Kisa redefini swen sante vle di? |
|
|
|
Nan BMC, n ap pouse limit inovasyon medikal yo pandan n ap kreye yon sistèm ki ekitab ki pèmèt tout moun pwospere. |
|
Nou konnen bati yon nouvo modèl ekselans nan swen sante kòmanse an koute kominote nou an. Tande pasyan nou yo, patnè kominotè yo, doktè yo, ak lòt manm pèsonèl yo pataje istwa pèsonèl yo sou kisa redefini swen sante vle di pou yo. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Yon nonmen 125 Doktè BMC "Top Docs (Pi Gwo Doktè" nan Boston pou ane 2024 la |
|
|
|
Nou onore dèske gen 125 nan doktè nou yo Boston Magazine rekonèt nan edisyon "Pi Bon Doktè (Top Doctors)" 2024 li a. |
|
Nan Boston Medical Center, nou se modèl yon nouvo kalite ekselans nan swen sante. Avèk pi gwo doktè, swen ki genyen prim, ak patenarya sere ak kominote nou an, nou garanti chak pasyan gen tout sa yo bezwen pou yo byen reyisi. |
|
|
|
Nou fyè pou Pi Gwo Doktè nou yo ak plizyè milye anplwaye nan BMC k ap ede nou reyimajine swen sante nan Boston ak pi lwen toujou.
|
|
|
|
|
|
|
|
Yon nonmen 125 Doktè BMC "Top Docs (Pi Gwo Doktè" nan Boston pou ane 2024 la |
|
|
|
Nou onore dèske gen 125 nan doktè nou yo Boston Magazine rekonèt nan edisyon "Pi Bon Doktè (Top Doctors)" 2024 li a. |
|
Nan Boston Medical Center, nou se modèl yon nouvo kalite ekselans nan swen sante. Avèk pi gwo doktè, swen ki genyen prim, ak patenarya sere ak kominote nou an, nou garanti chak pasyan gen tout sa yo bezwen pou yo byen reyisi. Nou fyè pou Pi Gwo Doktè nou yo ak plizyè milye anplwaye nan BMC k ap ede nou reyimajine swen sante nan Boston ak pi lwen toujou. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Apre yon ranplasman anch nan laj 59, Catherine Widgery te kontinye ranpòte tit. Men, nan laj 69, li te kòmanse gen doulè nan lòt anch li epi li te konnen li te bezwen yon dezyèm ranplasman anch pou li te kapab retounen sou dlo a. |
|
Catherine, Doktè Ayesha Abdeen te trete pandan premye operasyon ranplasman anch li an, te mande doktè li a ki pi bon chirijyen anch ki genyen nan |
|
|
|
|
Boston aktyèlman la. Li te di, “Se toujou Dr Abdeen, epi li gen 10 ane eksperyans anplis pase lè sa a. Aktyèlman li se chirijyen an chèf pou operasyon ranplasman anch ak jenou nan Boston Medical Center.” Se lè sa a Catherine te konnen li ta pral jwenn swen ekselan nan Depatman Operasyon Òtopedik nan BMC.
|
| Li rès istwa Catherine nan → |
|
|
|
|
|
BMC Voices: Catherine's Story |
|
|
|
Apre yon ranplasman anch nan laj 59, Catherine Widgery te kontinye ranpòte tit. Men, nan laj 69, li te kòmanse gen doulè nan lòt anch li epi li te konnen li te bezwen yon dezyèm ranplasman anch pou li te kapab retounen sou dlo a. |
|
Catherine, Doktè Ayesha Abdeen te trete pandan premye operasyon ranplasman anch li an, te mande doktè li a ki pi bon chirijyen anch ki genyen nan Boston aktyèlman la. Li te di, “Se toujou Dr Abdeen, epi li gen 10 ane eksperyans anplis pase lè sa a. Aktyèlman li se chirijyen an chèf pou operasyon ranplasman anch ak jenou nan Boston Medical Center.” Se lè sa a Catherine te konnen li ta pral jwenn swen ekselan nan Depatman Operasyon Òtopedik nan BMC. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Byenvini nan mond lan, Ja’liah! |
|
|
|
Nou kontan akeyi Ja'liah nan mond lan kòm premye ti bebe ki fèt nan BMC an 2024. Ja'liah te rive a 2zè11 a.m. nan dat 1ye janvye 2024.
Felisitasyon pou manman l, Jurni, ak tout fanmi an! |
|
|
|
|
|
|
|
|
Rapèl sou Sante Chak Ane: Fè 2024 Ane Kote ou Plis An Sante |
|
|
|
Kòmansman yon nouvo ane se yon bon moman pou konsantre sou bay sante w priyorite epi prepare pou ane a. Byen kòmanse 2024 panda w ap swiv konsèy sa yo:
|
|
|
|
Verifye kouvèti asirans ou
Kèk plan asirans renouvle nan fen oswa kòmansman ane a. Se yon bon moman pou asire w ou toujou genyen kouvèti asirans, oswa sonje dat enskripsyon lib yo. Epitou ou ka mete enfòmasyon sou kouvèti asirans avèk nou yo ajou sou MyChart. |
|
|
|
Fè yon egzamen medikal jeneral
Pran yon randevou pou egzamen jeneral byennèt ou chak ane avèk doktè swen prensipal ou epi fè swivi pou nenpòt tès oswa analiz laboratwa ou bezwen. |
|
|
|
Toujou fè tès depistaj ou yo
Pran randevou pou tès depistaj chak ane ki ka enpòtan pou sante w, tankou mamogram, tès depistaj kansè po, ak lòt tès ekip swen w lan rekòmande. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Rapèl sou Sante Chak Ane: Fè 2024 Ane Kote ou Plis An Sante |
|
|
|
Kòmansman yon nouvo ane se yon bon moman pou konsantre sou bay sante w priyorite epi prepare pou ane a. Byen kòmanse 2024 panda w ap swiv konsèy sa yo:
|
|
|
|
Verifye kouvèti asirans ou
Kèk plan asirans renouvle nan fen oswa kòmansman ane a. Se yon bon moman pou asire w ou toujou genyen kouvèti asirans, oswa sonje dat enskripsyon lib yo. Epitou ou ka mete enfòmasyon sou kouvèti asirans avèk nou yo ajou sou MyChart. |
|
|
|
Fè yon egzamen medikal jeneral
Pran yon randevou pou egzamen jeneral byennèt ou chak ane avèk doktè swen prensipal provider and follow up with any tests or lab work you need.
|
|
|
|
Toujou fè tès depistaj ou yo
Pran randevou pou tès depistaj chak ane ki ka enpòtan pou sante w, tankou mamogram, tès depistaj kansè po, ak lòt tès ekip swen w lan rekòmande. |
|
|
|
|
|
|
Anons |
|
|
|
Rapèl Chanjman konsènan pote Mask pou Pasyan ak Vizitè BMC yo |
|
BMC te chanje politik nou an sou itilizasyon mask nan bilding lopital yo. Yo fè chanjman sa yo pou pwoteje pasyan nou yo, vizitè yo ak anplwaye nou yo epi yo pa diferan ak règleman ki ajou nan lòt lopital nan Boston yo. Pasyan ak vizitè yo: |
-
Gen obligasyon pou mete mask chirijikal nan zòn klinik yo, tankou nan inite pasyan ki entène yo, nan klinik pou pasyan ekstèn yo, nan Sèvis Ijans ak nan zòn yo fè operasyon yo.
-
Gen obligasyon pou mete mask nan tout zòn lopital la si yo gen sentòm maladi respiratwa, tankou tous, lafyèv, nen k ap fè sòs, oswa souf kout, menm si yo te teste negatif pou COVID-19.
|
|
Mete sou sa a, anplwaye BMC yo oblije mete mask nan tout zòn klinik yo, tankou yon mask N95 lè y ap pran swen yon pasyan ki gen COVID-19. Mask yo ap disponib nan tout antre yo. Nou apresye kolaborasyon ak patisipasyon pa w nan kenbe tout moun nan kominote BMC a an sekirite. Si w gen nenpòt kesyon, tanpri ale sou paj enfòmasyon KOVID-19 nou an. |
| Aprann plis → |
|
Rapèl Mizajou sou Antre Sèvis Ijans lan ak Tès Depistaj |
|
Sèvis Ijans BMC yo aksesib sèlman grasa antre ki sitiye nan 725 Albany Street. Ou pap kapab gen aksè nan Sèvis Ijans yo ankò pa mwayen Harrison Avenue. Kounye a, tout moun k ap vizite Sèvis Ijans BMC a pral oblije pase nan yon pòs kontwòl sekirite. Mezi sekirite sa yo ap evolye byen rapid epi yo pa diferan ak sa yo itilize nan lòt etablisman swen sante nan tout peyi a. Si w gen kesyon, tanpri ale sou paj Medsin Ijans nou an sou BMC.org.. |
| Aprann plis → |
|
|
|
Prim |
|
|
|
BMC Health System dènyèman genyen Kolèj Ameriken pou Egzekitif Swen Sante (ACHE)
Nou onore pou nou pataje ke BMC Health System dènyèman te ranpòte yon Fifth Annual Diversity Equity and Inclusion (DEI) Torchbearer Award nan Kolèj Ameriken pou Egzekitif Swen Sante (ACHE) nan Massachusetts.
Rekonesans sa a souliye angajman sistèm sante nou an pou fè avanse DEI tou de anndan ak nan kominote nou yo epi li mete aksan sou travay kontinyèl nou an pou bay tout moun bon jan kalite swen ekitab.
|
| Aprann plis sou angajman nou anvè DEI → |
|
BMC te nonmen youn nan pi bon lopital Healthgrades nan Amerik pou 2024
Nou kontan pataje ke BMC yo te nonmen youn nan pi bon lopital Healthgrades nan Amerik pou 2024. Lopital ki enkli nan lis sa a yo evalye sou pèfòmans klinik ak rezilta pasyan yo nan divès espesyalite, tankou nerochiriji, operasyon topedik, swen pulmonoloji, ak plis ankò.
BMC pran angajman pou amelyore sante moun nan Boston nan konbine klinisyen klas mondyal ak tretman inovatè ak swen konpasyon, bon jan kalite. |
| Li piplis → |
|
Brockton Behavioral Center Rekonèt kòm yon 'Pi bon Pwojè Swen Sante'
Nou fyè pou n pataje Sant Konpòtman Brockton nou an te rekonèt kòm yon gayan 'Pi bon Pwojè Swen Sante' pa Engineering News-Record New England pou sekirite, inovasyon, kontribisyon kominotè, ak dirabilite ki pi enpòtan nan endistri nou an.
Etablisman nou an ki santre sou pasyan an bay pasyan ki gen maladi itilizasyon sibstans ak maladi mantal swen espesyalize, yon ekip ekspè bay. Konsepsyon net-zewo a gen tou chemen pou mache, yon lakou deyò, jaden, zòn ki pwoteje, ak sous enèji renouvlab. |
| Aprann plis → |
|
|
|
|
Evènman |
|
|
|
Mach an Ivè 2024
Kilè: Dimanch 11 Fevriye 8:30 jiska 11 a.m.
Ki kote: Boston Common
Vin patisipe ak Ekip BMC a nan Mach Sezon Ivè a, yon mach 2 mil chak ane, ki gen pou objektif mete fen ak fenomèn sanzabri a nan tout Rejyon Boston nan. Lè w sipòte Ekip BMC a, w ap ede ekip Medsin Ijans nou yo reponn ak bezwen ki pa ka tann fanmi yo tankou manje, pwodui swen pèsonèl yo, ak rad, epi ede fanmi yo pran kontak ak sèvis sosyal yo ki ede fanmi yo kite lari a pou ale nan yon kay ki an sekirite.
Aprann plis epi enskri la a . |
|
Vin jwenn moun k ap fè chanjman nan Tretman ak Prevansyon Adiksyon
Kilè: Soti 15 pou rive 16 mas
Ki kote: Roxbury Community College
Grayken Center pou Adiksyon ki nan BMC ap òganize Together for Hope: Boston Addiction Conference 2024, yon konferans de (2) jou pou rasanble klinisyen, edikatè, chèchè, moun k ap fè politik, defansè, ak lidè kominotè k ap inove pou konstwi lavni swen pou adiksyon nan Boston. Nou ankouraje tout manm kominote adiksyon an pou yo enskri.
Aprann plis epi enskri la a. |
|
|
|
|
|
|
Enfimyè anestezi a te tèlman saj, li te kenbe m lè m te pè, epi li te vrèman fè yon diferans. Mèsi. |
|
|
|
|
“Nan Pwòp Mo Pa w” prezante kòmantè pasyan yo nan sondaj sou eksperyans pasyan yo. Nou apresye tan ou ranpli sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo itilize enfòmasyon yo rasanble pou aprann ki kote nou ka amelyore, pou kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|
|
 |
|
Join nou pandan n ap reimajine swen sante pou Boston ak pi lwen. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou w fè pati ekip Enfimyè ak Radyoloji ki te genyen prim yo. |
|
Gade wòl ouvè isit la. |
|
|
|
|