Share

Gade nouvo amelyorasyon nan kanpis nou an, pakou pasyan ki se Fedel, ak konsèy pou rete an sante pandan sezon sa a.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON DESANM 2025

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Bòn fèt nan men BMC's Healing Pups!

BMC Healing Pups

Eksplore Nimewo Mwa Desanm la: 

ISTWA AN VEDETTE

Byenvini sou Kanpis nou an ki Fenk Renove

Ouvèti Gwo Sal Antre BMC

Jou ki te 24 novanm la, nou te selebre reyouvèti gwo sal antre Menino a avèk pasyan, pèsonèl, ak patnè kominotè yo. Etap enpòtan sa a make faz final pwojè reyamenajman Kanpis la, yon efò ki fèt sou plizyè ane pou ranfòse swen klinik, modènize espas nou an, epi pi byen sipòte chak pasyan ki rantre nan pòt nou yo.


Depi lane 2022, amelyorasyon sa yo ki fèt sou kanpis la elaji aksè ak swen kowòdone ki gen gwo kalite nan plizyè sèvis tankou:

  • 70 nouvo kabann pou pasyan ki entène ak senk (5) nouvo sal operasyon, sa ki ogmante kapasite nou pou bay swen chirijikal ak swen lopital ki avanse nan bon moman

  • Nouvo klinik ekstèn ki amelyore pou Pedyatri, Sante Fi, ak Sikyatri pou Adilt sa ki kreye anviwònman ki pi konfòtab ak pi efikas

  • Inite Rechèch Klinik (CRU) BMC a, se yon espas modèn ki sou 3,000 pye kare, epi ki la pou fè pwomosyon rechèch klinik avanse ki konplèks ak san patipri. Li gen enfimyè ki fòme espesyalman pou sa ki la pou pasyan yo, epi li gen ladan l kowòdonatè rechèch tou. Li gen yon kapasite etid 24 sou 24, ak yon sèvis laboratwa sou sit la tou

  • Sèvis ki elaji nan  Batiman Crosstown, ofri pasyan ki sou kanpis la swen primè pou adilt, swen pedyatrik ak tretman pou pasyan ki pa entène nan kad yon apwòch kote ou resevwa tout sèvis yon sèl kote. Sèvis sa yo gen ladan l famasi an detay, imajri pou pasyan ki pa entène, mamografi, ak sal pou pran san

  • Sal pou entène pou swen medikal, operasyon, ak swen kritik nan Yawkey Center, epi ki la pou sipòte pasyan ki bezwen swen entansif yo

Gwo sal antre Menino a ki refèt la ofri:

  • Amelyorasyon nan zòn pou depoze pasyan yo ak espas valè yoWider roadways and a reconfigured accessible parking lot

  • Espas wout yo ki elaji ak reyamenajman paking ki aksesib yo

  • Pi bon aksè ant batiman Menino, Yawkey, ak Moakley

  • Yon nouvo adrès ki pi fasil pou Famasi Yawkey

  • Plis chèz nan kafeterya a

Amelyorasyon sa yo montre angajman nou pran pou kontinye ofri bon jan kalite swen, ki gen bon kalite epi ki santre sou pasyan an nan espas ki fèt pou favorize gerizon. Si ou ap vizite youn nan nouvo espas nou yo pou premye fwa, tanpri prevwa tan anplis pou randevou ou a. Nou ap kontan resevwa w.

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Amelyorasyon Nan Nouvo Kanpis Nou an→
Ouvèti Gwo Sal Antre BMC
Ouvèti Gwo Sal Antre BMC
Ouvèti Gwo Sal Antre BMC
Ouvèti Gwo Sal Antre BMC

Fedel santi li ap reviv apre li fin rejwenn kapasite pou tande li

Fedel ak Doktè Aliphas

Pandan plis pase 10 lane, Fedel Betances te ap pèdi detanzantan kapasite pou li tande. Li te pè, tris, epi li te santi l jennen. Li te sonje: “Mwen te wont pou m te mande moun pale pifò." “Mwen te gen pou m eksplike mwen te soud, epi mwen dwe gade mouvman bouch ou pandan ou ap pale, konsa mwen kapab konprann sa w ap di m la.”


Tout bagay te chanje jou Fedel te rankontre 

otorinolarengolojis BMC a ki se Doktè Avner Aliphas.Doktè Aliphas te eksplike Fedel nan lang matènèl li ki se Espanyòl, ke li te pèdi kapasite pou li tande akoz otoskleroz, yon pwoblèm medikal ki afekte pi piti zo nan zòrèy mwayèn nan ki rele etriye. Bon nouvèl la se te nou t ap kapab fè yon operasyon nan toulède zòrèy yo pou chanje pèt kapasite pou tande li a, epi Doktè Aliphas se yon ekspè nan kalite operasyon sa a, ki rele Stapedektomi. Doktè Aliphas te fè Fedel konnen te gen anpil chans pou li rejwenn kapasite pou li tande ankò yon ti tan apre operasyon an. Fedel fè konnen: “Doktè Aliphas eksplike w bagay yo nan yon fason ou kapab konprann.” “Li montre li kalm.”


Fedel te fè premye operasyon li an nan kòmansman 2025, epi li te fè dezyèm la pi ta nan otòn. Kapasite pou li tande a te refè byen rapid. Li di: “Menm moman mwen te reveye apre operasyon an mwen te kapab tande.” “Mwen pa t janm gen okenn doulè, okenn enfeksyon, okenn pwoblèm—tout bagay te trè byen pase."


Jounen jodi a, Fedel kontan paske li pa bezwen mete aparèy pou ede l tande yo. Epitou, li ap pwofite lavi l avèk mari l, kat timoun li yo ak senk pitit pitit li yo. Li di: “Lavi m chanje nèt nan bon sans lan.” “Mwen te reviv.”

i Tout Istwa Fedel la a →

Rete An Sante Pandan Sezon Fèt Sa a

Pasyan k ap pran vaksen kont grip

Semèn Vaksinasyon Nasyonal Kont Grip, ki ap fèt 1ye pou rive 5 Desanm fè nou sonje li pa twò ta pou pran vaksen kont grip. Akoz ogmantasyon deplasman ki gen rapò ak sezon fèt yo ak moun ki reyini ansanm pou selebre, risk pou gen maladi a ogmante. Lè w pran vaksen an se youn nan fason ki pi efikas pou pwoteje tèt ou, moun ki pwòch ou ak kominote w.

Grip la kapab danjere espesyalman pou adilt ki aje, timoun piti, moun ansent ak moun ki ap viv avèk maladi kwonik. Vaksen kont grip la ede diminye risk pou malad, li diminye nan nivo maladi a kapab grav si ou pran grip la epi li ede diminye pwopagasyon an bay lòt moun.


Si ou planifye pou vwayaje sezon sa a, etap senp sa yo kapab ede ou rete an sante:

  • Pran vaksen kont grip ou anvan ou vwayaje

  • Lave men w souvan oswa itilize dezenfektan pou men

  • Kouvri bouch ou lè w ap touse ak estènye

  • Rete lakay ou si ou santi w malad

  • Panse pou mete yon mask nan espas anndan ki gen anpil moun

Vaksen kont grip la san danje, efikas, epi li disponib anpil nan BMC ak espas kominotè yo. Pale avèk ekip swen ou an sou desizyon pou pran vaksen an, oswa planifye randevou pou pran vaksen kont grip la jodi a. Pwoteje sante w konsa ou kapab pase plis tan ap konsantre sou sa ki pi enpòtan pou ou sezon sa a.


Pran swen tèt ou ak moun ki pwòch ou. Pran yon randevou jodi a. →

Evènman yo

EQTY 2025 Pwogrè Anba Panèl Presyon

BMC Montre Wout Pou Ekite nan Kesyon Sante nan EQTY 2025


Sa pa gen lontan BMC te òganize EQTY 2025: Pwogrè Anba Presyon, se yon reyinyon nasyonal ki fèt chak ane epi ki reyini ansanm lidè nan rechèch, nan swen klinik ak nan sante kominotè pou avansman ekite nan kesyon sante.


Senpozyòm Sou Pwogrè nan Rechèch Medikal souliyen fason patenarya syantifik ak kominotè yo kapab ede diminye inegalite nan domèn ki gen rapò ak maladi tankou: maladi kè, dyabèt, obezite ak tansyon wo.


Ane sa a nou te gen pi gwo kantite moun ki patisipe, kote te gen patisipan ki te sòt toupatou nan Massachusetts ak nan tout peyi a tou. Jounen jodi a, nan twazyèm ane li, EQTY vin tounen plis pase yon konferans, se yon mouvman nasyonal ki pran angajman pou avanse ekite nan kesyon sante. Gade Moman Enpòtan yo epi Aprann Plis Sou Evènman EQTY Ane sa a


Pasyan BMC Rhea ak Ryn

Fè Yon Kwa Sou Yon Kado Nan Lis Ou a Epi Ranfòse Swen Pasyan Yo 


Ou ta renmen gen yon ide sou yon kado ki gen gwo enpòtans? Fè yon don nan BMC nan non yon moun ki enpòtan pou ou, epi don ou a ap double, menm jan ak chak dola nou resevwa, jiska $100,000. Sa vle di w ap fè de (2) fwa enpak  pou swen ekspè kominote ou a konte sou li. Klike sou lyen anba a epi chwazi “Dedye don sa a” pou kòmanse. Chwazi pami kat (4) modèl kat elektwonik pou sezon fèt yo, epi bay adrès imèl moun pwòch ou a. Y ap voye notifikasyon an dwat nan bwat resepsyon li! Nou toulède ap santi nou byen paske nou konnen nou ede fanmi ki nan bezwen, tankou Rhea ak Ryn (ki nan imaj la). Fè Don an Jiska Dat limit ki se 31 Desanm Pou Li ka Double.

Kou Kuizin BMC

Selebre Sezon Fèt la avèk Kou Kuizin BMC


Mwa Desanm sa a, Kou Kuizin BMC rasanble pasyan ak manm kominote yo ansanm pou selebre sezon fèt la atravè manje, kilti ak koneksyon. Sòti nan Anouka pou pase nan Nwèl ak Kwanzaa, chak klas pataje yon resèt senp, konsèy nitritif, ak istwa ki dèyè chak bon pla sa yo pou sezon fèt la. Si ou te rate de premye sesyon yo, ou kapab amize w ak resèt nou te fè yo lakay ou.


Anouka Latkes avèk Mara Garwood, RDN

Seri mwa desanm nou an te kòmanse ak resèt koupe dwèt golden latke la ak yon bèl konvèsasyon sou tradisyon Anouka a. Dyetisyen Rekoni Mara Garwood te pataje astis ki bon pou sante pou bèl resèt klasik sa a, ansanm ak konsèy sou alimantasyon ekilibre pandan sezon fèt la. Lyen Pou Resèt la.


Kwostini Nwèl avèk Tim Murphy, RN, ak Gaby Simons, RDN

Tim Murphy,  ki se yon enfimyè nan BMC ansanm ak Responsab Kou Kuizin la Gaby Simons te gide patisipan yo atravè ide pou fè kwostini ki fasil epi ki ap ede nou byen selebre pandan rankont, oswa sware lakay pou sezon fèt yo. Gade ide resèt kwostini ki prezante yo epi eseye yo lakay ou. Lyen Pou Resèt la.


Sa ki ap vini: Selebrasyon Kwanzaa Quick N’ Tasty

Jedi 18 Desanm sòti 12:30 jiska 1:15 p.m.

Vin patisipe avèk Adora Gaul, Sè Nesans nan BMC, pou yon klas kuizin espesyal pou Kwanzaa ki ap konsantre sou legim vèt ki bon pou sante a. Adora prepare manje pou paran ki fenk gen tibebe, epi ki ap ede yo rejwenn fòs epi sipòte gerizon yo.


Ou pa kapab patisipe an dirèk? Gade resèt legim vèt ki bon sante a , konsa ou kapab prepare l lakay ou.

 

Enskri la pou Patisipe Avèk Nou An Pèsòn oswa Vityèl

Rekonpans

Pwofesyonèl swen sante ki avèk pasyan

Ap Selebre Patenarya ak Ekselans Klinik

Sa pa gen lontan, Boston University Medical Group (BUMG) te rekonèt travay pwofesyonèl swen sante li yo atravè Clinical Excellence Awards (Pri Ekselans Klinik) 2025 la. Pri sa yo onore klinisyen ki ap travay pou avansman swen sante ak byennèt atravè ekselans, inovasyon, ekite gras ak swen ki santre sou pasyan, edikasyon ak rechèch.


Rekonesans sa a montre angajman pwofesyonèl swen sante BMC ak BUMG pran pou kominote a chak jou. Epi li mete limyè sou angajman yo pran pou ofri swen ki gen gwo kalite, rechèch ki ap transfòme, ak nan fòme nouvo jenerasyon pwofesyonèl swen sante a. Aprann Plis Sou Sistèm Swen Sante BMC a.

Yo nominen BMC Pami Pi Bon Pwogram Newoloji ak Chiriji Kolòn Vètebral

Yo Rekonèt BMC kòm yon Lidè nan Swen Sèvo ak Kolòn Vètebral

Nou #BMCPround pou nominasyon sa a nou resevwa nan lis Swen Sante Becker pami Pi Bon Pwogram Newoloji ak Chiriji Kolòn Vètebral! Lis sa rekonèt pwogram ki bay rezilta eksepsyonèl lakay pasyan, ki gen ekspètiz chirijikal avanse, epi ki ap fè rechèch inovatris.


Ekip Newoloji ak Newochiriji nan BMCpran swen pasyan ki gen divès kalite maladi tankou estwòk, epilepsi, Maladi Parkinson ak esklewoz an plak. U.S. News & World Report, rekonèt pwogram nou an klase nan nivo nasyonal pou ekselans nan swen newochirijikal. Gade Lis Konplè a La a.

BMC Nan Nouvèl La 

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Pwogram HEART of Communities

HEART of Communities Pote Swen nan Mattapan


Yo te onore Sant Medikal Boston ak pwogram HEART of Communities sa pa gen twò lontan nan The Bay State Banner pou swen yo te pote dirèkteman nan Mattapan. Patenarya sa a ki fèt avèk Mass General Brigham ak Mattapan Community Health Center ap lite kont inegalite nan kesyon swen pou maladi kè, dyabèt ak obezite, pandan y ap melanje  swen klinik avèk sipò pou lavi chak jou.


Pwogram la fonksyone avèk gwoup moun ki abite Mattapan, epi ki kalifye pou yon peryòd sis mwa. Li pèmèt yo gen mwayen anplis pou kontwole epi pran swen tansyon ak syabèt yo.


Doktè Thea James, Vis Prezidan Misyon BMC ak Responsab Egzekitif Adjwen Health Equity Accelerator,te souliyen enpòtans dimansyon lokal nan pwosesis konsepsyon pwogram nan, sa ki te gen ladan reyinyon kominotè avèk pasyan, ak moun k ap patisipe yo. Yon fason pou idantifye pi bon modèl swen sante yo ka ofri. Li Plis Sou Heart of Communities nan Bay State Banne

Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

“Doktè a te gen anpil atansyon. Li te tande ak anpil atansyon, reflechi sou tout opsyon tretman ki posib. Epi li te pale yo avèk mwen yon fason ki ouvè epi ki klè. Li te fè m santi li te vle sa ki pi bon pou mwen nan kè l. Mwen te vrèman renmen eksperyans m te fè avèk li.”- Pasyan Newoloji BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou
Mychart Logo

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign