Share
Kounye a sit entènèt nou an tradui nan kat lang.‌ Dekouvri istwa pasyan,‌ swen ekspè,‌ ak konsèy pou kòmanse ane lekòl la an sante.‌
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Li nan navigatè a

EDISYON OUT 2025

BMC ou a

Kote swen rankontre kominote a - chak mwa nan BMC

Yon fi medsen ki ap pran swen yon pasyan gason

Eksplore Nimewo Mwa Out la:

ISTWA AN VEDETTE

Jwenn Lespwa ak Rekonesans nan Klinik Long COVID ki nan BMC

Moun ki genyen sentòm respiratwa

Si ou toujou gen sentòm yo nan semèn ak nan mwa apre ou fin gen COVID-19, ou pa poukont ou—epi sa ki pi enpòtan pou konnen, se pa yon bagay ou "envante." Dr. Naomi Hamburg, kadyològ ak responsab BMC's ReCOVer Long COVID Clinic, rankontre chak jou pasyan yo voye ale nan lòt klinik pou sentòm yo dekri kòm “nan tèt yo”. Sentòm sa yo gen ladan l konfizyon mantal, doulè pwatrin, ak entolerans ak egzèsis.


Doktè Hamburg eksplike "Gen anpil moun ki pa kwè." "Se souvan jèn, ki te an sante anvan ki pa kapab fè aktivite yo konn abitye fè, gen nan yo ki pa menm kapab pote panye makèt oswa panye lesiv yo. Men, paske tès estanda yo retounen nòmal, yo pa pran yo oserye."


BMC ReCOVer rasanble espesyalis pou maladi enfektyez, poumon, newoloji, òtofoni, ak kadyoloji nan kad yon sèl pwogram kowòdone. BMC etabli tèt li kòm yon lidè nan domèn swen pou ka COVID long— pandan li ap pran swen pasyan ki nan tout rejyon an, li gen ladan l moun ki gen opsyon swen limite pou sentòm kadyak. Enklizyon ki gen nan ekspètiz pwogram kadyak BMC a, te pèmèt li klase sa pa gen twò lontan pami  50 premye lopital nan tout peyi a pa U.S. News and World Report. Sa vle di, pasyan ki gen COVID long yo resevwa egzamen kadyak espesyalize pou yo kapab jwenn prèv konkrè sou sa yo santi pou sentòm yo te inyore anvan yo. Dyagnostik sa a ki baze sou prèv ede yo gen aksè ak sipò epi pi byen jere tout aspè nan COVID long la. Hamburg konsantre l pou ede pasyan yo jere limit fizik ki gen rapò ak COVID long, epi konprann fason pou amelyore kalite lavi yo. Li di: "Se yon bèl bagay lè m wè jan moun yo apresye fason nou ba yo enfòmasyon, epi pran yo oserye.”

Jwenn Plis Enfòmasyon sou Klinik BMC’s ReCOVer Long COVID la a →

Peggy ak Fason Ekip Kadyològ li a Fè Tout Diferans lan

Pasyan Kadyoloji BMC Peggy James

Peggy James pase anpil peripesi pandan 67 lane li yo—pwoblèm kè, doulè kwonik, ak pwoblèm sante mantal. Li di:“Men kounye a, mwen santi m byen.”  Depi lè li fè yon kriz kadyak a 50 lane, Peggy te konfye swen kè l bay Cardiovascular Center nan BMC.

Peggy di bon jan relasyon li gen avèk kadyològ li Dr. Claudia Hochberg fè tout diferans lan nan sante l. 

Peggy di: “Li wè m kòm yon moun.” “Li pa fè m santi m mal pou sa mwen ye oswa sa mwen fè. Sa ede m jwenn pi bon swen. Li konnen m tèlman lontan, mwen konnen li fè m konfyans. Epi mwen kwè nan li.”


Jounen jodi a, Peggy ap soufri ak plizyè pwoblèm sante, tankou tansyon wo, ensifizans kadyak, atè bouche, doulè kwonik akoz yon esyatik, maladi poumon, anksyete ak depresyon. Li fè konnen pafwa li kapab difisil pou li suiv swen li yo, men an menm tan, Doktè Hochberg ak pwofesyonèl swen primè Peggy a Dr. Emily Hurstack, suiv swen li yo yon fason ki pwòch, epi li bay sipò ak konpasyon ki ede l gen kontwòl sou tout bagay. Ansanm, yo konstwi yon patenarya ki anrasinen nan angajman yo pran youn ak lòt. Pou rezon sa, Peggy prezante pou swen sante l, epi pwofesyonèl swen sante li yo la pou li.


Peggy di “Doktè Hurstack bon anpil nan fè suivi avèk mwen.”  “Si mwen kite yon mesaj pou li, mwen jwenn yon repons tousuit. Mwen p ap chanje l pou anyen nan monn nan. Epitou, Doktè Hochberg se yon trè bon kadyològ ki toujou ap voye je sou mwen, epi sa ale pi lwen pase kadyoloji. Li di m sa pou mwen fè, epi mwen fè l.”

Li Tout Istwa Peggy a la a →

Retounen Lekòl avèk Bon Jan Lasante

Pandan ou ap verifye dènye atik nan lis pwodui pou retounen lekòl yo, rantre vaksinasyon nan preparasyon timoun ou an. Lè timoun ou an rete ajou ak vaksinasyon yo sa pèmèt li rete pwoteje, kamarad klas li yo, ak ansanm kominote a. Epitou, sa ap ede ane lekòl la kòmanse ak aprantisaj, men pa avèk maladi. 

Ikon aiguille

Poukisa Vaksinasyon Enpòtan 

Mwa dawout se Mwa Nasyonal Sansibilizasyon Pou Vaksinasyon (NIAM), epi Sant Nasyonal Pou Kontwòl Maladi (CDC) dekri l kòm moman pou konsantre sou fason vaksinasyon pwoteje moun ki gen tout laj pandan l ap diminye alafwa risk enfeksyon ak nivo maladi a grav.


“Kounye a plis pase anvan, li enpòtan pou nou sonje youn nan wòl enpòtan vaksen yo, se pou diminye nivo enfeksyon yo, se sa Dr. Sabrina A. Assoumou, fè konnen kòm espesyalis maladi enfektyez nan BMC. “Nou rekòmande vaksinasyon an pou diminye chans pou pran enfeksyon, epi pou diminye chans pou enfeksyon an lakòz ou entène lopital.”


Ikòn Pwofesyonèl Swen Sante

Vaksinasyon Obligatwa pou Elèv Massachusetts 


Li pa grav si ou pa sonje vaksinasyon obligatwa yo. The Massachusetts Department of Public Health presize vaksen ak dòz elèv yo dwe pran pou yo ale lekòl.


Vaksinasyon estanda obligatwa yo gen ladan l:    

  • Difteri, tetanòs, ak koklich (DTaP/Tdap)   

  • Polyo

  • Lawoujòl  

  • Mal mouton 

  • Ribeyòl 

  • Epatit B 

  • Varisèl 

Epitou, li rekòmande pou asire w elèv ou a resevwa vaksen kont grip sesonye ak COVID-19 la. CDC rekòmande yon piki chak ane pou tout moun ki gen sis mwa ak plis, ansanm ak COVID-19 vaccination (vaksinasyon COVID-19) pou tout gwoup ki kalifye yo.  


Ou pa sèten si vaksinasyon elèv ou a ajou? Rele pwofesyonèl swen sante ou a pou konfime l epi rete ajou ak vaksinasyon yo pou kenbe timoun ou an, kamarad klas li yo, ak tout kominote a an sekirite.

Li Tout Istwa a epi Prepare w Pou Lekòl →

Evènman yo

Odyans ak Panèl ki nan evènman ekite pou kesyon sante nan Martha’s Vineyard

Yon Konvèsasyon ak Senserite sou Sante Fi: Pale ak senserite sou sante, kè kontan, ak bouche chalè

 

Nan kòmansman mwa sa a Sistèm Sante BMC a te òganize yon panèl diskisyon ki te santre sou sante ak byennèt fanm nwa. Evènman an ki te fèt nan Martha’s Vineyard te rasanble doktè, defansè, ak pèsonalite piblik k ap dirije pou yon konvèsasyon sensè ki pèmèt nou lite kont mit sou sante ak wont anpil fi ap pote, espesyalman sa ki ap rantre nan perimenopoz ak menopoz yo.


Men twa pwen kle pou nou kenbe sou konvèsasyon an:

  • Konesans se yon fòs. Pandan plizyè jenerasyon, yo te aprann fi yo pou yo wont sou fonksyon nòmal kò yo, epi pou yo pa pale sou sijè tankou perimenopoz ak menopoz yo te konsidere kòm pa akseptab. Lè nou pale epi pataje istwa yo sa ap ede fiti jenerasyon yo pou pi byen konprann, epi pi byen pare pou etap sa a nan lavi a.

  • Ou merite pou santi w byen. Èske ou santi w fatige oswa ou pa santi w byen? Pa aksepte sa a kòm yon bagay ki “nòmal” — espesyalman lè w ap pran laj. Rekonèt epi bay tèt ou pouvwa pou di “Mwen merite miyò” epi mande èd.

  • Pale pou sante w. Lè w pale, ou defann tèt ou, lòt moun yo ak fiti jenerasyon yo. Di sa ki verite epi resiste ak anvi pou repwodui modèl soufrans jenerasyon anvan yo.

Nou remèsye panèl envite nou an ki te gen anpil atansyon epi ki te dinamik  – Dr. Sharon Malone, Susan Kelechi Watson, Dr. Myechia Minter-Jordan, Tabitha Brown, and Dr. Christine Crawford – ak moderatè nou an Petrina Martin Cherry, vis prezidant ki responsab angajman kominotè ak afè ekstèn, pou jan yo te pataje eksperyans yo viv, epi jan yo ede montre fason pou sipòte ak fè tande vwa lòt moun yo.  


Pou jwenn plis enfòmasyon sou moun ki te pale yo ak refleksyon ki pèmèt moun reflechi yo te paje, gade rapèl sou evènman nou an nan HealthCity.


Ekip BMCHS ki t ap prezante avèk pri a

Selebre Sant Sante Kominotè yo 


Sistèm Sante Boston Medical Center selebre travay k ap sove lavi sant sante kominotè lokal yo pandan Semèn Sant Sante Nasyonal yo. Li te fèt 3 pou rive 9 Dawout 2025, epi se te yon semèn kote yo te bay yon omaj nasyonal pou wòl sant sante kominotè yo jwe nan bay swen ki aksesib epi ki gen bon jan kalite nan tout kominote atravè Etazini. 


Evènman yo te fè pou komemore semèn nan te gen ladan l Manet Community Health’s evènman pou “Rekonèt ak Reflechi”, ak South Boston Community Health Center te lanse travay pou agrandi bilding lan tout moun t ap tann, sa ki make yon nouvo chapit nan swen ki baze sou konpasyon epi ki santre sou kominote a pou South Boston ak pi lwen toujou. Aprann Konnen tout BMC’s CHCs.

Ekspozisyon drapo mòv yo plante nan Boston Common

Sòti nan Komemorasyon pou rive nan Rekonstriksyon: Jounen Sansibilizasyon Kont Ovèdoz


31 Dawout se Jounen Sansibilizasyon Kont Ovèdoz, yon moman pou onore moun nou pèdi akoz yon adiksyon, epi rekonèt enpak twoub ki gen rapò ak konsomasyon sibstans gen sou moun, fanmi ak kominote yo.

 

Nan BMC, Grayken Center for Addiction ap dirije youn nan pwogram ospitalye k ap lite kont toksikomani ki pi konplè nan peyi a. Nou la pou pasyan yo nan chak etap tretman an ak sipò an. Epitou, sèvis nou ofri yo baze sou respè, ekite ak swen ki pwouve. 


Nan kad Jounen Sansibilizasyon Kont Ovèdoz ak Mwa Nasyonal Pou Retablisman an Septanm, vin patisipe avèk nou nan evènman sa yo: 

  • Jounen Entènasyonal Sansibilizasyon Kont Ovèdoz: Plante Drapo Liberty Mall, Boston Common (anfas State House)

  • Seri Mwa Retablisman yo: Istwa sou retablisman nou an Diskisyon Zoom ak didaktik

    9 Septanm 10:00 – 11:30 AM ET

  • Seri Mwa Retablisman yo: Gwoup Sipò Kominotè Pou Retablisman Yo tout pa menm Diskisyon Zoom ak didaktik 18 Septanm 3:00 – 4:30 PM ET

  • Seri Mwa Retablisman yo: Leve timoun pandan w ap retabli Diskisyon Zoom ak didaktik

    23 Septanm 3:00 – 4:30 PM ET

Si ou menm oswa yon moun pwòch ou bezwen yon pwofesyonèl, asistans ki dedye, BMC la pou ede. Klike la pou enskri pou Seri Evènman Mwa Retablisman yo

Rekonpans

BMC Système Sante resevwa prim pou ekselans nan swen pou nou ki gen aksidan serebral.

Sistèm Sante BMC a Rekonèt pou Ekselans nan Swen Kadyovaskilè ak Kè

Sistèm Sante BMC a kontinye resevwa rekonesans nan tout lopital nou yo pou gwo kalite swen kadovaskilè, epi fason nou adrese ki gen rapò ak sante nan kominote n ap sèvi yo.

Sèvis kadyoloji, chiriji kadyak ak vaskilè BMC a klase pami 50 premye nan peyi a  nan Rapò U.S. News & World a. BMC Brighton ak BMC South vin rejwenn BMC nan rekonesans yo pran sa pa gen twò lontan pou inovasyon klinik ak ekselans swen pasyan. Yo te rekonèt BMC Brighton kòm enstitisyon ki bay “Gwo Pèfòmans” pou chiriji valv awòtik, aritmi kadyak, pontaj koronaryen, ak enplantasyon estimilatè kadyak, pandan yo rekonèt BMC South pou swen li yo nan ka kriz kadyak. 

Epitou, sa pa gen twò lontan  American Heart Association ak American Stroke Association te onore Boston Medical Center, BMC Brighton ak BMC South avèk plizyè pri Get With The Guidelines®, sa ki souliye angajman nou pou bay swen ki pi resan ki baze sou done aklè pou pasyan ki gen maladi kadyovaskilè. 

BMC - Estwòk Honor Roll Elite, Terapi Avanse, ak Honor Roll pou Dyabèt Tip 2

BMC Brighton – Estwòk Gold Plus, Estwòk Honor Roll Elite Plus, Honor Roll pou Dyabèt Tip 2

BMC South – Estwòk Gold Plus, Estwòk Honor Roll Elite, Honor Roll pou Dyabèt Tip 2



Jwenn Plis Enfòmasyon sou Pri Get With The Guidelines®

2025 Pri Sosyal Responsablite nan men HealthTrust

HealthTrust - Pri Pou Jesyon Sosyal

Nou onore pou resevwa pou ane 2025 la Pri Pou Jesyon Sosyal la nan  HealthTrust, kote yo rekonèt òganizasyon swen sante ki ap fè yon enpak mezirab sou sante kominotè gras ak inisyativ sosyal, ekonomik ak anviwònmantal. Jwenn plis enfòmasyon sou dirabilite BMC.

BMC Nan Nouvèl La

Doktè Jeffrey Siracuse nan BMC

Konsèy Ekspè ki sòti nan men Doktè Siracuse nan BMC


"Rete an pi bon sante ou kapab avan operasyon an. L ap ede ou fè operasyon an dire plis posib."


Yon pontaj awòtobifemoral se yon pwosedi chirijikal ki redirije sikilasyon san an nan alantou yon atè prensipal ki bloke nan lèn oswa vant lan. Nan yon atik WebMD Jeffrey Siracuse, MD, MBA, chèf sèvis chiriji vaskilè ak andovaskilè nan BMC, eksplike kisa pasyan yo dwe atann anvan, pandan ak apre pwosedi a, Epi, li pataje konsèp pou ou retabli san pwoblèm.


Pwogram vaskilè ak kadyak BMC te resevwa rekonesans kòm youn nan 50 pi bon enstitisyon nan tout peyi a pa U.S. News and World Report. Li plis sou WebMD.

Pwòp Mo Pa ou

“Doktè m te wè yo te bon anpil anpil, yo te atantif epi yo te reponn anpil kesyon m te genyen depi byen lontan. Poutèt sa, mwen panse yo te fè pi bon travay ki genyen. Mwen swete mwen te kapab wè yo pou tout bagay medikal mwen genyen.” - Pasyan Kadyoloji BMC 

“Doktè m te wè yo te bon anpil anpil, yo te atantif epi yo te reponn anpil kesyon m te genyen depi byen lontan. Poutèt sa, mwen panse yo te fè pi bon travay ki genyen. Mwen swete mwen te kapab wè yo pou tout bagay medikal mwen genyen.” - Pasyan Kadyoloji BMC 

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou 
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran 
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak 
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n 
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconKòd Konduit
iconPran yon randevou

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!



Email Marketing by ActiveCampaign