|
|
|
Jwenn tout enfòmasyon sou kansè poumon ak kansè pankreyas pou mwa novanm sa a |
|
|
|
Mwa novanm se Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Poumon, epi se pi bon moman pou planifye yon depistaj. Lè w fè yon depistaj chak ane se pi bon fason pou detekte kansè poumon nan yon estaj bonè, lè yo kapab trete l yon fason ki pi efikas. Si ou gen 50 lane oswa plis, si ou te konn fimen, oswa ou te ekspoze ak lafimen sigarèt lòt moun, ou ka kalifye pou depistaj anyèl kont kansè poumon nan BMC.
Mwa sa a se Mwa Sansibilizasyon Kont Kansè Pankreyas tou. Depistaj ki fèt bonè enpòtan anpil nan ka kansè pankreyas, pou rezon sa a li enpòtan pou konnen siy ak sentòm, ansanm ak faktè risk yo tankou konsomasyon tabak, dyabèt, laj, ras ak antesedan familyal. Si ou gen nenpòt kesyon sou risk ou genyen, mande pwofesyonèl swen sante ou a.
Nan BMC Cancer Center, (Sant Kont Kansè BMC) nou reyimajine chak aspè nan swen pasyan an, soti nan prevansyon ak dyagnostik pou rive nan tretman ak gerizon an. Ekip ekspè renome nou yo toujou pami premye moun k ap defann epi k ap bay tretman ki kapab sove lavi pou tout kansè. |
| Eksplore plis sou Sant Kont Kansè BMC → |
|
|
|
|
|
|
Jere dyabèt ou a avèk senk konsèy Sant Resous sou Dyabèt BMC pataje |
|
Mwa novanm se mwa sou dyabèt, epi ane sa a n ap konsantre sou aksyon nou kapab fè pou prevwa pwoblèm sante ki gen rapò ak dyabèt. Pi bon apwòch pou pwoblèm sante ki gen rapò ak dyabèt se kontwole pwa w, tansyon w ak glisemi w. Men senk (5) konsèy pou ede ou kòmanse: |
|
|
|
Chanje lavi w piti piti pou w kapav viv an sante, tankou fè yon ti mache chak jou, ajoute legim nan chak repa, pa fimen, epi dòmi ase. |
|
|
|
Pran medikaman ou yo regilyèman. |
|
|
|
Pa bliye pran poz mantal paske estrès kapab gen yon enpak sou nivo glisemi w. |
|
|
|
Planifye aktivite avèk moun ou renmen oswa jwenn yon amizman ou renmen. |
|
|
|
Konekte avèk ekip swen kont dyabèt BMC ou a, epi pale sou nenpòt obstak ki anpeche w suiv plan tretman ou an. Toujou gen moun ki disponib pou sipòte w! |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Ekip BMC a ap kòmanse antrene pou 129yèm maraton Boston an |
|
Lè a rive pou nou kòmanse antrene! Nou fyè de manm Ekip BMC nou an, ki pral patisipe ak atlèt ki soti toupatou atravè planèt la nan 129yèm Maraton Boston an jou ki 21 avril 2025 la. Depi plizyè ane, plis pase 1 100 atlèt nan Ekip BMC a te kolekte plis pase $9.5 milyon nan kad efò n ap fè pou konstwi yon vil Boston ki pi bon pou lasante. Ou kapab ede tou ! Suiv oswa fè yon don pou sipòte Ekip BMC a ki ap ofri sèvis ki pote inovasyon pou pasyan ak fanmi yo. Sipòte Ekip BMC a nan Maraton Boston an. |

Kilti kalite ak sekirite nou yo amelyore swen n ap ofri pasyan yo ak eksperyans yo fè |
|
Nan BMC, kalite ak sekirite pasyan nan kè tout sa n ap fè. Epitou, nòt “A”nou genyen nan klasman ki fèt sou sekirite nan lopital kapab temwanye sa a. Jou ki te 21 oktòb la, nou te gen onè pou anonse kreyasyon premye chè pou Kalite ak Sekirite Pasyan, gras ak yon don $4 milyon yon sipòtè BMC genyen depi anpil tan fè. Kòm premye moun ki ap responsab chè a, Chèf Sèvis Kalite Doktè Jodi Larson ap gen responsabilite pou amelyore swen pasyan yo plis, pandan l ap itilize dènye done ak analiz yo.
Epitou, nou te òganize nevyèm Prezantasyon ak Resepsyon pou Afich sou Kalite ak Sekirite Sistèm Sante BMC, li te pèmèt moun wè anpil pwojè amelyorasyon sou kalite pèsonèl nou an ki nan tout kalite disiplin ak espesyalite fè. Nou remèsye Doktè Larson ak tout pèsonèl nou an pou devouman yo kontinye genyen pou amelyore eksperyans pasyan yo! Li dènye enfòmasyon sou kalite ak sekirite nan BMC. |

Becker's Healthcare rekonèt travay Sant Kont Kansè BMC a |
|
Nou fyè pou nou rantre nan Lis Becker fè kote li nommen "100 lopital ak sistèm sante ki gen yon bon pwogram onkoloji." U.S. News & World Report rekonèt li kòm yon espesyalite ki fè gwo pèfòmans, Sant pou Kansè nou an rasanble ekip ekspè ki soti nan plizyè disiplin pou ofri swen ekitab ak konplè pou tout kalite kansè. Sèvis nou yo gen ladan l terapi ki itilize dènye teknoloji pou kansè ki difisil pou trete, terapi CAR T-cell epi li bay aksè ak esè klinik. Pou nou sipòte pasyan ak fanmi yo, nou ofri resous tankou gwoup navigasyon ak gwoup sipò pou pasyan yo ki nan plizyè lang. Epi, nou asire nou ofri swen ki bay ak konpasyon soti nan dyagnostik pou rive nan gerizon. Jwenn plis enfòmasyon sou ekip Sant Kont Kansè BMC a. |

Deklarasyon san Diskriminasyon |
|
Sistèm Sante Sant Medikal Boston an respekte lwa Federal ki aplikab nan dwa sivil, epi yo pa fè diskriminasyon ki baze sou laj, ras, koulè, orijin nasyonal (li gen ladan l, moun ki gen konesans limite nan anglè ak lang matènèl), relijyon, kilti, andikap fizik oswa mantal, estati sosyal ak ekonomik, oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl ak/oswa ekspresyon seksyèl. BMC ofri èd ak sèvis pou moun ki gen andikap, epi sèvis lang gratis pou moun ki pa gen anglè kòm lang matènèl.
Pou wè tout deklarasyon nou genyen kont diskrimasyon, klike la a. |

Mizajou Konstriksyon Campus |
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an
Ou ap wè kèk chanjman lè ou vin sou kanmpis BMC a paske nou ap kontinye travay sou pwojè Reyamenajman Kanmpis nou an. Antre batiman Menino ak Yawkey yo fèmen. Pandan konstriksyon an, tout pasyan ak vizitè yo kapab pase nan Antre Moakley a (830 Harrison Ave), kote manm pèsonèl la ap ede w rive kote ou prale a. Antre Depatman ijans lan ap rete sou Albany St. Tanpri, sonje w ap pran plis tan pou w rive nan randevou w la pandan antre Menino ak Yawkey yo fèmen. Nou apresye pasyans ou pandan n ap modènize enstalasyon nou yo. |
| Aprann plis sou efò ki ap fèt pou Reyamenaje Kanmpis nou an → |
|
|
|
|
Mizajou Konstriksyon Campus |
|
|
|
Konstwi pou Lavni nan Kanmpis BMC an
Ou ap wè kèk chanjman lè ou vin sou kanmpis BMC a paske nou ap kontinye travay sou pwojè Reyamenajman Kanmpis nou an. Antre batiman Menino ak Yawkey yo fèmen. Pandan konstriksyon an, tout pasyan ak vizitè yo kapab pase nan Antre Moakley a (830 Harrison Ave), kote manm pèsonèl la ap ede w rive kote ou prale a. Antre Depatman ijans lan ap rete sou Albany St. Tanpri, sonje w ap pran plis tan pou w rive nan randevou w la pandan antre Menino ak Yawkey yo fèmen. Nou apresye pasyans ou pandan n ap modènize enstalasyon nou yo. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Doktè mwen an te yon fòs ki ap gide m depi m te kòmanse tretman dyabèt mwen an avèk li. Mwen toujou santi chak etap nan swen mwen an toujou fèt nan yon efò ki kòwòdone avèk tout kabinè li a. Li se yon bon pwofesè, yon bon pwofesyonèl lasante, epi yon andokrinològ ki entelijan. |

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran
tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak
enfòmasyon ki rasanble yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n
kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl. |
|
|
|
|