Share

Sèvis Chiriji Òtopedik BMC a ofri diferan sèvis òtopedik konplè pou blesi ki grav ak pwoblèm miskilo-eskeletik kwonik, li ede pasyan tankou Cheryl retounen fè aktivite yo renmen.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Janvye 2025

Li nan navigatè a

BMC ou a

Pasyan gason nan terapi fizik

Kenbe zo w yo an sante pandan w ap pran laj

Zo nou yo pèmèt nou fè mouvman — yo ede nou mache, kouri epi sote. Men pandan n ap pran laj, zo nou yo pèdi nan dansite yo, epi yo kapab lakòz pwoblèm tankou ostewopowoz ki kapab ogmante risk pou tonbe, kase epi fraktire. Pandan mwa ivè, kantite tan limite nou fè ekspoze ak solèy la kapab diminye pwodiksyon natirèl vitamin D, sa ki fè li enpòtan anpil pou nou absòbe kalsyòm ki kapab sipòte zo yo. Nèj ak glas yo kapab ogmante risk pou glise epi tonbe tou. Ou kapab prezève sante zo ou yo a nenpòt ki laj epi pandan nenpòt sezon pandan w ap suiv konsèy sa yo sou lavi w:

Fè egzèsis

Fè egzèsis. Egzèsis tankou leve altè, mache, danse oswa leve pwa, espesyalman bon pou sante zo a.  Aktivite ki pa gen gwo enpak nou kapab fè anndan kay tankou yoga ak Pilat kapab konplete woutin ou a tou.

Pran ase kalsyòm ak vitamin D

Pran ase kalsyòm ak vitamin D. Adilt aje yo bezwen 1,200 mg kalsyòm chak jou. Nou kapab jwenn li nan pwodui letye, legim fèy, nwa ak pwason. Pou jwenn plis enspirasyon, patisipe nan klas gratis ki rele BMC Teaching Kitchen (Aprann Kuizin nan BMC) pou aprann fè resèt ki fasil epi ki pa koute anpil kòb avèk engredyan sa yo.

Diminye konsomasyon sigarèt ak alkòl.

Diminye konsomasyon sigarèt ak alkòl. Sibtans sa yo kapab afebli zo w.

Dekouvri plis fason pou kenbe zo w an sante →

Chiriji òtopedik la ede pasyan yo reprann lavi yo

Pasyan fi k ap souri

Cheryl Gillis-Smith t ap viv avèk doulè nan do depi plizyè ane anvan li panse pou fè operasyon. Men lè doulè a te vin grav anpil, epi li pa t kapab kontinye fè travay li renmen an — ki se enfimyè nan BMC — li deside pale avèk Dr. Chadi Tannoury, ki se direktè medikal Sèvis Chiriji Òtopedik pou jwenn èd.


“Doktè Tannoury te vrèman onèt. Li te di m ap bezwen fè yon operasyon ki dire 12 èdtan pandan de (2) jou, kote yo pral ranplase tout disk ki nan kolòn vètebral enferyè mwen an.”

Cheryl te reyalize li pa kapab viv ak doulè li te genyen an. “Mwen te oblije pran yon konje medikal nan travay mwen paske mwen pa t kapab kanpe. Doulè a te di anpil. Mwen te konnen chiriji a se sèl opsyon mwen te genyen pou mwen rete aktif.”


Jounen jodi a, yon lane apre li fin fè operasyon an, Cheryl santi l trè byen. Li di: “Mwen kapab mache kat miles epi mwen pa gen doulè.” “Doktè Tannoury ban m lavi m ankò.” Cheryl fè konnen se gras ak ekselan swen li te resevwa nan BMC a ki fè li retabli ak siksè, epi ki pèmèt li kote li ye jodi a. Aprann plis sou istwa Cheryl la.


Sèvis Chiriji Òtopedik BMC a ofri diferan sèvis òtopedik konplè pou blesi ki grav ak pwoblèm miskilo-eskeletik kwonik, li ede pasyan tankou Cheryl retounen fè aktivite yo renmen.


Dekouvri opsyon swen inovan nan Sèvis Chiriji Òtopedik BMC a →

BMC fè yon patenarya avèk Kominote a pou reyalize yon Etid Inovatif sou Fason pou Repanse Retablisman an

Reyinyon gwoup ekip swen pou moun ki gen adiksyon

Mwa janvye a se mwa Lansman Tretman Twoub ki Gen Rapò ak Konsomasyon Sibtans. Mwa sa a konsakre ak sansibilasyon epi efikasite tretman ki baze sou prèv, epi sou eliminasyon obstak pou refè.


Prèv yo montre tretman sou adiksyon yo pa fonksyone pou tout moun, epi pou nou vrèman konbat epidemi opyoyid la, nou bezwen nouvo solisyon. 

Ekip rechèch nou an ki dirije pa Doktè Miriam Komaromy ki nan Boston Medical Center’s Grayken Center for Addiction (Sant Grayken pou Adiksyon ki nan Boston Medical Center), te pale dirèkteman avèk manm kominote a ki ap viv avèk pwoblèm konsomasyon sibtans. Yo te fè sa pou yo kapab jwen solisyon inik pou sipòte pasyan yo pa pran an konsiderasyon nan modèl tretman aktyèl yo.


Jwenn plis enfòmasyon sou fason chèchè BMC yo fè patenarya avèk manm kominote a pou konprann obstak ki gen ak tretman adiksyon yo, epi kreye vrè solisyon.

Gade fason BMC ap transfòme swen sou adiksyon avèk rechèch ki baze sou pasyan →

An ou di bonjou ak Premye Ti Bebe ki fèt nan BMC pou ane 2025!

Pasyan BMC k ap souri avèk ti gason yo ki fenk fèt la

Nou kontan anpil pou prezante w premye ti bebe ki fèt nan BMC pou ane 2025 la! Pandan nou lanse nouvo ane a, nou swete ou ap vin patisipe avèk nou nan selebrasyon Noah, ki fèt nan BMC a 12:30 a.m. jou ki 1ye janvye 2025 la. Yon kokennchenn salitasyon pou paran Noah ki rele Alexandra ak Sain, epi ki fyè anpil.


Byenvini nan monn lan, Ti Bebe Noah!

Nou swete l yon kòmansman lavi ki an sante, epi ki anpil bèl moman nan mwa k ap vini yo  (gade nan 10 Rezon pou Chwazi Boston Medical Center lè w gen Tranche ak pou Akouchman).

Jwenn plis enfòmasyon sou Noah, premye ti bebe ki fèt pou ane 2025 nan BMC →

Rekonpans

BMC enfimyè

Felisitasyon ak Carline Benoit ki ranpòte pri enfimye DAISY Award®!

Vin patisipe avèk nou pou felisite Carline Benoit nan BMC ki resevwa DAISY Award®! Pri sa onore enfimyè ki fè gwo efò pou bay pasyan swen ki plen ak konpasyon pou pasyan ak fanmi yo.


Enfimyè Julie Gilbert te nomine Carline aprè li te obsève fason li te chita pale avèk konpasyon avèk yon pasyan, epi eksplike l nan lang matènèl li ki se Kreyòl Ayisyen fason pwoblèm medikal li a ka reprezante yon menas pou sante l. Dilijans ak swen Carline yo te ede gide pasyan an nan desizyon li ap pran pou kontinye ak tretman an. Julie te fè konnen sou chwa nomimasyon li an: “Mwen vrèman kwè Carline sove lavi pasyan sa a.” “Mwen ap sonje sa a pandan tou rès lavi m...se yon rapèl ki montre nou nan ki fason travay nou an enpòtan pou asire nou pasyan yo kapab vrèman konprann sitiyasyon yo ladan li an.” Nou ap selebre angajman Carline pou pèmèt pasyan nou yo jwen swen ki ekselan epi ki san patipri. Gade fason enfimyè BMC yo fè yon diferans chak jou


Evènman yo

Gwoup ki ap pran foto nan yon evènman kominotè

An nou mache pou sipòte vwazen ki pa gen bon lojman  

Vin patisipe ak ekip BMC nan mach ivè a ki ap fè dimanch 9 fevriye, se yon mach ki fèt sou chak ane pou mete fen ak moun ki sanzabri nan Greater Boston. Kreye yon ekip, vin manm yon ekip, oswa mache poukont ou pou nou rasanble fon pou inisyativ BMC fè a pou ede pasyan ki pa gen kote pou rete yo.

Lojman se yon eleman esansyèl pou sante. Pasyan yo pa kapab priyorize byennèt yo lè yo pa konnen kote yo pral dòmi nan aswè. Ekip BMC a ap sipòte kòlèk fon BMC Living Well ki nan pwogram Home la  ki anpeche yo mete deyò, sekirize lojman epi ede moun yo kenbe yon lojman ki estab. Chak jou responsab dosye, travayè sosyal ak klinisyen ki espesyalize nan lojman tankou Louvelin Vasquez kanpe bò kote pasyan yo nan pakou lojman yo.

“Sèvis lojman yo enpòtan pou pasyan nou yo paske lè yon moun gen yon espas ki san danje pou li viv sa gen yon enpak sou sante emosyonèl, byennèt emosyonèl ak sekirite finasyè. Gras ak sipò w, nou fè yon gwo enpak sou lavi moun, epi nou amelyore rezilta sou sante.”

Jenerozite w pèmèt travay sa a posib. Aprann plis epi enskri jodi a!



pale sou podium

Vin patisipe avèk nou nan 2yèm konferans anyèl Ansanm pou Lespwa (Together for Hope) kote n ap gen ekspè nan adiksyon ak moun ki te viv yon eksperyans

Tanpri vin patisipe avèk nou nan Ansanm pou Lespwa (Together for Hope 2025): Kote n ap Kreye yon Fiti sou Swen Adiksyon nan DCU Center ki nan Worcester, jou ki 16 ak 17 avril 2025 la. Se Grayken Center for Addiction ki nan Boston Medical Center k ap òganize l. Dezyèm konferans pou ane a ap rasanble ansanm moun ki ap travay nan domèn adiksyon ansanm ak moun ki te viv yon eksperyans konsa atravè Massachusetts pou konsantre sou pwoblèm enpòtan ki gen sou tretman, menas, rediksyon, retablisman ansanm ak jèn epi fanmi yo.


Pwofite pri tikè ki disponib bonè yo pandan w ap resevwa tikè ou a jou ki vandredi 14 fevriye! Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou enskri, tanpri ale sou sit entènèt Together for Hope 2025 (Ansanm pou Lespwa).

Omaj ak Martin Luther King Jr.

BMC fè patenarya avèk kominote a pou onore Eritaj Doktè King

Nou fyè pou esponnsorize epi patisipe nan Dejene nan Okazyon 55yèm Memoryal Martin Luther King, Jr. L ap fèt sou tèm “Nou pa jwenn libète nou an gratis,” evènman espesyal sa a ap pèmèt nou sonje lavi ak eritaj Doktè King, rekonèt kontribisyon lidè kominote a pou jistis, ekite ak pri bous etid pou elèv Boston. Nou onore pou fè yon patenarya avèk Komite Dejene nan Okazyon Memoryal Martin Luther King la pou sipòte pwogram ak sèvis yo ofri nan avantaj kominote vilnerab atravè Greater Boston.


Nou kontan anpil pou pataje Embrace Boston nome Doktè Thea James ak madanm li, Reveran Irene Monroe kòm loreya2025 Doktè Martin Luther King, Jr. ak Coretta Scott King. Pri prestijye sa a rekonèt lidèchip ak devouman eksepsyonèl pou avansman ekite ak jistis nan domèn sante ak plis toujou. Nou te selebre Doktè James ak Reveran Monroe nan evènman Embrace Honors MLK pandan Wikenn Signature Series MLK yo a. Gade yon rapèl sou plis selebrasyon kominotè ki te fèt nan jou MLK a.

Rapèl

Deyò batiman BMC a

Rapèl pou pwochen vizit nan BMC a

Nou rive nan sezon grip ak enfeksyon respirasyon siperyè. Menm si li poko obligatwa pou mete mask toupatou nan monn nan, si ou pran yon grip oswa ou gen sentòm enfeksyon respiratwa siperyè, nou rekòmande pou mete yon mask pou ede pwoteje lòt moun yo. Mask yo pral disponib nan lobi, klinik yo, etaj pasyan ki entène yo ak Depatman Ijans. Mèsi paske ou ede kenbe tout moun an sekirite.


Epitou, kòm rapèl, si ou gen yon kopèman pou vizit ou a, nou ka mande w li nan moman w ap anrejistre non w selon plan asirans ou an. Ou kapab peye sou biwo ki nan rantre a pandan w ap itilize kat kredi, lajan kach oswa chèk. Pou vizit telemedsin, tanpri fè peman ou an sou via MyChart, oswa MyChart Guest Pay. Lè w bay kopèman ou an alavans li kapab ede fè vizit ou a pi senp. Si w gen kesyon oswa ou bezwen èd pou peye fakti ou a, tanpri rele nan 888-489-0169. Nou la pou nou ede w epi nou vle asire nou ou resevwa swen ou bezwen an.

Nan Pwòp Mo Pa ou

Mwen ta renmen di sòti nan kòmansman pou rive nan fen, chak vizit espesyalman dènye vizit sa a te pase trè byen. Sòti nan moun ki te fè radyografi a pase nan asistan doktè a, pou rive nan doktè a li menm, se te vrèman yon trè bèl eksperyans.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou
iconKòd Konduit

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign