Share

Ekip ekspè nou an ki nan plizyè domèn etid travay ansanm avèk ou epi fanmi w pou bay bon jan swen pèsonalize pou timoun, adolesan, ak adilt.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Desanm 2024

Li sa sou entènèt la

BMC ou a

Ernest – Pasyan BMC ki gen anemi falsifòm, konprann sentòm anemi falsifòm (drepanositoz) epi fè gwo pwogrè, aprann plis sou fason BMC bay moun ki gen anemi falsifòm swen, reyekri kesyon swen sante

Konprann sentòm anemi falsifòm (drepanositoz) epi fè gwo pwogrè

Sezon ivè a kapab espesyalman difisil pou moun ki gen maladi anemi falsifòm, paske fredi a kapab deklanche yon kriz doulè. Kòm pi gwo sant tretman maladi falsifòm nan New England, Sant Medikal Boston (Boston Medical Center) fyè pou li montre bon wout la nan kesyon sansibilizasyon ak swen konplè pou soutni pasyan ki nan kominote nou yo. Dekouvri fason nou rive fè yon diferans atravè Istwa Ki Chaje Enspirasyon Ernest la.


Ernest pa t konnen li te gen maladi anemi falsifòm (Sickle Cell Disease, SCD) jiskake li te gen 30 lane. Apre li viv ak doulè a pandan plizyè ane, yo te finalman dyagnostike l, epi li te kòmanse wè Doktè Elizabeth Klings ak enfimyè praktisyen Charlene Sylvestre nan Sant Medikal Kont Anemi Falsifòm BMC. Depi lè yo fin dyagnostike l, Ernest te eseye aprann tout sa li kapab sou SCD epi li te apresye sipò ekip BMC a. “Yo toujou eseye ede m fè fas ak nenpòt pwoblèm ki prezante.”


Sa gen de (2) lane, Ernest te kòmanse pran yon nouvo medikaman. Li di, “Sante m te anfòm pandan dènye ane sa yo.” “Tretman an te efikas anpil, epi mwen pa t gen okenn gwo doulè kwonik ki te mande pou m ale nan sal ijans.”


Sant Medikal Kont Anemi Falsifòm BMC a chanje lavi pasyan ki gen SCD tankou Ernest, lè li mete dènye tretman ki alamòd yo aksesib. Ekip ekspè nou an ki nan plizyè domèn etid travay ansanm avèk ou epi fanmi w pou bay bon jan swen pèsonalize pou timoun, adolesan, ak adilt tankou dènye modèl terapi jenetik pou pasyan adilt ki kalifye.


Aprann plis sou Sant Ekselans kont Maladi Falsifòm BMC a →

Gras ak Ou: Reflechi sou ane 2024 la epi enspire espwa pou ane 2025 la

Ti imaj Videyo BMC ki rele Because of You

Pandan nou ap fini ane 2024 la, nou fyè pwogrè nou fè nan mete sou pye solisyon ki gen inovasyon pou amelyore sante ak byennèt moun yo. Sa pa t ap rive fèt san kolaborasyon ak sipò kòlèg ak kominote n ap sèvi yo.  Ane sa a, BMC Health System Akeyi Good Samaritan Medical Center ak St. Elizabeth’s Medical Center nan Sistèm Sante li a. Ansanm, sistèm swen sante entegre nou an vin tounen modèl yon nouvo kalite ekselans nan kesyon swen

sante kote inovasyon klinik ak operasyonèl rankontre ekite ak aksè nan swen. Mèsi pou sipò ou ba nou ane ki sot pase a. Nou swete kontinye travay avèk ou ane k ap vini a.

Gade videyo konplè ki rele Because of You (Gras ak Ou) a →

Fè yon kwa sou lis ou a, epi ranfòse swen pasyan yo ap resevwa a

Pasyan BMC ki kanpe devan lopital la

Ou bezwen yon kado nan dènye moman? Fè yon don bay BMC nan non yon zanmi, oswa yon moun ou renmen pou sipòte swen ekspè ou menm ak kominote ou an kapab konte. Klike lyen anba a epi tcheke “dedye don sa a” pou kòmanse. Chwazi pami kat (4) modèl kat elektwonik pou sezon fèt yo, epi bay adrès imèl youn nan moun pwòch ou yo. Y ap voye notifikasyon an dwat nan bwat resepsyon yo! Nou toulède ap santi nou byen paske nou konnen nou ede fanmi ki nan bezwen.

Onore yon moun ki espesyal →

Mache Nubian: Kontinye pwogrese kòm Sant Sante ak Kominote nan Roxbury

Vitrin Mache Nubian

Ou nan katye Roxbury? Asire w ou vizite Nubian Markets (Mache Nubian) ki gen yon boutik, kafe, bouchri halal ak espas rankont ki se pwopriyete moun ki nwa. Mache a pwopoze yon gwo kantite opsyon manje ki sòti nan Afrik Di Nò, Afrik De Lwès, Santral, Afrik Di Sid, Karayib, eksperyans Afriken Ameriken ak plis ankò. Li gen yon sal reyinyon ki dedye, mache a sèvi kòm yon espas rankont pou evènman piblik ak prive.

Nou konnen gen apeprè 1 ti biznis sou 5 nan Etazini ki fè fayit nan premye ane yo — epi 8 biznis sou 10 ki se pwopriyete nwa fè fayit nan yon ane edmi — gras ak sipò yo resevwa bonè epi sipò yo kontinye resevwa nan men BMC ak kominote yo, pwopriyetè Mache Nubian yo ogmante efektif yo a 13 anplwaye (epi yo kontinye anplwaye moun). Yo ogmante kapasite restorasyon yo anpil, yo agrandi meni kafe a pou ajoute dejene, epi y ap panse pou yo ouvè nan lòt katye Boston nan lane 2025.


Alò, fè yon ti pase pou w kapab goute pen pita ki fèt ak myèl ak safran oswa bèf ak jenjanm ki fèt avèk injera. Epitou, nou kapab rankontre ant zanmi nan sant kominotè ki ap devlope sa a.

Jwenn plis enfòmasyon sou Mache Nubian (Nubian Markets) ki nan HealthCity →

Rapèl

Batiman Kanpis BMC a

Senk Konsèy pou Prepare w pou Vizit ou nan Sant Medikal Boston

Asire w ou planifye alavans anvan pwochen randevou w nan BMC! Nou espere konsèy sa yo ap ede w pi byen pwofite vizit ou a:

  1. Konfime randevou ou a: Verifye de (2) fwa dat, lè ak adrès vizit ou a. Nou kapab jwenn detay sou randevou an nan MyChart

  2. Vini ak bagay ki enpòtan: Pa bliye vini ak pyès idantite valid ki gen foto ak kat asirans ou, lis medikaman ak alèji ou genyen aktyèlman, ak nenpòt papye oswa referans ki nesesè.

  3. Rive bonè: Planifye pou w rive 15 minit anvan randevou ou an pou pèmèt ou gen tan pou anrejistre.

  4. Vini avèk kopèman pou vizit ou a: Si ou gen yon kopèman, n ap kolekte l lè ou verifye pou randevou ou an.

  5. Poze kesyon: Ekri nenpòt kesyon oswa enkyetid ou genyen, konsa ou kapab pale sou sa avèk ekip swen ou an pandan vizit ou a.

Li plis enfòmasyon sou pasyan ak vizitè.

Rekonpans

Foto Doktè Thea James

Doktè Thea James Resevwa Pri Lejann Vivan pou Ane 2024 la

Felisitasyon ak Doktè Thea James, ki resevwa Pri Lejann Vivan an nan men Museum of African American History (Mize sou Istwa Afriken Ameriken). Pri sa a rekonpanse reyalizasyon eksepsyonèl pou tout yon vi nan domèn dwa sivil ak dwa imèn. Doktè James se yon gwo defansè ekite nan swen sante, epi li sèvi nan plizyè wòl lidèchip nan BMC, tankou vis prezidan misyon, medsen an chèf adjwen, ak direktè Pwogram Entèvansyon ak Defans Kont Vyolans. Li konsantre l sou kreyasyon yon ekosistèm estratejik pou kwasans, inovasyon, ak modèl swen efikas ki makonnen ak ekite, ekselans klinik ak mobilite ekonomik. Dekouvri plis sou enpak Doktè James ak Pri pou Lejann.

"Becker's Healthcare rekonèt Pwogram Òtopedik BMC a"

Becker's Healthcare rekonèt Pwogram Òtopedik BMC a

Nou fyè pou nou rantre nan Lis Becker fè kote li nommen "100 lopital ak sistèm sante ki gen pi bon pwogram òtopedik." Yo rekonèt nou tou kòm youn nan pi bon lopital òtopedik pou ane 2024 la nan Newsweek, BMC ofri sèvis ekspè ak konplè, li gen ladan l atwoplasi anch ak jenou, chiriji nan kolòn vètebral, rekonstriksyon atikilasyon, twomatis òtopedik, tretman koud ak men, chiriji nan zepòl, pwosedi nan kolòn vètebral ak òtopedi pedyatrik. Se Doktè Paul Tornetta, ki se prezidan Akademi Ameriken pou Chiriji Òtopedik k ap dirije Depatman Chiriji Òtopedik nou an. Li gen bon jan fòmasyon, eksperyans ak ekspètiz pou asire pasyan ak kominote yo gen pi bon rezilta ki posib. Jwenn plis enfòmasyon sou ekip òtopedik nan BMC ki ranpòte pri a.

Evènman yo

Doktè Komaromy nan Panèl Mezon Blanch ki t ap diskite sou Avni Mezi Kalite pou Tretman Twoub ki Lye ak Itilizasyon Opyoyid

Doktè Miriam Komaromy ki ap travay nan BMC pataje ekspètiz li sou twoub ki lye ak itilizasyon Opyoyid nan Mezon Blanch

Miriam Komaromy, MD, ki se direktris medikal Grayken Center for Addiction nan BMC, te fè yon vizit nan Mezon Blanch pou diskite sou fason pou amelyore mezi kalite pou tretman twoub ki lye ak itilizasyon Opyoyid (OUD). Doktè Komaromy pataje ekspètiz li sou fason pou gen aksè ak bon kalite tretman ak sipò pou anplwaye nou yo ki OUD a. Grayken Center ki nan BMC a se yon lidè nasyonal nan swen klinik, rechèch ak politik ki gen rapò ak twoub ki lye ak itilizasyon sibstans. Aprann plis sou Grayken Center nan BMC pou moun ki gen yon adiksyon.

Nan Pwòp Mo Pa ou

“Se vrèman yon lopital kote moun yo gen konpasyon, epi yo entegre tout moun ki ap ba ou swen. Pwofesyonèl swen sante mwen an toujou pran san l pou koute m, epi li gen konpetans nan kominikasyon anplis ekspètiz medikal ak gete li genyen lakay li. Nou pa mande plis pase sa.” - Pasyan nan Klinik Jeryatrik BMC

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou 
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran 
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak 
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n 
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou
iconKòd Konduit

Pa bliye: Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya!

Email Marketing by ActiveCampaign