Share

Jwenn enfòmasyon sou fason ti chanjman, resous ekspè, ak depistaj regilye kapab ede ou santi w byen nan sesyon sa a.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Logo

Li nan navigatè a

EDISYON NOVAMM 2025

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Pwofesyonèl ki ap egzaminen pasyan

Eksplore Nimewo Mwa Novanm la: 

ISTWA AN VEDETTE

Youn Nan Pi Gwo Jeryat Yo Rekonèt Rekòmande Pou Nou Ajoute Engredyan Sa a nan Lis Acha Pou Thanksgiving Ou an 

Pasyan aje k ap souri

Ka pa gen yon resèt ki pèmèt nou viv pi lontan, men gen bon jan aliman ki senp epi abòdab ki kapab ede nou vyeyi pandan nou gen bon jan sante. Doktè Won Lee, , ki se yon jeryat ak direktris Pwogram Swen Lakay nan BMC, souvan ankouraje pasyan li yo pou ajoute tofou (tofu) nan manje yo, paske li fasil pou dijere, epi li gen anpil nitriman. Epitou, li ede moun gen fòs ak santi yo byen an jeneral. Pandan bezwen nitrisyonèl nou ap chanje lè n ap pran laj, li vin espesyalman enpòtan pou nou chwazi manje ki favorize enèji, endepandans ak otonomi sou yon peryòd ki long.


Tofou se yon pwoteyin konplè, lejè epi fasil pou dijere lè l nan rive nan vant, epi li gen yon pakèt mineral esansyèl tankou kalsyòm, ak manganèz ki enpòtan anpil pou kenbe mas miskilè. Lè ou pran kantite pwoteyin ki sifizan li ede prevwa pèt miskilè ki gen rapò ak laj, epi tofou a ofri yon mwayen aksesib pou atenn objektif pwoteyik sa yo san ou pa bezwen fè anpil preparasyon. Tofou gen anpil grès ki pa satire epi li pa gen anpil kolestewòl, sa ki fè li bon pou sante kè a. Nan yon etid ki te fèt nan lane 2020yo jwenn lè ou konsome omwen yon pòsyon tofou pa semèn li diminye risk pou gen maladi kè a 18%. Li mou, fasil pou manje, epi li adapte ak divès kalite kuizin tou.


Lee di nou: “Mwen konstate anpil nan pasyan mwen yo di m yo pa manje anpil vyann ankò jan yo te konn manje l anvan sa. Sa rive akòz plizyè rezon tankou: dan yo, chanjman nan gou alimantè ak pri yo. Sa fè m anpil plezi paske m gen posibilite pou ouvè lespri moun yo sou nouvo manje ki kapab gen yon enpak sou sante yo.” 


Ou ta renmen eseye tofou? Panse pou ajoute l nan repa Thanksgiving ou an ansanm ak manje prefere ou yo. Klas Kuizin nan BMC ofri kèk resèt ki fèt ak tofou pou ede estimile enspirasyon.


Ekip jeryatik nou an – U.S. News & World Report klase nou pami 50 pi bon lopital nan peyi a nan domèn Jeryatri, Nou espesyalize nan bezwen medikal, sosyal ak fonksyonèl espesifik moun ki aje yo, tankou ofri konsèy nan kesyon alimantasyon ak egzèsis fizik pou ede moun aje yo benefisye yon pi bon kalite lavi.

Aprann plis sou swen jeryatri nan BMC →

Jere Dyabèt Ou Apati Yon Platfòm Santral Inik 

Pasyan k ap konsilte pwofesyonèl swen sante l

Lè w ap viv ak yon fòm dyabèt li kapab ajoute estrès nan lavi chak jou w. Si ou ale sou entènèt pou w jwenn èd, kantite enfòmasyon ou jwenn sou sa pou manje, bwè, oswa bagay pou evite kapab fè li difisil pou konnen ki kote pou kòmanse oswa kiyès pou fè konfyans.  


Se pou rezon sa a ekip dyabèt ki gen moun nan plizyè disiplin nan Boston Medical Center (BMC) 

kreye Sant Resous Dyabèt—yon platfòm inik epi fasil pou itilize ki ap bay enfòmasyon fyab ekspè yo pataje avèk nou. Li fèt pou ede w jere maladi ou a avèk konfyans. 


Se espesyalis nan kesyon dyabèt, enfimyè espesyalis, edikatè sètifye nan dyabèt ak lòt ekspè ki devlope l. Resous anliy sa a rasanble enfòmasyon fyab epi ajou, ansanm ak zouti pratik ki ap ede ou nan chak etap. 

Sis Pwen Enpòtan Pou Swen   

Pou ede ou jwenn sa ou bezwen tousuit, Sant Resous Dyabèt la òganize an sis (6) pwen enpòtan, chak nan yo ofri gid, konsèy ak videyo klè epi ki baze sou prèv: 

  • Manje yon fason ki bon pou sante – Prepare repa ki ekilibre, epi abòdab ki favorize yon pi bon kontwòl glisemi ak yon pi bon sante an jeneral. 

  • Fè egzèsis yon fason konsyan – Dekouvri fason pou rete aktif atravè mouvman ou renmen, epi entegre egzèsis fizik nan aktivite ou fè chak jou. 

  • Kontwole glisemi a – Aprann entèprete rezilta yo pou w kapab pran desizyon chak jou an konfyans. 

  • Medikaman kont dyabèt – Jwenn enfòmasyon fyab sou ensilin, medikaman moun pran nan bouch, ak fason tretman yo fonksyone ansanm. 

  • Jere konplikasyon yo – Jwenn konsèy ki ap ede w prevwa, idantifye, ak jere bonè konplikasyon ki gen rapò ak dyabèt.

  • Swen sante mantal – Eksplore zouti pou jere estrès ak swen pou byennèt emosyonèl nan kad plan jesyon dyabèt ou an. 

Akonpanye Ou Nan Chak Etap   

Menmsi yo fenk dyagnostike w oswa ou ap jere dyabèt pandan plizyè ane, Sant Resous Dyabèt BMC ak Ekip Fòmasyon Sou Dyabèt yo la pou ede ou pran ti mezi, men ki enpòtan pou w gen yon pi bon sante. 

Dekouvri Sant Resous Pou Dyabèt →

Depistaj Kansè Poumon yo Ede Karyn Gen Yon Pa An Avans

Karyn ki se pasyan BMC

Karyn eksplike: “Doktè swen primè mwen te di m mwen ta dwe fè yon eskanè (CT) pou depiste kansè poumon.” “Se pa t yon bagay ki te nan lespri m.


Kòm fason li itilize sigarèt ba li yon pi gwo risk pou kansè poumon, yo te refere Karyn nan Pwogram Depistaj Kansè Poumon ak Evalyasyon Nodil Pilmonè BMC a. Ekip la eksplike li te kalifye pou 

resevwa yon eskànè ak ti dòz CT (LDCT) chak ane, sa ki pèmèt detekte kansè poumon byen bonè, anvan sentòm yo kòmanse. An efè, lè yo detekte kansè poumon an bonè, pousantaj pou siviv 5 lane apeprè 59%, sa ki pi plis anpil konpare a 6% lè li pwopaje.


Karyn fè ekip swen li an konfyans epi li apresye lapè lespri depistaj la pote pou li. Li di “Chak fwa yo di m anyen pa chanje, sèlman kèk sikatris.” “Se pi bon nouvèl la.” Li apresye sèvis anplis BMC ofri pasyan li yo tou. Ou jwenn tout bagay tankou manje, èd pou lwaye, konsèy pou sante mantal, sèvis gratis si ou pa gen asirans. Yo vrèman ede moun. BMC se yon bèl lopital, epi mwen prale pou tout rès lavi m.” Li tout istwa Karyn nan la a.


Karyn swete lè li pataje istwa l, lòt moun ap suiv egzanp li. “Tout moun ta dwe fè eskànè CT sa yo”


Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Depistaj Kansè Poumon nan Boston Medical Center


Novanm sa a ap gen Derasinen Kansè Nou Pran Nan Fimen 


Great American Smokeout® k ap fèt Jedi 20 Novanm lan, se yon jounen nasyonal ki fèt nan lide pou ankouraje moun kite fimen epi amelyore sante nou. Li rantre nan kad Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Poumon ki ankouraje nou pa fimen ankò.


Nan Boston Medical Center, Sant Tretman Kont Tabak (TTC) ede pasyan yo pran etap enpòtan pou yo sispann konsome tabak. Menmsi, y ap prepare yo pou kite, redui konsomasyon yo, oswa eseye kite ankò. Pasyan yo ale avèk zouti ak resous yo bezwen pou kontinye ak pakou kote yo ap sispann fimen an. 


Si ou pare pou pran pwochen etap la rele nan 617-638-7665 (SMOK).

Pou Jwenn Plis Enfòmasyon, Ale Sou Sant Tretman Kont Tabak Nan BMC →

Evènman yo

EQTY2025, Pwogrè Anba Presyon 20 Novanm Boston, MA

EQTY 2025 – EQTY 2025: Pwogrè Anba Presyon


Konferans EQTY nan Sistèm Sante BMC, ki nan twazyèm edisyon plis pase yon evènman. Se yon apèl pou aji pou tout moun ki kwè nan kreye kominote ki pi an sante epi ki pi ekitab. Tèm pou ane sa a Pwogrè Anba Presyon, l ap rasanble ansanm lidè ki gen vizyon ki ap pataje sajès kolektif yo nan yon moman kritik mouvman ekite nan kesyon sante. Refleksyon yo ap ede trase wout pou nou suiv epi y ap ba nou lide klè ak konkrè sou fason nou kapab kontinye pwogrese ansanm, menm nan moman difisil yo.


EQTY 2025 ap gen yon lis eksepsyonèl entèvenan pami yo konferansyè prensipal nou Keisha Lance Bottoms, ansyen majistra Atlanta ak ansyen konseyè prensipak Prezidan Etazini Michael Eric Dyson, PhD, Symone Sanders, Elizabeth Ofili, MD, MPH, ak lòt lidè ki ap travay an favè ekite nan kesyon sante. Epitou, nou eksite pou pataje yon entèvyou ekskliziv nou fè avèk Doktè Anthony Fauci, ki ap pataje opinyon l sou fason nou kapab pwogrese lè gen anpil presyon. Jwenn plis enfòmasyon sou EQTY 2025.


BMC nan Mach an Ivè 2024

Mach Pou Mete Fen ak Sanzabri


Kòmanse Dimanch Superbowl la avèk Ekip BMC a! Vin patisipe avèk nou nan yon Mach Ivè nan maten 8 fevriye pou yon mach 2 mile nan lide pou soutni vwazen nou yo ki pa gen kay nan Greater Boston. Ansanm, nou ap rasanble fon pou Living Well at Home (Viv Byen Lakay Ou), yon inisyativ Boston Medical Center ki fèt nan lide pou ede pasyan yo jwenn epi kenbe yon espas san danje yo rele kay. Evènman familyal sa a epi chyen kapab patisipe gen yon gwo enpak pou moun k ap viv Boston ki depann sou swen BMC.

Jwenn Plis Enfòmasyon Epi Enskri.

Patisipe Nan Konvèsasyon Sou Rechèch Enklizif

Geri Pase, Defini Lavni:


Yon Diskisyon sou Rechèch Enklizif vini nan Blue Bridge ak Boston Medical Center pou yon konvèsasyon an pèsòn sou pèmèt rechèch klinik yo pi enklizif. N ap pral reflechi sou difikilte nou te genyen yo, eksplike ak kisa patisipasyon nan rechèch la sanble jodi a, epi eksplore mwayen pou ranfòse konfyans ak ekite nan kesyon sante nan kominote nou yo. Opinyon w enpòtan, kontribiye nan oryante avni rechèch la.. Patisipe nan Konvèsasyon an.

Rekonpans

BMC Pami Enstitisyon Ki Fè Pi Bon Nòt Pou Sekirite Pasyan

BMC Pami Enstitisyon Ki Fè Pi Bon Nòt Pou Sekirite Pasyan

BMC kontan yon lòt fwa ankò pou li resevwa yon "A" pou Nòt Pou Sekirite Lopital nan men Leapfrog Group, yon òganis nasyonal endepandan ki pa la pou fè pwofi ki konsantre l sou sekirite pasyan. Yo bay nòt yo pou lopital jeneral nan tout peyi a sou baz plis pase 30 kritè pèfòmans ki ap reflete erè, aksidan, blesi, ak enfeksyon ansanm ak sistèm lopital la mete sou plas pou anpeche yo rive.


Rekonesans sa a montre estanda ki estrik anpil nou genyen pou sekirite ak pwosesis entansyonèl nou pou pwoteje pasyan yo kont domaj ki kapab evite. Konsa, tout moun kapab evolye nan yon aviwònman ki san danje. Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Angajman Nou Pran Pou Sekirite Pasyan yo.


Pri BMC

Nou Fyè Pou Rekonèt Lidè Klinik ak Operasyonèl Nou Yo Ki Ranpòte Pri

Yo rekonèt BMC kòm yon lidè nasyonal nan kesyon swen sante. Pri sa yo montre angajman nou pran pou ekselans klinik ak swen kominotè. Felisitasyon ak ekip nou an pou angajman yo kontinye genyen:

Anons

Rantre Prensipal BMC

Nouvo Antre Prensipal BMC Nou Restriktire ap Re-ouvè 19 Novanm

Nou kontan anpil pou akeyi w nan nouvo antre prensipal nou an. Apati Mèkredi 19 Novanm, BMC ap re-ouvè antre prensipal nou an ki restriktire. Li ap ofri yon pwen antre modèn epi ki pi aksesib ki konekte dirèkteman alafwa batiman Menino (840 Harrison Ave.) ak Yawkey (850 Harrison Ave.). Reyalizasyon sa a fè pati angajman nou kontinye pran pou pote amelyorasyon nan espas kote y ap depoze pasyan ak zòn valè yo pou pasyan yo. Nou restriktire paking pou andikape yo, pi bon aksè apati Mass Ave., ak plis espas pou chita.


Chanjman ou dwe konnen:

  • Nouvo antre prensipal la se nouvo pwen aksè pou Batiman Menino ak Yawkey.

  • Mizajou nan wout pou depoze epi pase pran moun pou amelyore sikilasyon an.

  • Famasi Yawkey nou an ap deplase nan yon nouvo espas ki pi aksesib nan Batiman Yawkey jou ki ap 24 Novanm lan.

Tanpri, asire ou deplase anvan lè pou rive nan randevou ou an, si se premye fwa ou ap vizite nouvo espas nou yo. Nou apresye pasyans ou pandan n ap amelyore etablisman nou yo. epi nou espere akeyi w. Dekouvri Kat ak Detay Ki Ajou yo.


Fèm Sou Do Kay BMC

Jwenn Resous Pou Manje Nan Kominote Nou Yo

Jwenn aksè ak manje ki bon pou sante enpòtan anpil pou gen bon jan lasante, jiskaprezan gen anpil fanmi ki gen difikilte pou gen aksè ak repa nitritif. Sistèm Sante BMC pran angajman pou ede pasyan ak fanmi yo konekte avèk resous lokal k ap pèmèt manje ki bon pou lasante pi abòdab ak aksesib.

Si ou menm oswa yon moun ou konnen bezwen sipò pou manje, men plizyè opsyon fyab:

  • Rejis Sèvis Sosyal Nan Eta: Ale nan repètwa anliy ki nan plizyè lang, epi ou kapab konsilte, pou jwenn manje, lojman, ak lòt sèvis sosyal atravè Massachusetts.Gade Resous Kominotè Thrive.

  • Project Bread: Jwenn èd pou w jwenn pwogram asistans manje nan zòn ou an. Rele Liy asistans Telefòn nan 1-800-645-8333. Jwen plis enfòmasyon sou Project Bread.

  • Massachusetts 211: Konpoze 2-1-1 oswa rele 1-877-211-6277 pou konekte avèk resous lokal pou manje, lojman ak sante atravè United Way. Vizite Massachusetts 211 pou jwenn plis enfòmasyon.

  • Bank Alimantè Prevantif BMC: Avèk preskripsyon yon pwofesyonèl swen sante BMC, pasyan ki kalifye yo kapab resevwa manje ki bon sante, epi ki ede etablisman ak byennèt an jeneral yo. Fanmi yo ka ale de (2) fwa pa mwa pou pran fwi ak legim ki fre, ansanm ak vyann. Bank alimantè a ouvè Lendi pou rive Vandredi, 10 a.m. – 4 p.m. Pou jwenn plis enfòmasyon.

Logo Mychart

 Yon Nouvo Prezantasyon pou Dosye Sante BMC: Byenvini nan Mychart

Apati 1ye Novanm 2025, pasyan nan BMC Brighton ak BMC South ap rejwenn BMC nan itilizasyon MyChart, pòtay pasyan nou pataje pou tout Sistèm Sante BMC. Ou ap remake yon nouvo logo ki reflete koneksyon nan tou sistèm la, men aksè ou a, koneksyon ak tout fonksyonalite pòtay la ap rete menm jan. Pasyan yo kapab kontinye wè rezilta tès yo an sekirite, suiv randevou, epi jere preskripsyon nan yon sèl ak menm espas ki aksesib. Si ou poko enskri, tanpri enskri nan MyChart pou w kapab suiv randevou ou byen fasil, gade medikaman epi jere enfòmasyon sou sante w nan yon sèl ak menm espas ki aksesib. Enskri nan MyChart Jodi a.

BMC Nan Nouvèl La 

Nou kontan mete aksan sou dènye atik medya ki mete ekspè BMC yo an valè pandan y ap pataje konsèy sou sante ki enpòtan. Kit se sou rezo nasyonal oswa lokal, atik sa yo montre angajman nou pou bay bon jan swen, amelyore ekite, epi soutni pasyan ak kominote nou yo chak jou. 

Doktè Sabrina Assoumou

Rete an sante pandan peryòd otòn sa a: Resevwa konsèy nan men Doktè Sabrina Assoumou ki nan BMC


Avèk tan fredi a k ap rive, epi pifò moun pase tan yo anndan, maladi sezonyè tankou rim, grip, ak COVID-19 ap ogmante. Doktè Sabrina Assoumou, espesyalis nan maladi enfektyez nan Boston Medical Center, te pale avèk Boston 25 News sou fason nou kapab prepare nou pou sezon maladi a, epi pwoteje tèt ou ak fanmi w. Li pataje konsèy pratik sou prevansyon, vaksinasyon ak kilè pou chèche swen.

Gade Tout Emisyon An Sou Fason Pou Rete An Sante Otòn Sa a.


Doktè Hollis D. Day

Poukisa Miskilasyon Enpòtan Pandan Ou Ap Pran Laj


Chèf Sèvis Jeryatri Hollis D. Day, , MD, MS, MHPE, te pale avèk Health.com sou fason lè nou antrene miskilasyon li ede nou pi byen vyeyi.

Li fè konnen li pa janm twò ta pou kòmanse antrene miskilasyon epi amelyore sante nou. “Menm lè nou kòmanse ak yon sèl seyans pa semèn li kapab ede nou, epi nou kapab ogmante piti piti." Li Tout Atik La a

Deklarasyon san Diskriminasyon

Sistèm Sante Sant Medikal Boston an respekte lwa Federal ki aplikab nan dwa sivil, epi yo pa fè diskriminasyon ki baze sou laj, ras, koulè, orijin nasyonal (li gen ladan l, moun ki gen konesans limite nan anglè ak lang matènèl), relijyon, kilti, andikap fizik oswa mantal, estati sosyal ak ekonomik, oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl ak/oswa ekspresyon seksyèl. BMC ofri èd ak sèvis pou moun ki gen andikap, epi sèvis lang gratis pou moun ki pa gen anglè kòm lang matènèl.


Pou wè tout deklarasyon nou genyen kont diskrimasyon, klike la a.

BMC ou a se Bilten Enfòmasyon chak mwa nou voye nan kominote nou an pou pale sou tout sa k ap pase nan BMC. Nou ofri bilten enfòmasyon sa a yon fason elektwonik nan lang Anglè, Panyòl, Pòtigè ak Kreyòl Ayisyen. Mwa pase ou ka te resevwa yon vèsyon nan yon lòt lang pa erè. Ou pa bezwen fè okenn aksyon anplis. Nou remèsye w paske ou se yon lektè bilten enfòmasyon nou an, epi nou swete rete an kontak avèk ou.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Quotation mark

"Pandan premye vizit mwen an, mwen te benefisye yon egzamen trè konplè nan jeryatri. Mwen enpresyone sou fason Doktè Perez-Mendez li nòt sou antesedan medikal mwen yo, epi li te konprann ka mwen an byen rapid. Li te gen anpil atansyon epi li te janti anpil, epi li te trete m ak anpil respè. Mwen te enpresyone anpil pou tan li te pase avèk mwen, epi jan li byen konprann enkyetid mwen yo. M ap wè l ankò nan pa twò lontan." - Pasyan Jeryatri BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign