ki se Camille Ames

Enfimyè Camille Ames te grandi pandan li te konnen li te gen souf kadyak. Men, lè li te gen nouvo sentòm ki te parèt nan fen 2023, li te kòmanse gen plis enkyetid. Li te kontakte pwofesyonèl swen sante primè li a ki se, Doktè Kelly Schuering nan Boston Medical Center, ki te mande l pou li fè yon ekokadyografi. Se lè sa li te rankontre kadyològ Doktè Stephen Tsaur. Apre li te fin gade rezilta li yo, Doktè Tsaur te eksplike

Camille ke li gen de (2) malfòmasyon kadyak konjenital li te fèt avèk yo, yon twou ant oreyèt li yo ak yon fant nan valv mitral li. Lè yo gade antesedan li yo kote li te vrèman aktif, dyagnostik lan te fò yo sezi. “Lè m te piti mwen te konn fè konpetisyon dans ak aviwon nan lekòl segondè. Men lè m byen sonje, mwen reyalize te toujou gen moman kote m konn santi m fatige anpil, epi mwen pa t kapab jwenn andirans.”

Gras ak kolaborasyon BMC fè avèk Lopital Timoun Boston nan domèn chiriji kadyak Konjenital, li te fè operasyon an nan mwa fevriye 2024, epi Doktè Tsaur te akonpanye l pandan li t ap refè. Camille di: “Li se yon moun fenomenal, li sipòte moun anpil epi li reyaji ak moun.” “Chak fwa mwen wè l, li angaje epi enterese pou konnen kòman mwen ye kòm moun, pa sèlman pou pwoblèm kè mwen. Mwen t ap rekòmande Doktè Tsaur san ezite pou nenpòt moun ki bezwen swen pou kè.”

Li Plis Sou Eksperyans Camille nan BMC a →

Evènman yo

Together for Hope

Together for Hope 2026: Fòs nan Kominote. Rezilyans nan Retablisman


Vin patisipe avèk nou pou prentan sa a nan Together for Hope 2026 (Ansanm Pou Lespwa 2026), yon rasanbleman ki fèt nan tout Massachusetts, epi ki konsantre l sou koneksyon, pèseverans ak pwogrè nan swen pou moun ki gen adiksyon. L ap fèt jou ki ap 29 ak 30 Avril 2026, nan Hynes Convention Center ki Boston, evènman sa a ki ap fèt sou de (2) jou ap rasanble ansanm ekspè ak defansè nan lit kont adiksyon ki sòti toupatou nan eta a.


Nou ta renmen tande w, menm si ou se yon espesyalis nan rediksyon risk, doktè oswa enfimyè espesyalize nan adiksyon, travayè sosyal, fòmatè nan retablisman, chèchè, edikatè, manm fanmi, defansè pou chanjman, oswa yon moun ki te viv oswa ki ap viv eksperyans sa a. Together for Hope bati sou konviksyon kote chak vwa konte, epi gen gwo chanjman ki kapab fèt lè nou travay men nan men. Vin Patisipe Avèk Nou Pou Fè Avanse Swen Kont Adiksyon.


Selebre Mwa Istwa Nwa nan BMC

Fevriye se Mwa Istwa Nwa, yon tan pou onore kontribisyon, kilti, ak rezistans kominote Nwa yo. Nan mwa sa a, BMC te òganize ak patisipe nan evènman ki ofri pasyan yo opòtinite pou konekte, reflechi, ak selebre eritaj yo nan fason ki gen sans.

Nneka Ap Dirije Kou Kuizin Pou Montre Fason Pou Fè Diri Jollof Nijeryen an

Pran Swen Moun Atravè Kilti yo: Kou Kuizin Pou Montre Fason Pou Fè Diri Jollof Nijeryen an


Semèn pase, Teaching Kitchen ak DEI Nursing Council la te rasanble ansanm pou selebre Mwa Istwa Nwa a atravè manje, kote yo te envite enstriktè ak enfimyè BMC ki se Nneka Nwokeji. Nneka te pataje pasyon l pou fè manje ak tradisyon familyal li yo pandan li te montre fason pou fè Diri Jollof Nijeryen an. Epitou, li te mete limyè sou fason manje reflete kilti, istwa ak kominote.


Ou te rate evènman an? Ou kapab toujou eseye resèt Nneka lakay ou: Diri Jollof Nijeryen ak Poul.



BMC Onore epi Selebre Mwa Istwa Nwa

Rezime Rankont Reparatris Espas Gerizon Nwa


Jou ki te mèkredi 11 fevriye 2026 la, BMC te esponnsorize epi patisipe nan yon evènman an pèsòn ki rele rankont reparatris Black Healing Space  nan Twelfth Baptist Church. Se Heal Your Love Period ki te òganize evènman sa a pandan Mwa Istwa Nwa a. Li kreye yon espas pou refleksyon, repo ak koneksyon nan mitan kominote Nwa a.


Gen plizyè pasyan ki te patisipe nan aktivite an ki te fèt nan sware, epi pèsonèl BMC a te prezan pou sipòte evènman an. Rankont la te santre sou egzèsis respisrasyon gide, gerizon atravè son, ak aktivite terapetik ki te gen fasilitatè ki t ap dirije yo, epi ki fèt pou sipòte byennèt emosyonèl ak espirityèl. Yon chaplen ki sètifye ak lòt fasilitatè ki gen fòmasyon pou sa te ede kreye yon anviwònman ki kalm ak akeyan. Epitou, patisipan yo te kapab pran poz, respire ak konekte avèk tèt yo epi youn ak lòt.


Pandan Mwa Istwa Nwa a, moman swen ak restorasyon yo kapab espesyalman gen anpil enpòtans. Evènman sa a ofri yon espas pou sòti nan estrès chak jou, rantre nan kominote a, epi konsantre sou gerizon yon fason ki onore rezilyans ak byennèt kolektif. Eksplore Pwen Enpòtan Ki Te Gen Nan Evènman Pou Mwa Istwa Nwa Nou An.


Rekonpans

BMC named to Becker's 100 hospitals and health systems with great heart programs

Becker’s Healthcare Rekonèt BMC pou Swen Ekselan Nan Kesyon Swen Sante

Nou #BMCProud fyè pou nominasyon nou resevwa nan men Becker's Healthcare kote nou fè pati 100 lopital ak sistèm sante ki gen yon bon pwogram swen kè. Sant Kadyovaskilè nou an se yon lidè nan ofri swen avanse ak konplè pou divès maladi kadyak ak vaskilè.

Gras ak zouti dyagnostik ki gen dènye teknoloji, terapi inovatif, ak pwogram medsen yo sipèvize epi ki konsantre sou egzèsis ak chanjman nan fason moun viv, Sant lan pran angajman pou ede pasyan yo diminye risk pou maladi kè. Epitou, amelyore sante kadyovaskilè yo an jeneral. Li Sou Pri Nou Resevwa a ak Swen Ekselan Nou Ofri yo



BMC named to Newsweek's America's Greatest Workplaces 2026

Yo Nome BMC kòm Youn Nan Pi Bon Espas Travay Pou Fi Nan Etazini

Newsweek nome Boston Medical Center kòm youn nan Pi Bon Espas Travay Pou Fi Nan Etazini pou 2026 la.

Klasman sa a apiye l sou yon ankèt ki fèt nan tout peyi a bò kote 89 000 fi ki anplwaye, ansanm ak sou endikatè pèfòmans kle tankou egalite sèks, ekite ak enklizyon.

Avèk 75% anplwaye nou yo ki se fi, BMC pran angajman pou kreye yon espas travay ki ekitab epi ki sipòte fi nan wòl lidèchip yo. Lè nou defann egalite sèks, nou amelyore swen sante nou yo ki gen klas mondyal gras ak yon pwosesis ki pi enklizif nan desizyon ki ap pran yo. Epitou, li pèmèt nou gen yon pi bon konpreyansyon sou bezwen divèsifye pasyan yo. Gade Enfòmasyon nou yo nan Newsweek.

BMC Nan Nouvèl La 

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Claudia Hochberg

Sante Kè ak Risk Nan Retire Nèj


Pandan ivè a ap kontinye, ekspè nan Boston Medical Center ap raple piblik la pou pran prekosyon lè y ap pèlte nèj, espesyalman pou moun ki gen pwoblèm yo.


Nan yon entèvyou li te fè nan Boston.com, Doktè Claudia Hochberg, yon kadyològ entèvansyonèl nan BMC te eksplike poukisa lè w ap pèlte nèj la li kapab mete yon presyon anplis sou kè w konpare ak lòt fòm aktivite fizik yo.


Hochberg te di: “Lè w ap pèlte nèj la ou itilize pati anlè bra w plis, sa ki pi egzijan ak fatigan pou kè a pase lè w travay janm yo.”  “Nou te di pasyan nou yo ki ap soufri deja ak maladi kè pou yo pa al pète nèj la.”


Doktè Hochberg te mete limyè sou siy avètisman moun yo dwe prete atansyon lè y ap pèlte nèj la tou. Sentòm nou dwe gade yo gen ladan l doulè oswa presyon nan pwatrin, doulè nan bra, transpire anpil, souf kout ak kè plen. Gade Tout Entèvyou an ak Istwa a La a.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

“Pwofesyonèl swen sante mwen an te eksplike m pwoblèm sante mwen an yon fason mwen konprann li kounye a, epi mwen pral fè chanjman nan lavi m yon fason pou m kapab viv yon vi ki an sante. Mwen te santi mwen te sèl pasyan ki te genyen jou sa a, epitou mwen te kapab poze tout kesyon mwen te vle san mwen pa nan prese epi san enkyetid. M ap viv yon vi ki pi long, ki pi an sante, epi se san mank akoz swen mwen te resevwa yo.” Pasyan Kadyoloji BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou
Mychart Logo

RPa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign